Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, chwazi sèvi Jewova

Jèn, chwazi sèvi Jewova

Jèn, chwazi sèvi Jewova

“ Chwazi pou nou menm jodi a kiyès n ap sèvi. ”— JOZYE 24:15.

1, 2. Ki move fòm batèm lakretyente te konn pratike e ki move fòm batèm li toujou ap pratike ?

“ KITE [timoun yo vin kretyen lè yo vin gen kapasite pou yo konnen Kris. ” Sa a se pawòl yon ekriven ki rele Tètilyen te ekri nan fen dezyèm syèk epòk nou an. Li t ap pwoteste kont batèm tibebe, yon pratik ki te kòmanse pran pye nan lakretyente aposta a nan epòk li a. Kontrèman avèk Tètilyen e an kontradiksyon ak Bib la, Ogisten, youn nan premye teyolojyen legliz yo, te pretann batèm nan retire tach peche orijinèl la e timoun ki mouri san batize yo tou kondane. Kwayans sa a te ankouraje pratik pou yo batize tibebe yo osito sa posib.

2 Anpil gwo relijyon nan lakretyente kontinye batize timoun ki fèk fèt. Mete sou sa, atravè listwa, dirijan ak chèf relijye nan nasyon ki swadizan kretyen yo te konn fòse “ payen ” yo te pran kaptif yo pou yo batize. Men, batize tibebe e fòse granmoun batize se de pratik ki pa gen okenn fondman nan Bib la.

Nou pa fèt tou vwe jodi a

3, 4. Ki sa k ka ede timoun ki gen paran yo ki vwe bay Bondye pou yo vwe vi yo volontèman ?

3 Labib montre Bondye konsidere timoun piti yo sen menm lè se yon sèl nan paran yo ki yon kretyen fidèl (1 Korentyen 7:14). Èske sa vle di yon timoun konsa se yon sèvitè Jewova ki vwe ? Non. Poutan, timoun ki resevwa edikasyon nan men paran ki vwe bay Jewova resevwa yon fòmasyon ki ka ede yo vwe vi yo volontèman. Men sa wa Salomon, yon wa ki te saj, te ekri : “ O pitit gason m, obsève kòmandman papa w, e pa abandone lwa manman w. [...] Lè w ap mache, l ap dirije w. Lè w kouche, l ap rete la ap voye je sou ou. E lè w reveye, li menm l ap okipe w. Paske kòmandman an se yon lanp, lwa a se yon limyè, e blam ki bay disiplin se chemen lavi. ” — Pwovèb 6:20-23.

4 Direksyon paran ki kretyen yo kapab yon pwoteksyon pou jèn yo, akondisyon jèn yo aksepte suiv li. Men sa Salomon te deklare tou : “ Yon pitit gason ki saj fè kè papa l kontan, men yon pitit gason ki san konprann fè manman l lapenn. ” “ Ou menm, o pitit gason m, koute epi vin saj, e gide kè w sou chemen an. ” ​(Pwovèb 10:1 ; 23:19). Wi, nou menm jèn, si nou vle tire pwofi nan fòmasyon paran nou ban nou, nou dwe aksepte volontèman konsèy ak disiplin nou jwenn. Nou pa fèt tou saj, men nou ka “ vin saj ” e nou ka suiv “ chemen lavi ” a volontèman.

Ki sa avètisman Jewova yo ye ?

5. Ki konsèy Pòl te bay ni timoun yo ni papa yo ?

5 Men sa apot Pòl te ekri : “ Timoun, se pou nou obeyi paran nou ann inyon ak Seyè a, paske sa jis. ‘ Onore papa w ak manman w ’. Sa a se premye kòmandman ki mache ak yon pwomès : ‘ Pou sa ka ale byen pou ou e pou w ka rete lontan sou tè a. ’ E nou menm papa, pa irite pitit nou yo, men, kontinye leve yo nan disiplin ak nan avètisman Jewova. ” — Efezyen 6:1-4.

6, 7. Ki sa leve timoun yo nan “ avètisman Jewova ” enplike, e poukisa sa pa vle di paran yo ap enfliyanse pitit yo yon fason ki enjis ?

6 Lè yon paran ki kretyen ap leve pitit li “ nan disiplin ak nan avètisman Jewova ”, èske se enfliyanse l ap enfliyanse yo yon fason enjis ? Non. Èske yon moun ka kritike yon paran paske l ap anseye pitit li sa li konnen ki bon ak sa li konnen k ap bon pou yo nan domèn moral ? Yo pa kritike moun ki ate yo lè yo anseye pitit yo Bondye pa egziste. Moun ki nan legliz katolik women yo santi yo nan obligasyon pou yo leve pitit yo nan lafwa katolik, e se raman yo kritike yo poutèt yo fè sa. Menm jan an tou, yo pa ta dwe akize Temwen Jewova yo, kòmkwa yo ta kontwole lespri pitit yo lè yo elve yo pou yo adopte panse Jewova anrapò ak laverite e anrapò ak prensip moral yo.

7 Selon yon diksyonè biblik, mo grèk orijinal lè yo tradui l yo mete “ avètisman ” pou li nan Efezyen 6:4 la fè referans ak yon aksyon pou “ eseye korije lespri a, pou l fè sa k pa bon vin bon, pou l vin gen yon pi bon atitid espirityèl ”. (Theological Dictionary of the New Testament.) E si yon jèn ap reziste ak fòmasyon paran li ba li akoz enfliyans kamarad li, e akoz dezi pou l fè menm jan avèk yo ? Si yon sitiyasyon konsa egziste, kiyès yo ka di k ap egzèse enfliyans sou jèn nan, paran l oswa kamarad li yo ? Si kamarad sa yo ap ankouraje jèn nan pou l pran dwòg, pou l bwè depase limit oswa pou l gen yon konduit imoral, èske yo ta dwe kritike paran yo si y ap chèche ajiste fason pitit yo panse e si y ap chèche ede yo konprann konsekans konduit danjere sa yo genyen ?

8. Ki sa ‘ konvenk Timote pou l kwè ’ te enplike ?

8 Men sa apot Pòl te ekri Timote ki te yon jèn : “ Kontinye nan bagay ou te aprann yo, bagay yo te konvenk ou pou w kwè yo, piske w konnen nan men ki moun ou te aprann yo. E se depi w te toupiti ou konnen ekriti sakre yo, ki kapab fè w vin saj pou delivrans lan grasa lafwa nan Kris Jezi. ” ​(2 Timote 3:14, 15). Depi lè Timote te toupiti, manman l ak granmè l te byen bati lafwa li genyen nan Bondye sou konesans konsènan Ekriti Sakre yo (Travay 16:1 ; 2 Timote 1:5). Annapre, lè yo te vin kretyen, yo pa t fòse Timote pou l kwè, men yo te “ konvenk ” li pa mwayen bonjan rezònman ki te baze sou konesans konsènan Ekriti yo.

Jewova envite w chwazi

9. a) Ki jan Jewova bay kreyati l yo diyite, e pou ki rezon ? b) Ki jan sèl Pitit Gason Bondye fè a te egzèse libète li genyen pou l deside ?

9 Jewova te ka fè kreyati l yo tankou wobo, li te ka pwograme yo pou yo fè volonte l e pou yo pa ka fè otreman. Men se pa sa l te fè, li te ba yo diyite lè li ba yo libète pou yo deside. Bondye nou an vle moun soumèt anba dominasyon l volontèman. Li pran plezi pou l wè moun li kreye, granmoun kou timoun, ap sèvi l paske yo renmen l. Pi bèl egzanp moun ki soumèt li avèk amou devan volonte Bondye, se egzanp sèl Pitit Gason li te fè a. Se konsènan li menm Jewova te deklare : “ Sa se Pitit Gason m, byenneme a, li menm mwen apwouve a. ” ​(Matye 3:17). Men sa Premye Pitit Gason sa a te di Papa l : “ Pou m fè volonte w, o Bondye mwen, mwen pran plezi, epi lalwa w chita jis nan zantray mwen. ” — Sòm 40:8 ; Ebre 10:9, 10.

10. Sou ki baz nou ka sèvi Jewova yon fason ki akseptab ?

10 Jewova atann pou moun k ap sèvi l anba direksyon Pitit li a soumèt yo ak tout kè yo devan volonte l menm jan an. Men sa salmis la te di nan yon chan pwofetik : “ Pèp ou a ap dispoze ofri tèt li nan jou fòs militè w. Nan bote sentete a, depi nan matris douvanjou, ou gen gwoup jènjan w yo tankou gout lawouze. ” ​(Sòm 110:3). Tout òganizasyon Jewova a nèt, ni pati selès la ni pati terès la, fonksyone sou baz soumisyon ki plen lanmou anrapò ak volonte Bondye.

11. Ki chwa ki devan jèn ki resevwa edikasyon nan men paran yo ki vwe bay Bondye ?

11 Se nou menm jèn ki dwe konprann se pa ni paran nou ni ansyen nan kongregasyon an ki pral fòse nou batize. Dezi nou genyen pou nou sèvi Jewova dwe soti nan nou menm. Men sa Jozye te di Izrayelit yo : “ Sèvi [Jewova] avèk entegrite e avèk verite. [...] Chwazi pou nou menm jodi a kiyès n ap sèvi. ” ​(Jozye 24:14-22). Menm jan an tou, se ta dwe nou menm pèsonèlman ki chwazi vwe tèt nou bay Jewova e ki chwazi konsakre vi nou pou nou fè volonte l.

Pran responsablite w

12. a) Byenke paran yo ka bay pitit yo fòmasyon, ki sa yo pa ka fè pou yo ? b) Ki lè yon jèn vin responsab devan Jewova pou chwa li fè ?

12 Jèn, gen yon moman k ap rive kote fidelite paran nou pap ka pwoteje nou ankò (1 Korentyen 7:14). Men sa disip Jak te ekri : “ Si yon moun konnen pou l fè sa ki jis, epoutan li pa fè l, se yon peche pou li. ” ​(Jak 4:17). Paran yo pa ka sèvi Bondye pou pitit yo, menm jan timoun yo pa ka sèvi Bondye pou paran yo (Ezekyèl 18:20). Èske w aprann konnen Jewova ak objektif li yo ? Èske w ase gran pou w konprann sa w aprann yo e pou w kòmanse gen yon relasyon pèsonèl avèk Jewova ? Donk, èske w pa wè li rezonab pou Bondye ta konsidere w kapab pran desizyon pou w sèvi l ?

13. Ki kesyon adolesan ki poko batize yo ta dwe poze tèt yo ?

13 Èske w se yon jèn ki gen paran w k ap adore Bondye, ou asiste reyinyon yo e ou menm patisipe nan predikasyon bon nouvèl Wayòm nan, men ou poko batize ? Si wi, mande tèt ou onètman : ‘ Poukisa m ap fè tout sa ? Èske mwen asiste reyinyon yo e mwen patisipe nan travay predikasyon an paske paran m atann pou m fè sa, oubyen èske se paske m vle fè Jewova plezi ? ’ Èske ou menm pèsonèlman ou konstate ki sa“ volonte [Bondye] ki bon, ki agreyab e ki pafè ” a ye ? — Women 12:2.

Poukisa w ap retade batèm ou ?

14. Ki egzanp nou jwenn nan Bib la ki montre nou pa ta dwe retade batèm nou san nesesite ?

14 “ Ki sa ki anpeche m batize ? ” Etyopyen ki te poze Filip, yon evanjelizatè, kesyon sa a te apèn konnen Jezi se te Mesi a. Men, Etyopyen an te gen ase konesans sou Ekriti yo pou l rive konprann li te dwe aji imedyatman pou l montre piblikman apati moman sa a l ap sèvi Jewova antanke manm kongregasyon kretyen an, e desizyon sa a li te pran an te ba l anpil jwa (Travay 8:26-39). Menm jan an tou, kè yon dam ki te rele Lidi, te ouvri “ byen laj, pou l te ka koute bagay Pòl t ap di yo ”, e li te “ batize ” menm kote a, ni li ni moun lakay li (Travay 16:14, 15). Nan menm sans lan tou, gadyen prizon ki te Filip la te koute Pòl ak Silas pandan yo t ap “ di l pawòl Jewova ” e “ ni li menm ni moun pa l yo, yo te batize lamenm ”. (Travay 16:25-34.) Se sa k fè, si w gen konesans de baz sou Jewova e sou objektif li yo, si w gen yon dezi sensè pou w fè volonte l, e si w gen yon bon repitasyon nan kongregasyon an, ou asiste reyinyon yo regilyèman e ou patisipe nan predikasyon bon nouvèl Wayòm nan, poukisa pou w ta retade batèm ou ? — Matye 28:19, 20.

15, 16. a) Ki fo rezònman ki ka anpeche kèk jèn batize ? b) Ki jan ve ak batèm ka sèvi kòm yon pwoteksyon pou jèn yo ?

15 Èske petèt ou ta ezite fè pa enpòtan sa a paske w pè pou w pa gen pou w rann kont si w ta tonbe nan fè sa k pa bon ? Si wi, reflechi sou kesyon sa a : Èske w t ap refize pran lisans pou w kondui senpleman paske w pè pou w pa ta fè aksidan yon jou ? Jamè ! Menm jan an tou, ou pa ta dwe ezite batize nonplis, si w kalifye pou sa. Anfèt, si w vwe lavi w bay Jewova, e si w dakò fè volonte l, w ap gen plis motivasyon pou w fè tout posib ou pou w reziste devan sa k pa bon (Filipyen 4:13). Jèn, pa panse lè w retade batèm ou, sa fè w pa gen pou w rann kont pou sa. Menmsi w batize, menmsi w pa batize, lè w rive nan laj kote w ka pran responsablite w, ou gen pou w reponn devan Jewova pou fason w aji. — Women 14:11, 12.

16 Anpil Temwen sou tout tè a santi desizyon yo te pran pou yo batize lè yo te jèn nan te ede yo anpil. Ann pran egzanp yon Temwen ki gen 23 an k ap viv ann Ewòp de Lwès. Li sonje lefètke li te batize a 13 an, sa te ankouraje l fè atansyon pou l pa kite “ dezi ki gen lakay jèn yo ” pote l ale (2 Timote 2:22). Byen bonè, li te pran desizyon pou l rantre nan sèvis aplentan. Jodi a, l ap sèvi ak kè kontan nan yon biwo filyal Temwen Jewova. Gen anpil benediksyon k ap tann tout jèn ki chwazi sèvi Jewova, e k ap tann ou tou.

17. Nan ki domèn li nesesè pou nou kontinye chèche konprann sa “ volonte Jewova ” ye ?

17 Ve ak batèm se kòmansman yon vi kote nou pran volonte Bondye an konsiderasyon nan tout sa n ap fè. Nou respekte ve nou an lè nou “ rachte moman apwopriye ” a. Ki jan nou fè sa ? Lè nou pran tan nou te ka itilize nan lòt aktivite ki pa enpòtan e nou sèvi ak tan sa a pou nou etidye Labib seryezman, pou nou asiste reyinyon yo regilyèman e pou nou patisipe otan nou kapab nan preche ‘ bon nouvèl wayòm nan ’ ​(Efezyen 5:15, 16 ; Matye 24:14). Ve nou fè bay Jewova a ak dezi nou genyen pou nou fè volonte l pral gen yon bon enfliyans sou tout aspè nan lavi nou, tankou fason nou detann nou, abitid nou genyen nan kesyon manje ak bwè, epi kalite mizik nou tande. Sa w panse si lè w ap chwazi detant, ou chwazi detant w ap ka pran pou tout letènite ? Plizyè milye jèn Temwen k ap viv ak kè kontan ka di w gen anpil fason ou ka amize w pandan w rete anndan limit “ volonte Jewova ”. — Efezyen 5:17-19.

“ Nou vle ale ansanm avèk nou ”

18. Ki kesyon jèn yo ta dwe poze tèt yo ?

18 Soti 1513 anvan epòk nou an pou rive nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, Jewova te gen yon pèp òganize li te chwazi pou adore l e ki te dwe vin temwen l (Izayi 43:12). Jèn Izrayelit yo te fèt nan nasyon sa a. Apati Pannkòt la, Jewova gen yon nouvo “ nasyon ” sou tè a, Izrayèl espirityèl la, “ yon pèp pou non l ”. (1 Pyè 2:9, 10 ; Travay 15:14 ; Galat 6:16.) Apot Pòl te fè konnen Kris te pwòpte “ yon pèp pou li menm ki rele l pa l, yon pèp ki zele pou fè bèl travay ”. (Tit 2:14.) Nou menm jèn, nou gen libète pou nou chèche konnen pèsonèlman ki kote pèp sa a ye. Kiyès jodi a ki fòme “ nasyon jis ki kenbe yon konduit fidèl ”, k ap viv ann amoni ak prensip biblik yo, k ap aji antanke Temwen fidèl pou Jewova, e k ap pwoklame Wayòm li an antanke sèl espwa pou limanite (Izayi 26:2-4) ? Gade nan legliz lakretyente yo ak nan lòt relijyon yo, epi konpare konduit yo ak sa Labib mande vrè sèvitè Bondye yo pou yo fè.

19. Ki konviksyon plizyè milyon moun sou tout tè a vin genyen ?

19 Plizyè milyon moun sou tout tè a, pami yo menm gen anpil jèn, vin gen konviksyon rès wen ki pami Temwen Jewova yo fòme “ nasyon jis ” sa a. Men sa yo di Izrayelit espirityèl sa yo : “ Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou. ” ​(Zekarya 8:23). Se ak tout kè nou nou swete pou nou menm jèn nou deside pran plas nou pami pèp Bondye a, e konsa pou nou “ chwazi lavi ”, lavi etènèl nan monn nouvo Jewova a. — Detewonòm 30:15-20 ; 2 Pyè 3:11-13.

Revizyon

• Ki sa avètisman Jewova yo ye ?

• Ki kalite sèvis ki akseptab pou Jewova ?

• Ki chwa tout jèn ki te leve nan men paran ki vwe lavi yo bay Bondye gen devan yo ?

• Poukisa nou pa ta dwe retade batèm nou san nesesite ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 27]

Kiyès w ap koute ?

[Foto nan paj 29]

Ki jan ve ak batèm se yon pwoteksyon pou ou ?

[Foto nan paj 30]

Ki sa k anpeche w batize ?