Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki objektif Bondye pou tè a ?

Ki objektif Bondye pou tè a ?

Ki objektif Bondye pou tè a ?

KI SA k fè ou renmen al mache sou yon plas oubyen ou renmen pwonmennen nan yon savann ki chaje ak flè ki santi bon ? Ki sa k fè ou santi w ap viv lè w ap gade yon bèl letan oubyen yon gwo mòn tèt li rive jis nan nyaj yo ? Ki sa k fè ou kanpe pou w koute ti zwazo ki sou yon pyebwa k ap chante bèl melodi ? E poukisa ou pran plezi pou w gade yon ti kabrit k ap sote ponpe oubyen yon twoupo mouton k ap manje zèb nan patiraj li ?

Tout kesyon sa yo gen yon sèl repons. Se paske nou te fèt pou nou viv nan Paradi. Se la premye paran nou yo, Adan ak Èv, te kòmanse lavi yo. Se nan yo nou eritye dezi nou genyen pou nou viv nan Paradi a, e yo menm, se nan Kreyatè yo a, Jewova Dye, yo te jwenn dezi sa a. Li te konnen nou t ap viv ere nan Paradi a, paske li te kreye nou ak kapasite ki nesesè pou nou pwofite yon andwa agreyab konsa sou tè a.

Poukisa Jewova te kreye tè a ? Li “ te ba l fòm pou [limanite te ka] abite ” sou li (Izayi 45:18). “ Sila a ki fè tè a ” te bay Adan ak Èv yon bèl paradi pou yo rete, jaden Edenn nan (Jeremi 10:12 ; Jenèz 2:7-9, 15, 21, 22). Nou pa bezwen mande jan yo te kontan wè rivyè yo, flè yo ak pyebwa yo ! Yo te ka wè bèl zwazo k ap vole nan syèl la, bèt tout kalite k ap monte desann sou tè a. Pa gen youn ki te reprezante yon danje pou yo. Te gen pwason ak lòt kalite kreyati nan dlo yo, e dlo sa yo te klè e yo te pwòp. Sa k pi bèl la, Adan ak Èv te ansanm. Yo te ka fè pitit ki t ap menm jan avèk yo. E yo menm ansanm avèk fanmi yo ki t ap gen pou vin anpil, yo t ap etann Paradi a nan lajwa.

Menmsi tè a pa yon paradi jodi a, nou ka konpare li ak yon bon kay kote yon fanmi ka viv ere. Kote sa a Bondye ban nou pou nou rete a gen tout sa nou bezwen ladan l : li gen limyè, chalè, dlo ak manje. Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou limyè ak chalè solèy la ban nou, e pou klète lalin nan ban nou leswa (Jenèz 1:14-18) ! Anba tè a, gen yon seri pwodui, tankou chabon ak petwòl, nou ka itilize pou chofaj. Grasa sik dlo a e grasa sistèm rivyè yo, lak yo ak lanmè yo fòme a, nou gen dlo. E tè a gen gazon vèt ki tankou yon kapèt.

Menm jan yon kay gen kote moun ka sere manje, tè a chaje ak manje nan gadmanje li. Pa mwayen rekòt jaden yo ak fwi ki sou pyebwa yo, Jewova “ ban nou sezon ki bay bonkou rekòt, li ranpli kè nou ak [...] lakontantman ”. (Travay 14:16, 17.) Piske tè a deja yon bon kote pou moun rete, imajine jan li pral ye lè “ Bondye ki gen kè kontan an ”, anpalan de Jewova, pral fè l tounen yon paradi. — 1 Timote 1:11.

[Liy kredi pou foto nan paj 2]

KOUVÈTI : Latè : foto NASA ; etwal : NASA, ESA ak AURA/Caltech