Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w gen kè kontan toutbonvre ?

Èske w gen kè kontan toutbonvre ?

Èske w gen kè kontan toutbonvre ?

NATIRÈLMAN, ou ka byen ap mande tèt ou : ‘ Èske m gen kè kontan toutbonvre ? ’ Sosyològ yo ap eseye konprann fason ou menm oswa lòt moun ta ka reponn kesyon sa a, men se pa fasil. Mezire kè kontan moun genyen se ta tankou eseye mezire lanmou yon mari gen pou madanm li oswa mezire kantite chagren yon moun santi lè gen yon moun ki mouri nan fanmi l. Li pa fasil pou yon moun mezire santiman. Sepandan, syantifik yo rekonèt yon verite de baz : tout moun gen kapasite pou yo gen kè kontan.

Malgre lòm gen kapasite pou l gen kè kontan, pwoblèm grav ki egziste lakòz moun nan lapenn toupatou. Pa egzanp, nan kèk vil, viktim sida yo plen simityè yo. Responsab yo fè ouvri ansyen kav pou yo ka antere moun ki mouri yo. Kèk kote ann Afrik, pifò djòb ki genyen se fè sèkèy. E kèlkeswa kote w abite, se pa fasil pou w remake souri sou vizaj moun k ap soufri anba maladi grav e sou vizaj moun ki pèdi fanmi oswa zanmi.

Ki sa nou ka di pou peyi ki pi rich yo ? Yon evènman ki rive sanzatann ka mete moun ki pa t prepare pou sa atè plat sou plan ekonomik. Ozetazini, anpil moun ki deja pran retrèt yo te oblije retounen travay paske yo koupe pansyon yo. Souvan, depans medikal bwè tout ti ekonomi yon fanmi. Men sa yon konseye jiridik di : “ Ou wè moun sa yo vin kote w ak gwo fakti ak pwoblèm sante e sa fè w mal. Souvan, ou oblije di moun nan : ‘ W ap pèdi kay ou a. ’ ” Men, e moun ki pa gen okenn pwoblèm ekonomik yo, èske yo menm tou yo ka pa gen kè kontan ?

Gen kèk moun ki menm jan ak Richard Rodgers, yon gran konpozitè. Men sa yo di de li : “ Pa gen anpil moun ki rive met lajwa nan kè tout moun sa yo. ” Menmsi chante l yo te fè moun plezi, li t ap soufri anba yon depresyon kwonik. Li te atenn de objektif anpil moun ta renmen atenn : li te gen lajan ak renome. Men, èske li te gen kè kontan ? Gen yon moun ki t ap bay detay sou vi konpozitè a ki fè obsèvasyon sa a : “ [Rodgers] te reyisi yon fason estrawòdinè nan aktivite l, li te mennen yon vi privilejye, e li te jwenn de pri Pulitzer. Sepandan, li pa t viv ak kè kontan e prèske tout tan li te anba depresyon. ”

Jan ou ka remake, souvan, chèche jwenn kè kontan nan richès bay desepsyon. Yon jounalis finansye pou yon jounal nan Towonto, Kanada (The Globe and Mail), dekri sitiyasyon kote anpil moun rich ap soufri paske yo santi yo “ izole e yo raz ”. Selon yon konseye finansye, lè paran ki rich yo ap vide lajan sou pitit yo e lè se bagay lajan ka achte yo ba yo, “ souvan se simen yo simen pou gwo tristès pi devan ”.

Èske gen yon baz solid pou moun gen kè kontan ?

Pou yon ti pye flè byen pwofite, li bezwen bon tè, li bezwen dlo ak yon tanperati ki apwopriye. Menm jan an tou, moun k ap fè rechèch yo rekonèt gen sèten kondisyon pou yon moun ranpli pou l gen kè kontan. Kondisyon sa yo gen ladan yo byennèt fizik moun nan, yon travay ki bay satisfaksyon, nouriti ki ekilibre, kote pou moun nan rete ak rad pou l mete, akonplisman sa li te vle reyalize, ak vrè zanmi li genyen.

Petèt ou pap konteste efè kondisyon sa yo ka genyen sou yon moun ki ta renmen gen kè kontan. Men, gen yon aspè ki pi enpòtan toujou : se konesans sou “ Dye ki gen kè kontan an ”, ki rele Jewova (1 Timote 1:11). Ki jan konesans sa a ede nou ? Jewova se Kreyatè nou, e li ban nou kapasite pou nou gen kè kontan. Lojikman, li konnen ki saki ka fè nou gen kè kontan toutbonvre. Atik ki vin apre a dekri fason li dirije tout kalite moun pou yo mennen yon vi k ap ba yo kè kontan nètale.

[Foto nan paj 4]

Menm jan ak yon pye flè, kè kontan bezwen kondisyon ki apwopriye pou l devlope.

[Liy kredi pou foto nan paj 3]

© Gideon Mendel/CORBIS