Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Ala renmen mwen renmen lwa w ! ”

“ Ala renmen mwen renmen lwa w ! ”

“ Ala renmen mwen renmen lwa w ! ”

“ Ala renmen mwen renmen lwa w ! Tout lajounen li nan lespri m. ” — SÒM 119:97.

1, 2. a) Ki sitiyasyon moun ki te enspire pou l ekri Sòm 119 la t ap rankontre ? b) Ki jan li te reyaji, e sa k te fè l eyaji l konsa ?

EKRIVEN Sòm 119 la te rankontre gwo eprèv. Li te gen yon seri ènmi ki te gen prezonpsyon e ki pa t gen respè pou lwa Bondye, ki te konn pase l nan rizib e ki te fè manti sou li pou sal repitasyon l. Gen prens ki te mete tèt yo ansanm kont li e yo t ap pèsekite l. Mechan yo te antoure l, e pwòp vi l te an danje. Tout bagay sa yo te fè l “ pèdi somèy anba chagren ”. (Sòm 119:9, 23, 28, 51, 61, 69, 85, 87, 161.) Malgre eprèv sa yo, men sa salmis la te di : “ Ala renmen mwen renmen lwa w ! Tout lajounen li nan lespri m. ” — Sòm 119:97.

2 Ou ka ap mande tèt ou : “ Ki jan lwa Bondye a te kapab yon sous ankourajman ak rekonfò pou salmis la ? ” Se paske salmis la te gen konfyans Jewova enterese nan li, e sa te soutni l. Etandone salmis la te konnen tout dispozisyon chaje lanmou ki gen nan lwa sa a, sa te fè kè l kontan, malgre tout difikilte li t ap rankontre akoz opozan l yo. Li te rekonèt Jewova te byen boule avè l. Anplis de sa, lefètke li te suiv direksyon lwa Bondye a te bay, sa te fè l vin pi saj pase ènmi l yo, e sa te menm prezève lavi l. Lefètke li te obeyi lwa a, sa te ba l lapè ak yon bon konsyans. — Sòm 119:1, 9, 65, 93, 98, 165.

3. Poukisa se yon defi sa ye jodi a pou kretyen yo viv ann amoni ak prensip Bondye yo ?

3 Jodi a tou, lafwa kèk sèvitè Bondye ap sibi eprèv tèrib. Petèt lavi nou pa an danje menm jan ak lavi salmis la, men n ap viv nan “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ”. Anpil moun nou gen kontak avèk yo chak jou pa renmen bagay espirityèl, yo gen objektif egoyis ak objektif materyalis, yo awogan e yo san respè pou lòt moun (2 Timote 3:1-5). Se toutan jèn kretyen yo ap fè fas ak sitiyasyon ki mete entegrite moral yo an danje. Nan yon anviwònman konsa, li kapab difisil pou nou kontinye renmen Jewova, e pou nou kontinye renmen sa ki dwat. Ki sa nou ka fè pou nou pwoteje tèt nou ?

4. Kòman salmis la te montre rekonesans li pou lwa Bondye a, e èske kretyen yo dwe fè menm jan an ?

4 Se tan salmis la te konn pase ap medite avèk rekonesans sou lwa Bondye a ki te ede l reziste devan presyon li t ap rankontre. Konsa, li te vin renmen lwa sa a. An reyalite, prèske tout vèsè nan Sòm 119 la mansyone yon aspè nan lwa Jewova a *. Kretyen yo jodi a pa sou Lalwa Moyiz la, lwa Bondye te bay nasyon Izrayèl tan lontan an (Kolosyen 2:14). Sepandan, prensip ki nan Lwa sa a gen valè jiska prezan. Prensip sa yo te rekonfòte salmis la, tou kòm yo kapab rekonfòte sèvitè Bondye k ap lite pou yo fè fas ak difikilte ki gen nan lavi a jodi a.

5. Ki dispozisyon ki te gen nan Lalwa Moyiz la nou pral egzamine ?

5 Annou wè ki ankourajman nou kapab jwenn lè nou konsidere twa nan dispozisyon ki te gen nan Lalwa Moyiz la : dispozisyon anrapò ak saba a, dispozisyon anrapò ak grapiyay la e kòmandman kont konvwatiz la. Nan chak ka sa yo, nou pral wè jan li endispansab pou yon moun byen konprann prensip ki dèyè lwa sa yo, si li vle fè fas ak difikilte ki genyen nan tan n ap viv la.

Bezwen espirityèl nou genyen dwe konble

6. Ki bezwen fondamantal tout moun genyen ?

6 Lèzòm te kreye ak yon kantite bezwen. Pa egzanp, si yon moun vle ret an sante, li esansyèl pou l manje, pou l bwè e pou l gen yon kote pou l rete. Toutfwa, lòm dwe konble “ bezwen espirityèl ” li tou. Li pap janm ka ere vrèman si li pa fè sa (Matye 5:3). Se yon bezwen nou fèt avè l, e Jewova te konsidere se yon bagay ki tèlman fondamantal pou moun konble bezwen sa a, li te bay pèp li a kòmandman pou l stope tout aktivite l chak semèn pandan yon jou pou l ka dirije atansyon l sou bagay espirityèl.

7, 8. a) Ki jan Bondye te etabli yon diferans ant jou saba a ak lòt jou yo ? b) Nan ki objektif saba a te egziste ?

7 Dispozisyon saba a te souliye enpòtans espirityalite genyen. Premye fwa mo “ saba ” a parèt nan Bib la se anrapò ak lè lamàn te parèt nan dezè a. Yo te di Izrayelit yo yo kapab ranmase pen mirak sa a pandan sis jou. Nan sizyèm jou a, yo t ap kapab ranmase “ pen pou de jou ”, paske nan setyèm jou a, yo pa t ap jwenn. Setyèm jou a se t ap yon “ saba sakre pou Jewova ”. Pandan jou sa a, tout moun te dwe ret chita lakay yo (Egzòd 16:13-30). Te gen youn nan Dis Kòmandman yo ki te òdone yo pou yo pa fè okenn travay nan jou saba a. Jou sa a te sakre. Si yon moun pa t obsève l, yo t ap touye l. — Egzòd 20:8-11 ; Nonb 15:32-36.

8 Lwa sou saba a te montre sousi Jewova genyen ni pou byennèt fizik pèp li a, ni pou byennèt espirityèl li. Jezi te di : “ Saba te vin egziste pou lòm. ” ​(Mak 2:27). Nonsèlman saba a te pèmèt Izrayelit yo repoze, men tou li te ba yo opòtinite pou yo pwoche bò kote Kreyatè yo a e pou yo demontre yo renmen l (Detewonòm 5:12). Se te yon jou ki te konsakre pou aktivite espirityèl sèlman, tankou adorasyon an fanmi, lapriyè ak meditasyon sou Lwa Bondye a. Dispozisyon sa a te anpeche Izrayelit yo konsakre tout tan yo ak tout enèji yo nan aktivite materyèl. Saba a te fè yo sonje relasyon yo avèk Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi yo. Jezi te reprann prensip sa a ki pa chanje, lè l te di : “ Men sa ki ekri : ‘ Lòm dwe viv, pa ak pen sèlman, men ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova. ’” — Matye 4:4.

9. Ki leson dispozisyon anrapò ak saba a aprann kretyen yo ?

9 Sèvitè Bondye yo pa nan obligasyon ankò pou yo obsève yon repo saba ki dire 24 è, men dispozisyon anrapò ak saba a plis pase yon bagay ki gen yon senp enpòtans istorik (Kolosyen 2:16). Èske sa pa fè nou sonje nesesite pou nou bay aktivite espirityèl yo priyorite ? Enkyetid pou kesyon materyèl oubyen detant pa dwe anpyete sou bagay sakre yo (Ebre 4:9, 10). Konsa, nou ta dwe mande tèt nou : “ Ki sa ki gen premye plas nan lavi m ? Èske se etid, lapriyè, reyinyon yo ak predikasyon bon nouvèl Wayòm nan mwen bay priyorite ? Oswa èske gen lòt bagay ki pase anvan aktivite sa yo ? ” Si nou mete aktivite espirityèl yo an premye nan lavi nou, Jewova ban nou asirans nou pap manke sa nou gen bezwen pou nou viv. — Matye 6:24-33.

10. Ki byenfè n ap jwenn si nou konsakre tan nan aktivite espirityèl ?

10 Tan nou pase ap etidye Labib ak piblikasyon biblik yo, ansanm ak meditasyon nou fè an pwofondè sou mesaj ki ladan yo, tout sa kapab ede nou pwoche pi pre Jewova (Jak 4:8). Susan, ki toujou rezève tan pou l etidye Bib la regilyèman depi anviwon 40 an, rekonèt sa pa t fasil okòmansman. Se te yon kòve. Men, plis l ap li Bib la, se plis li vin renmen li l. Kounye a, si pou yon rezon kèlkonk li pa ka fè etid pèsonèl li, li regrèt anpil. Men sa l di : “ Etid mwen fè ede m vin wè Jewova tankou yon Papa. Mwen ka mete konfyans mwen nan li, mwen ka konte sou li, e mwen ka apwoche l alèz nan lapriyè. Se vrèman estrawòdinè pou mwen wè jan Jewova renmen sèvitè l yo, jan li gen sousi pou mwen pèsonèlman, e jan li ede m. ” Se pa ti jwa nou kapab jwenn tou si nou konble bezwen espirityèl nou regilyèman !

Lwa Bondye te bay sou grapiyay

11. Ki sa dispozisyon anrapò ak grapiyay la te ye ?

11 Yon lòt dispozisyon nan Lalwa Moyiz la ki demontre sousi Bondye genyen pou byennèt pèp li a se te dwa pou grapiye a. Jewova te bay lòd, lè yon kiltivatè izrayelit ap rekòlte fwi nan jaden li, li te dwe kite moun ki nan nesesite yo ranmase sa ouvriye yo kite dèyè. Kiltivatè yo pa t dwe rekòlte tout sa k nan lizyè yo nèt, ni yo pa t dwe ranmase rezen oswa oliv ki rete yo. Yo pa t dwe tounen chèche grap sereyal yo te kite san yo pa t rann yo kont. Se te yon dispozisyon ki chaje lanmou Bondye te pran an favè moun ki pòv yo, rezidan etranje yo, òfelen yo ak vèv yo. Se vre, aktivite grapiyay la te mande pou yo travay anpil, men, sa t ap evite moun k ap grapiye yo tonbe nan mande. — Levitik 19:9, 10 ; Detewonòm 24:19-22 ; Sòm 37:25.

12. Ki opòtinite dispozisyon anrapò ak grapiyay la te bay kiltivatè yo ?

12 Lwa sou grapiyay la pa t presize kantite danre kiltivatè a te dwe kite pou moun ki nan nesesite yo. Se kiltivatè a ki te dwe deside ki lajè li t ap kite nan lizyè jaden l lan san rekòlte, si li t ap gwo oubyen si li t ap piti. Nan fason sa a, dispozisyon an te anseye jenewozite. Li te bay kiltivatè a opòtinite pou l demontre rekonesans li anvè Moun ki fè gen rekòt la, etandone “ moun ki fè pòv la favè glorifye [Sila ki fè l la ”. (Pwovèb 14:31.) Bowaz se youn nan moun ki te fè sa. Avèk bonte, li te aranje l pou Rit, yon vèv ki te vin grapiye nan jaden li, ranmase yon bon kantite manje angren. Jewova te rekonpanse Bowaz anpil pou jenewozite li. — Rit 2:15, 16 ; 4:21, 22 ; Pwovèb 19:17.

13. Ki sa lwa yo te bay nan tan lontan sou grapiyay la aprann nou ?

13 Prensip ki dèyè lwa sou grapiyay la pa chanje. Jewova atann pou sèvitè l yo montre yo gen jenewozite, sitou anvè moun ki nan nesesite. Plis nou donan, plis n ap jwenn benediksyon. Jezi te di : “ Pran abitid bay, e moun ap ban nou. Y ap vide sou janm nou yon bèl mezi ki foule, ki sekwe e k ap ranvèse. Paske, ak mezi n ap mezire a, y ap mezire pou nou anretou. ” — Lik 6:38.

14, 15. Ki fason nou ka demontre jenewozite, e ki byenfè ni nou menm ni moun nou ede a ka jwenn ?

14 Apot Pòl te egzòte nou pou nou “ fè sa ki byen anvè tout moun, men sitou anvè moun ki fanmi nou nan lafwa ”. (Galat 6:10.) Donk, nou dwe veye pou kretyen parèy nou yo jwenn èd espirityèl kèlkeswa lè lafwa yo ta jwenn eprèv. Men, èske yo pa ta bezwen yon èd pratik tou, pa egzanp pou y al nan Sal Wayòm oubyen pou y al fè mache ? Èske nan kongregasyon w lan, pa gen yon moun aje, yon moun malad, oubyen yon moun ki kloure lakay li, ki ta byen kontan resevwa yon vizit ankourajan, oubyen ki t ap byen kontan jwenn yon moun pou ede l ? Si nou fè yon efò pou nou sansib devan bezwen sa yo, ebyen Jewova ap kapab itilize nou pou l reponn priyè yon moun ki nan nesesite. Byenke tout kretyen gen obligasyon pou youn pran swen lòt, moun ki fè sa ap jwenn byenfè. Lè nou demontre nou renmen adoratè parèy nou toutbon, sa bay yon jwa estrawòdinè ak yon gwo satisfaksyon, e sa ap fè nou benefisye apwobasyon Jewova. — Pwovèb 15:29.

15 Yon lòt fason enpòtan kretyen yo montre yo pa egoyis, se lè yo itilize tan yo ak enèji yo pou yo pale konsènan objektif Bondye yo (Matye 28:19, 20). Nenpòt moun ki te gen lajwa pou l ede yon lòt moun rive nan pwen pou l vwe vi l bay Jewova konnen verite ki gen nan pawòl Jezi yo ki di : “ Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa. ” — Travay 20:35.

Evite konvwatiz

16, 17. Ki sa dizyèm kòmandman an te entèdi, e poukisa ?

16 Twazyèm dispozisyon ki te gen nan Lalwa Bondye te bay Izrayèl la nou pral egzamine kounye a, se dizyèm kòmandman an ki te entèdi konvwatiz. Men sa Lalwa te di : “ Ou pa dwe anvi kay pwochen w. Ou pa dwe anvi madanm pwochen w, ni esklav gason li genyen, ni esklav fi li genyen, ni towo bèf li, ni bourik li, ni anyen ki pou pwochen w. ” (Egzòd 20:17). Pa gen yon moun ki ta ka fòse yon lòt obeyi yon kòmandman konsa, piske pèsonn pa ka li nan kè. Toutfwa, kòmandman sa a te elve Lalwa nan yon nivo ki pi wo pase kote jistis lèzòm rive. Li te pèmèt chak Izrayelit konprann se Jewova dirèkteman li gen pou l rann kont, piske Li menm li kapab li panchan kè yon moun (1 Samyèl 16:7). Anplis de sa, kòmandman sa a touche rasin anpil aksyon ki pa bon. — Jak 1:14.

17 Lwa ki kont konvwatiz la te ankouraje pèp Bondye a pou yo evite materyalis ak avidite, e pou yo evite plenyen sò yo. Li te pwoteje yo tou kont tantasyon pou yo ta vòlè oswa pou yo ta tonbe nan imoralite. Ap toujou gen moun ki gen byen materyèl nou ta renmen posede. Ap toujou gen moun ki parèt pi byen reyisi pase nou, yon fason oswa yon lòt. Si nou pa reyisi kontwole panse nou nan sitiyasyon sa yo, nou ka vin pèdi jwa nou, e nou ka vin anvye lòt moun. Labib di konvwatiz se manifestasyon yon “ mantalite dezapwouve ”. Li pi bon pou nou lontan si nou pa gen konvwatiz. — Women 1:28-30.

18. Ki etadespri k ap domine nan monn nan jodi a, e ki efè negatif li ka gen sou moun ?

18 Etadespri k ap domine nan monn nan jodi a ankouraje materyalis ak espri konpetisyon. Sektè komès la sèvi ak piblisite pou l reveye dezi lakay moun pou pwodui ki fèk parèt, e yo konn menm lese konprann ou pap ere si w pa chèche gen pwodui sa yo. Se egzakteman jan de etadespri sa a menm Lalwa Jewova a kondane. Yon lòt etadespri ki sanble ak sa, se dezi moun yo genyen pou yo rive nan lavi a atoupri e pou yo ranmase richès. Apot Pòl te bay avètisman sa a : “ Moun ki detèmine pou yo rich tonbe nan tantasyon, nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki ensanse e ki nuizib, ki lage moun nan destriksyon e nan dezas. Paske lanmou pou lajan se yon rasin tout kalite move bagay, e gen kèk moun, lè yo panche pou yon lanmou konsa, yo pèdi chemen lafwa a e yo pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans. ” — 1 Timote 6:9, 10.

19, 20. a) Pou moun ki renmen lwa Jewova, ki bagay ki vrèman gen valè ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

19 Moun ki renmen lwa Bondye rekonèt danje ki genyen lè yon moun materyalis, e sa pwoteje yo. Pa egzanp, salmis la te di Jewova nan yon priyè : “ Fè kè m panche sou rapèl ou yo, e non sou pwofi. Lwa bouch ou bon pou mwen, plis pase plizyè milye pyès lò ak ajan. ” ​(Sòm 119:36, 72). Si nou gen konviksyon pawòl sa yo se verite, sa ap ede nou kenbe ekilib nou pou nou evite pyèj tankou materyalis, avidite ak etadespri kote moun yo pa satisfè ak sitiyasyon yo. Se “ atachman pou Bondye ” ki kle k ap pèmèt yon moun jwenn pi gwo avantaj posib, se pa ranmase anpil byen. — 1 Timote 6:6.

20 Prensip fondamantal ki gen nan Lalwa Jewova te bay nasyon Izrayèl tan lontan an valab nan epòk difisil n ap viv la, menm jan ak lè Jewova te bay Moyiz Lalwa sa a. Plis nou aplike prensip sa yo nan lavi nou, se plis n ap vin apresye yo, se plis n ap vin renmen yo, e se plis n ap vin gen kè kontan. Lalwa gen ladan l yon pakèt leson ki gen anpil valè pou nou, e lavi yon seri pèsonaj nan Bib la ak eksperyans yo te fè raple nou prensip sa yo yon fason ki frapan. Nou pral egzamine kèk egzanp nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Tout 176 vèsè ki gen nan sòm sa a, eksepte 4 ladan yo, mansyone swa kòmandman Jewova yo, swa desizyon jidisyè li yo, lwa li yo, lòd li yo, règ li yo, rapèl li yo, deklarasyon li yo, dekrè li yo, chemen li yo, oubyen pawòl li.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa moun ki te ekri Sòm 119 la te renmen lwa Jewova ?

• Ki sa kretyen yo aprann nan dispozisyon anrapò ak saba a ?

• Ki enpòtans lwa Bondye te bay anrapò ak grapiyay la genyen jiska prezan ?

• Ki jan kòmandman ki kont konvwatiz la pwoteje nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Sou ki sa lwa sou saba a te mete aksan ?

[Foto nan paj 15]

Ki sa lwa sou grapiyay la aprann nou ?