Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Diyite, sa posib pou tout moun

Diyite, sa posib pou tout moun

Diyite, sa posib pou tout moun

“ Nou dwe bati yon nouvo monn, yon monn ki pi bon lontan, yon monn kote y ap respekte diyite etènèl lòm. ” — HARRY TRUMAN, PREZIDAN ETAZINI, SANN FRANSISKO, KALIFÒNI, U.S.A. 25 AVRIL 1945.

MENM jan ak anpil moun nan ane ki vin apre Dezyèm Gè mondyal la, prezidan Truman te kwè lòm t ap ka tire leson nan sa ki te pase yo pou l mete sou pye “ yon nouvo monn ” k ap pèmèt tout moun gen diyite. Sa tris pou nou di, listwa modèn prezante yon lòt reyalite : Yo kontinye bafwe “ diyite etènèl lòm ”, paske rasin pwoblèm nan se pa lòm, men se pi gwo ènmi lòm nan.

Rasin pwoblèm nan

Labib idantifye ènmi sa a. Se Satan Ledyab. Depi nan kòmansman istwa lèzòm, kreyati espirityèl mechan sa a te konteste dwa Bondye genyen pou l dirije. Depi lè Satan te fin pran kontak ak Èv nan jaden Edenn nan, objektif li se rale lèzòm pou yo pa sèvi Kreyatè yo a (Jenèz 3:1-5). Reflechi sou efè katastwofik sa te genyen sou Adan ak Èv lè yo te sede devan Dyab la ki t ap pouse yo aji ! Tousuit apre yo fin dezobeyi lwa Bondye a konsènan fwi entèdi a, yo toule de “ al kache pou Jewova Dye ”. Poukisa ? Men sa Adan te avwe : “ Mwen te pè paske mwen te toutouni e donk mwen t al kache. ” ​(Jenèz 3:8-10). Relasyon Adan ak Papa l ki nan syèl la, ak fason li te konsidere tèt li te chanje. Li te vin wont e li pa t santi l alèz ankò an prezans Jewova.

Poukisa Dyab la te vle pou Adan pèdi nan diyite l ? Paske lòm fèt pòtre ak Bondye, e Satan pran plezi pou l wè lòm ap aji yon fason ki fè l pa reflete glwa Bondye kòrèkteman (Jenèz 1:27 ; Women 3:23). Sa ede nou konprann poukisa gen yon pakèt aksyon imilyan ki fèt toutolon istwa lèzòm. Antanke “ dye sistèm de choz sa a ”, Satan ankouraje etadespri sa a “ nan moman kote lòm domine sou lòm pou fè l ditò ”. (2 Korentyen 4:4 ; Eklezyas 8:9 ; 1 Jan 5:19.) Èske sa vle di vrè diyite a pèdi nèt ?

Jewova bay kreyasyon l lan diyite

Reflechi ankò sou kondisyon ki te egziste nan jaden Edenn nan anvan Adan ak Èv te peche. Yo te gen anpil manje pou yo manje, yo te gen yon travay ki bay satisfaksyon e yo te gen posiblite pou yo viv an sante, pou yo gen yon vi san fen pou yo menm e pou desandans yo (Jenèz 1:28). Tout aspè nan egzistans yo te demontre aklè objektif Bondye gen pou limanite, yon objektif ki plen lanmou e k ap pèmèt moun viv ak diyite.

Èske konsepsyon Jewova sou diyite lèzòm te chanje lè Adan ak Èv te vin enpafè ? Non. Li te montre konsiderasyon pou yo poutèt yo te vin santi yo wont lefètke yo te toutouni. Avèk amou, Bondye te fè “ rad long an po ” pou yo, pou l ranplase rad yo te fè ak fèy fig frans yo te koud ansanm pou kouvri pati entim yo (Jenèz 3:7, 21). Olye Bondye kite yo rete ak wont yo a, li te trete yo avèk diyite.

Annapre, lè Jewova te vin gen relasyon ak nasyon Izrayèl la, li te montre konpasyon pou òfelen yo, pou vèv yo e pou rezidan etranje yo. Tout moun sa yo se te moun nan sosyete a yo te plis konn fè abi (Sòm 72:13). Pa egzanp, lè Izrayelit yo t ap rekòlte manje angren, oliv ak rezen, yo te di yo pou yo pa retounen vin pran sa yo kite dèyè. Okontrè, Bondye te ba yo lòd pou sa yo te kite yo “ rete pou rezidan etranje a, pou tigason ki san papa a, e pou vèv la ”. (Detewonòm 24:19-21.) Lè yo te aplike lwa sa yo, moun sa yo te vin pa nan nesesite pou yo mande ankò e sa te pèmèt menm moun ki pi pòv yo gen yon travay ki ba yo diyite.

Jezi te trete moun avèk diyite

Pandan Jezi Kris, Pitit Bondye a, te sou tè a, li te montre li gen sousi pou diyite lòt moun. Pa egzanp, lè li te Galile, te gen yon lepre ki te nan yon eta grav ki te vin kote l. Selon Lwa Moyiz la, pou lepre yo te evite kontamine lòt moun, yo te dwe rele byen fò : “ Enpi, enpi ! ” ​(Levitik 13:45). Sepandan, mesye sa a pa t bay avètisman pandan l t ap vin kote Jezi. Okontrè, li te tonbe fas ba e li te sipliye Jezi, li te di l : “ Seyè, si ou vle, ou ka fè m vin pwòp. ” ​(Lik 5:12). Ki jan Jezi te reyaji ? Jezi pa t pale di ak mesye a poutèt li te vyole Lalwa, ni nonplis Li pa t meprize l oswa evite l. Okontrè, li te trete lepre a avèk diyite, li touche l e li di : “ Mwen vle. Vin pwòp. ” — Lik 5:13.

Nan lòt okazyon, Jezi te demontre kapasite li genyen pou l geri moun san li pa gen okenn kontak fizik avèk yo, e pafwa li te menm konn fè sa a distans. Sepandan, nan ka sa a, li te chwazi touche mesye a (Matye 15:21-28 ; Mak 10:51, 52 ; Lik 7:1-10). Etandone mesye a te “ chaje ak lèp ”, sandout, depi plizyè ane, li pa t janm gen kontak fizik ak moun. Se pa ti rekonfòtan sa dwe te rekonfòtan pou l te santi moun rekòmanse touche l ! An reyalite, sa ki te enterese mesye a, se pou lèp li a te geri. Toutfwa, fason Jezi te geri l la te sandout kontribye pou retabli yon lòt bagay : diyite mesye a. Èske li reyalis pou nou kwè jan de sousi konsa pou diyite lòt moun ta ka egziste nan sosyete nou an jodi a ? Si wi, ki jan sa ka manifeste ?

Yon règ ki bay moun diyite

Jezi te fè yon deklarasyon anpil moun konsidere kòm ansèyman ki pi elve ki egziste sou kesyon relasyon moun ak moun. Men sa l di : “ Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, menm jan an, nou menm tou, se pou nou fè sa pou yo. ” ​(Matye 7:12). Règ d ò sa a, jan yo abitye rele l, ankouraje yon moun pou l respekte pwochen l, avèk espwa lòt moun nan ap respekte l tou.

Tankou listwa montre, aplikasyon règ sa a pa vini tou natirèlman. Byen souvan, se kontrè a ki fèt. Gen yon mesye nou bay non Hawold ki di : “ Mwen te konn pran plezi pou m imilye lòt moun. Kèk pawòl mwen di yo sèlman, sa te konn fè yo dekonstonbre, sa te konn lakòz yo jennen e pafwa sa te konn fè yo kriye. ” Men, gen yon bagay ki te rive ki te fè Hawold chanje fason li te konn trete lòt moun. “ Plizyè Temwen Jewova te kòmanse vizite m. Lè mwen reflechi sou sa ki te pase, mwen wont pou sa mwen te konn di ak fason mwen te konn trete yo pafwa. Men, yo pa t janm kite sa, e tikras pa tikras, verite ki nan Bib la te touche kè m e sa te pouse m chanje. ” Jodi a, Hawold ap sèvi kòm ansyen nan kongregasyon kretyen an.

Eksperyans Hawold la se prèv ki montre “ pawòl Bondye a vivan e li pisan, li pi file pase yon epe ki file de bò epi li pèse fon jis li separe nanm nan ak lespri a, jwenti yo ak mwèl yo, e li kapab disène panse ak entansyon ki nan kè a ”. (Ebre 4:12.) Pawòl Bondye a gen pisans pou l touche kè yon moun e pou l chanje panse l ak konpòtman l. Sekrè k ap pèmèt nou trete lòt moun avèk diyite a, men li : se pou nou gen yon dezi sensè pou nou ede moun olye nou blese yo, pou nou onore moun olye nou imilye yo. — Travay 20:35 ; Women 12:10.

Retablisman vrè diyite a

Se menm dezi sa a ki pouse Temwen Jewova yo pale ak lòt moun sou bèl esperans ki nan Bib la (Travay 5:42). Pi bon fason pou nou montre respè pou pwochen nou e pou nou trete yo avèk diyite se pataje “ bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ” avèk yo (Izayi 52:7). “ Bagay ki pi bon ” an gen ladan l abiye ak “ nouvo pèsonalite ” a k ap elimine “ anvi nuizib ” pou nou imilye lòt moun (Kolosyen 3:5-10). Sa gen ladan l tou objektif Jewova genyen pou talè konsa li elimine kondisyon ak konpòtman ki fè lòm pèdi diyite l, e pou l elimine responsab la, Satan Ledyab (Dànyèl 2:44 ; Matye 6:9, 10 ; Revelasyon 20:1, 2, 10). Kidonk, se sèlman lè tè a “ plen ak konesans Jewova ” tout moun ap resi jwenn diyite yo. — Izayi 11:9.

Nou envite w chèche gen konesans sou bèl esperans sa a. Si w frekante Temwen Jewova yo, w ap rann ou kont lè w aplike prensip ki nan Bib la, sa fè w trete lòt moun avèk diyite. E w ap kapab aprann fason Wayòm Bondye a talè konsa pral pèmèt gen ‘ yon nouvo monn ki pi bon lontan ’, yon monn kote “ diyite etènèl lòm ” pral vin yon reyalite, e kote yo pap janm bafwe l ankò.

[Kare/Foto nan paj 6]

Yo te kenbe entegrite yo e sa te prezève diyite yo

Diran Dezyèm Gè mondyal la, yo te voye plis pase 2000 Temwen Jewova nan kan konsantrasyon Nazi akoz kwayans yo. Gemma La Guardia Gluck, yon dam ki te yon ansyen prizonye nan Ravensbrück, te note fason remakab Temwen yo te demontre entegrite yo. Men sa li di nan yon liv li te ekri ki rele Istwa mwen (anglè) : “ Rive yon lè, Gestapo a te anonse kèlkeswa Etidyan Labib ki renonse ak kwayans li e ki siyen yon papye pou sa, y ap libere l e yo pap pèsekite l menm ankò. ” E konsènan moun ki te refize siyen papye yo, li rapòte : “ Yo te prefere kontinye soufri e yo te prefere tann jou liberasyon an avèk pasyans. ” Poukisa yo te pran yon pozisyon konsa ? Men sa Magdalena nou te mansyone nan kòmansman atik ki vin anvan an, ki gen plis pase 80 an kounye a, esplike : “ Rete fidèl ak Jewova te pi enpòtan pase fè nenpòt bagay pou nou rete vivan. Kenbe diyite nou te vle di kenbe entegrite nou *. ”

[Nòt anba paj]

^ § 23 Pou plis enfòmasyon sou istwa fanmi Kussewow, gade Toudegad 1ye septanm 1985, paj 10-15 (fransè).

[Foto nan paj 5]

Jezi te trete moun li te geri yo avèk diyite.

[Foto nan paj 7]

Temwen Jewova yo trete lòt moun avèk diyite, lè yo preche yo “ bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon ”.