Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Rapèl ou yo se ak sa m atache ”

“ Rapèl ou yo se ak sa m atache ”

“ Rapèl ou yo se ak sa m atache ”

“ Tout bagay ki te ekri nan tan lontan yo te ekri pou enstriksyon nou. ” — WOMEN 15:4.

1. Ki fason Jewova fè nou rapèl, e poukisa nou bezwen rapèl sa yo ?

JEWOVA fè sèvitè l yo rapèl nan objektif pou l ede yo fè fas ak presyon y ap sibi nan tan difisil sa yo. Nou jwenn kèk nan rapèl sa yo lè n ap li Labib pèsonèlman, e nou jwenn kèk lòt nan diskou oswa nan kòmantè ki fèt nan reyinyon yo. Gen anpil bagay nan sa nou li oswa nan sa nou tande nan moman sa yo ki pa nouvo pou nou. Sandout, nou te deja egzamine enfòmasyon konsa anvan. Men, kòm nou gen tandans bliye, nou toujou bezwen rafrechi memwa nou nan sa ki konsène objektif Jewova yo, lwa l yo ak enstriksyon li bay. Nou ta dwe gen rekonesans pou rapèl Bondye yo. Yo renouvle espri nou etan yo ede nou toujou sonje rezon ki te pouse nou chwazi mennen yon vi ki fè Bondye plezi. Se poutèt sa, salmis la te di Jewova nan yon chante : “ Rapèl ou yo se ak sa m atache. ” — Sòm 119:24.

2, 3. a) Poukisa Jewova konsève istwa lavi yon seri pèsonaj biblik jis nan epòk pa nou an ? b) Ki istwa nou jwenn nan Ekriti yo nou pral egzamine nan atik sa a ?

2 Menmsi Pawòl Bondye a gen plizyè syèk depi yo te ekri l, li toujou gen anpil fòs (Ebre 4:12). Li rakonte nou istwa lavi yon seri pèsonaj biblik. Se vre, depi epòk Bib la te ekri a, koutim moun yo ak pwennvi yo chanje anpil. Men, pwoblèm n ap fè fas yo, byen souvan, se menm ak sa ki te egziste nan epòk sa a. Anpil istwa ki konsève pou pwofi nou nan Bib la ban nou yon seri egzanp touchan konsènan moun ki te renmen Jewova e ki t ap sèvi l fidèlman malgre sitiyasyon difisil. Gen lòt istwa ki atire atansyon nou sou jan de konduit Bondye rayi. Tout istwa sa yo, kit se bon egzanp, kit se move egzanp, Jewova fè mete yo nan Bib la kòm rapèl. Jan apot Pòl te ekri l la : “ Tout bagay ki te ekri nan tan lontan yo te ekri pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo. ” — Women 15:4.

3 Annou rete sou twa istwa nou jwenn nan Ekriti yo : istwa kote David te gen pwoblèm ak Sayil, istwa Anànyas ak Safira ak istwa sou konduit Jozèf ak madan Potifa. Chak istwa sa yo gen leson enpòtan ladan yo pou nou.

Fidelite anvè dispozisyon Bondye pran

4, 5. a) Nan ki sitiyasyon David te twouve l ak wa Sayil ? b) Ki jan David te reyaji devan hèn Sayil te genyen pou li ?

Wa Sayil te enfidèl devan Jewova, li pa t diy pou li dirije pèp Bondye a ankò. Se pou sa Bondye te rejte l, epi li te voye pwofèt Samyèl al wenn David kòm pwochen wa Izrayèl. Apre David te fin reyalize plizyè eksplwa antanke gèrye e pèp la te aklame l, Sayil te vin konsidere David tankou yon rival. An plizyè okazyon, Sayil te eseye elimine David. David chape nan tout okazyon sa yo, paske Jewova te avè l. — 1 Samyèl 18:6-12, 25 ; 19:10, 11.

5 David te oblije viv nan mawon pandan plizyè ane. Lè yon okazyon te prezante kote David te ka touye Sayil, konpayon l yo te ankouraje l fè sa, yo te di li se Jewova ki lage ènmi l lan nan men l. Men, David te refize. Ki sa ki te pouse l aji konsa ? Ebyen, se fidelite l anvè Jewova ak respè li te genyen pou pozisyon Sayil te okipe antanke wa ki te wenn pou dirije pèp Bondye a. Èske se pa Jewova ki te chwazi Sayil kòm wa Izrayèl ? Ebyen, lè Jewova t ap jije li nesesè pou l retire l, li t ap fè sa. David te konprann se pa t dwa l pou l entèvni. Apre David te fin fè tout sa l kapab pou l diminye hèn Sayil te gen pou li, men sa l te di finalman : “ Jewova li menm ap pote l yon kou. Se swa jou l ap rive e l ap gen pou l mouri, oswa l ap desann nan yon konba, e y ap elimine l san mank. Li enpansab pou mwen, selon pwennvi Jewova, pou mwen leve men m kont moun Jewova wenn nan ! ” — 1 Samyèl 24:3-15 ; 26:7-20.

6. Poukisa istwa David ak Sayil la enpòtan pou nou egzamine ?

6 Istwa sa a gen yon leson ki trèzenpòtan. Èske w pa konn ap mande tèt ou poukisa yon seri pwoblèm rive nan kongregasyon kretyen an ? Petèt se yon moun k ap fè sa k pa sa. Gendwa se pa yon fot grav li fè, men konduit li ka ba w pwoblèm. Ki jan w ta dwe reyaji ? Piske ou sousye w de moun nan e ou fidèl anvè Jewova, ou kapab chèche pale avè l avèk jantiyès nan objektif pou w genyen l. Men, e si pwoblèm nan pèsiste ? Ebyen, apre w fin fè tout sa ki rezonab bò kote pa w, ou kapab kite ka a nan men Jewova. E se sa David te fè.

7. Menm jan ak David, ki jan nou ta dwe reyaji si n ap sibi enjistis oswa prejije ?

7 Yon lòt bò, ou kapab ap sibi enjistis sosyal oswa prejije nan domèn relijye. Petèt ou pa ka fè anyen pou w chanje sitiyasyon an nan moman an. Yon sitiyasyon konsa kapab difisil pou moun sipòte, men, reyaksyon David devan enjistis aprann nou yon leson. Sòm David te ekri yo mansyone yon fason ki touchan nonsèlman priyè sensè li te fè Bondye pou l ede l chape anba grif Sayil, men tou fidelite David devan Jewova ak sousi li te genyen pou l glorifye non Bondye (Sòm 18:1-6, 25-27, 30-32, 48-50 ; 57:1-11). David te rete fidèl devan Jewova menm lè Sayil te kontinye aji avèk enjistis pandan plizyè ane. Nou menm tou nou dwe rete fidèl devan Jewova ak òganizasyon l lan kèlkeswa enjistis n ap sibi e kèlkeswa sa lòt moun ap fè. Nou dwe toujou gen asirans Jewova konnen sitiyasyon an byen. — Sòm 86:2.

8. Ki jan Temwen Jewova nan Mozanbik yo te reyaji lè fidelite yo devan Jewova te pase anba eprèv ?

8 Jodi a, kretyen yo nan peyi Mozanbik bay yon bèl egzanp antanke moun ki rete atache fidèlman ak Jewova nan moman eprèv. Nan ane 1984, moun ak zam ki fè pati yon mouvman rezistans te atake vilaj kote y ap viv yo plizyè fwa, yo vòlè afè moun, yo boule kay e yo touye moun. Vrè kretyen yo sanble pa t ka fè anpil bagay pou yo defann tèt yo. Moun ak zam yo te eseye anwole moun nan zòn nan nan mouvman ame yo a oubyen fòse yo soutni yo lòt fason. Temwen Jewova yo te konsidere sa kontrè ak pozisyon net yo genyen antanke kretyen. Moun yo te fache anpil poutèt Temwen yo te refize. Anviwon 30 Temwen te pèdi lavi yo pandan peryòd latwoublay sa a. Sepandan, menm menas lanmò pa t ka kraze fidelite pèp Bondye a *. Menm jan ak David, yo te andire enjistis sa a, e alafen, yo ranpòte laviktwa.

Yon rapèl ki sèvi avètisman

9, 10. a) Ki pwofi nou ka tire nan kèk egzanp ki nan Ekriti yo ? b) Ki sa ki pa t bon nan aksyon Anànyas ak Safira a ?

9 Kèk moun Ekriti yo pale de yo sèvi kòm rapèl ak avètisman pou nou konsènan konduit nou dwe evite. An reyalite, Bib la rakonte istwa kèk moun, e pafwa menm se sèvitè Bondye, ki te aji mal e ki te sibi konsekans aksyon yo (1 Korentyen 10:11). Youn nan istwa sa yo se istwa Anànyas ak Safira, de moun marye ki te fè pati kongregasyon kretyen ki te nan Jerizalèm nan premye syèk la.

10 Apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, nouvo kwayan yo te rete Jerizalèm pou yo te ka pwofite prezans apot yo. Te vin gen nesesite pou yo ede nouvo kwayan sa yo materyèlman. Kèk moun ki te fè pati kongregasyon an te vann sa yo genyen pou yo asire yo pa gen pèsonn ki nan bezwen (Travay 2:41-45). Anànyas ak Safira te vann yon teren yo te genyen e yo te pote sèlman yon pati nan kòb la bay apot yo, men yo te pretann kòb yo pote kòm ofrann nan se tout kòb yo te peye yo pou tè a. Natirèlman, Anànyas ak Safira te gen dwa bay valè yo te vle, kit li gwo kit li piti. Men, yo te gen move mobil e aksyon yo a se te yon aksyon malonèt. Yo te vle fè gwo enpresyon, pou lese lòt moun konprann yo bay plis pase sa yo bay an reyalite. Apot Pyè, sou enspirasyon lespri sen, demaske malonètete ak ipokrizi yo a, e apre sa, Jewova touye yo. — Travay 5:1-10.

11, 12. a) Ki rapèl nou jwenn konsènan onètete ? b) Ki byenfè yon moun jwenn lefètke li onèt ?

11 Si jamè nou ta tante tòde laverite pou n eseye fè lòt moun panse byen de nou, se pou istwa Anànyas ak Safira a sèvi nou yon avètisman pisan. Petèt nou kapab twonpe imen parèy nou, men nou pa ka twonpe Jewova (Ebre 4:13). Se pa ni de ni twa fwa Ekriti yo egzòte nou pou nou onèt youn ak lòt, paske mantè yo pap gen plas yo sou tè a lè enjistis va disparèt sou li (Pwovèb 14:2 ; Revelasyon 21:8 ; 22:15). Rezon ki fè sa dwe klè nan lespri nou, se paske se pa lòt moun k ap ankouraje manti, se Satan Ledyab. — Jan 8:44.

12 Se pa ti byenfè yon moun jwenn lè l montre li onèt nan tout aspè nan lavi l. Pami byenfè sa yo, moun nan gen yon bon konsyans e li jwenn satisfaksyon lefètke lòt moun fè l konfyans. Anpil fwa, kretyen yo konn jwenn travay oubyen yo konn pa revoke yo paske yo onèt. Men, pi gwo byenfè yo jwenn, sèke onètete yo fè yo zanmi Bondye Toupisan an. — Sòm 15:1, 2.

Konsève chastete nou

13. Nan ki sitiyasyon Jozèf te vin twouve l, e ki jan li te reyaji ?

13 Te gen yon pitit gason patriyach Jakòb ki rele Jozèf yo te vann ann esklavaj lè l te gen 17 an. Annapre, li te vin twouve l lakay yon fonksyonè ejipsyen ki rele Potifa. E se la madanm mèt li vin gen je sou li. Madanm nan te vle gen relasyon seksyèl avèk Jozèf, ki te yon bèl gason. Jou apre jou, li la ap di l : “ Kouche avè m. ” Jozèf te lwen fanmi l, nan yon peyi kote pèsonn pa konnen l. Li te ka byen gen relasyon avèk dam sa a san lòt moun pa konnen. Men, lè finalman madan Potifa kenbe Jozèf, Jozèf kouri. — Jenèz 37:2, 18-28 ; 39:1-12.

14, 15. a) Ki rezon ki fè istwa Jozèf la enpòtan pou nou ? b) Ki sa k te fè yon jèn kretyèn gen rekonesans dèske li te koute rapèl Bondye yo ?

14 Jozèf te grandi nan yon fanmi ki gen krent pou Bondye, e li te konprann si de moun ki pa mari ak madanm gen relasyon seksyèl, sa pa bon. Li te di : “ Kòman pou m ta fè fè gwosè mal sa a e pou m ta peche kont Bondye ? ” Li te rive nan konklizyon sa a petèt paske li te konnen prensip Bondye te bay lèzòm ann Edenn nan, sètadi prensip yon sèl mari, yon sèl madanm nan (Jenèz 2:24). Sèvitè Bondye yo jodi a kapab tire pwofi si yo reflechi sou fason Jozèf te reyaji nan sitiyasyon sa a. Gen anpil kote jodi a, yo tèlman pa pran relasyon seksyèl pou anyen, jèn ki refize lage kò yo nan imoralite, jèn parèy yo pase yo nan rizib. Granmoun ki marye yo menm, anpil ladan yo gen relasyon seksyèl ak moun ki pa konjwen yo. Konsa, istwa Jozèf la se yon rapèl ki byen tonbe pou nou nan epòk pa nou an. Selon prensip Bondye yo, jodi a tou, fònikasyon ak adiltè se peche yo ye (Ebre 13:4). Anpil moun ki te sede anba presyon e ki tonbe nan relasyon seksyèl imoral dakò gen bonjan rezon pou yon moun pa fè sa. Pami move rezilta yo, gen lawont, yon konsyans twouble, jalouzi, ansent, plis maladi seksyèl trapan. Tankou jan Ekriti yo raple nou sa, yon moun k ap pratike fònikasyon “ se yon moun ki peche kont pwòp kò li ”. — 1 Korentyen 5:9-12 ; 6:18 ; Pwovèb 6:23-29, 32.

15 Jenny *, yon Temwen Jewova selibatè, gen rezon pou l apresye rapèl Bondye yo. Nan travay li, te gen yon kòlèg li, yon bèl gason, ki te kòmanse ap fè galantri avè l. Lè l wè Jenny pa reyaji devan avans li yo, li ensiste plis toujou. Men sa Jenny admèt : “ Etandone lè yon moun ki pa menm sèks avè w enterese nan ou, sa ba w yon sèten fyète, mwen te oblije lite pou m kenbe chastete m. ” Toutfwa, Jenny te vin rann li kont misye te jis ap eseye mete l nan yon lis medam li deja gen relasyon seksyèl avèk yo. Lè l santi l vle febli nan detèminasyon li genyen pou l reziste, li sipliye Jewova pou l ede l rete fidèl. Jenny te twouve bagay li te aprann nan rechèch li te fè nan Bib la ak nan piblikasyon kretyen yo te tankou rapèl ki te ankouraje l rete sou pinga l. Youn nan rapèl sa yo se istwa Jozèf ak madan Potifa a. Alafen, men sa l di : “ Toutotan m ap raple tèt mwen jan mwen renmen Jewova anpil, mwen pap bezwen pè pou m ta fè gwosè mal sa a e pou m ta peche kont li. ”

Koute rapèl Bondye yo !

16. Ki byenfè nou ka jwenn si nou regade istwa yon seri moun Bib la pale de yo e si nou medite sou egzanp yo ?

16 Nou tout nou kapab ogmante rekonesans nou pou prensip Jewova yo lè nou chèche konprann poukisa li fè konsève yon seri istwa nan Ekriti yo pou nou. Ki sa yo aprann nou ? Ki kalite oswa ki tandans pèsonaj biblik yo te demontre nou bezwen imite oswa nou bezwen evite ? Si w li Pawòl Bondye a, w ap jwenn istwa plizyè santèn moun. Tout moun ki renmen enstriksyon Bondye bay ka tire anpil pwofi si yo kiltive yon apeti pou sajès ki bay lavi a, e pou yon seri egzanp Jewova konsève pou nou avèk swen pou sèvi nou leson. Souvan, peryodik sa a prezante yon seri atik ki pale de moun istwa yo ka aprann nou anpil bagay. Sa w panse si w ta pran yon ti tan pou w regade atik sa yo ?

17. Ki jan w santi w anrapò ak rapèl Jewova yo, e poukisa ?

17 Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou sousi chaje lanmou Jewova montre pou moun k ap fè efò pou yo fè volonte l ! Nou pa pafè, tou kòm gason ak fi yo mansyone nan Bib la pa t pafè tou. Sepandan, istwa yo rapòte konsènan aksyon yo te fè gen yon pakèt enpòtans pou nou. Lè nou koute rapèl Jewova yo, sa ka anpeche nou fè erè ki t ap koute nou chè, e nou kapab imite bèl egzanp moun ki te mache nan chemen jistis yo. Si nou fè sa, n ap kapab chante avèk salmis la : “ Byennere moun ki obsève rapèl [Jewova] yo. Ak tout kè, yo kontinye chèche l. Nanm mwen obsève rapèl ou yo, e mwen renmen yo anpil anpil. ” — Sòm 119:2, 167.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Gade Annuaire des Témoins de Jéhovah 1996, paj 160-162.

^ § 15 Yo chanje non moun nan.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa nou aprann nan atitid David anvè Sayil ?

• Ki leson nou aprann nan istwa Anànyas ak Safira a ?

• Sa k fè istwa Jozèf la enpòtan anpil pou nou jodi a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Poukisa David pa t vle kite yo touye Sayil ?

[Foto nan paj 19]

Ki sa nou aprann nan istwa Anànyas ak Safira a 

[Foto nan paj 20]

Ki sa k te pouse Jozèf rejte avans imoral li te jwenn yo ?