Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon gid fyab k ap mennen nou nan kè kontan

Yon gid fyab k ap mennen nou nan kè kontan

Yon gid fyab k ap mennen nou nan kè kontan

“ CHÈCHE gen kè kontan ” se dwa tout moun. Sa a se opinyon gwoup moun ki te ekri Deklarasyon endepandans Etazini d Amerik la. Men, chèche atenn yon objektif se pa menm bagay ak atenn li. Byenke anpil jèn ap chèche fè karyè nan sinema, nan teyat oubyen nan spò, konbyen ladan yo ou konnen ki rive jwenn siksè yo t ap chèche a ? Gen yon gran chantè ki te lite pou l reyisi antanke mizisyen, ki abitye di : “ Petèt ou pap reyisi. ”

Si w santi ou menm tou ou pap reyisi jwenn kè kontan, gen yon rezon valab pou w pran kouraj. Si w ap chèche jwenn kè kontan bon fason an, w ap jwenn li. Poukisa nou di sa ? Atik ki vin anvan an te pale de “ Bondye ki gen kè kontan an ”, Jewova (1 Timote 1:11). Nan Bib la, Bondye ban nou konsèy k ap ede nou pou nou pa chèche gen kè kontan anven. Jewova ka ede w venk kòz ki fè w tris la. Kòm egzanp, annou egzamine rekonfò li ofri w lè w gen yon moun pa w ki mouri.

Lè nou gen yon moun pa nou ki mouri

Èske gen yon bon bagay nou ka di konsènan lanmò ? Lanmò pran pitit nan men paran e li fè pitit pèdi paran. Li separe bon zanmi e li lage pwoblèm nan mitan kominote ki ini. Lè lanmò frape, yon fanmi ki t ap viv ak kè kontan ka vin anvayi ak tristès.

Pa gen dout nan sa, lanmò se yon trajedi. Sepandan, gen kèk moun ki nye reyalite sa a, e yo prezante lanmò tankou yon benediksyon. Note ki saki te pase apre siklòn Katrina te fin frape gòlf Meksik ann out 2005. Nan antèman youn nan viktim yo, chèf relijye ki t ap fè antèman an te di : “ Katrina pa touye l. Se Bondye ki rele l vin lakay li. ” Yon lòt fwa, nan yon lopital, gen yon relijyez ak tout bon entansyon l ki di yon tifi pou l pran kouraj, paske se Bondye ki pran manman l pou l al nan syèl. Tifi a fè yon rèl, li di : “ Poukisa, poukisa li pran l nan men m ? ”

Li klè, byen souvan, move ide konsa anrapò ak mò yo pa rive konsole moun ki gen moun mouri a. Pou ki rezon ? Paske ide sa yo pa bay laverite sou lanmò. Sa k pi rèd la, yo prezante Bondye kòm yon moun k ap rache moun nan men fanmi yo ak zanmi yo ki renmen yo, yon fason ki di e ki fè moun soufri. Olye yo prezante Bondye kòm yon sous rekonfò, yo fè l parèt tankou yon kriminèl ki lakòz trajedi yo rele lanmò a. Men, Pawòl Bondye a bay laverite sou lanmò.

Labib rele lanmò yon ènmi. Li konpare lanmò ak yon wa k ap dirije limanite (Women 5:17 ; 1 Korentyen 15:26). Lanmò se yon advèsè ki tèlman pisan, okenn moun pa ka reziste devan l, e chak moun pa nou ki mouri se yon lòt viktim pami pil moun ki deja mouri yo. Verite biblik sa a byen esplike soufrans ak dezespwa nou santi lè nou gen yon moun pa nou ki mouri. Sa montre santiman sa yo se santiman ki nòmal. Sepandan, èske Bondye itilize lanmò kòm yon mwayen pou l transpòte moun pa nou ki mouri yo al nan syèl ? Annou kite Labib reponn kesyon sa a.

Eklezyas 9:5, 10 deklare : “ Kanta pou moun ki mouri yo, yo pa konn anyen ditou [...]. Pa gen ni travay, ni pwojè, ni konesans, ni sajès, nan cheyòl, kote w prale a. ” Ki sa cheyòl la ye ? Se tonm ki la pou moun ale lè yo mouri. Nan tonm nan, mò yo pa ka fè anyen ditou, yo pa ka fè mouvman, yo pa santi anyen e yo pa ka panse anyen. Yo nan yon sitiyasyon nou ta ka konpare ak yon somèy ki pwofon *. Se sa k fè, Labib fè nou konnen aklè Bondye pa pran moun pa nou yo avèk li nan syèl la. Lanmò fè yo rete san vi nan tonm nan.

Jezi te sètifye verite sa a apre zanmi li Laza te mouri. Jezi te konpare lanmò ak somèy. Si Laza t al nan syèl pou l rete avèk Bondye Toupisan an, Jezi pa t ap montre li gen bonte si li ta fè l tounen sou tè a pou l mouri ankò apre sa. Selon sa istwa enspire a rapòte, pandan Jezi nan zòn kote yo te antere Laza a, li di byen fò : “ Laza, soti deyò ! ” Bib la di ansuit : “ Mesye ki te mouri a sot deyò. ” Laza reviv ankò. Jezi te konnen Laza pa t janm kite tè a. Li te kouche san vi nan yon tonm. — Jan 11:11-14, 34, 38-44.

Evènman sa a yo rapòte nan Bib la ede nou konprann lanmò pa yon mwayen Bondye itilize pou l transfere moun sot sou tè a al nan syèl la. Kidonk, nou ka vin pwòch avèk Bondye, etandone nou konnen se pa li ki lakòz nou nan tristès. Nou kapab gen konfyans tou li byen konprann chagren ak domaj ènmi sa a, lanmò, lakòz n ap sibi. E verite ki nan Bib la konsènan kondisyon mò yo montre mò yo pap soufri nan yon dife lanfè oswa nan yon pigatwa, men yo san vi nan tonm nan. Kidonk, souvni nou genyen konsènan moun pa nou yo pa dwe fè nou repouse Bondye oswa pou sa ta fè nou pè sa nou pa konnen. Anplis de sa, nan Bib la, Jewova ban nou lòt rekonfò.

Esperans bay kè kontan

Vèsè nou sot egzamine la yo montre sa esperans ye : yon pati esansyèl nan kè kontan toutbonvre a. Fason yo itilize mo “ esperans ” lan nan Bib la gen rapò ak lè n ap tann yon bagay ki bon avèk konfyans. Pou nou konprann fason esperans bay kè kontan depi kounye a, annou retounen nan istwa kote Jezi te resisite Laza a.

Gen omwen de rezon ki te pouse Jezi fè mirak sa a. Youn nan rezon yo se te pou l retire tristès Mat ak Mari ansanm ak zanmi yo ki te enkonsolab. Konsa, yo te ka retounen jwi konpayi moun pa yo a ankò. Men, Jezi bay Mat yon dezyèm rezon, rezon ki pi enpòtan an, lè li te di l : “ Èske mwen pa t di w si w kwè, w ap wè glwa Bondye ? ” ​(Jan 11:40). Gen yon vèsyon ki rele Bib la ki tradui dènye pati fraz la konsa : “ W a wè pouvwa Bondye. ” Lè Jezi te resisite Laza, li te bay yon apèsi sou sa Jewova Dye kapab fè ak sa li pral fè alavni. Nou pral jwenn plis detay konsènan ekspresyon “ w a wè pouvwa Bondye ” a.

Nan Jan 5:28 e 29, Jezi di : “ Nou pa bezwen etone pou sa, paske lè a ap vini kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa li, epi y ap soti. ” Sa siyifi tout mò ki nan cheyòl yo, san wete moun pa nou yo, pral retounen viv ankò. Travay 24:15 bay plis detay sou gwo evènman sa a. Men sa li deklare : “ Mwen gen espwa nan Bondye, espwa mesye sa yo konsève tou, pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” Donk, menm “ moun ki enjis ”, sa vle di anpil moun ki pa t konnen Jewova e ki pa t ap sèvi l, pral jwenn yon lòt okazyon alavni pou yo benefisye favè Bondye.

Ki kote rezirèksyon sa a pral fèt ? Sòm 37:29 di : “ Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan. ” Reflechi sou sa sa vle di ! Fanmi ak zanmi lanmò separe pral rankontre ankò sou tè a. Lè w reflechi sou bon moman ou te konn pase ak moun ou te renmen, li nòmal pou kè w kontan anpil.

Jewova vle w gen kè kontan

Nou sot wè de fason Jewova ka fè w gen plis kè kontan malgre pwoblèm. Premyèman, pa mwayen Bib la, li bay konesans ak konsèy pou ede w fè fas ak pwoblèm ou yo avèk siksè. Konsèy ki nan Bib la ede nou fè fas ak chagren lanmò lakòz. E anplis, yo ka ede nou degaje nou anba pwoblèm ekonomik ak pwoblèm sante, e yo ka ede nou fè fas ak lòt pwoblèm pèsonèl.

Dezyèmman, lè nou etidye Labib, nou vin gen yon esperans ki depase lontan tout sa lèzòm te ka ofri. Rezirèksyon zanmi ak fanmi fè pati esperans Labib bay la. Revelasyon 21:3, 4 bay plis detay. Men sa li di : “ Bondye li menm ap avèk [limanite]. Epi li pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Ansyen bagay yo disparèt. ” Sa siyifi kèlkeswa sa ki fè nou tris nan lavi nou pral disparèt talè konsa pou toutan. Pwomès ki nan Bib la pral reyalize, e ou gen posiblite pou w viv sa. Lefètke nou konnen pi devan bagay yo ap vin pi bon, sa ban nou soulajman depi kounye a. Lefètke nou konnen nou pap kontinye soufri apre nou fin mouri, se yon rezon pou nou gen kè kontan.

Men yon egzanp : Sa gen plizyè ane, Maria t ap asiste mari li k ap mouri nan soufrans anba yon kansè. Dlo potko menm seche nan je Maria lè pwoblèm ekonomik te fòse li menm ansanm ak twa pitit fi l yo pou yo kite kay kote yo te rete a. Dezan apre, Maria vin aprann li gen kansè. Li te oblije fè de gwo operasyon e li t ap lite anba gwo doulè chak jou. Malgre pwoblèm sa yo, li tèlman gen panse pozitif, sa pouse l ankouraje lòt moun. Ki jan li rive konsève kè kontan li te genyen an ?

Maria di : “ Lè m gen yon pwoblèm, mwen pa eseye panse twòp ak tèt mwen. Mwen evite poze kesyon tankou : ‘ Poukisa se mwen sa rive ? Poukisa m oblije soufri konsa ? Poukisa mwen malad ? Refleksyon ki negatif fè moun pèdi fòs. Olye mwen pèdi fòs, mwen konsantre fòs mwen nan sèvis Jewova e nan ede lòt moun. Sa fè m gen kè kontan. ”

Ki wòl esperans jwe nan lavi Maria ? Maria fikse kè li sou lavni, lè Jewova pral elimine maladi ak lòt pwoblèm limanite ap rankontre. Lè l al lopital pou l suiv tretman, li pataje esperans sa a ak lòt malad ki gen kansè ki petèt pa gen espwa. Ki enpòtans esperans genyen pou Maria ? Men sa li di : “ Mwen reflechi sou sa Labib di nan Ebre 6:19, kote Pòl te dekri esperans tankou yon ank pou nanm nan. San ank sa a, n aprale aladeriv tankou yon bato ki demare nan yon tanpèt. Men, si nou rete atache ak ank sa a, n ap an sekirite malgre pwoblèm n ap rankontre ki tankou tanpèt. ” “ Esperans lavi etènèl, Bondye, ki pa ka bay manti, te pwomèt ” la ede Maria konsève jwa li. Li ka fè menm bagay la pou ou. — Tit 1:2.

Pa mwayen yon etid biblik, ou ka jwenn kè kontan toutbonvre malgre w gen pwoblèm. Toutfwa, ou ka ap kesyone tèt ou sou itilite etid la. Temwen Jewova yo ap byen kontan montre w repons Bib la bay sou sa w bezwen konnen si w vle vin gen kè kontan toutbonvre. Pandan w ap tann akonplisman esperans Jewova ban nou an, ou ka fè pati moun yo fè deskripsyon sa a de yo : “ Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p’ap nan lapenn. Ou p’ap tande plenyen ankò ! ” — Izayi 35:10, Bib la.

[Nòt anba paj]

^ § 9 Gen yon ansiklopedi ki dekri cheyòl la kòm “ yon kote ki pa gen ni doulè ni plezi, ni pinisyon ni rekonpans ”. — Encyclopædia Britannica, 2003.

[Foto nan paj 5]

Se sèl verite ki nan Bib la ki kapab diminye chagren.

[Foto nan paj 7]

Esperans rezirèksyon ki nan Bib la kapab kontribye pou bay kè kontan.