Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Objektif Bondye gen pou tè a pral reyalize talè konsa

Objektif Bondye gen pou tè a pral reyalize talè konsa

Objektif Bondye gen pou tè a pral reyalize talè konsa

PANDAN Adan ak Èv te nan Paradi a toujou, men ki lòd yo te resevwa nan men Bondye : “ Fè pitit, e vin anpil, ranpli tè a, e domine sou li, epi fè pwason nan lanmè ak kreyati k ap vole nan syèl ak tout kreyati vivan k ap bouje sou tè a soumèt yo. ” — Jenèz 1:28.

Domine sou tè a pa t vle di sèlman kiltive yon ti pati nan tè a oubyen pran swen yon ti pati. Adan ak Èv, ansanm ak pitit yo t ap genyen, te dwe etann Paradi a jiskaske li kouvri tout glòb la nèt. Sepandan, premye koup la te peche e yo te mete yo deyò nan jaden Edenn nan (Jenèz 3:23, 24). Men, sa pa t vle di lèzòm pa t ap janm domine sou tè a.

Limanite obeyisan pral anmezi pou l domine sou tè a, paske Bondye pral beni l. Lè pèp Izrayèl tan lontan an te gen benediksyon Bondye, jaden yo te pwodui bon rekòt e pyebwa yo te bay bon kalite fwi. Se menm sitiyasyon an ki pral egziste etan glòb nou an ap tounen yon paradi tikras pa tikras. Tankou Pawòl Bondye enspire a, Labib, pwomèt sa, “ se sèten, tè a pral pwodui. Bondye, Bondye nou an, pral beni nou ”. (Sòm 67:6.) Annefè, ni savann yo ak mòn yo ki sou tè a, ni pyebwa yo ak flè yo, ni rivyè yo ak lanmè a, yo tout yo pral rejwi (Sòm 96:11-13 ; 98:7-9). Glòb nou an pral parèt vivan avèk anpil vejetasyon, zwazo tout koulè, zannimo mayifik ansanm ak moun ki amikal.

Yon monn nouvo talè konsa !

Kounye a, nou nan papòt monn nouvo Jewova Dye pwomèt la. Men sa apot Pyè te ekri : “ N ap tann, selon pwomès li, syèl tounèf ak yon tè tounèf, e ladan yo jistis ap abite. ” ​(2 Pyè 3:13). Gen moun, apre yo fin li pawòl sa yo Pyè di la a, ki kapab panse planèt sa a pap janm vin yon paradi. Yo kapab panse y ap ranplase ni syèl la ni tè a. Èske se sa ?

Ki sa “ syèl tounèf ” yo ye ? Se pa syèl fizik Bondye te kreye yo (Sòm 19:1, 2). Pyè te fèk sot pale de “ syèl ” senbolik, sètadi gouvènman lèzòm yo ki elve parapò ak moun y ap dirije yo (2 Pyè 3:10-12). “ Syèl ” sa yo pa byen dirije limanite, yo echwe e yo gen pou yo pase (Jeremi 10:23 ; Dànyèl 2:44). “ Syèl tounèf ” ki pral ranplase yo se Wayòm Bondye a ki gen Jezi Kris kòm Wa ak 144 000 moun k ap eritye ansanm avèk li e k ap resisite pou lavi nan syèl. — Women 8:16, 17 ; Revelasyon 5:9, 10 ; 14:1, 3.

“ Tè tounèf ” Pyè mansyone a se pa yon lòt planèt. Jewova te fè tè a pafè pou moun viv sou li etènèlman (Sòm 104:5). Pafwa, Bib la itilize mo “ tè ” a lè l ap pale de moun (Jenèz 11:1). Tè ki pral detwi talè konsa a se moun ki konpoze monn mechan sa a. Menm jan an tou, te gen yon monn ki te chaje ak moun ki pa gen respè pou Bondye ki te detwi nan delij epòk Noye a (2 Pyè 3:5-7). Donk, ki sa “ tè tounèf ” la ye ? Se yon nouvo sosyete ki konpoze ak vrè adoratè Bondye, adoratè ki “ dwat nan kè yo ”. (Sòm 125:4 ; 1 Jan 2:17.) Tout lwa k ap genyen pou “ tè tounèf ” la ap soti nan “ syèl tounèf ” yo. Moun fidèl ki sou tè a pral asire yo tout enstriksyon sa yo respekte.

Pral gen bèl bagay tounèf !

Pa gen dout, lè Jewova te prepare tè a pou lèzòm te ka viv sou li, se yon bèl kote li te ban nou pou nou rete. Li menm ankò, li te di tout travay li te fè sou tè a te “ bon nèt ”. (Jenèz 1:31.) Satan Ledyab te rale Adan ak Èv nan rebelyon (Jenèz 3:1-5 ; Revelasyon 12:9). Men, talè konsa, Jewova pral aji pou l pèmèt moun ki jis yo gen “ lavi toutbon an ”, sa vle di “ lavi etènèl ” nan lapèfeksyon nan Paradi a (1 Timote 6:12, 19). Kounye a, annou egzamine kèk nan benediksyon nou pral jwi nan moman sa a.

Pandan rèy mil an Kris la, y ap mare Satan e li pap kapab lakòz malè sou limanite. Men sa apot Jan di : “ Mwen wè yon zanj [akanj Mikayèl, sètadi Jezi Kris] ki desann sot nan syèl la avèk kle abim nan ansanm ak yon gwo chenn nan men l. Epi li met men sou dragon an, sèpan orijinèl la, li menm yo rele Dyab la epi Satan an, e li mare l pou mil an. E li jete l nan abim nan, li fèmen l e li poze sele sou li, dekwa pou li pa egare nasyon yo ankò jiskaske mil an yo fini. ” ​(Revelasyon 20:1-3 ; 12:12). Nonsèlman limanite pral libere anba enfliyans Satan k ap nan abim, li pral jwi anpil lòt benediksyon anba dominasyon Wayòm nan.

Mechanste, vyolans ak lagè pap egziste ankò. Men pwomès Labib fè : “ Nan yon tikras tan ankò, mechan an pap la ankò. Wi, w ap gade kote l te ye a, e li pap la. Men moun ki enb yo yo menm, yo pral posede tè a. E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan abondans lapè. Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan. ” ​(Sòm 37:10, 11, 29). Jewova Dye pral “ fè lagè sispann jis nan dènye bout tè a ”. (Sòm 46:9.) Ala yon bèl asirans nou genyen pral gen sekirite ak lapè !

Pral gen anpil manje ki bon pou lasante e ki gen bon gou sou tab nou. Yon salmis te di nan yon chante : “ Pral gen anpil manje angren sou tè a, sou tout tèt mòn pral gen abondans. ” ​(Sòm 72:16). Nan moman sa a, pèsonn pap soufri grangou.

Pèsonn moun pap soufri anba maladi ankò. Vrèman, “ pa gen moun ki abite la k ap di : ‘ Mwen malad. ’ ” ​(Izayi 33:24 ; 35:5, 6). Lè Jezi Kris te sou tè a, li te geri moun ki gen lèp, moun ki enfim ak moun ki avèg (Matye 9:35 ; Mak 1:40-42 ; Jan 5:5-9). Imajine ki sa li pral fè nan monn nouvo a ! Reflechi sou lajwa ki pral genyen lè moun ki avèg, moun ki soud, moun ki enfim ansanm ak moun ki bèbè yo geri.

Ofiramezi moun ki obeyisan yo ap apwoche lapèfeksyon, dega vyeyès ap fè yo ap repare. Pap gen bezwen ni linèt, ni baton, ni beki, ni chèz woulant, ni lopital, ni medikaman. Se pa ti kontantman ki pral genyen lè nou rejwenn vigè jenès nou (Jòb 33:25) ! Chak maten, apre nou fin repoze nou diran yon bon nuit, n ap leve fre, pare pou yon lòt jounen aktivite nan lajwa.

Rezirèksyon moun pa nou yo ak rezirèksyon lòt moun pral pote lajwa nan kè nou (Jan 5:28, 29 ; Travay 24:15). Se pa ti emosyon ki pral genyen lè n ap akeyi Abèl, Noye, Abraram, Sara, Jòb, Moyiz, Rit, David, Eliya, Estè ansanm ak anpil lòt ! Gen plizyè milyon lòt moun ankò ki pral resisite. Pifò ladan yo pa t janm konnen Jewova. Men, moun ki pral akeyi yo se moun k ap swaf anseye yo konsènan Bondye, konsènan objektif li yo e konsènan Pitit li a, Jezi Kris. Etandone moun ki resisite yo ap vin konnen Kreyatè yo a, konesans Jewova ap ranpli tè a toutbonvre.

Pi bèl bagay la, sèke n ap anmezi pou nou adore sèl vrè Dye a pou toutan. Nou pral gen privilèj pou nou “ sèvi Jewova avèk jwa ”, e nou pral travay ansanm, ann amoni, pou nou konstwi bèl kay, pou nou kiltive tè a, e anfen, pou nou domine sou tout tè a (Sòm 100:1-3 ; Izayi 65:21-24). Ala yon plezi sa pral ye pou nou viv etènèlman nan yon bèl paradi, yon paradi k ap pwodui e k ap gen lapè, yon paradi k ap onore non Jewova ki sen ! — Sòm 145:21 ; Jan 17:3.

Yon eprèv final pou limanite

Pandan rèy mil an Jezi a, li pral fè tout moun ki obeyisan benefisye sakrifis ranson li te bay la. Avèk letan, sa pral fè tout peche disparèt, e limanite pral atenn lapèfeksyon (1 Jan 2:2 ; Revelasyon 21:1-4). Piske efè peche Adan yo pral disparèt konplètman, moun pafè yo pral rive nan nivo Bondye egzije yo, nan domèn fizik, mantal, moral ak espirityèl. Konsa, y ap “ vin gen lavi ” toutbonvre lè yo rive atenn lapèfeksyon san okenn peche ditou (Revelasyon 20:5). Kondisyon sa a ansanm ak Paradi ki pral sou tè a pap manke pa glorifye Jewova !

Apre rèy mil an Kris la, Satan Ledyab ansanm ak demon l yo, sètadi zanj mechan yo, pral libere nan abim kote yo te fèmen yo pandan dis syèk la, men se pou yon tikras tan y ap lage yo (Revelasyon 20:1-3). Y ap pèmèt yo fè yon dènye efò pou fè moun vire do bay Bondye. Byenke gen kèk moun k ap tonbe nan move dezi, rebelyon sa a ap echwe. Jewova ap egzekite moun egoyis yo ansanm ak Satan ak tout demon l yo. Mechanste pap janm reparèt ankò. Tout moun k ap fè mal ap disparèt pou toutan, e moun ki jis yo ap resevwa lavi etènèl. — Revelasyon 20:7-10.

Èske w ap la ?

Se yon jwa pou tout letènite k ap ret tann moun ki renmen Jewova Dye yo. Lavi etènèl nan Paradi a pap gen anyen k ap annuiyan ladan l. Anfèt, plis tan ap pase, se plis lavi a ap vin pi enteresan, paske konesans Jewova Dye pa gen limit (Women 11:33). W ap toujou gen bagay nouvo pou w aprann, e w ap gen tout tan w pou w ranmase konesans. Sa k fè sa ? Paske ou pap viv sèlman 70 oubyen 80 an, men w ap viv pou letènite. — Sòm 22:26 ; 90:10 ; Eklezyas 3:11.

Si ou renmen Bondye, w ap toujou jwenn anpil plezi pou w fè volonte l. Apot Jan te ekri : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. Epoutan kòmandman l yo pa lou. ” ​(1 Jan 5:3). Donk, lè se pou w fè sa ki dwat pou w fè Jewova plezi, pa kite anyen anpeche w. Toujou sonje esperans estrawòdinè Pawòl Bondye a, Labib, mete devan w. Se pou w detèmine pou w fè volonte Jewova, e pinga ou janm sispann fè sa. Konsa, w ap la lè objektif Bondye pou tè a ap reyalize, lè kote n ap viv la va tounen yon paradi pou toutan.

[Foto nan paj 6]

Ki benediksyon ou espere jwi nan Paradi a ?