Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo te fèt nan nasyon Bondye te chwazi a

Yo te fèt nan nasyon Bondye te chwazi a

Yo te fèt nan nasyon Bondye te chwazi a

“ Se ou menm Jewova Bondye w la chwazi pou vin pèp li. ”— DETEWONÒM 7:6.

1, 2. Ki aksyon pisan Jewova te fè an favè pèp li a, e nan ki relasyon Izrayelit yo te rantre avèk Bondye ?

AN 1513 anvan epòk nou an, Jewova fè sèvitè l yo ki sou tè a antre nan yon nouvo relasyon avè l. Nan menm ane sa a, li te imilye yon pisans mondyal e li te delivre Izrayelit yo nan esklavaj. Lè l te fè sa, li te vin tounen Sovè yo ak Pwopriyetè yo. Anvan Bondye te aji, men sa li te di Moyiz : “ Di pitit Izrayèl yo : ‘ Mwen se Jewova, e san mank mwen pral fè nou soti anba fado Ejipsyen yo e mwen pral delivre nou anba esklavaj yo a, e an verite mwen pral reklame nou avèk yon bra ki lonje e avèk gwo jijman. E san mank, mwen pral pran nou antanke pèp mwen, e vrèman mwen pral Dye nou. ’ ” — Egzòd 6:6, 7, nòt anba paj ; 15:1-7, 11.

2 Yon tikras tan apre Izrayelit yo te fin soti kite peyi Ejip, yo te fè yon alyans avèk Jewova, Bondye yo a. Depi lè sa a, olye pou Jewova ta annafè avèk chak moun apa, oswa avèk fanmi, oubyen avèk yon kominote, Jewova t ap gen yon pèp òganize sou tè a, sa vle di yon nasyon (Egzòd 19:5, 6 ; 24:7). Li te bay pèp li a lwa pou dirije lavi yo nan sosyete a, e sa ki pi enpòtan toujou, pou dirije adorasyon yo. Men sa Moyiz te di yo : “ Ki gwo nasyon ki gen dye ki pre l jan Jewova Bondye nou an pre nou chak fwa nou rele l ? E ki gwo nasyon ki gen règ ak desizyon jidisyè ki jis menm jan ak lwa sa a mwen mete devan nou jodi a ? ” — Detewonòm 4:7, 8.

Yo te fèt nan yon nasyon ki fòme ak temwen

3, 4. Site yon rezon enpòtan ki fè Izrayèl te egziste antanke nasyon.

3 Kèk syèk apre, pa mwayen pwofèt Izayi, Jewova te fè Izrayelit yo sonje yon rezon enpòtan ki fè yo te egziste antanke nasyon. Men sa Izayi te di : “ Men sa Jewova di, Kreyatè w la, o Jakòb, e Sila ki te fòme w la, o Izrayèl : ‘ Pinga w pè, paske mwen rachte w. Mwen rele w nan non w. Se pou mwen ou ye. Paske mwen se Jewova Bondye w la, Sen Izrayèl la, Sovè w la. [...] Fè pitit gason m yo vini sot byen lwen, e fè pitit fi m yo vini sot nan dènye bout tè a, tout moun ki pote non mwen, tout moun mwen kreye pou glwa mwen, tout moun mwen fòme, wi, tout moun mwen fè. Nou se temwen m ’, sa a se deklarasyon Jewova fè, ‘ wi, sèvitè pa m mwen chwazi, [...] pèp mwen fòme pou mwen an, poutèt pou yo ka rakonte louwanj mwen. ’ ” — Izayi 43:1, 3, 6, 7, 10, 21.

4 Antanke pèp ki pote non Jewova, Izrayelit yo t ap gen pou yo aji antanke temwen souvrènte li devan nasyon yo. Yo te sipoze vin tounen yon pèp ‘ ki kreye pou glwa Jewova ’. Yo te sipoze ‘ rakonte louwanj Jewova ’, rakonte fason estrawòdinè li te delivre yo, e pakonsekan, glorifye non li ki sen. Orezime, yo te sipoze vin yon nasyon temwen pou Jewova.

5. Nan ki sans Izrayèl te yon nasyon ki te vwe ?

5 Nan onzyèm syèk anvan epòk nou an, wa Salomon te fè konnen Jewova te fè Izrayèl tounen yon nasyon apa. Men sa l te di nan yon priyè li te fè Jewova : “ Se ou menm ki te separe yo ak tout pèp ki sou tè a antanke eritaj ou. ” ​(1 Wa 8:53). E chak Izrayelit tou te gen yon relasyon espesyal avèk Jewova. Men sa Moyiz te di yo kèk tan anvan sa : “ Pitit Jewova Bondye nou an, se sa nou ye. [...] Paske w se yon pèp ki sen pou Jewova Bondye w la. ” ​(Detewonòm 14:1, 2). Kidonk, li pa t nesesè pou jèn Izrayelit yo vwe lavi yo bay Jewova. Depi lè yo fèt, yo te tou fè pati pèp Bondye a ki vwe ba li (Sòm 79:13 ; 95:7). Chak nouvo jenerasyon te enstwi selon lwa Jewova yo e yo te oblije obeyi yo akoz alyans ki te lye Izrayèl ak Jewova a. — Detewonòm 11:18, 19.

Yo te gen libète pou yo chwazi

6. Ki chwa chak Izrayelit te dwe fè ?

6 Byenke Izrayelit yo te fèt nan yon nasyon ki te vwe, se chak moun ki te dwe pran desizyon pèsonèl pou li sèvi Bondye. Men sa Moyiz te di yo anvan yo te rantre nan Latè pwomiz : “ Wi, jodi a, mwen pran syèl la ak tè a kòm temwen kont nou, mwen mete devan w lavi ak lanmò, benediksyon ak malediksyon, e ou dwe chwazi lavi pou w ka rete an vi, ou menm ak desandans ou, lè w renmen Jewova Bondye w la, lè w koute vwa li e lè w rete atache ak li, paske li se lavi w e se li menm ki longè jou w, yon fason pou w ka rete sou tè Jewova te fè sèman bay zansèt ou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, l ap ba yo a. ” ​(Detewonòm 30:19, 20). Se pou sa, chak Izrayelit pèsonèlman te dwe chwazi renmen Jewova, chwazi koute vwa li, e yo te dwe chwazi rete atache avè l. Kòm Izrayelit yo te gen libète pou yo chwazi, yo t ap gen pou yo aksepte konsekans chwa yo t ap fè a. — Detewonòm 30:16-18.

7. Ki sa k te rive apre lanmò moun ki te nan jenerasyon Jozye a ?

7 Sa ki te pase pandan peryòd jij yo se yon egzanp ki montre aklè rezilta fidelite ak konsekans enfidelite. Yon ti tan anvan peryòd sa a, Izrayelit yo te suiv bon egzanp Jozye te ba yo e yo te jwenn benediksyon. “ Pèp la te kontinye sèvi Jewova pandan tout jou Jozye te la yo e pandan tout jou ansyen yo te la, ansyen ki te pwolonje jou yo apre Jozye e ki te wè tout gwo aksyon Jewova te fè pou Izrayèl. ” Sepandan, kèk tan apre Jozye fin mouri, “ te gen yon lòt jenerasyon ki te leve, yon jenerasyon ki pa t konnen ni Jewova ni aksyon Li te fè pou Izrayèl. E pitit Izrayèl yo te tonbe fè sa ki mal nan je Jewova ”. (Jij 2:7, 10, 11.) Sanble jenerasyon san eksperyans ki te vin parèt la pa t bay eritaj yo a valè, sètadi yo pa t apresye lefètke yo fè pati yon pèp ki vwe, yon pèp Jewova, Bondye yo a, te akonpli aksyon pisan an favè li nan tan lontan. — Sòm 78:3-7, 10, 11.

Yo te dwe respekte ve yo te fè a

8, 9. a) Ki dispozisyon ki te pèmèt Izrayelit yo demontre yo te vwe bay Jewova ? b) Ki sa moun ki te fè ofrann volontè yo te jwenn pou yo menm ?

8 Jewova te bay pèp li a posiblite pou yo respekte ve yo te fè antanke nasyon an. Pa egzanp, Lalwa li te bay la te etabli yon seri sakrifis, oswa ofrann. Gen nan yo ki te obligatwa, e lòt yo te volontè (Ebre 8:3). Sakrifis sa yo te gen ladan yo olokos, ofrann angren, ak sakrifis kominyon, yo tout se te sakrifis volontè yo te prezante bay Jewova pou yo te ka jwenn favè li e pou yo te ka ba li aksyondegras. — Levitik 7:11-13.

9 Sakrifis volontè sa yo te fè Jewova plezi. Konsènan olokos ak ofrann angren yo, yo te di yo te gen “ yon sant ki kalman pou Jewova ”. (Levitik 1:9 ; 2:2.) Nan sakrifis kominyon an, yo te ofri san bèt la ak grès li bay Jewova, e prèt yo ak moun ki te fè ofrann nan te manje moso vyann yo. Konsa, se te yon repa senbolik ki te senbolize yon relasyon pezib avèk Jewova. Men sa Lalwa te di : “ Si se yon sakrifis kominyon n ap sakrifye pou Jewova, nou ta dwe sakrifye l pou nou gen apwobasyon pou nou menm. ” ​(Levitik 19:5). Malgre tout Izrayelit yo te vwe bay Jewova depi lè yo te fèt, moun ki te bay ofrann volontè pou yo montre yo te aksepte vwe lavi yo sensèman bay Jewova ‘ te jwenn apwobasyon pou yo menm ’ e yo te jwenn benediksyon ann abondans. — Malaki 3:10.

10. Ki jan Jewova te montre li fache nan epòk Izayi ak nan epòk Malaki ?

10 Sepandan, nasyon Izrayèl la byen souvan te montre li enfidèl anvè Jewova. Men sa Jewova te di yo pa mwayen pwofèt Izayi : “ Ou pa t pote mouton olokos ou yo pou mwen, e avèk sakrifis ou yo ou pa t glorifye m. Mwen pa t fòse w sèvi m ak yon kado. ” ​(Izayi 43:23). Mete sou sa, ofrann ki pa t fèt ak tout kè e avèk amou yo pa t gen valè nan je Jewova. Pa egzanp, twa syèk apre Izayi, nan epòk pwofèt Malaki, Izrayelit yo te konn ofri bèt ki gen yon defo. Se sa k fè Malaki te di yo : “ Jewova chèf lame yo di : [...] ‘ Pa gen anyen nan nou ki fè m plezi, e mwen pa pran plezi nan ofrann ki sot nan men nou. ’ [...] ‘ Nou pote bagay nou fè dappiyanp sou yo ak zannimo k ap bwete a, ak zannimo malad la. Wi, se sa nou pote kòm ofrann. Èske m ka pran plezi nan sa ki sot nan men nou ? ’, se sa Jewova di. ” — Malaki 1:10, 13 ; Amòs 5:22.

Yo te rejte yo antanke nasyon ki vwe

11. Ki opòtinite yo te bay Izrayèl ?

11 Nan moman Izrayelit yo te vin yon nasyon ki te vwe bay Jewova, men ki pwomès li te fè yo : “ Si nou obeyi vwa m yon fason ki strik e si nou kenbe alyans mwen an toutbonvre, lè sa a, san mank n ap tounen pwopriyete espesyal mwen pami tout lòt pèp yo, paske tout tè a se pou mwen. E nou menm, n ap tounen pou mwen yon wayòm prèt e yon nasyon ki sen. ” ​(Egzòd 19:5, 6). Mesi yo te pwomèt la ta dwe parèt pami Izrayelit yo e se yo menm an premye li t ap bay opòtinite pou vin reye bò kote l nan Wayòm Bondye a (Jenèz 22:17, 18 ; 49:10 ; 2 Samyèl 7:12, 16 ; Lik 1:31-33 ; Women 9:4, 5). Men, pifò moun nan nasyon Izrayèl la pa t aji ann amoni ak ve yo te fè a (Matye 22:14). Yo te rejte Mesi a e yo te menm touye l. — Travay 7:51-53.

12. Ki sa Jezi te di ki montre Jewova te rejte Izrayèl kòm nasyon ki vwe ba li ?

12 Kèk jou anvan Jezi te mouri, men sa l te di chèf relijye juif yo : “ Èske nou pa t janm li nan Ekriti yo : ‘ Wòch moun k ap bati yo voye jete a se li menm ki vin tounen prensipal wòch ki nan ang lan. Se nan Jewova sa soti, e se yon bagay ki mèveye nan je nou ’ ? Se poutèt sa mwen di nou : Y ap pran wayòm Bondye a nan men nou e se yon nasyon k ap pwodui fwi l yo y ap bay li. ” ​(Matye 21:42, 43). Men sa Jezi te di pou l montre yo Jewova te rejte yo kòm nasyon ki vwe ba Li : “ Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap touye pwofèt yo e k ap lapide moun yo voye kote l yo, se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li anba zèl li ! Men, nou pa t vle sa. Gade ! Yo abandone kay nou an ban nou. ” — Matye 23:37, 38.

Yon nouvo nasyon ki vwe bay Bondye

13. Ki deklarasyon pwofetik Jewova te fè nan epòk Jeremi an ?

13 Nan epòk pwofèt Jeremi, Jewova te anonse yon bagay nouvo anrapò ak pèp li a. Men sa nou li : “ ‘ Gade ! Gen jou k ap vini, ’ sa a se deklarasyon Jewova fè, ‘ e mwen pral fè yon nouvo alyans avèk mezon Izrayèl la e avèk mezon Jida a. Se pa youn k ap menm jan ak alyans mwen te fè ak zansèt yo nan jou mwen te pran men yo pou m fè yo soti nan peyi Ejip, “ alyans mwen, yo te kraze, byenke mwen te pwopriyetè yo, mari yo, ” sa a se deklarasyon Jewova fè. ’ ‘ Se sa k fè, men alyans m ap fè ak mezon Izrayèl la apre jou sa yo ’, sa a se deklarasyon Jewova fè. ‘ M ap mete lwa mwen anndan yo, e nan kè yo m ap ekri l. E m ap vin Dye yo, e yo menm y ap vin pèp mwen. ’ ” — Jeremi 31:31-33.

14. Ki lè nouvo nasyon ki te vwe bay Jewova a te vin egziste, e sou ki baz sa te fèt ? Ki nouvo nasyon sa a ?

14 Baz pou nouvo alyans sa a te poze nan ane 33 epòk nou an lè Jezi te prezante, apre lanmò li, valè san li ki te vèse a genyen bay Papa l (Lik 22:20 ; Ebre 9:15, 24-26). Sepandan, nouvo alyans lan te antre an vigè lè disip yo te resevwa lespri sen nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè nouvo nasyon an, “ Izrayèl Bondye a ”, te pran nesans (Galat 6:16 ; Women 2:28, 29 ; 9:6 ; 11:25, 26). Men sa apot Pyè te deklare etan l t ap ekri kretyen wen yo : “ Nou se ‘ yon ras chwazi, yon klas prèt ki wa, yon nasyon ki sen, yon pèp ki la pou l tounen yon pwopriyete espesyal, yon fason pou nou ka fè konnen bèl kalite ’ sila a ki te rele nou soti nan fènwa a pou nou vin nan limyè estrawòdinè li a. Paske te gen yon lè nou pa t yon pèp, men kounye a nou se pèp Bondye. ” ​(1 Pyè 2:9, 10). Relasyon espesyal ki te egziste ant Jewova ak nasyon Izrayèl la te rive nan bout li. Nan ane 33 epòk nou an, benediksyon Jewova te soti sou nasyon Izrayèl la pou l al sou Izrayèl espirityèl la, kongregayon kretyen an, “ yon nasyon k ap pwodui fwi ” Wayòm mesyanik lan. — Matye 21:43.

Chak moun dwe vwe vi yo pèsonèlman

15. Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, ki batèm Pyè te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo resevwa ?

15 Apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, chak moun, kit li Juif kit li Janti, te dwe vwe vi li pèsonèlman bay Bondye e li te dwe batize “ nan non Papa a, nan non Pitit la e nan non lespri sen an ” *. (Matye 28:19.) Men sa apot Pyè te di Juif ak pwozelit ki te sensè yo nan jou Pannkòt la : “ Se pou nou repanti, e se pou nou chak batize nan non Jezi Kris pou padon peche nou e, kòm kado gratis, n ap resevwa lespri sen. ” ​(Travay 2:38). Lefètke Juif ak pwozelit sa yo te batize, yo te montre nonsèlman yo te vwe lavi yo bay Jewova, men tou yo te montre yo te aksepte Jezi kòm mwayen Jewova te itilize pou l padone peche yo. Yo te dwe rekonèt li kòm Gran Prèt Jewova e kòm Gid yo, sètadi Chèf kongregasyon kretyen an. — Kolosyen 1:13, 14, 18.

16. Nan epòk Pòl la, ki jan moun ki te byen dispoze yo, ni Juif ni Janti, te vin fè pati Izrayèl espirityèl la ?

16 Kèk ane apre, men sa apot Pòl te di : “ Pou moun Damas yo dabò, ansuit pou moun Jerizalèm yo, apre sa pou moun ki nan tout peyi Jide ak moun ki nan nasyon yo, mwen pote mesaj sa a : se pou yo repanti e se pou yo tounen vin jwenn Bondye lè yo fè aksyon ki mache ak repantans. ” ​(Travay 26:20). Apre Pòl te fin konvenk moun yo, ni Juif ni Janti, se Jezi ki Kris la, Mesi a, li te ede yo pou yo vwe vi yo e pou yo batize (Travay 16:14, 15, 31-33 ; 17:3, 4 ; 18:8). Lefètke nouvo disip sa yo te vire al jwenn Bondye, yo te vin fè pati Izrayèl espirityèl la.

17. Ki travay mete so k ap fèt e ki prèske fini, e ki lòt travay k ap fèt san pèdi tan ?

17 Jodi a, yo prèske fin mete so sou rès Izrayelit espirityèl yo. Lè travay sa a fini, “ kat zanj ” ki kenbe van destriksyon “ gwo tribilasyon an ” pral jwenn otorizasyon pou yo lage yo. Antretan, rasanbleman moun ki fè pati “ gwo foul ” la, ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan, kontinye ap fèt san pèdi tan. “ Lòt mouton ” sa yo chwazi egzèse lafwa nan “ san Timouton an ” volontèman e yo batize pou yo senbolize ve yo fè bay Jewova a (Revelasyon 7:1-4, 9-15 ; 22:17 ; Jan 10:16 ; Matye 28:19, 20). Pami moun sa yo, gen anpil jèn se paran kretyen ki te elve yo. Si w se youn nan jèn sa yo, w ap byen kontan li atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Gade nan La Tour de Garde 15 me 2003, paj 30-31 (fransè).

Revizyon

• Poukisa li pa t nesesè pou jèn Izrayelit yo vwe tèt yo pèsonèlman bay Jewova ?

• Ki jan Izrayelit yo te ka montre yo te respekte ve yo te fè a ?

• Poukisa Jewova te rejte Izrayèl antanke nasyon ki te vwe ba li, e ki jan li te ranplase l ?

• Apati Pannkòt ane 33 epòk nou an, ki sani Juif ni Janti te dwe fè pou yo te vin fè pati Izrayèl espirityèl la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 22]

Ti Izrayelit yo te fèt nan nasyon Bondye te chwazi a.

[Foto nan paj 24]

Se chak Izrayelit ki te dwe deside pèsonèlman pou l sèvi Bondye.

[Foto nan paj 24]

Ofrann volontè yo te bay Izrayelit yo okazyon pou yo demontre yo renmen Jewova.

[Foto nan paj 26]

Apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, yon disip Kris te dwe fè yon ve pèsonèl bay Bondye e li te dwe batize pou l senbolize ve sa a.