Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Montre nou saj : krenn Bondye !

Montre nou saj : krenn Bondye !

Montre nou saj : krenn Bondye !

“ Lakrentif pou Jewova se kòmansman sajès. ” — PWOVÈB 9:10.

1. Poukisa anpil moun twouve li difisil pou yo konprann kesyon krenn Bondye a ?

TE GEN yon epòk, si yo te pale de yon moun antanke moun ki gen krent pou Bondye, se te yon konpliman. Jodi a, anpil moun twouve kesyon krenn Bondye a yon jan pase mòd, e anmenmtan yo twouve se yon bagay ki difisil pou yo konprann. Yo ka ap di : ‘ Si Bondye se lanmou, poukisa m oblije krenn li ? ’ Pou yo menm, krent se yon santiman negatif ki bloke yon moun. Poutan, bonjan krent pou Bondye gen yon sans ki pi laj, e jan nou pral wè sa, se pa tou senpleman yon santiman.

2, 3. Ki sa ki gen nan bonjan krent pou Bondye a ?

2 Selon Labib, lakrentif pou Bondye se yon bagay ki pozitif (Izayi 11:3). Se yon pwofon respè pou Bondye, yon dezi sensè pou nou pa deplè l (Sòm 115:11). Sa gen ladan l pou nou aksepte prensip moral Bondye yo, pou nou atache ak yo e pou nou gen dezi pou nou konfòme vi nou selon prensip Bondye etabli anrapò ak sa ki byen ak sa ki mal. Gen yon ouvraj referans ki fè konnen bonjan krent konsa eksprime “ yon atitid fondamantal yon moun genyen anvè Bondye, ki fè l gen yon konduit ki saj e ki fè l evite tout kalite bagay ki mal ”. Se ak rezon Pawòl Bondye a fè nou konnen “ lakrentif pou Jewova se kòmansman sajès ”. — Pwovèb 9:10.

3 Vrèmanvre, lakrentif pou Bondye lye ak yon pakèt aktivite lèzòm genyen. Li gen rapò nonsèlman ak sajès men tou ak lajwa, lapè, pwosperite, yon vi ki long, espwa ak konfyans (Sòm 2:11 ; Pwovèb 1:7 ; 10:27 ; 14:26 ; 22:4 ; 23:17, 18 ; Travay 9:31). Li gen yon rapò etwat ak lafwa e ak lanmou. Anfèt, li anglobe tout relasyon nou genyen ak Bondye e ak moun parèy nou (Detewonòm 10:12 ; Jòb 6:14 ; Ebre 11:7). Anplis, lakrentif pou Bondye ap fè nou gen yon konviksyon pwofon Papa nou ki nan syèl la gen sousi pou nou pèsonèlman e li pare pou l padone fot nou yo (Sòm 130:4). Se sèl mechan ki pa repanti ki gen rezon pou yo santi yo pè Bondye *. — Ebre 10:26-31.

Annou aprann krenn Jewova

4. Ki sa k ka ede nou “ aprann krenn Jewova ” ?

4 Etandone lakrentif pou Bondye enpòtan anpil pou nou pran desizyon ki saj e pou nou jwenn benediksyon Bondye, ki jan nou ka “ aprann krenn Jewova ” kòrèkteman (Detewonòm 17:19) ? Gen anpil egzanp gason ak fi ki te gen lakrentif pou Bondye Ekriti yo mansyone “ pou enstriksyon nou ”. (Women 15:4.) Pou nou ka konprann sa krenn Bondye siyifi vrèman, annou reflechi sou lavi youn nan moun sa yo : David, yon wa nan Izrayèl tan lontan an.

5. Ki jan moman David te pase ap pran swen twoupo yo te aprann li sa lakrentif pou Jewova ye ?

5 Jewova te rejte Sayil, premye wa Izrayèl la, paske li te krenn pèp la e paske li te manke lakrentif pou Bondye (1 Samyèl 15:24-26). Tandiske, lavi David ak relasyon sere sere li te genyen ak Jewova te idantifye l kòm yon moun ki te gen bonjan krent pou Bondye. Depi lè David te timoun, souvan li te konn rete deyò ap pran swen mouton papa l (1 Samyèl 16:11). Nuit David te konn pase ap pran swen twoupo yo anba zetwal yo dwe te pèmèt li konprann sa lakrentif pou Jewova ye. Malgre se sèlman yon ti pati nan linivè a ki gran anpil David te ka wè, li te rive tire konklizyon ki kòrèk la : Bondye merite respè ak adorasyon nan men nou. Men sa l te ekri apre sa : “ Lè m wè syèl ou a, travay ou fè ak dwèt ou, lalin ak etwal ou prepare yo, ki salòm mòtèl ye pou w panse ak li ? E ki sa pitit lòm ki fèt ak tè ye pou w pran ka l ? ” — Sòm 8:3, 4.

6. Ki jan David te santi l lefètke li te konprann grandè Jewova ?

6 Se avèk rezon David te enpresyone lè l te konpare ti li menm ak kokennchenn syèl ki plen ak zetwal la. Olye pou konesans sa a te fè l pè, li te pouse l louwe Jewova e pou l di : “ Syèl la ap pwoklame glwa Bondye, e lespas ap anonse travay li fè ak men l. ” ​(Sòm 19:1). Respè sa a David te gen pou Bondye te fè l vin pi pwòch Jewova, li te fè l anvi aprann konnen chemen l yo ki pafè e li te fè l anvi suiv yo. Imajine ki jan David te santi l lè li te di pawòl sa yo nan yon chante pou Jewova : “ Ou gran e ou fè bagay ki estrawòdinè, se ou sèl ki Bondye. O Jewova, enstwi m konsènan chemen w lan ! M ap mache nan verite w la. Fè kè m fè yon sèl pou l krenn non w. ” — Sòm 86:10, 11.

7. Ki jan lakrentif pou Jewova te ede David pou l konbat Golyat ?

7 Lè Filisten yo te anvayi tèritwa Izrayèl, Golyat, chanpyon yo a, ki te mezire anviwon twa mèt wotè, t ap pwovoke Izrayelit yo. An rezime, men sa l t ap di yo : ‘ Chwazi yon moun pou batay avè m. Si l genyen, n ap sèvi nou. ’ ​(1 Samyèl 17:4-10). Sayil ak tout lame l la te pè anpil, men David pa t pè. Li te konnen se Jewova pou yon moun krenn, e non pa okenn moun, kèlkeswa fòs li ta genyen. David di Golyat : “ M ap avanse sou ou avèk non Jewova Chèf lame yo e tout asanble sa a ap konnen se pa ni ak epe ni ak lans Jewova sove moun, paske batay la se pou Jewova. ” David vide jeyan an atè avèk yon flonn, ak yon sèl wòch, e avèk èd Jewova. — 1 Samyèl 17:45-47.

8. Ki sa nou aprann nan egzanp moun ki te krenn Bondye yo mansyone nan Bib la ?

8 Nou ka ap fè fas ak obstak oswa ak ènmi ki fè nou pè, menm jan ak sa David te fè fas yo. Nan ka sa a, ki sa nou ka fè ? Avèk lakrentif pou Bondye, nou ka fè fas avèk yo, menm jan David ak lòt moun fidèl nan tan lontan yo te fè sa. Lakrentif pou Bondye ka venk krent pou lòm. Neyemya, yon sèvitè Bondye fidèl, te ankouraje Izrayelit menm jan avè l yo ki t ap fè fas ak presyon opozan t ap fè sou yo. Men sa l te di yo : “ Pa kite yo kraponnen nou. Fikse lespri nou sou Jewova, Li menm ki gran e ki bay lakrentif. ” ​(Neyemya 4:14). Avèk èd Jewova, David, Neyemya ak lòt sèvitè Bondye ki fidèl, te rive akonpli misyon Bondye te ba yo. Sa ka posib pou nou tou, si nou gen lakrentif pou Bondye.

Annou fè fas ak pwoblèm yo avèk krent pou Bondye

9. Nan ki sikonstans David te montre li te krenn Bondye ?

9 Apre David te fin touye Golyat, Jewova te ba l plis viktwa toujou. Men, jalouzi te pouse Sayil pou l eseye touye David. Yon premye fwa, li te eseye fè sa san reflechi, apre sa li te eseye avèk riz e finalman, li te eseye ansanm ak tout yon lame. Byenke Jewova te bay David asirans se li ki t ap vin wa, David te oblije fè plizyè ane ap viv nan mawon, li te oblije batay e li te oblije tann moman Jewova fikse pou l fè l wa a. Malgre tout peripesi sa yo, David te montre li krenn vrè Dye a. — 1 Samyèl 18:9, 11, 17 ; 24:2.

10. Lè David te anfas danje, ki jan li te montre li gen lakrentif pou Bondye ?

10 Yon lè, David t al kache lakay Akich ki te wa nan yon vil an Filisti ki rele Gat, kote Golyat te moun (1 Samyèl 21:10-15). Sèvitè wa yo vin denonse David kòm ènmi nasyon an. Ki jan David te reyaji nan sitiyasyon danjere sa a ? Li te vide kè l bay Jewova nan lapriyè (Sòm 56:1-4, 11-13). Byenke David te oblije pran pòz moun fou l pou l te ka chape, li te konnen an reyalite se Jewova ki te delivre l lefètke Li te beni efò l yo. Kòm David te konte sou Jewova ak tout kè l e kòm li te gen konfyans nan li, sa montre David te krenn Bondye toutbonvre. — Sòm 34:4-6, 9-11.

11. Lè nou anba eprèv, ki jan nou ka montre nou gen lakrentif pou Bondye menm jan ak David ?

11 Menm jan ak David, nou ka montre nou gen lakrentif pou Bondye lè nou mete konfyans nou nan pwomès li fè pou l ede nou fè fas ak pwoblèm nou yo. Men sa David te di : “ Woule tout aktivite w sou Jewova, konte sou li, e li menm l ap aji. ” ​(Sòm 37:5). Sa pa vle di pou nou senpleman lage pwoblèm nou yo nan men Jewova epi n ap tann li rezoud yo, san nou pa fè tout posib nou pou nou jwenn yon solisyon. David pa t priye Bondye pou l ede l, epi apre sa li pa fè anyen. Li te itilize kapasite entèlektyèl ak kapasite fizik Jewova te ba li yo pou l fè fas ak pwoblèm li te genyen an. Toutfwa, David te konnen, antanke imen, li pa ka konte sou pwòp efò pa l sèlman pou l reyisi. Nou menm tou, nou ta dwe panse menm jan an. Lè nou fin fè tout sa nou kapab, nou dwe kite rès la nan men Jewova. Anfèt, byen souvan, nou konn pa gen okenn lòt bagay nou ka fè, apa mete konfyans nou nan Jewova. Se lè sa a nou demontre nou krenn Jewova pèsonèlman. Nou ka jwenn rekonfò nan pawòl sensè sa yo David te di : “ Entimite avèk Jewova se pou moun ki gen lakrentif pou li. ” — Sòm 25:14.

12. Poukisa nou bezwen pran priyè nou yo oserye, e ki atitid nou pa ta dwe janm genyen ?

12 Se poutèt sa, nou bezwen pran priyè nou ak relasyon nou avèk Jewova oserye. Lè n ap pwoche bò kote Jewova, nou dwe “ kwè li la, e li tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”. (Ebre 11:6 ; Jak 1:5-8.) E lè li ede nou, nou dwe “ montre nou rekonesan ”, jan apot Pòl te konseye nou (Kolosyen 3:15, 17). Nou pa dwe janm sanble ak moun yon kretyen wen eksperimante te dekri ak pawòl sa yo : “ Yo konsidere Bondye kòm yon sèvè ki nan syèl la, lè yo bezwen yon bagay, yo ta vle pou yo annik klake dwèt yo pou l vini lamenm. E kou yo fin jwenn sa yo vle a, yo ta renmen l ale. ” Yon atitid konsa montre yon mank lakrentif pou Bondye.

Lè krent pou Bondye diminye

13. Nan ki okazyon David te manke respè pou Lwa Bondye a ?

13 Lefètke David te jwenn èd nan men Jewova nan moman detrès, sa te fè l vin gen plis krent pou Bondye e sa te fòtifye konfyans li nan Li (Sòm 31:22-24). Poutan, gen twa okazyon kote krent David te gen pou Bondye te diminye yon fason remakab, e sa te lakòz konsekans grav. Premye fwa sa te rive, se lè li te pran dispozisyon pou yo transpòte lach alyans Jewova a al Jerizalèm sou yon charyo olye pou Levit yo te pote l sou zepòl yo, jan Lwa Bondye a te mande sa. Lè Ouza, ki t ap kondui charyo a, te kenbe Lach la pou l pa t tonbe, li te tou mouri lamenm poutèt “ zak derespektan ” li te fè a. Se vre Ouza te komèt yon peche grav, men kanmenm, se paske David pa t respekte Lwa Bondye a kòrèkteman ki fè te vin gen konsekans trajik sa a. Krenn Bondye vle di fè bagay yo jan li vle yo fèt la. — 2 Samyèl 6:2-9 ; Nonb 4:15 ; 7:9.

14. Ki sa ki te pase poutèt David te konte Izrayèl ?

14 Kèk tan apre, Satan te pouse David konte kantite gason ann Izrayèl ki gen kapasite pou konbat (1 Kwonik 21:1). Konsa, David te demontre krent li gen pou Jewova te diminye, e sa te lakòz 70 000 Izrayelit mouri. Malgre David te repanti devan Jewova, li menm ak moun ki te nan antouraj li te soufri anpil. — 2 Samyèl 24:1-16.

15. Ki sa k te lakòz David tonbe nan yon peche seksyèl ?

15 Krent David te gen pou Bondye te diminye yon lòt lè ankò, e sa te lakòz li gen yon relasyon imoral avèk Batcheba, madanm Ouriya. David te konnen adiltè oswa menm anvi konjwen yon lòt moun se yon bagay ki mal (Egzòd 20:14, 17). Pwoblèm nan te kòmanse lè je David te tonbe sou Batcheba ki t ap benyen. Yon bonjan krent pou Bondye t ap pouse David vire tèt li menm moman an epi pou l panse ak lòt bagay. Olye David te fè sa, li klè li te “ kontinye gade ” l jiskaske pasyon te pi fò pase krent li gen pou Bondye (Matye 5:28 ; 2 Samyèl 11:1-4). David te bliye Jewova te enplike nan tout aspè nan lavi l. — Sòm 139:1-7.

16. Ki konsekans David te sibi poutèt move aksyon li te komèt la ?

16 Kòm rezilta relasyon imoral David te gen avèk Batcheba a, te vin gen yon pitit gason ki fèt. Yon tikras tan apre, Jewova te voye pwofèt li Natàn al devwale peche David la. Lè David te retounen nan bonsans li, li te rekòmanse gen lakrentif pou Jewova e li te repanti. Li te sipliye Jewova pou l pa voye l jete e pou l pa retire lespri sen l sou li (Sòm 51:7, 11). Jewova te padone David e li te diminye pininyon an, men li pa t epaye l anba move konsekans aksyon l yo. Pitit li a te mouri, e lapenn ak trajedi te tonbe sou fanmi li depi jou sa a. Ala yon pri li te oblije peye poutèt krent li te gen pou Bondye te diminye ! — 2 Samyèl 12:10-14 ; 13:10-14 ; 15:14.

17. Bay yon egzanp pou montre lapenn peche lakòz.

17 Menm jan an tou jodi a, lè yon moun pa krenn Bondye nan domèn moral, sa ka gen konsekans grav, e konsekans sa yo ka dire lontan. Imajine lapenn yon jèn dam te genyen lè li te aprann mari li ki kretyen te twonpe l pandan li t ap travay aletranje. Li te vin kòm pliye an de anba chòk ak lapenn sa te ba li, li te bouche figi l ak de men l e li te pete kriye. Konbyen tan sa pral pran anvan mari sa a retounen jwenn konfyans ak respè madanm li ? Yon moun ka evite konsekans trajik konsa si li krenn Bondye toutbonvre. — 1 Korentyen 6:18.

Krent nou gen pou Bondye anpeche nou tonbe nan peche

18. Ki objektif Satan, e ak ki metòd li sèvi ?

18 Satan ap kraze prensip moral monn nan avèk anpil rapidite, e se vrè kretyen yo li plis vle kòwonp. Pou l fè sa, li sèvi ak mwayen ki pi dirèk la pou l rive atenn kè nou ak lespri nou. Li sèvi ak sans nou, an patikilye je nou ak zòrèy nou (Efezyen 4:17-19). Ki jan w ap reyaji si sanzatann ou vin twouve w devan imaj oswa moun ki imoral, oubyen ou vin twouve w yon kote y ap pale pawòl ki imoral ?

19. Ki jan lakrentif pou Bondye te ede yon kretyen pou l pa t sede devan tantasyon ?

19 Ann pran egzanp André *, yon ansyen ki gen pitit e ki doktè ann Ewòp. Lè André te konn de sèvis lannuit nan lopital kote li t ap travay la, medam ki t ap travay menm kote avè l yo te konn plede kole ti nòt ki gen desen kè ladan yo sou zorye l, yo te konn fè l avans pou l gen relasyon seksyèl avèk yo. André te refize avans yo avèk fèmte. Anplis, pou l te ka retire kò l nan move anviwònman sa a, li te chèche jwenn yon lòt travay. Li te montre li saj anpil lefètke li te gen lakrentif pou Bondye e sa te pote benediksyon pou li, paske jodi a, André ap travay yon pati nan tan l nan biwo filyal Temwen Jewova yo nan peyi l.

20, 21. a) Ki jan lakrentif pou Bondye ka ede nou evite peche ? b) Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a ?

20 Si yon moun fikse panse l sou move bagay, sa ka fè l vin gen yon etadespri k ap pouse l meprize bon relasyon li gen ak Jewova, pou l ka jwenn yon bagay li pa gen dwa jwenn (Jak 1:14, 15). Yon lòt bò, si nou krenn Jewova, n ap rete lwen nenpòt moun oswa nenpòt andwa oubyen nenpòt aktivite oswa detant ki ka fè nou bese vijilans nou nan domèn moral, e n ap menm vire do ba yo (Pwovèb 22:3). Kèlkeswa difikilte nou ta jwenn, kèlkeswa sakrifis nou ta oblije fè, sa pa reprezante anyen devan pèdi favè Bondye (Matye 5:29, 30). Vrèman, krenn Bondye vle di pou nou pa janm chèche mete tèt nou devan anyen ki imoral, tankou pònografi sou kèlkeswa fòm nan, men depreferans pou nou fè je nou “ pase san l pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen ”. Si nou fè sa, nou ka gen konfyans Jewova ap ‘ fè nou rete vivan ’, e l ap ban nou tout sa nou bezwen toutbonvre. — Sòm 84:11 ; 119:37.

21 Vrèmanvre, li toujou saj pou yon moun demontre yon bonjan krent pou Bondye. Anmenmtan se sous vrè bonè a (Sòm 34:9). Atik ki vin apre a pral demontre sa.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Gade atik “ D’après la Bible... Craindre un Dieu d’amour : en quel sens ? ” ki nan Réveillez-vous ! 8 janvye 1998 la. Se Temwen Jewova ki pibliye peryodik sa a.

^ § 19 Yo chanje non moun nan.

Èske w ka esplike ?

• Ki kalite kretyen yo dwe kiltive ki mache ak krent pou Bondye ?

• Ki jan krent pou Bondye ka ede nou venk krent pou lòm ?

• Ki jan nou ka montre nou gen yon pwennvi kòrèk sou lapriyè ?

• Ki jan krent nou gen pou Bondye ka anpeche nou fè peche ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

David te aprann krenn Bondye pandan li t ap obsève travay Jewova è ak men l.

[Foto nan paj 26]

Ki jan w ap reyaji si sanzatann ou vin twouve w devan yon tantasyon ?