Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou konsantre nou sou jan òganizasyon Jewova a bon

Annou konsantre nou sou jan òganizasyon Jewova a bon

Annou konsantre nou sou jan òganizasyon Jewova a bon

“ Wi, n ap satisfè pou jan mezon w lan bon. ” — SÒM 65:4.

1, 2. a) Ki efè dispozisyon anrapò ak tanp lan t ap genyen sou pèp Bondye a ? b) Ki sa David te fè pou l soutni konstriksyon tanp lan ?

NAN tout moun Ekriti ebrayik yo pale de yo, David se youn nan moun ki pi remakab. David se te yon bèje, yon mizisyen, yon pwofèt e yon wa ki te mete tout konfyans li nan Jewova Dye. Pwofon atachman li te gen pou Jewova te reveye lakay li dezi pou l konstwi yon mezon pou Bondye. Mezon sa a, oubyen tanp sa a, t ap vin tounen sant vrè adorasyon an ann Izrayèl. David te konnen dispozisyon anrapò ak tanp lan t ap pote jwa ak benediksyon pou pèp Bondye a. Se poutèt sa, li te di nan yon chante : “ Byennere moun ou [Jewova] chwazi a, moun ou fè pwoche a, pou l ka rete nan lakou w. Wi, n ap satisfè pou jan mezon w lan bon, andwa sakre kote tanp ou a ye a. ” — Sòm 65:4.

2 David pa t jwenn pèmisyon pou l te dirije konstriksyon mezon Jewova a. Privilèj sa a te rezève depreferans pou pitit li Salomon. David pa t plenyen poutèt se yon lòt moun ki te jwenn privilèj li te tèlman anvi genyen an. Sa ki te pi enpòtan pou li, se pou tanp lan te konstwi. Avèk tout kè l, li te soutni konstriksyon an, li te remèt Salomon plan achitekti li te resevwa nan men Jewova a. Anplis de sa, David te òganize plizyè milye Levit ki te genyen yo an plizyè divizyon sèvis, epi li te bay yon gwo kantite lò ak ajan kòm don pou konstriksyon tanp lan. — 1 Kwonik 17:1, 4, 11, 12 ; 23:3-6 ; 28:11, 12 ; 29:1-5.

3. Ki atitid sèvitè Bondye yo genyen konsènan dispozisyon ki pran anrapò ak vrè adorasyon an ?

3 Izrayelit fidèl yo te soutni dispozisyon ki te pran pou vrè adorasyon an fèt nan mezon Bondye a. Menm jan an tou jodi a, antanke sèvitè Jewova, nou soutni dispozisyon ki pran anrapò ak vrè adorasyon an nan pati terès òganizasyon Jewova a. Konsa, nou demontre nou gen menm etadespri ak David. Nou pa moun ki gen tandans plenyen. Okontrè, nou konsantre nou sou jan òganizasyon Bondye a bon. Èske w konn reflechi sou tout bon bagay nou benefisye, bagay nou ka montre rekonesans nou pou yo toutbon ? Annou konsidere kèk ladan yo.

Annou montre nou rekonesan pou moun k ap dirije nou yo

4, 5. a) Ki jan “ esklav fidèl ki prevwayan an ” akonpli travay yo konfye l la ? b) Ki jan kèk Temwen santi yo devan manje espirityèl yo resevwa ?

4 Nou gen bonjan rezon pou nou rekonesan pou “ esklav fidèl ki prevwayan ” an Jezi Kris etabli sou byen l yo sou tè a. Klas esklav la, ki konpoze ak kretyen ki wen ak lespri, pran latèt nan predikasyon bon nouvèl la. Yo òganize reyinyon ki fèt nan kad adorasyon an e yo pibliye piblikasyon biblik nan plis pase 400 lang. Avèk rekonesans, plizyè milyon moun sou tout tè a manje nan manje espirityèl sa yo ki vini “ nan moman apwopriye ”. (Matye 24:45-47.) Nan domèn sa a, pa gen okenn rezon vre pou moun plenyen.

5 Gen yon Temwen Jewova aje ki rele Elfi ki jwenn konsolasyon ak sipò pandan anpil ane, paske li aplike konsèy biblik li jwenn nan piblikasyon klas esklav la pibliye. Rekonesans pwofon Elfi genyen te pouse l ekri pawòl sa yo : “ Ki sa m t ap fè san òganizasyon Jewova a ? ” Peter ak Irmgard ap sèvi Bondye yo menm tou depi plizyè dizèn ane. Irmgard eksprime rekonesans li pou tout piblikasyon òganizasyon Jewova a pwodui, “ yon òganizasyon ki gen lanmou e ki pran ka moun ”. Pami yo, nou jwenn piblikasyon yo fè pou moun ki gen bezwen espesyal, tankou moun ki pa wè byen, moun ki avèg ak moun ki soud.

6, 7. a) Ki jan yo dirije aktivite kongregasyon yo sou tout tè a ? b) Ki sa kèk moun di konsènan pati terès òganizasyon Jewova a ?

6 Se Kolèj santral Temwen Jewova yo, yon ti gwoup mesye ki wen ak lespri k ap sèvi nan syèj mondyal Temwen Jewova yo nan Bwooklyn, New York, ki reprezante “ esklav fidèl ” la. Kolèj santral la nome sèvitè Jewova ki gen eksperyans pou sèvi nan biwo filyal yo k ap sipèvize aktivite plis pase 98 000 kongregasyon ki gen sou tout tè a. Nan kongregasyon sa yo, gason ki ranpli kondisyon biblik yo, yo nome yo ansyen oswa asistan ministeryèl (1 Timote 3:1-9, 12, 13). Ansyen yo pran latèt nan kongregasyon yo e, avèk amou, yo pran swen twoupo Bondye a ki sou kont yo. Ala yon benediksyon sa ye pou yon moun fè pati twoupo sa a e pou l benefisye lanmou ak inite ki egziste nan mitan “ tout kominote frè yo ” ! — 1 Pyè 2:17 ; 5:2, 3.

7 Frè ak sè yo pa gen tandans pou yo plenyen, okontrè souvan yo eksprime rekonesans yo pou direksyon espirityèl ki chaje lanmou ansyen yo ba yo. Ann konsidere egzanp Birgit, yon kretyèn marye ki nan trantèn li. Lè l te adolesan, li te gen move frekantasyon e li te manke komèt yon fot grav. Men, konsèy biblik klè ansyen yo te ba li ak èd li te jwenn nan men kwayan parèy li te ede l soti nan sitiyasyon ki te kapab lakòz li tonbe nan malè. Ki jan Birgit santi l kounye a ? Men sa l di : “ Mwen rekonesan anpil lefètke mwen toujou fè pati bèl òganizasyon Jewova a. ” Men sa Andreas, ki gen 17 an, di : “ Se òganizasyon Jewova vre, se pi bon òganizasyon ki genyen nan monn nan. ” Èske nou pa ta dwe rekonesan pou jan pati terès òganizasyon Jewova a bon ?

Moun k ap dirije nou yo pa pafè

8, 9. Ki jan kèk moun ki t ap viv nan menm epòk ak David te aji, e ki reyaksyon David te genyen fas ak konduit yo ?

8 Natirèlman, moun ki nome pou dirije nan vrè adorasyon an pa pafè. Yo tout konn fè erè, e gen ladan yo k ap mennen gwo konba pou yo metrize feblès yo genyen depi lontan. Èske sa ta dwe trakase nou ? Non. Menm moun yo te konfye gwo responsablite ann Izrayèl nan tan lontan te konn fè gwo erè. Pa egzanp, pandan David te jèn, yo te rele l vin jwe mizik pou l kalme wa Sayil ki te boulvèse. Annapre, Sayil te eseye touye David, ki alafen te oblije kouri pou l sove vi l. — 1 Samyèl 16:14-23 ; 18:10-12 ; 19:18 ; 20:32, 33 ; 22:1-5.

9 Gen lòt Izrayelit ankò ki te aji an trèt. Pa egzanp, Yowab, chèf lame David la, te touye Abnè, yon fanmi Sayil. Absalòm te fè konplo kont David, papa l, pou l te ka wa. E Ayitofèl, yon konseye David te fè konfyans, te trayi l (2 Samyèl 3:22-30 ; 15:1-17, 31 ; 16:15, 21). Toutfwa, David pa t tonbe plenyen, ni li pa t vire do bay vrè adorasyon an. Se pito kontrè a ki te rive. Pwoblèm sa yo te fè David vin pi atache ak Jewova, e li te konsève menm bon atitid li te genyen lè li t ap sove pou Sayil la. Nan moman sa a, David te di nan yon chante : “ Fè m favè, o Bondye, fè m favè. Paske se nan ou nanm mwen pran refij e se anba lonbray zèl ou mwen pran refij jiskaske kalamite yo fin pase. ” — Sòm 57:1.

10, 11. Ki sitiyasyon yon kretyèn ki rele Gertrud te viv lè l te jèn, e ki sa l te di konsènan mankman kwayan menm jan avèk li yo ?

10 Jodi a, nou pa gen okenn rezon pou nou plenyen akoz aksyon trèt ki fèt anndan òganizasyon Bondye a. Ni Jewova, ni zanj yo, ni bèje espirityèl yo pap tolere prezans moun ki trèt, moun ki mechan, anndan kongregasyon kretyen an. Toutfwa, nou tout ap fè fas ak enpèfeksyon, ni enpèfeksyon pa nou, ni pa lòt sèvitè Bondye.

11 Gertrud se te yon dam ki te pase anpil tan ap adore Jewova. Lè li te jèn, yo te akize l kòmkwa li se yon blofè, li pa yon pwoklamatè Wayòm aplentan vre. Ki jan Gertrud te reyaji ? Èske l te plenyen pou fason yo te trete l la ? Non. Kèk tan anvan li mouri nan ane 2003 a 91 an, li te fè yon ti reflechi sou lavi l, e li te di : “ Eksperyans sa a ansanm ak lòt eksperyans mwen fè apre sa aprann mwen, malgre erè moun yo ka fè, Jewova ap dirije gwo travay li a, e nan travay sa a li sèvi ak nou menm lèzòm ki enpafè. ” Lè Gertrud t ap fè fas ak enpèfeksyon lòt sèvitè Bondye, li te konn vire bò kot Jewova pou l priye l ak tout kè l.

12. a) Ki move egzanp kèk kretyen nan premye syèk la kite ? b) Sou ki sa nou ta dwe fikse panse nou ?

12 Etandone menm kretyen ki pi fidèl e ki gen plis devouman yo pa pafè, lè yon sèvitè nome fè yon erè, annou kontinye fè “ tout bagay san plenyen ”. (Filipyen 2:14.) Ala tris sa ta tris si nou ta suiv move egzanp kèk kretyen nan kongregasyon premye syèk la kite ! Selon sa disip Jid di, te gen fo anseyan nan epòk sa a ki te “ meprize pozisyon Seyè a e [yo t ap] pale moun ki onorab yo mal ”. Anplis de sa, moun sa yo ki t ap aji mal te “ toujou ap bougonnen, yo [te] toujou ap plenyen sò yo nan lavi a ”. (Jid 8, 16.) Annou pa fè menm jan ak moun sa yo ki te konn ap plenyen, e annou fikse panse nou sou bon bagay nou benefisye grasa “ esklav fidèl ” la. Annou apresye jan òganizasyon Jewova a bon, e annou “ kontinye fè tout bagay san plenyen ”.

“ Pawòl sa a chokan ”

13. Ki jan kèk moun te reyaji devan kèk ansèyman Jezi Kris te bay ?

13 Si gen kèk moun nan premye syèk la ki te konn plenyen kont sèvitè ki te nome yo, gen lòt menm se kont ansèyman Jezi yo yo t ap plenyen. Men sa Jezi te di nan Jan 6:48-69 : “ Moun ki manje chè m e ki bwè san m gen lavi etènèl. ” Lè l di pawòl sa a, “ anpil nan disip li yo [...] di : ‘ Pawòl sa a chokan, kiyès ki ka koute l ? ’ ” Jezi te konnen “ disip li yo t ap plenyen sou sa ”. Anplis, “ akoz de sa, anpil nan [...] yo te retounen al nan bagay ki te dèyè yo e yo te sispann mache avèk li ”. Men se pa tout disip yo ki te plenyen. Gade ki sa k te pase annapre. Jezi di 12 apot yo : “ Nou pa vle ale tou, pa vre ? ” Apot Pyè reponn : “ Seyè, kiyès pou nou al jwenn ? Se ou menm ki gen pawòl lavi etènèl. E nou kwè e nou vin konnen ou se Sen Bondye a. ”

14, 15. a) Sa k fè kèk moun konn vin mekontan akoz kèk ansèyman kretyen ? b) Ki leson nou ka tire nan sa ki te rive Emanuel la ?

14 Nan epòk pa nou an, kèk grenn moun pami sèvitè Bondye yo vin mekontan akoz kèk ansèyman kretyen e yo vin ap plenyen kont pati terès òganizasyon Jewova a. Sa k fè sa rive ? Byen souvan, plenyen sa yo fèt paske moun yo pa fin byen konprann fason Bondye aji. Se pwogresivman Kreyatè a revele pèp li laverite. Se sa k fè, konpreyansyon nou sou Ekriti yo bezwen rafine detanzantan. Majorite sèvitè Jewova kontan amelyorasyon sa yo. Men gen kèk ladan yo ki vin “ jis aleksè ”, e yo pa kontan chanjman yo (Eklezyas 7:16). Petèt se ògèy ki lakòz, epi kèk ladan yo pran nan pyèj espri endepandans. Kèlkeswa rezon an, plenyen sa yo danjere, piske yo ka rale nou fè nou tounen nan monn nan ankò, fè nou vin aji menm jan ak monn nan.

15 Annou pran egzanp Emanuel, yon Temwen ki te vin ap ap kritike kèk bagay li li nan piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ”. (Matye 24:45.) Li te vin sispann li piblikasyon yo, e finalman, li te di ansyen nan kongregasyon l yo li pa vle ret Temwen Jewova ankò. Men, yon ti tan apre, Emanuel vin reyalize, apre tou, ansèyman òganizasyon Jewova a kòrèk. Li kontakte Temwen yo, li rekonèt erè li, e li vin reyentegre antanke Temwen Jewova. Kòm rezilta, li vin rejwenn jwa li.

16. Ki sa ki kapab ede nou retire dout nou ta ka genyen sou kèk ansèyman kretyen ?

16 E si nou ta tante pou nou plenyen paske nou gen dout sou kèk ansèyman pèp Jewova a kwè ladan yo ? Ebyen, pinga nou vin enpasyan. Yon lè, “ esklav fidèl ” la ka vin ak yon atik k ap reponn kesyon nou yo e k ap retire dout nou yo. Li saj pou nou chèche èd ansyen yo (Jid 22, 23). Lapriyè, etid pèsonèl ak frekantasyon kwayan parèy nou ki espirityèl kapab ede nou tou pou nou retire dout nou yo e yo kapab fè nou vin gen plis rekonesans pou verite biblik nou aprann pa mwayen kanal kominikasyon Jewova a, verite biblik k ap fòtifye lafwa nou.

Annou konsève yon etadespri pozitif

17, 18. Olye nou plenyen, ki atitid nou ta dwe genyen pito, e poukisa ?

17 Etandone lèzòm enpafè, yo gen yon tandans natirèl pou yo peche, e kèk moun ka renmen plenyen san rezon (Jenèz 8:21 ; Women 5:12). Men, si nou ta pran abitid plenyen, nou t ap mete relasyon nou avèk Jewova Dye an danje. Donk, nou dwe metrize tout tandans pou nou plenyen nou ta gen lakay nou.

18 Olye nou plenyen pou yon seri bagay k ap pase nan kongregasyon an, li t ap pi bon si nou konsève yon atitid pozitif e si nou gen yon bon pwogram k ap kenbe nou okipe, k ap fè kè nou kontan, k ap ede nou pou nou respekte Bondye, pou nou rete ekilibre e solid nan lafwa (1 Korentyen 15:58 ; Tit 2:1-5). Jewova gen kontwòl tout bagay nan òganizasyon l lan, e Jezi konnen sa k ap pase nan chak kongregasyon, menm jan ak nan premye syèk la (Revelasyon 1:10, 11). Avèk pasyans, annou tann Bondye ak Kris, Chèf kongregasyon an. Yo kapab sèvi ak bèje yo ki responsab pou yo korije sa ki merite korije. — Sòm 43:5 ; Kolosyen 1:18 ; Tit 1:5.

19. Annatandan Wayòm nan pran kontwòl zafè limanite totalman, sou ki sanou ta dwe konsantre atansyon nou ?

19 Talè konsa, sistèm de choz mechan sa a pral fini, e Wayòm mesyanik la pral pran kontwòl zafè limanite totalman. Annatandan, se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou chak nou kenbe yon etadespri pozitif ! Sa ap ede nou rekonèt bèl kalite kwayan parèy nou yo genyen, olye pou nou ta rete sou defo yo. Lè nou konsantre nou sou bèl aspè pèsonalite yo, sa ap fè nou gen kè kontan. Konsa, olye pou n ap fatige lespri nou nan plenyen, n ap jwenn ankourajman e n ap edifye espirityèlman.

20. Ki benediksyon yon atitid pozitif ap pèmèt nou jwenn ?

20 Yon etadespri pozitif ap pèmèt nou kenbe nan lespri nou pakèt benediksyon nou resevwa paske nou asosye ak pati terès òganizasyon Jewova a. Se sèl òganizasyon nan monn nan ki fidèl ak Souvren linivè a. Ki jan sa fè w santi w ? Ki sa w panse de privilèj ou genyen pou w patisipe nan adorasyon sèl vrè Dye a, Jewova ? Nou swete pou nou gen menm atitid ak David, ki te di nan yon chante : “ O, ou menm ki konn tande lapriyè, tout kalite moun ap vin kote w. Byennere moun ou chwazi e ou fè pwoche a, pou l ka rete nan lakou w. Wi, n ap satisfè pou jan mezon w lan bon. ” — Sòm 65:2, 4.

Èske nou sonje ?

• Poukisa nou ta dwe rekonesan pou moun k ap dirije nan kongregasyon an ?

• Ki ta dwe reyaksyon nou lè frè ki responsab yo fè erè ?

• Ki jan nou dwe konsidere amelyorasyon ki fèt nan konpreyansyon nou genyen sou Ekriti yo ?

• Ki sa ki ka ede yon kretyen pou l retire dout li genyen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

David te bay Salomon plan tanp lan e li te soutni vrè adorasyon an ak tout kè l.

[Foto nan paj 17]

Ansyen yo bay èd espirityèl ak kè kontan.