Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou nou pwoche kot Sila “ ki konn tande priyè ” a

Fason pou nou pwoche kot Sila “ ki konn tande priyè ” a

Fason pou nou pwoche kot Sila “ ki konn tande priyè ” a

“ O, ou menm ki konn tande priyè, tout kalite moun ap vin kote w. ” — SÒM 65:2.

1. Ki sa k fè lèzòm diferan ak lòt kreyati ki sou tè a, e ki posiblite sa ba yo ?

NAN plizyè milye kreyati vivan ki gen sou tè a, se lèzòm sèlman ki gen kapasite pou yo adore Kreyatè a. Se yo menm sèl ki konsyan yo gen bezwen nan domèn espirityèl e se yo sèl ki santi nesesite pou yo konble bezwen sa a. Sa ban nou bèl posiblite pou nou gen yon relasyon pèsonèl avèk Papa nou ki nan syèl la.

2. Ki move efè peche genyen sou relasyon lèzòm avèk Kreyatè yo a ?

2 Bondye te kreye lèzòm avèk kapasite pou yo pwoche kote l antanke Kreyatè yo. Li te kreye Adan ak Èv san peche. Konsa, yo te ka pwoche kot Bondye alèz, menm jan yon timoun pwoche kot papa l san pwoblèm. Men, peche te vin retire gwo privilèj sa a. Adan ak Èv te dezobeyi Bondye e yo te pèdi relasyon sere yo te genyen avè l la (Jenèz 3:8-13, 17-24). Èske sa vle di desandan Adan yo ki enpafè pa t ap ka kominike avèk Bondye ? Non, Jewova kite yo pwoche kote l kanmenm, men se sèlman si yo ranpli kèk kondisyon. Ki kondisyon sa yo ?

Kondisyon nou dwe ranpli pou nou pwoche kot Bondye

3. Ki jan imen pechè dwe pwoche kot Bondye, e ki egzanp ki montre sa ?

3 Gen yon bagay ki te rive de nan pitit gason Adan yo ki kapab ede nou wè ki sa Bondye mande yon imen pechè ki vle pwoche kote l. Kayen ak Abèl te fè efò pou yo pwoche kot Bondye, yo te prezante sakrifis ba li. Bondye te aksepte ofrann pa Abèl la, men li pa t aksepte pa Kayen an (Jenèz 4:3-5). Ki sa k te fè sa ? Ebre 11:4 deklare : “ Grasa lafwa, Abèl te bay Bondye yon sakrifis ki gen plis valè pase pa Kayen an, e grasa fwa sa a, li te resevwa temwayaj li te jis. ” Konsa, li klè, lafwa se yon kondisyon endispansab pou yon moun pwoche kot Bondye. Gen yon lòt kondisyon endispansab ki parèt nan pawòl Jewova te di Kayen yo : “ Si w vin ap fè sa ki byen, èske pap gen lwanj pou sa ? ” Wi, Bondye t ap aksepte Kayen pwoche kote l si Kayen te chanje pou l fè sa ki byen. Men, Kayen te rejte konsèy Bondye te ba li a, li te touye Abèl e li te pase rès vi l kòm yon moun sosyete a rejte (Jenèz 4:7-12). Konsa, byen bonè nan listwa limanite, enpòtans pou yon moun pwoche kot Bondye ak lafwa etan l ap fè sa ki byen te parèt klè.

4. Ki sa nou dwe rekonèt pou nou ka pwoche kot Bondye ?

4 Si nou vle pwoche kot Bondye, li esansyèl pou nou rekonèt eta nou antanke pechè. Tout moun peche, e peche se yon obstak ki ka anpeche nou pwoche kot Bondye. Men sa pwofèt Jeremi te ekri konsènan Izrayèl : “ Nou menm, nou komèt transgresyon [...]. Ou bloke pasaj pou moun pwoche kote w avèk yon mas nyaj, pou priyè ka pa pase. ” ​(Lamantasyon 3:42, 44). Men malgre sa, pandan tout istwa lèzòm, Bondye te montre li dispoze aksepte priyè moun ki pwoche kote l nan lafwa ak yon kè ki kòrèk, moun k ap obsève kòmandman li (Sòm 119:145). Èske nou konnen kèk nan moun sa yo ? E ki sa nou ka aprann nan priyè yo te konn fè ?

5, 6. Ki sa nou aprann nan fason Abraram te pwoche kot Bondye ?

5 Youn nan moun sa yo se Abraram. Bondye te aksepte Abraram pwoche kote l, piske Bondye te rele l “ zanmi m ”. (Izayi 41:8.) Ki sa nou ka aprann nan fason Abraram te konn pwoche kot Bondye ? Etandone patriyach fidèl sa a pa t gen yon eritye, gade ki sa li te mande Jewova : “ Ki sa w ap ban m, piske mwen prale san pitit ? ” ​(Jenèz 15:2, 3 ; 17:18). Nan yon lòt okazyon, lè Bondye te pwononse jijman l sou mechan ki te nan Sodòm ak Gomò yo, Abraram te montre sousi li genyen konsènan moun ki te ka sove (Jenèz 18:23-33). Abraram te konn fè siplikasyon an favè lòt moun tou (Jenèz 20:7, 17). E menm jan ak Abèl, pafwa Abraram te konn ofri sakrifis bay Jewova pou l ka pwoche kote l. — Jenèz 22:9-14.

6 Nan tout okazyon sa yo, Abraram te santi l alèz pou l pale ak Jewova. Sepandan, toutpandan li te santi l alèz pou l fè sa, li te gen yon pwennvi enb sou pozisyon l parapò ak Kreyatè l la. Remake tout respè li te montre nan pawòl sa yo li te di nan Jenèz 18:27 : “ Souple, men mwen pran sou responsablite m pou m pale ak Jewova, alòske mwen se pousyè ak sann. ” Ala yon bèl atitid pou nou imite !

7. Sou ki sijè patriyach yo te konn priye Jewova ?

7 Patriyach yo te konn priye sou divès kalite sijè, e Jewova te koute yo. Jakòb te pwononse yon priyè sou fòm yon ve li te fè. Apre li te fin mande Bondye pou l soutni l, li te fè pwomès solanèl sa a : “ Kanta pou tout bagay w ap ban mwen, san mank, m ap ba w yon dizyèm ladan yo. ” ​(Jenèz 28:20-22). Annapre, lè Jakòb t apral rankontre frè l la, li te sipliye Jewova pou l pwoteje l, li te di : “ Delivre m, tanpri, anba men frè m nan, anba men Ezayi, paske mwen pè l. ” ​(Jenèz 32:9-12). Patriyach Jòb te konn pwoche kot Jewova an favè fanmi li, li te konn ofri sakrifis pou yo. Lè twa konpayon Jòb yo te peche nan pawòl yo, Jòb te priye an favè yo, e “ Jewova te aksepte fas Jòb ”. (Jòb 1:5 ; 42:7-9.) Istwa sa yo ede nou wè ki sa nou ka di Jewova lè n ap priye l. Nou wè tou Jewova pare pou l aksepte priyè moun ki pwoche kote l yon fason ki kòrèk.

Sou alyans Lalwa a

8. Sou alyans Lalwa a, ki jan yo te konn prezante kesyon ki konsène pèp la devan Jewova ?

8 Lè Jewova te fin delivre nasyon Izrayèl la anba men Ejip, li te fè yon alyans avèk yo, li te ba yo Lalwa. Selon dispozisyon ki te gen nan Lalwa, yon moun te ka pwoche kot Bondye pa mwayen yon klas prèt li te etabli. Gen kèk Levit ki te deziyen pou travay an favè pèp la antanke prèt. Lè gen kesyon ki konsène tout nasyon an, yon reprezantan pèp la prezante bagay la devan Bondye nan lapriyè. Pafwa se yon wa oubyen yon pwofèt ki te konn jwe wòl sa a (1 Samyèl 8:21, 22 ; 14:36-41 ; Jeremi 42:1-3). Pa egzanp, pandan inogirasyon tanp lan, wa Salomon te pwoche kot Jewova nan yon priyè sensè li te fè. Anretou, Jewova te montre li aksepte priyè Salomon an lè l te ranpli tanp lan ak glwa Li e lè l te di : “ Zòrèy mwen ap atantif ak priyè ki fèt nan andwa sa a. ” — 2 Kwonik 6:12–7:3, 15.

9. Ki kondisyon Jewova te bay pou yon moun pwoche kote l nan sangtyè a yon fason ki kòrèk ?

9 Nan Lwa Jewova te bay Izrayèl la, li te bay yon kondisyon pou li aksepte yon moun pwoche kote l nan sangtyè a. Ki kondisyon sa a ? Chak maten e chak swa, nonsèlman gran prèt la te dwe ofri bèt an sakrifis, men tou li te dwe boule lansan santi bon devan Jewova. Annapre, lòt prèt yo te konn vin fè menm sèvis la, eksepte jou Pwopisyasyon an. Si prèt la pa t bay omaj sa a ki demontre respè, sèvis li a pa t ap fè Jewova plezi. — Egzòd 30:7, 8 ; 2 Kwonik 13:11.

10, 11. Ki prèv nou genyen Jewova te konn aksepte priyè moun te konn fè pèsonèlman ?

10 Nan Izrayèl tan lontan an, èske se sèlman pa mwayen reprezantan nome yo yon moun te ka pwoche kot Bondye ? Non. Ekriti yo montre Jewova te pran plezi pou l koute priyè pèsonèl moun yo te konn fè. Nan priyè Salomon te fè pou inogirasyon tanp lan, men ki siplikasyon li te fè Jewova : “ Kèlkeswa priyè, kèlkeswa demann nenpòt moun oswa tout pèp ou a Izrayèl ta fè pou yo jwenn favè, [...] lè toutbonvre yo ouvè men yo nan direksyon mezon sa a, lè sa a se pou ou menm ou tande etan w nan syèl la. ” ​(2 Kwonik 6:29, 30). Selon sa Lik rapòte, lè Zekarya, papa Jan Batis, t ap ofri lansan nan sangtyè a, te gen yon bann adoratè Jewova ki pa t prèt ki t ap “ priye deyò a ”. Sanble, pèp la te vin gen abitid rasanble deyò sangtyè a pou yo priye, pandan yo t ap prezante lansan bay Jewova sou lotèl annò a. — Lik 1:8-10.

11 Konsa, lè yon moun te pwoche kot Jewova fason ki kòrèk la, kit se moun ki te reprezante tout nasyon an, kit se moun ki te chèche pwoche kote l pou tèt yo, Jewova te kontan aksepte demann yo. Jodi a, nou pa sou alyans Lalwa a ankò. Toutfwa, gen leson enpòtan nou kapab aprann konsènan lapriyè nan fason Izrayelit tan lontan yo te konn pwoche kot Bondye.

Nan krisyanis la

12. Ki dispozisyon ki anplas pou kretyen yo pwoche kot Jewova ?

12 Kounye a, n ap viv anba dispozisyon Kris etabli a. Pa gen yon tanp fizik ankò kote gen prèt pou reprezante tout pèp Bondye a oswa yon kote nou kapab gade nan direksyon l lè n ap priye Bondye. Toutfwa, Jewova toujou gen yon dispozisyon anplas pou nou pwoche kote l. Ki dispozisyon sa a ? Nan ane 29 epòk nou an, lè Bondye te wenn Kris e li te nome l gran prèt, yon tanp espirityèl te vin antre an fonksyon *. Tanp espirityèl sa a se nouvo dispozisyon ki te vin anplas pou yon moun pwoche kot Jewova nan adorasyon l ap ba li sou baz sakrifis pwopisyatwa Jezi Kris la. — Ebre 9:11, 12.

13. Site youn nan paralèl ki genyen ant tanp Jerizalèm nan ak tanp espirityèl la ki gen rapò ak lapriyè.

13 Gen anpil aspè nan tanp Jerizalèm nan ki byen koresponn ak yon seri dispozisyon ki gen nan tanp espirityèl la, e lapriyè se youn ladan yo (Ebre 9:1-10). Pa egzanp, ki sa lansan yo te konn ofri lematen ak leswa sou lotèl lansan an ki te nan konpatiman sakre tanp lan te reprezante ? Selon liv Revelasyon an, “ lansan an reprezante priyè moun ki sen yo ”. (Revelasyon 5:8 ; 8:3, 4.) David te resevwa enspirasyon pou l ekri pawòl sa yo : “ Se pou priyè m prepare tankou lansan devan w. ” ​(Sòm 141:2). Konsa, nan krisyanis la, lansan santi bon an byen apwopriye pou reprezante priyè ak louwanj Jewova aksepte yo. — 1 Tesalonisyen 3:10.

14, 15. Ki sa nou ka di konsènan a) fason kretyen wen yo pwoche kot Jewova ? b) fason “ lòt mouton ” yo pwoche kot Jewova ?

14 Kiyès ki kapab pwoche kot Bondye nan tanp espirityèl la ? Nan tanp fizik la, prèt yo ak Levit yo te gen privilèj sèvi nan lakou anndan an, men se sèl prèt yo ki te ka antre nan Sen an. Lakou anndan an ak Sen an prefigire yon kondisyon espirityèl san parèy kretyen wen yo, ki gen esperans selès, benefisye, sa ki pèmèt yo priye Bondye e yo ba l louwanj.

15 E “ lòt mouton ” yo, yo menm ki gen esperans terès (Jan 10:16) ? Selon sa pwofèt Izayi te endike, “ nan dènye pati jou yo ”, moun ki soti nan anpil nasyon t ap vin adore Jewova (Izayi 2:2, 3). Li te ekri tou gen “ etranje ” ki t ap vin jwenn Jewova. Pou Bondye montre li dispoze aksepte yo pwoche kote l, li di : “ M ap fè yo rejwi anndan mezon priyè m nan. ” ​(Izayi 56:6, 7). Revelasyon 7:9-15 bay plis detay toujou, li pale de yon “ gwo foul ” ki soti nan “ tout nasyon ” ki rasanble pou adore Bondye e pou priye l “ lajounen kou lannuit ”, etan yo kanpe nan lakou deyò tanp espirityèl la. Ala yon panse rekonfòtan lefètke nou konnen tout sèvitè Bondye yo jodi a kapab pwoche kote l alèz avèk konfyans total l ap tande yo !

Ki priyè Bondye aksepte ?

16. Ki sa nou ka aprann nan egzanp premye kretyen yo konsènan lapriyè ?

16 Premye kretyen yo se moun ki te konn priye anpil. Konsènan ki sa yo te konn priye ? Ansyen yo te konn mande direksyon lè y ap chwazi moun pou bay responsablite nan domèn òganizasyon (Travay 1:24, 25 ; 6:5, 6). Epafras te priye an favè kwayan parèy li (Kolosyen 4:12). Kèk moun nan kongregasyon Jerizalèm nan te priye pou Pyè lè l te nan prizon (Travay 12:5). Lè premye kretyen yo t ap rankontre opozisyon, yo te mande Bondye pou l ba yo kran. Men sa yo te di : “ Jewova, tande menas yo fè, epi bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou avèk anpil kran. ” ​(Travay 4:23-30). Disip Jak te egzòte kretyen yo pou yo priye Bondye pou l ba yo sajès lè yo anba eprèv (Jak 1:5). Èske w konn priye Bondye pou jan de bagay sa yo ?

17. Priyè ki moun Bondye aksepte ?

17 Bondye pa aksepte tout priyè. Kidonk, ki jan pou nou priye avèk asirans l ap aksepte priyè nou ? Moun fidèl nan tan lontan Bondye te konn koute yo te konn pwoche kote l avèk senserite e avèk yon kè byen dispoze. Yo te gen lafwa e yo te fè bon aksyon pou demontre sa. Nou kapab gen asirans Jewova ap koute moun ki pwoche kote l menm jan an jodi a.

18. Pou Bondye tande priyè kretyen yo, ki kondisyon yo dwe ranpli ?

18 Gen yon kondisyon anplis. Apot Pòl te esplike sa, men sa l te di : “ Pa mwayen li, nou menm, [...] nou kapab pwoche kot Papa a grasa yon sèl espri. ” De kiyès Pòl t ap pale lè l te di “ pa mwayen li ” ? Li t ap pale de Jezi Kris (Efezyen 2:13, 18). Wi, nou kapab pwoche kot Papa a alèz, sèlman pa mwayen Jezi. — Jan 14:6 ; 15:16 ; 16:23, 24.

19. a) Ki lè lansan Izrayèl te konn ofri yo te vin dezagreyab pou Jewova ? b) Ki jan nou ka sèten priyè nou yo tankou lansan santi bon pou Jewova ?

19 Jan nou te deja mansyone sa, lansan prèt Izrayelit yo te konn ofri yo reprezante priyè sèvitè fidèl Bondye yo. Sepandan, gendelè lansan Izrayelit yo te ofri Jewova yo te detestab nan je l. Sa te konn rive lè Izrayelit yo te konn boule lansan nan tanp lan, toutpandan yo pwostène devan zidòl (Ezekyèl 8:10, 11). Menm jan an tou jodi a, priyè moun ki pretann y ap sèvi Jewova e anmenmtan k ap pratike aksyon ki kontrè ak lwa l yo vin tankou yon odè dezagreyab pou li (Pwovèb 15:8). Kidonk, annou kontinye rete pwòp nan tout aspè nan vi nou yon fason pou priyè nou ka tankou lansan santi bon pou Bondye. Jewova pran plezi nan priyè moun k ap suiv chemen l yo ki dwat (Jan 9:31). Sepandan, gen kèk kesyon ki toujou bezwen repons. Ki jan pou nou priye ? Pou ki bagay nou kapab priye ? E ki jan Bondye reponn priyè nou yo ? Atik ki vin apre a pral egzamine kesyon sa yo ak lòt ankò.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Gade Toudegad 15 me 2001, paj 27 (fransè).

Èske w ka esplike ?

• Ki jan lèzòm enpafè kapab pwoche kot Bondye yon fason ki akseptab ?

• Nan priyè nou yo, ki jan nou ka imite patriyach yo ?

• Ki sa nou aprann nan priyè premye kretyen yo ?

• Ki lè priyè nou yo tankou lansan santi bon pou Bondye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Poukisa Bondye te aksepte ofrann Abèl la, alòske li pa t aksepte pa Kayen an ?

[Foto nan paj 24]

“ Mwen se pousyè ak sann. ”

[Foto nan paj 25]

“ San mank, m ap ba w yon dizyèm ladan yo. ”

[Foto nan paj 26]

Èske priyè w yo tankou lansan santi bon pou Jewova ?