Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — dezyèm liv

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — dezyèm liv

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — dezyèm liv

ANTANKE sèvitè Jewova, nou atann nou n ap jwenn tribilasyon ak eprèv sou wout nou. Apot Pòl te ekri : “ Tout moun ki vle viv nan atachman pou Bondye ann amoni ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. ” ​(2 Timote 3:12). Ki sa k ap ede nou andire tribilasyon ak pèsekisyon, sa k ap pwouve entegrite nou devan Bondye ?

Dezyèm gwoup nan senk gwoup sòm yo ban nou èd nou bezwen an. Sòm 42 a Sòm 72 montre nou si nou vle reyisi lè n ap andire tribilasyon, nou dwe mete tout konfyans nou nan Jewova e nou dwe aprann rete tann li pou delivrans. Ala yon bèl leson sa ye pou nou ! Menm jan ak tout rès Pawòl Bondye a, mesaj ki nan dezyèm liv Sòm yo vrèman ‘ vivan e li vrèman pisan ’, menm nan epòk pa nou an. — Ebre 4:12.

JEWOVA SE ‘ REFIJ NOU AK FÒS NOU ’

(Sòm 42:1–50:23)

Yon Levit ap viv ann egzil. Li tris paske li pa ka ale nan sangtyè Jewova a pou l adore l, men li konsole tèt li ak pawòl sa yo : “ Poukisa ou nan dezespwa, o nanm mwen, e poukisa w ajite anndan m ? Tann Bondye. ” ​(Sòm 42:5, 11 ; 43:5). Pawòl ki nan vèsè sa a parèt plizyè fwa, e li fè twa stwòf nan Sòm 42 ak Sòm 43 a fòme yon sèl powèm. Sòm 44 la se lamantasyon pou Jida, yon nasyon ki te nan detrès, petèt akoz menas envazyon Asiri nan jou wa Izkiya.

Sòm 45 lan, ki se yon chante konsènan yon maryaj wayal, se yon chante pwofetik konsènan Wa mesyanik la. Twa sòm ki vin apre yo reprezante Jewova kòm “ yon refij ak yon fòs ”, “ yon gran Wa sou tout tè a ” e “ yon refij wo ki asire ”. (Sòm 46:1 ; 47:2 ; 48:3.) Sòm 49 la byen montre pa gen pèsonn ki “ ka rachte yon frè ”. (Sòm 49:7.) Uit premye sòm nan dezyèm gwoup la se pitit Kora yo ki konpoze yo. Nevyèm nan, Sòm 50 lan, se Asaf ki konpoze l.

Kesyon biblik ak tout repons :

44:19 — “ Zòn chakal yo ”, ki sa l te ye ? Petèt salmis la t ap fè referans ak zòn konba kote moun ki te tonbe yo te tounen manje pou chakal.

45:13, 14a — Kiyès ki ‘ pitit fi wa a y ap mennen bay wa a ’ ? Se pitit fi “ Wa letènite ” a, Jewova Dye (Revelasyon 15:3). Li reprezante kongregasyon glorifye a ki konpoze ak 144 000 kretyen yo, yo menm Jewova adopte kòm pitit lè li wenn yo ak lespri li (Women 8:16). “ Pitit fi ” Jewova sa a, ki “ prepare tankou yon lamarye ki anbeli pou mari li ”, y ap mennen l jwenn lemarye a : Wa mesyanik la. — Revelasyon 21:2.

45:14b, 15 — Kiyès “ vyèj ” yo reprezante ? Yo reprezante “ gwo foul ” vrè adoratè yo ki asosye ak rès wen an e k ap soutni li. Etandone yo “ soti nan gwo tribilasyon an ” vivan, y ap sou tè a lè maryaj Wa mesyanik la fin fèt nèt nan syèl la (Revelasyon 7:9, 13, 14). Nan okazyon sa a, y ap ranpli ak “ lajwa ak lagete ”.

45:16 — Nan ki sans se pitit wa a ki pral nan plas zansèt wa a ? Lè Jezi te fèt sou tè a, li te gen zansèt terès. Y ap tounen pitit li lè li resisite yo pandan rèy mil an li a. Kèk nan yo pral pami moun y ap nome “ prens sou tout tè a ”.

50:2 — Poukisa yo rele Jerizalèm “ pèfeksyon bote a ” ? Se pa akoz aparans vil la. Men pito, se paske Jewova te sèvi avè l, e li te fè yon bote estrawòdinè jayi sou li lefètke se la li te mete tanp li a e se la ki te kapital kote wa li wenn yo te abite.

Leson pou nou jodi a :

42:1-3. Menm jan yon femèl sèf ki nan yon zòn sèch swaf dlo anpil, se konsa Levit la te swaf Jewova. Mesye a te tèlman tris poutèt li pa t ka adore Jewova nan sangtyè Li a, sa te fè ‘ dlo nan je li tounen manje pou li lajounen kou lannuit ’, li te vin pa ka manje. Èske nou pa ta dwe rekonesan anpil lefètke n ap adore Jewova ansanm ak kwayan parèy nou ?

42:4, 5, 11 ; 43:3-5. Si pou yon rezon ki pa depann de nou, nou separe ak kongregasyon kretyen an pou yon ti tan, lè nou sonje jwa nou te konn jwenn nan kongregasyon an nan tan pase, sa kapab fòtifye nou. Malgre okòmansman sa ka ogmante lapenn nou genyen poutèt nou poukont nou, sa ap fè nou sonje tou Bondye se refij nou e se li nou dwe ret tann pou nou jwenn sekou.

46:1-3. Kèlkeswa pwoblèm nou ta rankontre, nou dwe gen yon konfyans total “ Bondye se yon refij ak yon fòs pou nou ”.

50:16-19. Nenpòt moun k ap bay manti e k ap pratike move bagay pa gen okenn dwa pou l reprezante Bondye.

50:20. Olye pou n renmen pale konsènan fot lòt moun, nou ta dwe pase sou yo. — Kolosyen 3:13.

“ VIRE NAN DIREKSYON BONDYE, RET TANN AN SILANS, O NANM MWEN ”

(Sòm 51:1–71:24)

Seri sòm sa yo kòmanse ak priyè David te fè ak tout kè l apre peche li te fè avèk Batcheba a. Sòm 52 a Sòm 57 montre Jewova pral delivre moun ki lage fado yo sou li e ki tann li pou yo jwenn delivrans. Jan Sòm 58 a Sòm 64 montre, diran tout detrès David yo, li te fè Jewova tounen refij li. Men pawòl li te chante : “ Wi, vire nan direksyon Bondye, ret tann an silans, o nanm mwen, paske se nan li espwa m soti. ” — Sòm 62:5.

Entimite avèk Sovè nou an dwe pouse nou pou nou “ fè melodi pou glwa non l genyen ”. (Sòm 66:2.) Sòm 65 louwe Jewova antanke Sila ki donan anpil la, Sòm 67 ak Sòm 68 louwe li antanke yon Dye ki konn delivre, e Sòm 70 ak Sòm 71 louwe li antanke Sila ki konn fè moun chape a.

Kesyon biblik ak tout repons :

51:12 — Ak ki ‘ lespri byen dispoze ’ David te mande pou yo soutni l ? Sa pa gen rapò ni ak dispozisyon Bondye genyen pou l ede David, ni ak lespri sen Jewova, men sa gen rapò ak espri pa David, sètadi panchan li genyen. Li mande Bondye pou l fè l gen dezi pou l fè sa ki dwat.

53:1 — Ki jan moun ki nye egzistans Jewova a se yon moun ki “ ensanse ” ? La a nan vèsè a, ensanse pa siyifi manke entèlijans. Ou ka wè yon moun konsa se yon ensanse moralman lè w egzamine degradasyon moral sa lakòz, selon sa ki dekri nan Sòm 53:1-4 la.

58:3-5 — Nan ki sans mechan an tankou yon koulèv ? Manti y ap bay sou lòt moun tankou venen yon sèpan. Yo anpwazonnen bon repitasyon moun y ap fè mechanste a. “ Tankou kobra ki bouche zòrèy li ”, mechan an pa koute konsèy e li pa aksepte koreksyon.

58:7 — Ki jan mechan an “ fonn tankou se nan dlo ki pral fè wout yo ” ? David te ka ap panse ak dlo nan kèk ravin ki nan Latè pwomiz. Byenke gwo dlo k ap desann ka fè nivo dlo nan yon ravin vin ogmante, dlo sa a ale rapidman e li disparèt. David t ap priye pou mechan yo disparèt rapidman.

68:13 — Ki jan ‘ zèl yon pijon te kouvri ak ajan e plim zèl li te kouvri ak lò ki gen koulè jón vè ’ ? Gen kèk pijon ki gen koulè ble gri e ki gen kèk plim sou kò yo ki klere anpil. Lè yo nan solèy, plim yo klere tankou metal. Petèt David t ap konpare gèrye izrayelit ki te ranpòte laviktwa nan batay yo ak yon pijon konsa ki gen fòs nan zèl li e k ap briye. Tankou kèk biblis fè konnen, deskripsyon an ka sanble tou ak yon travay atis, yon twofe, yo vin avè l sot nan konba. Kèlkeswa sa l ta ye a, David te vle pale de viktwa Jewova te fè pèp li a ranpòte sou ènmi yo.

68:18 — Kiyès ki te “ kado sou fòm gason ” an ? Se te gason pami moun yo te pran kaptif pandan konkèt Latè pwomiz la. Pi devan, yo te nome gason sa yo pou yo ede Levit yo nan travay yo. — Ezra 8:20.

68:30 — Ki sa demann ki di “ reprimande bèt sovaj la ki nan wozo yo ” siyifi ? Nan yon sans figire, etan David t ap pale de ènmi pèp Jewova a kòm bèt sovaj, li te mande Bondye pou l reprimande yo, sa vle di pou l kontwole pouvwa yo genyen pou yo fè moun mechanste.

69:23 — Ki sa ‘ fè ranch ènmi yo tranble ’ siyifi ? Mis ki nan ranch yo endispansab pou yon moun akonpli travay ki fatigan, tankou leve chay ak pote pwa lou. Ranch k ap tranble a vle di moun nan febli. David te priye pou ènmi l yo febli.

Leson pou nou jodi a :

51:1-4, 17. Lè nou fè peche, nou pa oblije izole nou parapò ak Jewova Dye. Si nou repanti, nou ka gen konfyans nan mizèrikòd li.

51:5, 7-10. Si nou peche, nou ka mande Jewova padon paske se eritye nou eritye peche. Nou dwe priye l tou pou l pirifye nou, pou l geri nou, pou l ede nou elimine tandans peche ki nan kè nou, e pou l ban nou yon espri fèm.

51:18. Peche David yo te afekte byennèt tout nasyon an. Se poutèt sa li te priye pou Bondye montre byenveyans li anvè Siyon. Lè nou komèt yon peche grav, souvan sa lage opwòb sou non Jewova e sou kongregasyon an. Nou bezwen priye Bondye pou l repare tò petèt nou lakòz.

52:8. Nou ka “ tankou yon bèl pye oliv nan mezon Bondye a ”, sa vle di nou toupre Jewova e nou bay rannman nan sèvis li, lè nou obeyi l e lè nou dispoze aksepte disiplin li. — Ebre 12:5, 6.

55:4, 5, 12-14, 16-18. David te gen gwo lapenn akoz yon konplo pwòp pitit li Absalòm te fè kont li ak yon kou trèt Ayitofèl, yon konseye li te fè konfyans, te ba li. Sepandan, sa pa t diminye konfyans David te gen nan Jewova. Nou pa dwe kite soufrans afektif febli konfyans nou gen nan Bondye.

55:22. Ki jan nou ka lage fado nou sou Jewova ? Nou ka fè sa 1) lè nou priye l sou yon bagay k ap boulvèse nou, 2) lè nou apiye nou sou Pawòl li a ak sou òganizasyon l lan pou nou jwenn konsèy ak sipò, e 3) lè nou fè tout sa nou kapab pou nou elimine sitiyasyon an. — Pwovèb 3:5, 6 ; 11:14 ; 15:22 ; Filipyen 4:6, 7.

56:8. Jewova pa sèlman konnen sitiyasyon nou, men li konnen tou enpak afektif sa gen sou nou.

62:11. Bondye pa depann de okenn lòt sous enèji. Se li ki sous pisans. ‘ Se pou li fòs ye. ’

63:3. ‘ Bonte ki plen lanmou Bondye genyen an pi bon pase lavi ’, paske san sa, lavi a san sans e li san objektif. Li saj pou nou kiltive amitye avèk Jewova.

63:6. Lannuit kapab yon bon moman pou meditasyon, paske se yon moman ki kalm e ki pa gen anyen ki ka distrè moun.

64:2-4. Tripotay malfezan kapab kraze repitasyon yon moun ki inosan. Nou pa ta dwe ni koute ni gaye pawòl konsa.

69:4. Pou nou konsève lapè, pafwa li ka saj pou nou “ remèt ”, sa vle di pou nou mande eskiz, menmsi nou pa kwè se nou ki antò.

70:1-5. Jewova tande rèl nou fè ann ijans pou nou mande l èd (1 Tesalonisyen 5:17 ; Jak 1:13 ; 2 Pyè 2:9). Bondye ka kite yon eprèv kontinye, men l ap ban nou sajès pou nou fè fas ak sitiyasyon an e l ap ban nou fòs pou nou andire l. Li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte. — 1 Korentyen 10:13 ; Ebre 10:36 ; Jak 1:5-8.

71:5, 17. David te gen kouraj ak fòs paske li te mete konfyans li nan Jewova depi lè l te timoun, menm depi anvan li te fè fas ak Golyat, jeyan filisten an (1 Samyèl 17:34-37). Jèn yo fè byen si yo konte sou Jewova nan tout sa y ap fè.

“ Se pou glwa li plen tout tè a nèt ”

Dènye chante nan dezyèm gwoup sòm nan, Sòm 72 la, gen rapò ak dominasyon Salomon an. Li predi kondisyon ki pral egziste anba rèy Mesi a. Ala bèl kondisyon ki dekri nan tèks sa yo : lapè ann abondans, fen kraze zo ak vyolans, anpil manje sou tè a ! Èske n ap pami moun ki pral jwi bagay sa yo ak lòt benediksyon Wayòm nan pral pote ? Li posib si nou dakò tann Jewova pou nou fè l tounen refij nou ak fòs nou, menm jan ak salmis la.

“ Priyè David yo [...] rive nan fen yo ” ak pawòl sa yo : “ Benediksyon pou Jewova Dye, Bondye Izrayèl la, li menm sèl ki fè bagay estrawòdinè. Epi benediksyon pou non glorye li a pou tan endefini, e se pou glwa li plen tout tè a nèt. Amèn e amèn. ” ​(Sòm 72:18-20). Nou menm tou, annou beni Jewova e annou louwe non glorye li a ak tout kè nou.

[Foto nan paj 9]

Èske w konnen kiyès “ pitit fi wa a ” senbolize ?

[Foto nan paj 10, 11]

Yo rele Jerizalèm “ pèfeksyon bote a ”. Èske w konn poukisa ?