Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova delivre moun ki aflije a

Jewova delivre moun ki aflije a

Jewova delivre moun ki aflije a

“ Moun ki jis la jwenn anpil kalamite, men Jewova delivre l anba yo tout. ” — SÒM 34:19.

1, 2. Ki pwoblèm yon kretyèn fidèl te rankontre, e poukisa nou ka santi nou menm jan avè l ?

GEN yon jèn dam ki rele Keiko * ki Temwen Jewova depi plis pase 20 an. Pandan yon epòk, li te pyonye pèmanan, sa vle di pwoklamatè Wayòm nan aplentan. Li te apresye privilèj sa a anpil. Sepandan, sa pa gen twò lontan, dezespwa ak solitid te anvayi Keiko. Li di : “ Tout lajounen mwen t ap kriye. ” Pou Keiko te konbat panse negatif li te genyen, li te konsakre plis tan pou l etidye pèsonèlman. Li di : “ Malgre sa, mwen pa t rive chanje sitiyasyon m. Mwen te rive nan yon pwen kote mwen te vle mouri. ”

2 Èske sa deja rive w ou santi w dezespere konsa ? Antanke Temwen Jewova, ou gen anpil rezon pou w rejwi, paske atachman pou Bondye “ gen pwomès lavi kounye a ak sa ki pral vini an ”. (1 Timote 4:8.) Aktyèlman, w ap viv nan yon paradi espirityèl. Sepandan, èske sa vle di ou pwoteje kont tout soufrans ? Pa ditou ! Labib di : “ Moun ki jis la jwenn anpil kalamite. ” ​(Sòm 34:19). Se pa etonan, paske “ lemonnantye anba pouvwa mechan an ”, Satan Ledyab (1 Jan 5:19). Nan yon degre oswa nan yon lòt, nou tout sibi efè reyalite sa a. — Efezyen 6:12.

Efè afliksyon genyen

3. Site kèk egzanp sèvitè Bondye Bib la rapòte ki te pase anba gwo detrès.

3 Detrès ki pwolonje ka fè nou wè nwa (Pwovèb 15:15). Annou pran egzanp Jòb, yon nonm jis. Pandan li te nan yon tribilasyon tèrib, li te di : “ Lòm ki sot nan vant fi viv yon tikras tan, epi li chaje ak traka. ” ​(Jòb 14:1). Jwa Jòb te genyen te disparèt. Gen yon lè, li te menm panse Jewova abandone l (Jòb 29:1-5). Se pa Jòb sèlman kòm sèvitè Bondye ki jwenn touman tèrib konsa. Labib di nou “ nanm [Ana] te anmè ” paske li pa t gen pitit (1 Samyèl 1:9-11). Men sa Rebeka te di akoz yon sitiyasyon ki te gen nan fanmi l ki te boulvèse l anpil : “ Mwen vin rayi lavi m. ” ​(Jenèz 27:46). Lè David t ap reflechi sou erè l yo, li te di : “ Mwen mache tou tris tout lajounen. ” ​(Sòm 38:6). Egzanp sa yo montre aklè gen gason ak fi ki te krenn Bondye ki t ap viv nan peryòd anvan epòk kretyen yo ki te pase anba gwo detrès.

4. Poukisa se pa etonan si gen “ nanm ki deprime ” pami kretyen yo jodi a ?

4 E kretyen yo yo menm ? Apot Pòl te twouve li nesesè pou l di Tesalonisyen yo pou yo “ pale yon fason pou konsole nanm ki deprime ” yo (1 Tesalonisyen 5:14). Gen yon ouvraj referans ki fè konnen mo grèk lè yo tradui l yo mete “ nanm ki deprime ” pou li a ka fè referans ak moun “ ki anvayi tanporèman ak strès ki gen nan lavi a ”. Pawòl Pòl yo endike te gen kèk moun ki wenn ak lespri nan kongregasyon Tesalonik lan ki te dekouraje. Jodi a tou, gen nanm ki deprime pami kretyen yo. Men, poukisa yo deprime ? Annou egzamine twa bagay ki lakòz sa an jeneral.

Enpèfeksyon nou ka fè nou dekouraje

5, 6. Ki rekonfò nou jwenn nan Women 7:22-25 ?

5 Kontrèman ak moun ki kòwonpi ki “ pèdi tout bonsans moral yo ”, vrè kretyen yo tris poutèt yo nan yon eta pechè (Efezyen 4:19). Yo ka santi yo menm jan ak Pòl ki te ekri : “ Mwen vrèman jwenn plezi nan lalwa Bondye selon moun mwen ye pa anndan an, men, nan manm mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap fè lagè ak lwa ki nan lespri m nan e k ap mennen m kòm kaptif bay lalwa peche ki nan manm mwen. ” Apre sa, Pòl deklare : “ Ala mal mwen mal ! ” — Women 7:22-24.

6 Èske w konn santi w menm jan ak Pòl ? Se pa mal pou w byen konn feblès ou, paske sa ka fè w sonje ki jan peche se yon bagay ki grav, e sa ka ranfòse detèminasyon w pou w rejte sa ki mal. Men, ou pa bezwen nan lapenn toutan akoz feblès ou genyen. Konsènan pawòl ki eksprime detrès nou sot site la yo, men sa Pòl di ansuit : “ Mèsi Bondye pa mwayen Jezi Kris Seyè nou an ! ” ​(Women 7:25). Wi, Pòl te gen konfyans san Jezi ki te vèse a te ka rachte l anba peche li eritye a. — Women 5:18.

7. Ki sa ki ka ede yon moun pou l pa dekouraje akoz tandans li genyen pou l peche ?

7 Si w santi enpèfeksyon w tankou yon pwa lou pou ou, chèche rekonfò nan pawòl apot Jan te ekri yo, lè l te di : “ Si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon asistan bò kot Papa a, Jezi Kris, yon moun ki jis. E li se yon sakrifis pwopisyatwa pou peche nou, e se pa sèlman pou peche pa nou, men tou se pou peche lemonnantye. ” ​(1 Jan 2:1, 2). Si w dekouraje akoz tandans ou genyen pou w peche, toujou sonje se pou pechè Jezi te mouri, se pa pou moun ki pafè. An reyalite, “ tout moun peche e yo pa atenn glwa Bondye ”. — Women 3:23.

8, 9. Poukisa nou dwe rejte panse ki ka fè nou kondane tèt nou ?

8 Ann sipoze ou te fè yon peche grav yon lè. Sandout, ou te prezante ka a devan Jewova nan lapriyè, petèt plizyè fwa. Ou te resevwa èd espirityèl nan men ansyen yo (Jak 5:14, 15). Ou te repanti sensèman e sa te pèmèt ou kontinye fè pati kongregasyon an. Oubyen petèt ou te kite òganizasyon Bondye a pandan yon sèten tan, men ou repanti apre sa e ou vin pirifye ankò. Kèlkeswa jan sa te pase, peche w te fè a ka vin nan lespri w e sa ka fè w dekouraje. Si sa rive, sonje, moun ki repanti toutbon yo, Jewova padone yo “ lajman ”. (Izayi 55:7.) Anplis de sa, li pa vle w santi w kondane nèt. Sa t ap reyalize objektif Satan (2 Korentyen 2:7, 10, 11). Dyab la pral detwi, paske se sa li merite. Men, li ta renmen fè w santi ou merite menm jijman an tou (Revelasyon 20:10). Pa kite Satan reyisi ak plan li genyen pou l detwi lafwa w (Efezyen 6:11). Okontrè, “ kenbe tèt ak li ” nan domèn sa a, menm jan w fè sa nan lòt domèn. — 1 Pyè 5:9.

9 Nan Revelasyon 12:10, yo rele Satan “ akizatè frè nou yo ”, kretyen wen yo. Li “ akize yo lajounen kou lannuit ” devan Bondye. Lè w reflechi sou vèsè sa a, sa ka ede w konprann yon bagay : Satan, li menm k ap fè fo akizasyon, t ap kontan si w ta akize tèt ou e ou ta kondane tèt ou, byenke Jewova pa fè sa (1 Jan 3:19-22). Poukisa pou w kontinye ap bay tèt ou pwoblèm pou fot ou te fè, jiskaske w santi w ta abandone ? Pa kite Satan detwi relasyon ou genyen avèk Bondye. Pa janm kite Dyab la avegle w pou w pa wè Jewova se yon Dye ki gen “ mizèrikòd ak konpasyon, ki pa prese fè kòlè, ki chaje bonte ki plen lanmou ”. — Egzòd 34:6.

Limit nou genyen ka dekouraje nou

10. Ki jan limit nou genyen ka dekouraje nou ?

10 Gen kèk kretyen ki dekouraje paske limit yo genyen afekte sèvis y ap bay Bondye. Èske se sitiyasyon pa w ? Se kapab yon maladi grav, laj k ap antre, oswa yon lòt sitiyasyon ki anpeche w konsakre menm kantite tan ou te konn pase lontan nan ministè a. Se vre, kretyen yo jwenn ankourajman pou yo rachte tan pou sèvis Bondye (Efezyen 5:15, 16). Men, ki sapou w fè si limit ou genyen toutbon anpeche w fè plis nan ministè a e sa dekouraje w ?

11. Ki jan nou ka tire pwofi nan konsèy Pòl te bay nan Galat 6:4 la ?

11 Labib ankouraje nou pou nou pa douyèt, men pou nou “ imite moun ki, grasa lafwa ak pasyans, eritye pwomès yo ”. (Ebre 6:12.) Nou ka fè sa, sèlman si nou egzamine bèl egzanp moun sa yo e si nou chèche imite lafwa yo. Sepandan, nou pap tire pwofi si nou konpare tèt nou ak lòt moun yon fason negatif e nou ta rive panse pa gen anyen nou fè ki bon. Kidonk, li bon pou nou aplike konsèy Pòl la : “ Se pou chak moun teste sa travay li vo, e lè sa a l ap ka rejwi parapò ak li menm poukont li e non pa an konparezon ak yon lòt moun. ” — Galat 6:4.

12. Poukisa nou ka rejwi nan sèvis n ap bay Jewova ?

12 Kretyen yo gen bonjan rezon pou yo rejwi, menm lè yo limite akoz gwo pwoblèm sante. Labib asire nou : “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l. ” ​(Ebre 6:10). Li posib pou sikonstans ki pa depann de volonte w fè li difisil pou w kenbe nivo aktivite ou te genyen nan tan lontan. Sepandan, avèk èd Jewova, ou ka gen posiblite angaje w plis nan kèk aspè nan ministè kretyen an, tankou temwayaj nan telefòn oswa nan lèt. Ou mèt gen asirans Jewova Dye ap beni w pou sèvis w ap ba li ak tout nanm ou e pou lanmou ou montre pou li e pou pwochen w. — Matye 22:36-40.

“ Tan kritik ” yo ka akable nou

13, 14. a) Nan ki sans “ tan kritik ” sa yo ka rann nou aflije ? b) Ki jan mank afeksyon natirèl parèt aklè jodi a ?

13 Byenke n ap tann moman an rive pou nou viv nan monn nouvo jis Bondye a, kounye a n ap viv nan “ tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte ”. (2 Timote 3:1.) Nou jwenn rekonfò lefètke nou konnen evènman dekourajan yo montre delivrans nou toupre. Sepandan, kondisyon ki egziste yo afekte nou. Pa egzanp, ou ka pa nan travay. Li ka difisil pou w jwenn yon travay, e tank mwa ap pase, ou ka ap mande tèt ou si Jewova pa wè traka w oswa si l pa tande priyè w. Oubyen petèt, ou ka viktim prejije oswa lòt fòm enjistis. Menm pandan w ap li gran tit yon jounal, ou ka santi w menm jan ak Lòt, yon nonm jis ki te “ nan gwo lapenn ” ​(“ akable ”, Ford Porter) akoz konduit deregle moun ki te nan antouraj li yo. — 2 Pyè 2:7.

14 Gen yon aspè patikilye nan dènye jou yo nou pa ka neglije. Labib te predi anpil moun t ap “ san afeksyon natirèl ”. (2 Timote 3:3.) Nan anpil fanmi, pa prèske gen afeksyon familyal. Dapre sa yon liv ki rele Vyolans familyal (anglè) deklare, vrèmanvre, “ gen prèv ki montre li pi fasil pou yon moun viktim anba krim, atak fizik, oswa abi sou plan afektif oubyen sou plan seksyèl nan men moun nan fanmi l pase nan men lòt moun. [...] Kote yon moun ta dwe santi yo renmen l e kote l ta dwe santi li an sekirite, se kote ki pi danjere ki egziste pou kèk granmoun ak kèk timoun. ” Moun ki te leve nan yon anbyans familyal dezagreyab, apre plizyè ane, vin gen moman kote yo santi enkyetid ak dezespwa ap anvayi yo. E si se ka pa w ?

15. Nan ki sans lanmou Jewova siperyè lanmou nenpòt moun ?

15 Salmis David te di nan yon chante : “ Si sa ta rive pou papa m ak manman m kite m, Jewova li menm t ap ranmase m. ” ​(Sòm 27:10). Ala rekonfòtan sa rekonfòtan lè nou konnen lanmou Jewova depase lanmou nenpòt paran ! Kèlkeswa jan w ta soufri poutèt paran w rejte w, maltrete w oubyen abandone w, sa pa afekte degre Jewova gen sousi pou ou (Women 8:38, 39). Sonje Bondye atire moun li renmen (Jan 3:16 ; 6:44). Kèlkeswa jan moun te konn trete w, Papa w ki nan syèl la renmen w !

Aksyon pratik pou soulaje nou anba dezespwa

16, 17. Ki sa yon moun ka fè pou l prezève fòs espirityèl li lè l ap fè fas ak dezespwa ?

16 Gen kèk aksyon pratik ou ka poze pou w lite anba dezespwa. Pa egzanp, ou ka suiv yon pwogram aktivite kretyen ki edifyan. Ou ka medite sou Pawòl Bondye a, espesyalman lè dekourajman ta vle anvayi w. Men sa salmis la te di nan yon chante : “ Lè mwen di : ‘ Sètènman, pye m ap deplase san asirans ’, bonte ki plen lanmou w lan, o Jewova, kontinye soutni m. Lè panse k ap twouble m yo te vin anpil anndan m, konsolasyon w yo te kòmanse karese nanm mwen. ” ​(Sòm 94:18, 19). Si w li Labib regilyèman, sa ap ede w ranpli lespri w ak pawòl konsolasyon ansanm ak panse ankourajan.

17 Lapriyè endispansab tou. Menmsi w pa ka fin jwenn mo pou w eksprime santiman pwofon ou genyen, Jewova konnen sa w anvi di a (Women 8:26, 27). Salmis la bay asirans sa a : “ Lage fado w yo sou Jewova li menm, e bò kote pa l, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la kilbite. ” — Sòm 55:22.

18. Site kèk bagay pratik yon moun ki fè depresyon ka fè.

18 Gen kèk moun se depresyon ki fè yo dezespere *. Si se ka pa w, eseye konsantre atansyon w sou monn nouvo Bondye a e sou epòk kote “ pa gen moun ki abite [sou tè a] k ap di : ‘ Mwen malad. ’ ” ​(Izayi 33:24). Si santiman negatif ou genyen yo se pa senpleman kagou ou santi w kagou pandan yon moman, petèt li t ap saj pou w al wè yon espesyalis (Matye 9:12). Li enpòtan tou pou w pran swen tèt ou fizikman. Yon rejim ki ekilibre ansanm ak egzèsis ka ede w. Asire w ou repoze ase. Pa rete byen ta ap gade televizyon, epi evite distraksyon k ap fè w fatige anpil ni fizikman ni mantalman. Sa ki pi enpòtan, se pou w kontinye patisipe nan travay Bondye a. Byenke se poko tan kote Jewova pral “ siye tout dlo nan je ”, l ap ede w pou w andire. — Revelasyon 21:4 ; 1 Korentyen 10:13.

Annou viv “ anba men pisan Bondye ”

19. Ki sa Jewova pwomèt moun ki aflije yo ?

19 Labib ban nou asirans malgre kalamite moun ki jis la anpil, “ Jewova delivre l anba yo tout ”. (Sòm 34:19.) Ki jan Bondye fè sa ? Lè apot Pòl te priye plizyè fwa pou l jwenn delivrans pou “ yon pikan nan chè ” li te genyen, Jewova te di li : “ Pisans mwen ap vin pafè nan feblès. ” ​(2 Korentyen 12:7-9). Ki sa Jewova te pwomèt Pòl, e ki sali pwomèt ou ? Li pa pwomèt ou l ap geri w kounye la a, men li pwomèt ou l ap ba w pisans pou w andire.

20. Malgre eprèv nou rankontre, ki asirans nou jwenn nan 1 Pyè 5:6, 7 ?

20 Men sa apot Pyè te ekri : “ Imilye tèt nou anba men pisan Bondye, yon fason pou l ka onore nou nan bon moman, pandan n ap lage tout tètchaje nou sou li, paske li gen sousi pou nou. ” ​(1 Pyè 5:6, 7). Piske Jewova gen sousi pou ou, li pap abandone w. L ap soutni w malgre eprèv ou rankontre. Mete nan tèt ou kretyen ki fidèl yo twouve yo anba “ men pisan Bondye ”. Toutpandan n ap sèvi Jewova, l ap ban nou fòs pou nou andire. Si nou fidèl ak li, pa gen anyen ki ka fè nou yon tò espirityèl ki pa ka repare. Kidonk, se pou nou kenbe entegrite nou devan Jewova, yon fason pou nou ka benefisye lavi etènèl nan monn nouvo li pwomèt la e pou nou ka wè jou li pral vrèman delivre moun ki aflije a definitivman !

[Nòt anba paj]

^ § 1 Yo chanje non moun nan.

^ § 18 Depresyon plis pase dekourajman. Se yon maladi kote moun nan santi yon tristès ki pwofon e ki pa sispann. Pou plis enfòmasyon, gade Toudegad (fransè) 15 oktòb 1988, paj 25-29 ; 15 novanm 1988, paj 21-24 ; ak 1ye septanm 1996, paj 30-31.

Èske nou sonje ?

• Poukisa menm sèvitè Jewova yo jwenn eprèv ?

• Site kèk kòz ki fè kèk sèvitè Bondye santi yo dekouraje.

• Ki jan Jewova ede nou fè fas ak enkyetid nou yo ?

• Nan ki sans nou “ anba men pisan Bondye ” ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Malgre eprèv, sèvitè Jewova yo gen rezon pou yo rejwi.

[Foto nan paj 21]

Temwayaj nan telefòn se youn nan mwayen pou w bay Jewova sa w genyen ki pi bon an.