Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Fè Bondye konnen demann nou yo ”

“ Fè Bondye konnen demann nou yo ”

“ Fè Bondye konnen demann nou yo ”

“ Nan tout bagay, fè Bondye konnen demann nou yo pa mwayen lapriyè e pa mwayen siplikasyon ansanm avèk aksyondegras. ” — FILIPYEN 4:6.

1. Ak kiyès nou gen privilèj pale, e sa k fè sa estrawòdinè anpil ?

SI W ta mande pou w pale ak dirijan peyi w la, ki repons ou t ap jwenn ? Li posib pou se biwo li ki ta voye yon repons janti ba ou, men li trè pwobab yo pa t ap kite w pale ak dirijan an an pèsòn. Sepandan, nan ka pi gran Dirijan an, Jewova Dye, Souvren linivè a, sitiyasyon an diferan. Kèlkeswa kote nou ye e kèlkeswa lè nou deside, nou ka pale avè l. Priyè li aksepte yo ap toujou rive jwenn li (Pwovèb 15:29). Èske sa pa estrawòdinè ? Èske rekonesans nou gen pou sa pa ta dwe pouse nou priye Bondye regilyèman, li menm yo gen rezon rele Sila “ ki konn tande priyè ” a ? — Sòm 65:2.

2. Ki sa ki nesesè pou Bondye aksepte yon priyè ?

2 Sepandan, yon moun ka ap mande : ‘ Ki priyè Bondye aksepte ? ’ Bib la esplike gen yon bagay ki nesesè pou Bondye aksepte yon priyè. Men sa l di : “ San lafwa li enposib pou nou fè li plezi kòmsadwa, paske moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li la, e li tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. ” ​(Ebre 11:6). Wi, tankou jan atik ki vin anvan an esplike sa, yon bagay ki nesesè pou yon moun pwoche kot Bondye se lafwa. Bondye dispoze aksepte priyè moun ki pwoche kote l, men yo dwe fè sa ak lafwa, yo dwe aji byen e yo dwe fè sa avèk senserite ak yon kè byen dispoze.

3. a) Tankou nou wè sa nan priyè sèvitè fidèl tan lontan yo, ki sa nou ka di nan priyè nou yo ? b) Ki kalite priyè nou ka fè ?

3 Men ki egzòtasyon apot Pòl te bay kretyen nan epòk li yo : “ Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay, fè Bondye konnen demann nou yo pa mwayen lapriyè e pa mwayen siplikasyon ansanm avèk aksyondegras. ” ​(Filipyen 4:6, 7). Bib la gen anpil egzanp moun ki te konn di Bondye sousi yo genyen. Pami moun sa yo gen Ana, Eliya, Izkiya ak Dànyèl (1 Samyèl 2:1-10 ; 1 Wa 18:36, 37 ; 2 Wa 19:15-19 ; Dànyèl 9:3-21). Nou dwe suiv egzanp yo. Note sa tou, pawòl Pòl yo montre nou ka fè plizyè kalite priyè. Li pale de aksyondegras, sètadi yon priyè kote nou eksprime rekonesans nou pou sa Bondye fè pou nou. Kapab gen louwanj nan priyè sa a tou. Siplikasyon se demann nou fè avèk imilite ak senserite. E nou kapab fè konnen demann nou yo, sa vle di nou mande yon bagay byen presi (Lik 11:2, 3). Papa nou ki nan syèl la byen kontan aksepte nou pwoche kote l nan nenpòt fòm priyè sa yo.

4. Byenke Jewova konnen sa nou bezwen, poukisa nou mande l yo kanmenm ?

4 Kèk moun ka ap mande : ‘ Èske Jewova pa deja konnen tout sa nou bezwen ? ’ Wi, li konnen (Matye 6:8, 32). Ebyen, poukisa li vle kanmenm nou pwoche kote l pou nou mande l sa nou bezwen ? Ann pran yon egzanp : Mèt yon magazen kapab deside ofri kèk nan kliyan l yo yon kado. Men, pou kliyan yo resevwa kado sa a, fòk yo al kot mèt magazen an pou yo reklame kado a. Kliyan ki pa ta vle fè efò pou yo fè sa t ap montre yo pa vrèman enterese nan òf sa a. Se menm jan an, si nou pa priye pou nou fè Jewova konnen demann nou yo, sa t ap montre nou pa enterese nan sa l ap bay yo. Jezi te di : “ Mande e n ap resevwa. ” ​(Jan 16:24). Lè nou fè sa, nou demontre nou mete konfyans nou nan Bondye.

Ki jan nou dwe pwoche kot Bondye ?

5. Poukisa nou dwe priye nan non Jezi ?

5 Jewova pa fikse yon bann règ strik sou fason pou nou priye. Toutfwa, nou bezwen aprann ki jan pou nou pwoche kot Bondye fason ki kòrèk la, e Labib esplike jan pou nou fè sa. Pa egzanp, men sa Jezi te anseye disip li yo : “ Si nou mande Papa a yon bagay, l ap ban nou li nan non mwen. ” ​(Jan 16:23). Se poutèt sa, nou dwe priye nan non Jezi, nou dwe rekonèt Jezi se sèl mwayen ki pèmèt benediksyon Bondye rive jwenn limanite.

6. Lè n ap priye, ki pozisyon nou dwe pran ?

6 Ki pozisyon nou dwe pran lè n ap priye ? Bib la pa di gen yon pozisyon byen presi pou nou pran pou Bondye ka tande priyè nou (1 Wa 8:22 ; Neyemya 8:6 ; Mak 11:25 ; Lik 22:41). Sa ki enpòtan, se pou nou priye Bondye avèk senserite ak yon kè byen dispoze. — Yowèl 2:12, 13.

7. a) Ki sa “ amèn ” vle di ? b) Ki jan yo itilize l nan lapriyè yon fason ki apwopriye ?

7 Ki sa nou ka di konsènan itilizasyon mo “ amèn ” nan ? Ekriti yo montre jeneralman se yon bon fason pou nou fini priyè nou, sitou lè n ap priye devan yon piblik (Sòm 72:19 ; 89:52). Mo ebre ’amén nan vle di toudabò “ sètènman ”. Selon sa yon ansiklopedi esplike, di “ amèn ” nan fen yon priyè siyifi “ ou dakò ak pawòl ki sot di yo, e ou mande pou yo reyalize ”. (McClintock and Strong’s Cyclopedia.) Konsa, lè moun k ap priye a di “ amèn ” ak tout kè l nan fen priyè a, li endike senserite li konsènan sa li fèk sot di yo. Lè yon kretyen k ap priye devan kongregasyon an di “ amèn ” nan fen priyè l ap fè a, moun k ap koute yo tou kapab di “ amèn ” swa nan kè yo oubyen yon fason moun ka tande, pou montre yo dakò sensèman ak sa ki sot di yo. — 1 Korentyen 14:16.

8. Ki jan, nan kèk priyè nou fè, nou kapab sanble ak Jakòb oswa ak Abraram, e ki sa sa ap demontre lakay nou ?

8 Pafwa, Bondye kapab pèmèt nou demontre pwofondè senserite nou konsènan bagay nou priye pou yo. Petèt nou bezwen vin tankou Jakòb, ki te fè tout yon nuit ap lite ak yon zanj pou l te ka jwenn yon benediksyon (Jenèz 32:24-26). Oubyen gen sikonstans ki ka mande pou nou vin tankou Abraram, ki te fè Jewova plizyè demann an favè Lòt e an favè nenpòt lòt moun jis ki ta ka gen nan Sodòm (Jenèz 18:22-33). Menm jan an tou, nou kapab sipliye Jewova konsènan bagay ki gen valè nan je nou, nou kapab rele l sou baz jistis li, bonte ki plen lanmou li genyen ansanm ak mizèrikòd li.

Ki sa nou kapab mande ?

9. Lè n ap priye, ki sa ki ta dwe prensipal sousi nou ?

9 Sonje sa Pòl te di : “ Nan tout bagay, fè Bondye konnen demann nou yo. ” ​(Filipyen 4:6). Kidonk, nan priyè pèsonèl nou yo, nou kapab abòde prèske tout domèn nan lavi a. Sepandan, se enterè Jewova ki ta dwe premye sousi nou nan priyè nou yo. Nan sans sa a, Dànyèl kite yon bèl egzanp. Lè Izrayèl te resevwa pinisyon akoz peche yo te fè, Dànyèl te sipliye Jewova pou l demontre mizèrikòd. Men sa l te di : “ Pa fè reta, poutèt ou menm, o Bondye m nan, paske non w te envoke sou vil ou a ak sou pèp ou a. ” ​(Dànyèl 9:15-19). Èske priyè nou yo demontre menm jan an tou se sangtifikasyon non Jewova ak akonplisman volonte l ki prensipal sousi nou ?

10. Ki jan nou fè konnen li apwopriye pou yon moun priye konsènan bezwen pèsonèl li ?

10 Toutfwa, li apwopriye tou pou nou priye konsènan bezwen pèsonèl nou. Pa egzanp, menm jan yon salmis te fè, nou kapab priye pou nou vin gen yon konpreyansyon espirityèl ki pi pwofon. Men sa salmis la te di nan yon priyè : “ Fè m konprann, pou m ka obsève lwa w la e pou m ka pratike l ak tout kè m. ” ​(Sòm 119:33, 34 ; Kolosyen 1:9, 10). Jezi te “ fè siplikasyon ansanm ak demann nan pye Sila a ki te ka sove l anba lanmò ”. (Ebre 5:7.) Konsa, li demontre li apwopriye pou yon moun chèche jwenn fòs lè l devan yon danje oswa yon eprèv. Lè Jezi t ap bay disip li yo priyè modèl la, li te mete bezwen pèsonèl ladan l, tankou padon pou peche ak jwenn manje chak jou.

11. Ki jan lapriyè kapab ede nou pou nou pa sede devan tantasyon ?

11 Nan priyè modèl la, men yon lòt bagay Jezi te di pou nou mande : “ Pa fè nou tonbe nan tantasyon, men delivre nou anba mechan an. ” ​(Matye 6:9-13). Pi devan, Jezi te bay konsèy sa a : “ Kontinye veye epi toujou kontinye priye, pou nou pa antre nan tantasyon. ” ​(Matye 26:41). Lapriyè esansyèl lè nou devan tantasyon. Lè nou nan travay oswa lè nou lekòl, nou ka tante pase sou prensip biblik yo. Moun ki pa Temwen kapab envite nou vin patisipe avèk yo nan aktivite ki pa fin kòrèk. Yo kapab mande nou fè yon bagay ki vyole prensip moral yo. Nan moman sa yo, n ap byen fè si nou suiv konsèy Jezi te bay la, pou nou priye — ni anvan tantasyon an ni, lè nou devan l — pou nou mande Bondye pou l ede nou pou nou pa tonbe.

12. Ki enkyetid ki ka pouse nou priye, e ki reyaksyon nou ka atann de Jewova ?

12 Jodi a, sèvitè Bondye yo ap fè fas ak tout kalite pwoblèm ak enkyetid. Maladi ak strès se de gwo tètchaje anpil ladan yo ap rankontre. Vyolans ki antoure nou rann lavi a stresan. Pwoblèm ekonomik fè li difisil pou yon moun jwenn sa li bezwen pou l viv. Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan pou nou konnen zòrèy Jewova la pou l koute sèvitè l yo k ap priye l konsènan bagay sa yo ! Men sa Sòm 102:17 di konsènan Jewova : “ Wi, li pral vire nan direksyon priyè moun yo pran tout sa yo genyen, e li pap meprize priyè yo. ”

13. a) Ki bagay pèsonèl nou ka mansyone nan priyè nou ? b) Bay yon egzanp.

13 Anfèt, nou ka priye pou nenpòt bagay ki afekte sèvis n ap bay Jewova oswa relasyon nou avèk li (1 Jan 5:14). Si w gen desizyon pou w pran konsènan maryaj oswa travay oubyen konsènan ministè w ou vle elaji, ou mèt santi w alèz pou w pale sa ak Bondye, pou w mande l pou l gide w. Pa egzanp, te gen yon jèn dam nan Filipin ki te vle antre nan sèvis aplentan. Men, li pa t gen yon travay pou l pran swen tèt li. Tande sa l di : “ Yon jou samdi, mwen te priye Jewova espesyalman sou sèvis pyonye. Nan menm jou a, pandan m te nan predikasyon, mwen ofri yon adolesan yon liv. Epi, tifi a annik rete l di : ‘ Lendi maten bonè, ou ta dwe al nan lekòl mwen an. ’ Mwen mande l : ‘ Poukisa ? ’ Li esplike m gen yon pòs vid e yo bezwen yon moun pou pòs sa a byen vit. Vrèmanvre mwen ale, e yo pran m menm kote a. Bagay yo fèt tèlman vit. ” Gen anpil Temwen atravè lemonn ki viv eksperyans menm jan ak sa a. Kidonk, pinga w ezite priye Bondye pou w fè l demann ki sensè !

E si nou komèt yon peche ?

14, 15. a) Poukisa yon moun pa dwe jennen pou l priye, menmsi li ta komèt yon peche ? b) Anplis priye pèsonèlman, ki lòt bagay yon moun ki fin fè yon peche ka fè k ap ede l reprann li ?

14 Si yon moun komèt yon peche, ki jan lapriyè kapab ede l ? Gen kèk moun ki fin peche ki jennen pou yo priye, paske yo wont. Men, sa pa yon bon atitid. Ann pran yon egzanp pou nou montre sa : Avyatè yo konnen si yo pèdi, yo kapab jwenn èd si yo kominike ak sèvis ki kontwole trafik aeryen yo. Men, ki sa k ap rive si yon avyatè pèdi epi li pa vle kontakte sèvis la paske li jennen dèske li pèdi ? Sa kapab mennen nan dezas ! Se menm jan an tou, yon moun ki peche e ki jennen pou l priye Bondye kapab tonbe nan lòt malè ankò. Si nou peche, lawont pa ta dwe anpeche nou pale ak Jewova. Anfèt, Bondye envite yon moun ki fè yon peche grav pou l priye l. Pwofèt Izayi te egzòte moun nan epòk pa l yo ki te fè peche pou yo rele Jewova, “ paske l ap padone lajman ”. (Izayi 55:6, 7.) Natirèlman, moun nan ka bezwen ‘ adousi fas Jewova ’ lè li adousi pwòp kè pa l toudabò, sa vle di li kite move aksyon li t ap fè a e li repanti ak tout kè l. — Sòm 119:58 ; Dànyèl 9:13.

15 Lè yon moun fè yon peche, lapriyè vin enpòtan pou yon lòt rezon ankò. Men sa disip Jak te deklare konsènan yon moun ki bezwen èd nan domèn espirityèl : “ Se pou l rele ansyen nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye sou li, [...] e Jewova ap leve l. ” ​(Jak 5:14, 15). Wi, moun nan dwe konfese peche l pèsonèlman bay Jewova nan lapriyè, men li ka mande ansyen yo pou yo priye pou li tou. Sa ap ede l reprann li espirityèlman.

Repons priyè yo

16, 17. a) Ki jan Jewova reponn priyè ? b) Ki egzanp ki montre lapriyè gen yon lyen sere ak travay predikasyon an ?

16 Ki jan Bondye reponn priyè yo ? Genyen li reponn tousuit e yon fason klè (2 Wa 20:1-6). Gen lòt menm ki ka pran yon ti tan, e li ka pa fin fasil pou moun disène repons yo. Tankou Jezi te montre nan yon egzanp li te bay konsènan yon vèv ki te toujou al kote yon jij, pafwa li nesesè pou nou pwoche kot Bondye plizyè fwa (Lik 18:1-8). Sepandan, nou mèt gen asirans depi nou priye ann amoni ak volonte Bondye, Jewova pap janm di nou : “ Sispann nui m. ” — Lik 11:5-9.

17 Sèvitè Jewova yo abitye wè Jewova reponn priyè. Byen souvan, nou konn konstate sa nan ministè nou. Pa egzanp, gen de sè nan Filipin ki t ap prezante piblikasyon biblik nan yon zòn izole nan peyi a. Gen yon dam yo remèt yon feyè, e lè l resevwa l, dlo kouri nan je l. Li di yo : “ Yè swa, mwen te priye Bondye pou l voye yon moun vin anseye m Labib, e mwen panse sa a se repons priyè m nan. ” Yon tikras tan apre, dam nan te kòmanse asiste reyinyon nan Sal Wayòm. Nan yon lòt zòn nan Sidès Azi, gen yon frè ki te pè preche nan yon konplèks rezidansyèl ki gen gwo pwoteksyon. Men, li priye Jewova, li ranmase kouraj li e li antre nan bilding nan. Li frape nan pòt yon apatman, e yon jèn dam parèt. Lè frè a esplike l rezon ki fè li vin vizite l, dam nan tonbe kriye. Dam nan di li t ap chèche Temwen Jewova yo e li te priye pou l ka jwenn yo. Frè a te byen kontan ede l pran kontak ak kongregasyon Temwen Jewova ki nan zòn nan.

18. a) Lè Bondye reponn priyè nou, ki sa nou dwe fè ? b) Ki asirans nou kapab genyen si nou priye nan tout okazyon ?

18 Lapriyè se vrèman yon dispozisyon ki estrawòdinè. Jewova tou pare pou l koute e pou l reponn (Izayi 30:18, 19). Toutfwa, nou bezwen suiv fason Jewova reponn priyè nou yo. Se kapab pa toujou jan nou t ap atann nan. Men kanmenm, lè nou rive disène repons li bay, nou pa dwe janm bliye remèsye l e ba l louwanj (1 Tesalonisyen 5:18). Anplis de sa, toujou sonje konsèy apot Pòl te bay lè l te di : “ Nan tout bagay, fè Bondye konnen demann nou yo pa mwayen lapriyè e pa mwayen siplikasyon ansanm avèk aksyondegras. ” Wi, pwofite tout okazyon pou nou pale ak Bondye. Konsa, n ap kontinye viv verite ki nan pawòl Pòl te di konsènan moun Bondye reponn priyè yo, lè l te di : “ Lapè Bondye, ki depase tout panse, va pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou. ” — Filipyen 4:6, 7.

Èske nou ka reponn ?

• Ki divès kalite priyè nou ka fè ?

• Ki jan nou dwe priye ?

• Sou ki sijè nou ka priye ?

• Ki wòl lapriyè jwe lè yon moun peche ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Priyè sensè nou fè yo ede nou pou nou pa sede devan tantasyon.

[Foto nan paj 31]

Pa mwayen lapriyè, nou remèsye Bondye, nou di l pwoblèm nou ak demann nou yo.