Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Adorasyon ki bon pou ou a

Adorasyon ki bon pou ou a

Adorasyon ki bon pou ou a

“ PWOCHE kote Bondye bon pou mwen. ” Sa se deklarasyon salmis Asaf te fè. Gen yon lè, li te anvi imite moun ki pa sousye de Bondye, yon fason pou l te ka mennen yon vi konfòtab. Men annapre, Asaf te vin reflechi sou avantaj ki genyen pou li pwoche kote Bondye e li te rive konprann sa te bon pou li (Sòm 73:2, 3, 12, 28). Èske jodi a vrè adorasyon an bon pou ou ? Ki jan w ka tire pwofi ladan l ?

Adorasyon vrè Dye a ka ede w jwenn yon bagay ki plis pase mennen yon vi egoyis. Akoz fason “ Bondye lanmou an ” fè nou, moun k ap chèche enterè pa yo sèlman pap janm ka jwenn kè kontan (2 Korentyen 13:11). Jezi te anseye yon verite fondamantal sou fason lòm ye. Men sa li te di : “ Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa. ” ​(Travay 20:35). Se poutèt sa, nou renmen rann zanmi nou ak fanmi nou sèvis. Men, se lè nou travay pou Bondye nou gen plis kè kontan. Li merite pou nou renmen l plis pase nenpòt lòt moun. Plizyè milyon moun tout kalite twouve li trè pwofitab pou yo adore Bondye e pou yo fè sa li mande. — 1 Jan 5:3.

W ap gen yon objektif nan lavi w

Vrè adorasyon an bon pou ou tou paske li fè w vin gen yon objektif nan lavi a. Èske w remake byen souvan ou gen kè kontan lefètke ou santi w reyalize yon bagay ki itil ? Majorite moun gen yon bi nan lavi a, kit se anrapò ak fanmi, zanmi, biznis oswa plezi. Akoz enstabilite ki gen nan lavi a, souvan bagay sa yo pa rive fè yo viv ak kè kontan (Eklezyas 9:11). Sepandan, vrè adorasyon an ede w gen yon objektif ki pi gran, yon objektif k ap kontinye ba w satisfaksyon menm lè gen lòt aspè nan lavi a ki bay desepsyon.

Vrè adorasyon an gen ladan l konnen Jewova e sèvi l fidèlman. Moun k ap pratike l pwoche toupre Bondye (Eklezyas 12:13 ; Jan 4:23 ; Jak 4:8). Ou ka twouve li difisil pou w imajine ou konnen Bondye tèlman byen, sa fè l vin zanmi w. Men, lè w egzamine sa ki rapòte sou fason li konn boule ak moun e lè w konsidere sa li kreye, ou ka rive disène toutbon kèk aspè nan pèsonalite li (Women 1:20). Anplis de sa, lè w li Pawòl Bondye a, ou ka konprann poukisa nou egziste, poukisa Bondye pèmèt soufrans, ki jan li pral mete fen nan soufrans e, petèt sa ki pi enteresan an, ki jan ou ka jwe yon wòl enpòtan nan sa Bondye ap fè (Izayi 43:10 ; 1 Korentyen 3:9). Yon konpreyansyon konsa ka ba w yon bonjan rezon pou w viv !

W ap vin yon pi bon moun

Vrè adorasyon an bon pou ou paske li ede w vin yon pi bon moun. Etan w ap pratike vrè adorasyon an, ou vin gen yon pèsonalite ki pèmèt ou gen pi bon relasyon ak lòt moun. Ou aprann nan men Bondye e nan men Pitit li a fason pou w aji avèk onètete, pou w pale avèk jantiyès e pou w montre w se yon moun ki responsab (Efezyen 4:20–5:5). Lè w tèlman byen konnen Bondye nan pwen ou vin renmen l, ou santi w pouse pou w imite l. Labib di : “ Se pou nou vin imitatè Bondye, antanke pitit byenneme, e se pou nou kontinye mache nan lanmou. ” — Efezyen 5:1, 2.

Èske se pa t ap yon plezi pou nou antoure ak moun k ap imite lanmou Bondye ? Erezman, adorasyon vrè Dye a se pa yon aktivite moun fè poukont yo. Sa fè w pran kontak ak lòt moun ki renmen sa ki jis ak sa ki byen. Natirèlman, ou ka pa fin twò renmen ide pou w fè pati yon gwoupman relijye. Sepandan, tankou nou te wè nan atik ki vin anvan an, pwoblèm ki genyen avèk pifò relijyon se pa lefètke yo se gwoup òganize, men, sèke yo pa òganize bon fason an e yo pa gen bon objektif. Anpil gwoupman relijye ap travay nan objektif ki kontrè ak krisyanis la. Pèp Bondye a se Jewova menm ki òganize l pou yon objektif onorab. Labib di : “ Bondye pa yon Bondye dezòd, men se yon Bondye lapè. ” ​(1 Korentyen 14:33). Menm jan ak plizyè milyon lòt moun, ou ka vin wè lè w asosye ak yon gwoup kretyen ki byen òganize, sa gen yon efè pozitif sou fason ou wè bagay yo.

Yon espwa pou lavni

Ekriti Sakre yo montre Bondye ap òganize vrè adoratè yo pou yo sove nan fen sistèm de choz ki la kounye a e pou yo eritye yon tè tounèf kote “ jistis ap abite ”. (2 Pyè 3:13 ; Revelasyon 7:9-17.) Kidonk, adorasyon ki bon pou ou a bay esperans ki endispansab pou yon moun viv ak kè kontan. Gen moun ki baze espwa yo pou lavni sou estabilite gouvènman yo, sou pèspektiv ekonomik ki genyen oswa sou espwa y ap gen yon bon sante e y ap gen yon retrèt k ap ba yo satisfaksyon. Men, se kèk nan bagay sa yo, pou nou pa di pa gen youn ditou, ki founi yon baz solid pou yon moun espere gen yon avni ere. Yon lòt bò, apot Pòl te ekri : “ Nou mete esperans nou nan yon Bondye vivan. ” — 1 Timote 4:10.

Si w byen chèche, ou ka jwenn vrè adoratè yo. Nan monn divize jodi a, lanmou ak linite distenge Temwen Jewova yo aklè. Yo soti nan prèske tout nasyon e nan prèske tout kouch sosyal. Sepandan, yo ini grasa lanmou yo genyen youn pou lòt e grasa lanmou yo genyen pou Jewova (Jan 13:35). Yo envite w vin dekouvri ou menm sa yo jwenn nan vrè adorasyon an. Asaf te ekri : “ Pwoche kote Bondye bon pou mwen. ” — Sòm 73:28.

[Foto nan paj 7]

Ou kapab vin zanmi Bondye.