Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki sa ki fè “ bagay apresyab ki nan tout nasyon ” yo ap antre nan “ kay ” vrè adorasyon an ? — Agayi 2:7.

Men sa Jewova te predi pa mwayen pwofèt Agayi : “ Mwen gen pou m souke nasyon yo, e bagay apresyab ki nan tout nasyon ap oblije antre. E, toutbonvre, m ap ranpli kay sa a ak laglwa. ” ​(Agayi 2:7). Èske se souke yo souke “ tout nasyon yo ” ki fè “ bagay apresyab ” ki nan nasyon yo, sa vle di moun ki gen kè sensè yo, vin aksepte vrè adorasyon an ? Repons lan se non.

Ann egzamine ki sa ki pwovoke sekous nasyon yo e ki rezilta sa bay. Labib di “ nasyon yo ajite [...], e kominote nasyonal yo yo menm yo kontinye ap pale yon bagay ki pa itil tou ba ”. (Sòm 2:1.) “ Bagay ki pa itil ” yo kontinye ap pale tou ba a, oubyen ankò y ap reflechi sou li a, se fason pou yo konsève souvrènte yo. Pa gen anyen ki souke nasyon yo plis pase lè yo wè pouvwa yo menase.

Predikasyon Temwen Jewova yo ap fè nan lemonnantye a, kote y ap preche Wayòm Bondye a etabli, se egzakteman yon menas konsa li ye pou nasyon yo. Vrèmanvre, Wayòm mesyanik Bondye a, ki nan men Jezi Kris, pral “ krabinen tout wayòm [lèzòm etabli yo], e l ap fini ak yo ”. (Dànyèl 2:44.) Mesaj jijman n ap preche a fè nasyon yo tranble (Izayi 61:2). E tranbleman an ap vin pi fò tank travay predikasyon an ap etann li e tank l ap fèt avèk plis fòs. Men, ki sa sekous Agayi 2:7 predi a anonse ?

Men sa nou li nan Agayi 2:6 : “ Men sa Jewova Chèf lame yo di : ‘ Yon lòt fwa ankò, se yon ti moman, e m ap souke syèl la ak tè a ak lanmè a ak tè sèk la. ’ ” Men sa apot Pòl te di etan li t ap site vèsè sa a : “ Li fè pwomès sa a, li di: ‘ Yon lòt fwa ankò, m ap souke nonsèlman tè a, men syèl la tou. ’ Alò, ekspresyon ‘ yon lòt fwa ankò ’ a vle di y ap retire bagay ki te souke yo antanke bagay ki te fèt, dekwa pou bagay ki pa t souke yo [Wayòm nan] ka rete. ” ​(Ebre 12:26, 27). Wi, sistèm de choz ki la kounye a pral elimine konplètman, e y ap mete monn nouvo Bondye a nan plas li.

Moun ki gen kè sensè yo atire vin nan vrè adorasyon an, men se pa paske nasyon yo souke a ki fè yo vini. Menm aktivite ki souke nasyon yo, anpalan de predikasyon mondyal Wayòm Bondye a ki etabli, se aktivite sa a ankò ki atire moun sensè yo vin jwenn Jewova e pou yo vin nan adorasyon li. Pwoklamasyon ‘ evanjil bon nouvèl etènèl la ’ atire moun ki nan dispozisyon kòrèk yo vin adore vrè Dye a. — Revelasyon 14:6, 7.

Mesaj Wayòm nan se yon mesaj jijman, e se yon mesaj delivrans (Izayi 61:1, 2). Predikasyon mesaj sa a k ap fèt nan lemonnantye gen de rezilta : li souke nasyon yo e li fè bagay apresyab nasyon yo vini pou glwa Jewova.