Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Evite “ plenyen ”

Evite “ plenyen ”

Evite “ plenyen ”

“ Kontinye fè tout bagay san plenyen. ” — FILIPYEN 2:14.

1, 2. Ki konsèy apot Pòl te bay kretyen nan Filip yo ak kretyen nan Korent yo, e poukisa li te ba yo konsèy sa a ?

NAN lèt enspire Pòl te ekri kongregasyon Filip nan premye syèk la, li te voye anpil felisitasyon pou kwayan parèy li yo ki t ap viv nan vil sa a. Li te felisite yo pou jenewozite ak zèl yo te manifeste, e li te kontan pou bèl travay yo te reyalize. Toutfwa, Pòl te fè yo sonje pou yo “ kontinye fè tout bagay san plenyen ”. (Filipyen 2:14.) Poukisa apot la te bay egzòtasyon sa a ?

2 Pòl te konnen nan ki sa plenyen ka mennen. Kèk ane anvan sa, li te raple kongregasyon Korent lan danje ki ka gen nan plenyen. Pòl te esplike yo lè Izrayelit yo te nan dezè a, yo te pwovoke kòlè Jewova plizyè fwa. Kòman yo te fè sa ? Yo te anvi move bagay, yo te pratike idolatri ak fònikasyon, yo te mete Jewova aleprèv e yo te konn plenyen. Pòl te ankouraje Korentyen yo pou yo tire leson nan egzanp sa yo. Men sa li te ekri yo : “ Pinga nou plenyen nonplis, tankou kèk ladan yo te plenyen, sa ki te fè yo peri anba destriktè a. ” — 1 Korentyen 10:6-11.

3. Poukisa kesyon plenyen an enterese nou jodi a ?

3 Antanke sèvitè Jewova jodi a, nou manifeste menm etadespri ak kretyen ki te nan kongregasyon Filip yo. Nou zele pou bèl travay e nou gen lanmou nan mitan nou (Jan 13:34, 35). Sepandan, etandone plenyen te lakòz gwo malè pami pèp Bondye a nan tan lontan, nou gen bonjan rezon pou nou koute konsèy ki di : “ Kontinye fè tout bagay san plenyen. ” Toudabò, annou egzamine kèk egzanp anrapò ak plenyen Ekriti yo mansyone. Apre sa, n ap pale sou kèk bagay nou ka fè pou anpeche plenyen lakòz malè jodi a.

Yon asanble mechan ap plenyen kont Jewova

4. Ki fason Izrayelit yo te plenyen nan dezè a ?

4 Mo ebre ki vle di ‘ plenyen, wounouwounou, bougonnen oswa gwonde ’ a, yo itilize l nan Bib la anrapò ak evènman ki te pase pandan 40 an Izrayèl te fè nan dezè a. Kèk fwa, Izrayelit yo pa t satisfè ak lavi yo e yo te konn plenyen pou yo fè konn sa. Pa egzanp, apèn kèk semèn apre yo fin delivre anba esklavaj ann Ejip, “ tout asanble pitit Izrayèl yo te kòmanse plenyen kont Moyiz ak Arawon ”. Izrayelit yo t ap plenyen pou manje, yo t ap di : “ Si nou te annik mouri anba men Jewova nan peyi Ejip etan nou te chita toupre mamit vyann yo, etan nou t ap manje pen jiskaske nou rasazye, paske nou fè nou soti vin nan dezè sa a pou nou fè tout kongregasyon sa a mouri grangou. ” — Egzòd 16:1-3.

5. Lè Izrayelit yo t ap plenyen, kont kiyès yo t ap plenyen an reyalite ?

5 An reyalite, Jewova te bay Izrayelit yo sa yo te bezwen nan dezè a. Avèk amou, li te ba yo manje ak dlo. Pa t gen okenn risk pou pèp Izrayèl la ta mouri grangou nan dezè a. Men, piske yo pa t janm satisfè, yo te egzajere pwoblèm yo e yo te kòmanse plenyen. Byenke se kont Moyiz ak Arawon yo t ap plenyen, nan je Jewova, se kont li menm menm yo t ap plenyen. Moyiz te di Izrayelit yo : “ Jewova tande plenyen n ap plenyen kont li yo. E ki sanou ye ? Se pa kont nou n ap plenyen, men se kont Jewova. ” — Egzòd 16:4-8.

6, 7. Jan Nonb 14:1-3 montre sa, ki jan atitid Izrayelit yo te vin chanje ?

6 Sa pa t pran anpil tan pou Izrayelit yo te tonbe nan plenyen ankò. Moyiz te voye 12 mesye al espyone Latè pwomiz. Dis nan mesye yo te retounen ak yon move rapò. Ki rezilta sa te bay ? “ Tout pitit gason Izrayèl yo te kòmanse ap plenyen kont Moyiz ak Arawon, e tout asanble a te kòmanse ap pale kont yo, yo t ap di : ‘ Si nou te annik mouri nan peyi Ejip, oswa si nou te annik mouri nan dezè sa a ! E poukisa Jewova ap mennen nou nan peyi sa a [Kanaran] pou nou tonbe anba epe ? Yo pral fè piyay sou madanm nou ak pitit nou. Èske li pa pi bon pou nou retounen ann Ejip ? ’ ” — Nonb 14:1-3.

7 Se pa ti chanje etadespri Izrayèl te vin chanje ! Rekonesans yo te gen okòmansman poutèt yo te jwenn liberasyon ann Ejip ak delivrans yo te jwenn nan lanmè Wouj te pouse yo chante louwanj pou Jewova (Egzòd 15:1-21). Men, kòm yo te manke alèz nan dezè a, e kòm yo te pè Kananeyen yo, rekonesans yo a te vin tounen mekontantman. Olye yo te remèsye Bondye pou libète yo te genyen, yo te repwoche l pou sa yo menm, dapre move konsepsyon yo te genyen, yo te estime yo manke. Donk, plenyen yo t ap plenyen an te montre yo te manke rekonesans pou dispozisyon Jewova te pran pou yo. Li pa etonan si Jewova te di : “ Jis ki lè asanble mechan sa a ap kontinye plenyen jan y ap fè la a kont mwen ? ” — Nonb 14:27 ; 21:5.

Te gen plenyen nan premye syèk la

8, 9. Site kèk egzanp nan Ekriti grèk kretyen yo kote moun t ap plenyen.

8 Egzanp nou sot mansyone la yo se egzanp gwoup moun aparamman ki t ap eksprime mekontantman yo byen fò. Men, lè Jezi Kris t al Jerizalèm pou fèt Joupa a nan ane 32 epòk nou an, “ te gen yon bann moun nan foul la ki t ap pale tou ba sou li ”. (Jan 7:12, 13, 32.) Yo t ap pale tou ba youn ak lòt. Genyen ki t ap di li se yon bon moun, gen lòt ki t ap di se pa vre.

9 Gen yon lòt lè, Levi, yon pèseptè, ki rele Matye tou, te envite Jezi ak disip li yo lakay li. “ Farizyen yo ak eskrib yo te kòmanse ap plenyen bay disip li yo, yo t ap di : ‘ Poukisa nou manje epi nou bwè ak pèseptè e ak pechè ? ’ ” ​(Lik 5:27-30). Kèk tan apre, nan Galile, “ Juif yo te kòmanse plenyen kont [Jezi] poutèt li te di : ‘ Se mwen ki pen ki desann sot nan syèl la ’ ”. Te menm gen kèk nan disip Jezi yo ki te santi yo ofanse pou sa l te di a e ki te kòmanse plenyen. — Jan 6:41, 60, 61.

10, 11. Poukisa Juif ki pale grèk yo t ap plenyen, e ki pwofi ansyen yo ka tire nan fason pwoblèm yo a te regle ?

10 Gen yon lòt plenyen ki te fèt yon ti tan apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, men, rezilta sa te bay la te pi bon. Gen anpil moun ki pa t ap viv ann Izrayèl ki te fèk konvèti. Nouvo disip sa yo t ap benefisye ospitalite kwayan parèy yo ki te abite nan Jide. Men, te vin gen pwoblèm nan fason yo te distribye bagay ki te disponib yo. Men sa yo rapòte : “ Juif ki pale grèk yo t ap plenyen kont Juif ki pale ebre yo, paske yo te neglije vèv grèk yo nan distribisyon ki te konn fèt chak jou a. ” — Travay 6:1.

11 Moun sa yo ki t ap plenyen la a pa menm ditou ak Izrayelit ki te nan dezè a. Juif ki te pale grèk yo pa t ap eksprime mekontantman yo konsènan sò yo nan lavi a yon fason ki egoyis. Yo t ap atire atansyon sou yon fay ki te genyen nan fason yo t ap konble bezwen kèk nan vèv yo. Anplis de sa, moun sa yo pa t ap twouble lapè ni yo pa t leve vwa yo kont Jewova. Yo t al plenyen pwoblèm yo a bay apot yo, e apot yo te pran dispozisyon rapidman paske plenyen yo a te jistifye. Ala yon bèl egzanp apot yo kite pou ansyen yo jodi a ! Bèje espirityèl sa yo pran prekosyon pou yo pa ‘ bouche zòrèy yo pou yo pa tande malere k ap plenyen an ’. — Pwovèb 21:13 ; Travay 6:2-6.

Fè atansyon pou plenyen pa minen nou

12, 13. a) Bay yon egzanp pou montre efè plenyen ka genyen. b) Ki rezon ki ka fè yon moun plenyen ?

12 Pifò egzanp biblik nou sot egzamine la yo montre plenyen te fè anpil dega sou pèp Bondye a nan tan lontan. Kidonk, nou ta dwe reflechi seryezman sou fason plenyen ka minen yon moun jodi a. Ann pran yon egzanp ki ka ede nou wè sa. Gen anpil metal ki gen tandans wouye natirèlman. Si wouy kòmanse atake yon metal, epi pa gen anyen ki fèt pou ranje sa, metal la ka vin wouye nan pwen li vin pa ka sèvi pou sa yo te bezwen fè avè l la. Gen anpil otomobil yo oblije remize nan yon kwen, non pa poutèt yo gen yon pwoblèm mekanik, men paske metal ki fè yo a tèlman vin wouye, li pa pridan pou yo itilize yo ankò. Ki jan nou ka aplike egzanp sa a ak kesyon plenyen an ?

13 Menm jan kèk metal gen tandans wouye, se konsa nou menm lèzòm, etandone nou enpafè, nou gen tandans plenyen. Nou dwe vijilan pou nou detekte tout ti siy konsa lakay nou. Menm jan imidite ak lè ki bò lanmè fè yon metal wouye pi vit, pwoblèm ka fè nou plis anvi plenyen. Strès ka fè yon ti malantandi tounen yon gwo pwoblèm. Etandone sitiyasyon yo ap anpire nan dènye jou sistèm sa a, sandout ap vin gen plis rezon pou moun plenyen (2 Timote 3:1-5). Konsa, yon sèvitè Jewova ka kòmanse ap plenyen kont yon lòt. Se kapab akoz yon ti pwoblèm, pa egzanp, ou gendwa santi w kontrarye akoz feblès yon moun, oubyen kapasite moun nan oswa privilèj sèvis li genyen.

14, 15. Poukisa nou pa dwe kite tandans pou nou plenyen devlope lakay nou san nou pa fè anyen ?

14 Kèlkeswa sa ki ta ka deplè nou, si nou gen yon ti tandans plenyen lakay nou epi nou pa fè anyen kont sa, nou kapab devlope yon etadespri kote anyen pa janm satisfè nou, epi sa ka fè n ap plenyen toutan. Wi, plenyen ka minen nou espirityèlman, li ka kòwonp nou nèt. Lè Izrayelit yo t ap plenyen sò yo nan dezè a, yo te rive nan pwen yo te menm blame Jewova (Egzòd 16:8). Nou swete pou sa pa janm rive nou !

15 Nou kapab fè yon metal gen mwens tandans pou l wouye si nou pase yon penti antiwouy sou li e si nou netwaye ti kote li genyen ki deja wouye yo rapidman. Menm jan an tou, si nou detekte nan nou menm yon tandans pou nou plenyen, nou kapab metrize l si nou priye sou sa e si nou aji rapidman pou korije tandans sa a. Ki sa nou ka fè ?

Annou wè bagay yo selon pwennvi Jewova

16. Ki jan nou ka reyisi venk tandans nou genyen pou nou plenyen ?

16 Lè n ap plenyen, nou fikse lespri nou sou tèt nou ak sou pwoblèm pa nou sèlman, e nou neglije benediksyon nou jwenn antanke Temwen Jewova. Nou bezwen toujou kenbe benediksyon sa yo la nan lespri nou pou nou rive venk tandans nou genyen pou nou plenyen. Pa egzanp, nou tout nou gen bèl privilèj pou nou pote non Jewova (Izayi 43:10). Nou ka kiltive yon relasyon sere avè l, e nou ka pale avèk Sila “ ki konn tande lapriyè ” a nenpòt ki lè (Sòm 65:2 ; Jak 4:8). Vi nou gen yon vrè sans paske nou konprann kesyon souvrènte inivèsèl la e paske nou sonje se yon privilèj nou genyen pou nou kenbe entegrite nou devan Bondye (Pwovèb 27:11). Nou kapab patisipe regilyèman nan predikasyon bon nouvèl Wayòm nan (Matye 24:14). Lafwa nou genyen nan sakrifis ranson Jezi Kris la pèmèt nou genyen yon konsyans ki pwòp (Jan 3:16). Tout sa yo se benediksyon nou genyen kèlkeswa sitiyasyon nou oblije andire.

17. Menmsi nou gen yon rezon valab pou nou plenyen, poukisa nou dwe eseye wè bagay yo selon pwennvi Jewova ?

17 Annou eseye wè bagay yo selon pwennvi Jewova, non pa selon pwennvi pa nou. Men sa yon salmis te di nan yon chante : “ Fè m konnen chemen pa w yo, o Jewova. Anseye m pwòp wout ou yo. ” ​(Sòm 25:4). Si nou gen yon rezon valab pou nou plenyen, rezon sa a pa echape Jewova. Li ta ka korije sitiyasyon an tousuit. Men, poukisa pafwa li kite yon difikilte pèsiste ? Se kapab pou l ede nou devlope yon seri bèl kalite, tankou pasyans, andirans ak lafwa. — Jak 1:2-4.

18, 19. Bay yon egzanp pou nou montre efè sa ka genyen si nou aksepte difikilte yo san plenyen.

18 Lè nou aksepte difikilte yo san plenyen, nonsèlman sa ede nou amelyore pèsonalite nou, men tou sa kapab gen gwo efè sou lòt moun k ap obsève konduit nou. An 2003, gen yon gwoup Temwen Jewova ki t ap vwayaje nan bis soti ann Almay pou y al asiste yon kongrè nan peyi Ongri. Chofè bis la pa t Temwen, e li pa t twò renmen afè rete ansanm ak Temwen yo pandan dis jou. Sepandan, nan fen vwayaj la, li te chanje opinyon konplètman. Sa k te fè sa ?

19 Pandan vwayaj la, te gen plizyè ti enkonvenyan. Men, Temwen yo pa t janm plenyen. Chofè a di nan tout pasaje li konn genyen, se gwoup pasaje sa a ki pi bon. Li menm pwomèt pwochen fwa Temwen yo pase lakay li, l ap envite yo antre e l ap koute yo avèk atansyon. Ala yon bèl enpresyon pasaje yo te bay paske yo te “ fè tout bagay san plenyen ” !

Padon favorize inite

20. Poukisa youn dwe padone lòt ?

20 E si nou gen dekwa pou n plenyen kont yon kwayan parèy nou ? Si se yon bagay ki enpòtan, nou ta dwe suiv prensip ki nan pawòl Jezi te di nan Matye 18:15-17 la. Men, sa pap toujou nesesè, piske pifò pwoblèm nou konn genyen yo pa gen twòp enpòtans. Sa n panse si nou konsidere sitiyasyon an tankou yon okazyon nou genyen pou nou padone ? Men sa Pòl te ekri : “ Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye padone nou youn lòt san grate tèt, si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt. Menm jan Jewova padone nou san grate tèt, nou menm tou fè menm jan an. Men, apa de tout bagay sa yo, se pou nou abiye nou ak lanmou, paske se yon chenn inyon ki pafè. ” ​(Kolosyen 3:13, 14). Èske nou ka jwenn plas nan kè nou pou nou padone ? Epi, èske Jewova pa gen rezon pou l plenyen kont nou ? Poutan, li toujou demontre konpasyon e li toujou padone nou.

21. Ki jan moun k ap koute lòt moun k ap plenyen ka reyaji ?

21 Kèlkeswa pwoblèm ki ta genyen an, plenyen pap rezoud li. Mo ebre ki siyifi “ plenyen ” an kapab vle di “ gwonde ” tou. Li trè pwobab pou nou pa santi nou alèz bò kot yon moun ki toujou ap plenyen, e siman n ap eseye pran distans nou ak yon moun konsa. Si se nou menm k ap plenyen, oubyen k ap gwonde, moun k ap koute ka santi menm bagay la tou. Anfèt, yo kapab tèlman pa alèz bò kote nou, yo anvi pran distans yo avèk nou. Lè n ap gwonde, nou ka atire atansyon yon lòt moun, men, se sèten, nou pap atire pèsonn moun sou nou.

22. Ki sa yon jèn fi te di konsènan Temwen Jewova yo ?

22 Lè nou dispoze padone, sa favorize inite, yon bagay pèp Jewova a cheri (Sòm 133:1-3). Nan yon peyi ann Ewòp, gen yon jèn fi katolik ki gen 17 an ki ekri biwo filyal Temwen Jewova yo pou l eksprime admirasyon l genyen pou yo. Men sa l di : “ Se sèl òganizasyon mwen konnen manm li yo pa divize akoz lahèn, avidite, entolerans, egoyis oswa dezinyon. ”

23. Sou ki sijè nou pral pale nan atik ki vin apre a ?

23 Si nou gen rekonesans pou tout benediksyon espirityèl nou resevwa antanke adoratè vrè Dye a, Jewova, sa ap ede nou favorize inite e sa ap ede nou evite plenyen kont lòt moun nou gen pwoblèm avèk yo. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè kòman kalite Bondye mande pou nou genyen yo ap anpeche nou plenyen nan yon sans ki pi grav toujou : plenyen kont pati terès òganizasyon Jewova a.

Èske nou sonje ?

• Ki rezon ki ka fè yon moun tonbe nan plenyen ?

• Ki egzanp nou ka pran pou nou montre efè plenyen ka genyen ?

• Ki sa ki ka ede nou venk tandans plenyen nou ta ka genyen ?

• Lè nou dispoze padone, ki jan sa ka ede nou pou nou pa tonbe nan plenyen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

An reyalite, se kont Jewova Izrayelit yo t ap plenyen !

[Foto nan paj 11]

Èske w eseye wè bagay yo menm jan Jewova wè yo ?

[Foto nan paj 12]

Padon favorize inite pami kretyen yo.