Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Krenn Jewova, epi viv ak kè kontan !

Krenn Jewova, epi viv ak kè kontan !

Krenn Jewova, epi viv ak kè kontan !

“ Byennere moun ki gen lakrentif pou Jewova. ” — SÒM 112:1.

1, 2. Ki sa lakrentif pou Jewova ka ban nou ?

KÈ KONTAN se pa yon bagay moun genyen fasil. Pou yon moun gen kè kontan toutbon, fòk li fè bon chwa, fòk li fè sa ki byen e fòk li vire do bay sa ki mal. Kreyatè nou an, Jewova, ban nou Pawòl li, Labib, pou anseye nou kòman nou ka jwenn pi bon fason pou nou viv. Lè nou chèche direksyon Jewova e lè nou suiv direksyon sa a, n ap demontre nou gen lakrentif pou Bondye, n ap vrèman satisfè e n ap vrèman kontan. — Sòm 23:1 ; Pwovèb 14:26.

2 Nan atik sa a, nou pral egzamine egzanp moun, ni nan tan biblik yo ni nan epòk pa nou an, ki montre kòman bonjan lakrentif pou Bondye ka bay yon moun fòs pou l reziste devan presyon li jwenn pou l fè sa k pa bon, e kòman sa ka ba l kouraj pou l fè sa k bon. Nou pral wè lakrentif pou Bondye ka ban nou kè kontan, lefètke sa ka pouse nou korije yon move konduit, jan wa David te oblije fè sa. Anplis, nou pral wè lakrentif pou Jewova se vrèman yon eritaj ki gen anpil valè paran yo ka bay pitit yo. Annefè, Pawòl Bondye a ban nou asirans sa a : “ Byennere moun ki gen lakrentif pou Jewova. ” — Sòm 112:1.

Yo rejwenn lajwa yo te pèdi a

3. Ki sa k te ede David reprann li apre peche l yo ?

Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, an twa okazyon, David pa t demontre bonjan lakrentif pou Bondye e li te peche. Poutan, fason li te reyaji devan disiplin li te resevwa nan men Jewova te montre malgre tou li se yon moun ki gen lakrentif pou Bondye. Gwo respè li te gen pou Bondye te pouse l admèt tò li, sa te pouse l pote koreksyon ki nesesè, e sa te pouse l retabli bon relasyon li te gen ak Jewova. Byenke erè l yo te fè ni li menm ni lòt moun soufri, lefètke li te repanti sensèman, sa te fè l kontinye jwenn sipò ak benediksyon Jewova. Vrèmanvre, egzanp David la ka ankouraje kretyen jodi a petèt ki tonbe nan yon peche grav.

4. Ki jan lakrentif pou Bondye ka ede yon moun rejwenn lajwa ?

4 Annou pran egzanp Sonja *. Byenke Sonja t ap sèvi antanke evanjelizatè aplentan, li te vin gen move frekantasyon, li te vin gen yon konduit ki pa diy pou yon kretyen, e yo te vin oblije eskominye l nan kongregasyon an. Lè Sonja te retounen nan bonsans li, li te fè tout sa l kapab pou l retabli relasyon li te gen ak Jewova. Avèk letan, li te vin reyentegre nan kongregasyon an. Pandan tout tan sa a, Sonja pa t janm pèdi dezi li te genyen pou l sèvi Jewova. Finalman, li te repran sèvis aplentan antanke pyonye. Annapre, li vin marye ak yon ansyen ki egzanplè, e aktyèlman yo toule de ap sèvi nan kongregasyon yo avèk jwa. Byenke Sonja regrèt li te kite pandan yon sèten tan chemen li t ap suiv antanke kretyen an, li kontan dèske lakrentif li gen pou Bondye te ede l tounen.

Pito yon moun soufri pase l peche

5, 6. Esplike ki jan David te epaye lavi Sayil an de fwa, e esplike poukisa li te fè sa.

5 Natirèlman, li pi bon lontan lè lakrentif pou Bondye gentan bloke nou davans pou nou pa peche. Sa te rive nan ka David. Yon lè, pandan Sayil t ap pousuiv David avèk twa mil sòlda, li rantre nan yon gwòt, e se nan gwòt sa a David ak mesye l yo te kache. Mesye David yo t ap chofe l pou l frape Sayil. Èske se pa Jewova ki te lage ènmi jire David la nan men l ? David avanse tou dousman sou Sayil, e san fè bri li koupe yon moso nan ke rad li. Lefètke David te gen lakrentif pou Bondye, menm aksyon sa a, ki te parèt banal, te toumante konsyans li. David fè mesye l yo, ki te ajite, rale kò yo. Men sa l di yo : “ Li enpansab pou mwen, selon pwennvi Jewova, pou m ta fè seyè m nan, moun Jewova wenn nan, bagay sa a *. ” — 1 Samyèl 24:1-7.

6 Apre sa, nan yon lòt okazyon, Sayil te fè yon poz pou yo pase nuit, e li menm ak tout mesye l yo te tonbe nan “ yon somèy pwofon ki te sot bò kote Jewova ”. Pandan tan sa a, David ansanm ak neve l Abichayi ki te yon nonm brav glise kò yo nan mitan kan an e yo al kanpe devan Sayil ki t ap dòmi. Abichayi te vle annik touye l li fini. David te anpeche Abichayi fè sa, li mande l : “ Kiyès ki lonje men l kont moun Jewova wenn e ki rete inosan ? ” — 1 Samyèl 26:9, 12.

7. Ki sa k te anpeche David peche ?

7 Poukisa David pa t frape Sayil lè l te jwenn okazyon fè sa pandan de fwa ? Se paske lakrentif li te gen pou Jewova te plis pase krent li te gen pou Sayil. Lefètke David te gen bonjan lakrentif pou Bondye, li te dispoze soufri, si sa te nesesè, olye l peche (Ebre 11:25). Li te gen yon konfyans total Jewova gen sousi pou sèvitè l yo e pou li menm pèsonèlman. David te konnen obeyi Bondye e gen konfyans nan li t ap pote kè kontan ak anpil benediksyon, tandiske pa koute Bondye t ap fè l pèdi favè l (Sòm 65:4). David te konnen tou Bondye t ap akonpli pwomès li fè pou l fè l vin wa e li t ap retire Sayil nan moman li fikse e nan fason pa l. — 1 Samyèl 26:10.

Lakrentif pou Bondye bay kè kontan

8. Ki jan fason David te aji lè l te anba strès ka sèvi nou egzanp ?

8 Antanke kretyen, nou atann nou yo ka pase nou nan rizib, e nou ka jwenn pèsekisyon ak lòt eprèv ankò (Matye 24:9 ; 2 Pyè 3:3). Pafwa, nou ka menm rankontre difikilte bò kote adoratè Jewova menm jan avèk nou. Men, nou konnen Jewova wè tout bagay, li tande priyè nou e, nan moman apwopriye a, l ap ranje bagay yo ann amoni ak volonte l (Women 12:17-21 ; Ebre 4:16). Se pou sa, olye nou pè moun ki kont nou yo, nou gen lakrentif pou Bondye e nou konte sou li pou l delivre nou. Menm jan ak David, nou pa vanje tèt nou, ni nou pa fè konpwomi ak prensip jis yo pou nou evite soufri. Alalong, sa ap ban nou kè kontan. Men, kòman ?

9. Bay yon egzanp ki montre ki jan lè yon moun gen lakrentif pou Bondye sa ka fè l gen kè kontan malgre pèsekisyon.

9 Yon misyonè ki te pase anpil tan ann Afrik rakonte yon bagay ki te pase. Men sa l di : “ Mwen sonje yon manman ak pitit fi l ki te nan adolesans li ki te refize achte kat pati politik akoz pozisyon net yo genyen antanke kretyen. Gen yon gwoup mesye ki te atake yo avèk britalite, e apre sa, yo di yo al lakay yo. Toutpandan yo t ap mache, manman an t ap eseye konsole pitit fi l la ki t ap kriye, ki t ap eseye konprann poukisa sa te rive. Se vre nan moman sa a yo pa t gen kè kontan, men yo te gen yon konsyans ki pwòp. Apre sa, yo te kontan anpil lefètke yo te obeyi Bondye. Si yo te achte kat la, foul moun yo t ap kontan anpil. Mesye yo t ap ba yo boutèy ji e yo t ap danse toutotou yo jis yo rive lakay yo. Men, lefètke tifi a ak manman l t ap konnen se yon konpwomi yo fè, sa t ap fè yo tris anpil. ” Lakrentif yo te gen pou Bondye te pwoteje yo kont tout sa.

10, 11. Ki bon rezilta yon madanm te jwenn lefètke li te gen lakrentif pou Bondye ?

10 Lè nou devan eprèv ki gen rapò ak respè pou lavi a ki sakre, si nou montre nou gen lakrentif pou Bondye sa ap fè nou gen kè kontan tou. Lè Mary te ansent twazyèm pitit li, doktè l te ankouraje l seryezman pou l fè avòtman. Doktè a te di l : “ Ou nan yon sitiyasyon ki danjere. Kapab gen konplikasyon nenpòt ki lè ki ka lakòz ou mouri nan 24 èdtan. Lè sa a, tibebe a ap mouri tou. Kèlkeswa jan sa ye, pa gen okenn garanti tibebe a ap sot nòmal. ” Mary t ap etidye Labib ak Temwen Jewova, men li potko batize. Mary di : “ Malgre tou, mwen te deside sèvi Jewova, e mwen te detèmine pou m rete obeyisan anvè li menm, kèlkeswa sa k pase. ” — Egzòd 21:22, 23.

11 Pandan Mary te ansent lan, li te kontinye konsantre l sou etid li t ap fè nan Bib la e li te kontinye pran swen fanmi l. Finalman, tibebe a fèt. Men sa Mary rakonte : “ Akouchman an te pi difisil pase de premye yo, men pa t gen gwo konplikasyon. ” Lefètke Mary te gen lakrentif pou Bondye, sa te ede l gen yon bon konsyans, e li pa t pran anpil tan pou l te batize. Toutpandan tibebe a t ap grandi, li menm tou li te vin aprann gen lakrentif pou Bondye, e aktyèlman, l ap sèvi nan youn nan biwo filyal Temwen Jewova yo.

‘ Fòtifye tèt nou nan Jewova ’

12. Ki jan lakrentif pou Bondye te fòtifye David ?

12 Lakrentif David te gen pou Jewova a pa t sèlman anpeche l fè sa ki mal. Sa te ba l fòs pou l aji avèk detèminasyon e avèk sajès lè li te anfas sitiyasyon ki difisil. Pandan ennan kat mwa, David ak mesye l yo te kache pou Sayil yon kote nan pwovens peyi Filisti ki rele Tsiklag (1 Samyèl 27:5-7). Yon lè, pandan mesye yo pa t la, yon gwoup Amalekit, ki t ap vòlè, te boule vil la epi yo ale ak madanm mesye yo, pitit yo ak twoupo yo. Lè David ak mesye l yo tounen epi yo wè sa k te pase a, yo tonbe kriye. Lapenn yo te genyen an te vire an rankin, e mesye David yo te menm pale de lapide l. Malgre David te nan detrès, li pa t dezespere (Pwovèb 24:10). Lakrentif li te gen pou Bondye te pouse l vire kote Jewova, e li te “ pran fòtifye tèt li nan Jewova ”. Avèk èd Bondye, David ak mesye l yo te rive kenbe Amalekit yo e yo te rejwenn tout sa yo te pèdi. — 1 Samyèl 30:1-20.

13, 14. Ki jan lakrentif pou Bondye te ede yon kretyèn pran bon desizyon ?

13 Jodi a tou sèvitè Bondye yo fè fas ak sitiyasyon ki mande pou yo mete konfyans yo nan Jewova, e pou yo gen kouraj pou yo aji avèk detèminasyon. Annou pran egzanp Kristina. Lè Kristina te timoun, li te konn etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Men li te vle vin yon gwo pyanis pou l fè konsè, e li te fè anpil pwogrè nan objektif sa a. Anplis de sa, li te santi l jennen pou l preche e sa te fè l pè aksepte responsablite ki t ap vini ak batèm nan. Ofiramezi Kristina te kontinye etidye Pawòl Bondye a, li te vin kòmanse santi pisans Pawòl la. Li te aprann gen lakrentif pou Jewova, e li te rann li kont Jewova vle pou moun k ap sèvi l yo renmen l ak tout kè yo, ak tout lespri yo, ak tout nanm yo e ak tout fòs yo (Mak 12:30). Sa te pouse l vwe tèt li bay Jewova, e apre sa li batize.

14 Kristina te mande Jewova pou l ede l fè pwogrè espirityèl. Men sa l esplike : “ Mwen te konnen lavi yon pyanis k ap fè konsè mande pou l ap vwayaje toutan e pou l gen kontra pou l jwe jiska 400 konsè chak ane. Donk, mwen te deside bay kou pito, yon fason pou m ka pran swen tèt mwen nan domèn ekonomik e pou m sèvi antanke evanjelizatè aplentan. ” Nan moman sa a, Kristina te gentan pwograme pou l bay premye espektak li nan sal konsè yo te plis konnen nan peyi l la. Men sa l rakonte : “ Premye konsè m nan te tou tounen dènye konsè m . ” Kristina vin marye ak yon ansyen. Aktyèlman, y ap sèvi ansanm nan youn nan biwo filyal Temwen Jewova yo. Li kontan dèske Jewova te ba li kouraj pou l pran desizyon ki kòrèk la e dèske kounye a li ka sèvi ak tan l ak enèji l nan sèvis li.

Yon eritaj ki gen anpil valè

15. Ki sa David te vle bay pitit li yo, e ki jan li te fè sa ?

15 Men sa David te ekri : “ Vini, nou menm pitit gason, koute m. Lakrentif pou Jewova se sa m pral anseye nou. ” ​(Sòm 34:11). Antanke papa, David te detèmine pou l bay pitit li yo yon eritaj ki gen anpil valè : vrè lakrentif pou Jewova, yon krent ki ekilibre e ki pwofitab. Kit se nan pawòl, kit se nan aksyon, David te prezante Jewova, non pa kòm yon Dye ki egzijan e ki fè moun pè l, ki tou pare pou l note chak fwa yon moun pa respekte lwa l, men li te dekri l kòm yon Papa ki plen lanmou pou pitit li yo ki sou tè a, ki pran swen yo, e ki padone yo. Men ki kesyon David te poze : “ Fopa yo, kiyès ki ka fè yon lis avèk yo ? ” Apre sa, pou l montre konfyans li genyen Jewova pa ap veye erè nou yo toutan, men sa l te ajoute : “ Deklare m inosan pou bagay ki pa parèt yo. ” David te gen asirans si li te fè tout sa l kapab, pawòl li ak panse li t ap akseptab nan je Jewova. — Sòm 19:12, 14, Byington (anglè).

16, 17. Ki jan paran yo ka aprann pitit yo gen lakrentif pou Jewova ?

16 David reprezante yon egzanp pou paran yo jodi a. Men sa Ralph, k ap sèvi aktyèlman nan yon biwo filyal Temwen Jewova ansanm ak yon frè l, di : “ Paran nou te leve nou yon fason ki te fè nou jwenn plezi nan laverite. Lè nou te timoun, yo te fè nou patisipe nan konvèsasyon yo te genyen sou aktivite kongregasyon an, e nou te vin gen menm antouzyas avèk yo konsènan laverite. Yo te fòme nou pou nou kwè nou ka fè bon bagay nan sèvis Jewova. Anfèt, pandan plizyè ane, fanmi nou te viv nan yon peyi kote te gen gwo bezwen pwoklamatè Wayòm nan, e yo te patisipe nan etabli nouvo kongregasyon. ”

17 “ Sa k te ede nou rete sou bon chemen an se pa t yon lis règ sevè, men se lefètke paran nou te konsidere Jewova reyèl e li gen anpil anpil bonte. Yo te gen dezi pou yo chèche konnen Jewova pi byen e pou yo fè l plezi, e nou te tire pwofi nan vrè lakrentif yo te genyen pou Bondye ak vrè lanmou yo te gen pou li. Menm lè nou te fè yon bagay ki pa bon, paran nou pa t janm fè nou santi Jewova pa renmen nou ankò, ni yo pa t ban nou yon pakèt restriksyon ki pa t nesesè. Nan pifò ka, yo te konn chita pale avèk nou, pafwa manman nou te konn gen dlo nan je l, pandan li t ap eseye touche kè nou. E sa te gen bon rezilta. Grasa sa paran nou te di nou e grasa aksyon yo, nou te aprann lakrentif pou Jewova se yon bèl bagay, e se yon jwa ak yon plezi pou nou Temwen l, se pa yon fado sa ye. ” — 1 Jan 5:3.

18. Ki sa n ap jwenn si nou gen lakrentif pou vrè Dye a ?

18 Pami “ dènye pawòl David yo ”, men sa nou li : “ Lè moun k ap dirije sou lèzòm nan jis, lè l ap dirije nan lakrentif pou Bondye, lè sa a, se menm jan ak limyè maten, lè solèy la leve. ” ​(2 Samyèl 23:1, 3, 4). Sanble Salomon, pitit gason David la ki te vin wa nan plas li, te konprann sajès ki gen nan pawòl sa yo, paske li te mande Jewova pou l ba li “ yon kè ki obeyisan ” avèk kapasite “ pou [l] distenge byen ak mal ”. (1 Wa 3:9.) Salomon te rekonèt lakrentif pou Jewova pote sajès ak lajwa. Annapre, li rezime liv Eklezyas la ak pawòl sa yo : “ Konklizyon kesyon an, apre tout sa nou fin tande yo, men li : Krenn vrè Dye a epi kenbe kòmandman l yo. Paske se sa ki tout obligasyon lòm. Paske vrè Dye a gen pou li fè tout kalite zèv vin an jijman, konsènan tout sa ki kache, pou l konnen si li bon oswa si l pa bon. ” ​(Eklezyas 12:13, 14). Si nou koute konsèy sa a, n ap rann nou kont vrèmanvre “ rezilta imilite ak lakrentif pou Jewova ” se pa sajès ak lajwa sèlman, men tou “ se richès, glwa ak lavi ”. — Pwovèb 22:4.

19. Ki sa k ap pèmèt nou konprann “ lakrentif pou Jewova ” ?

19 Grasa egzanp biblik yo ak eksperyans nan epòk pa nou an, nou wè bonjan lakrentif pou Bondye jwe yon gwo wòl nan lavi vrè sèvitè Jewova yo. Nonsèlman yon lakrentif konsa ka anpeche nou fè sa k ka deplè Papa nou ki nan syèl la, men tou li ka ban nou kouraj pou nou fè fas ak advèsè nou yo, ak fòs pou nou andire eprèv ak difikilte ki ka vin sou chemen nou. Konsa, annou tout, jèn kou granmoun, fè tout efò nou avèk dilijans pou nou etidye Pawòl Bondye a, pou nou medite sou sa nou aprann, e pou nou pwoche bò kote Jewova lè nou priye l regilyèman e ak tout kè nou. Lè nou fè sa, nonsèlman n ap rive jwenn “ konesans Bondye bay la ”, men tou n ap rive konprann “ lakrentif pou Jewova ”. — Pwovèb 2:1-5.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Yo chanje non moun yo.

^ § 5 Petèt eksperyans sa a se youn nan eksperyans David te fè ki te pouse l konpoze Sòm 57 ak Sòm 142.

Èske w ka esplike ?

• Ki jan lakrentif pou Bondye ka ede yon moun reprann li apre l fin fè yon peche grav ?

• bay kè kontan anba eprèv ak pèsekisyon ?

• ban nou fòs pou nou fè volonte Bondye ?

• yon eritaj ki gen anpil valè pou pitit nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Lakrentif pou Jewova te anpeche David frape wa Sayil.

[Foto nan paj 31]

Lakrentif pou Bondye se yon eritaj ki gen anpil valè paran yo ka bay pitit yo.