Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jòb : yon nonm ki te gen andirans e ki te entèg

Jòb : yon nonm ki te gen andirans e ki te entèg

Jòb : yon nonm ki te gen andirans e ki te entèg

“ Èske w fikse kè w sou sèvitè m Jòb ? Èske w rann ou kont pa gen pèsonn tankou l sou tè a : se yon nonm ki san repwòch e ki dwat, ki gen lakrentif pou Bondye e ki vire do bay sa ki mal ? ” — JÒB 1:8.

1, 2. a) Ki gwo malè ki te frape Jòb sanzatann ? b) Dekri lavi Jòb anvan malè te frape l.

TE GEN yon mesye ki sanble te gen tout bagay : richès, prestij, yon sante ki anfòm ak yon vi fanmi ki agreyab. Epi an twa fwa, gwo malè tonbe sou li youn dèyè lòt. Yon sèl kou, li pèdi richès li te genyen. Apre sa, yon tanpèt ki frape sanzatann detwi lavi tout pitit li yo. Yon tikras tan apre, gen yon maladi ki tonbe sou li ki depafini l e ki fè tout kò l kouvri ak gwo klou k ap fè l mal. Sandout, ou gentan wè moun sa a se Jòb, yon pèsonaj prensipal nan liv ki pote non l nan Bib la. — Jòb chapit 1 ak chapit 2.

2 Pandan Jòb ap jemi, li di : “ O ! si m te menm jan ak nan mwa linè tan lontan yo. ” ​(Jòb 3:3 ; 29:2). Kiyès, lè kalamite frape, ki pa gen nostalji pou jou anvan yo ? Nan ka Jòb, li t ap viv yon fason ki kòrèk, e sanble li te pwoteje kont malè. Moun ki gen gwo pozisyon te gen estim pou li e yo te konn chèche konsèy nan men l (Jòb 29:5-11). Li te rich, poutan li te gen yon pwennvi ekilibre sou lajan (Jòb 31:24, 25, 28). Lè li te rankontre vèv ak òfelen ki nan bezwen, li te konn ede yo (Jòb 29:12-16). E li te rete fidèl ak madanm li. — Jòb 31:1, 9, 11.

3. Ki jan Jewova te konsidere Jòb ?

3 Jòb t ap viv yon fason ki san repwòch paske li t ap adore Bondye. Jewova te di : “ Pa gen pèsonn tankou l sou tè a : se yon nonm ki san repwòch e ki dwat, ki gen lakrentif pou Bondye e ki vire do bay sa ki mal. ” ​(Jòb 1:1, 8). Men, malgre Jòb te entèg moralman, malè ki te frape l yo te detwi lavi konfòtab li t ap mennen an. Tou sa l te travay pou l genyen te disparèt, e lapenn, angwas ak desepsyon te mete vrè moun li ye a aleprèv.

4. Poukisa li pwofitab pou nou konsidere eprèv Jòb yo ?

4 An reyalite, se pa Jòb sèlman kòm sèvitè Bondye ki te pase anba katastwòf. Anpil kretyen jodi a ka rann yo kont eksperyans yo viv sanble ak pa Jòb yo. Se pou rezon sa a, li enpòtan pou nou konsidere de kesyon sa yo : Lè nou sonje eprèv Jòb yo, ki jan sa ka ede nou lè nou anfas gwo malè ? E ki jan sa ka ede nou plis konprann moun k ap soufri ?

Yon kesyon fidelite e yon eprèv anrapò ak entegrite

5. Selon Satan, pou ki rezon Jòb t ap sèvi Bondye ?

5 Ka Jòb la se yon ka ki te eksepsyonèl. San Jòb pa t konnen, Dyab la te mete mobil Jòb an kesyon, sètadi vrè rezon ki fè li t ap sèvi Bondye. Lè Jewova te atire atansyon Satan sou bèl kalite Jòb genyen, pandan yon reyinyon ki t ap fèt nan syèl la, men sa Satan te reponn : “ Èske ou menm ou pa mete yon lantouray toutotou li, toutotou kay li, toutotou tout bagay li posede nèt ? ” Konsa, Satan te pretann se enterè egoyis ki te motive Jòb, e konsa li te tou akize tout lòt sèvitè Bondye yo. Satan di Jewova : “ Lonje men w souple epi frape tout sa l genyen pou w wè si l pap rete nan figi w li modi w. ” — Jòb 1:8-11.

6. Ki kesyon enpòtan Satan te soulve ?

6 Kesyon ki te soulve a te enpòtan anpil. Satan te mete an dout fason Jewova egzèse souvrènte l. Èske reyèlman Bondye kapab egzèse souvrènte l sou linivè avèk amou ? Oswa, jan Satan te fè konprann sa, èske finalman se toujou egoyis k ap triyonfe ? Etandone Jewova te gen konfyans nan entegrite ak nan fidelite Jòb, sèvitè l la, li te pèmèt Dyab la itilize Jòb pou l eseye pwouve sa l te di yo. Konsa, se Satan ki te lakòz kalamite ki te tonbe sou Jòb youn dèyè lòt yo. Lè Satan te echwe nan premye atak li yo, li te fè Jòb soufri anpil anba yon maladi. Dyab la te pretann : “ Po pou po, e tout sa yon moun posede, l ap bay li pou nanm li. ” — Jòb 2:4.

7. Ki fason sèvitè Bondye yo jodi a sibi eprèv ki sanble ak pa Jòb yo ?

7 Menmsi jodi a pifò kretyen pa soufri nan menm degre ak Jòb, yo sibi tout kalite tribilasyon. Gen anpil nan yo k ap fè fas ak pèsekisyon oswa pwoblèm nan fanmi yo. Pwoblèm ekonomik ak yon sante frajil ka kraze yon moun. Gen kèk nan yo ki pèdi lavi yo poutèt lafwa yo. Natirèlman, nou pa dwe panse se Satan pèsonèlman ki lakòz chak pwoblèm nou genyen. Anfèt, gen kèk nan pwoblèm nou genyen, se petèt erè nou fè pèsonèlman oswa kondisyon fizik nou eritye nan paran nou ki lakòz yo (Galat 6:7). Epitou, ravaj vyeyès ak katastwòf natirèl kapab lakòz ka frape nou tout. Labib montre aklè Jewova pa fè mirak jodi a pou l pwoteje sèvitè l anba pwoblèm sa yo. — Eklezyas 9:11.

8. Ki jan Satan ka chèche sèvi ak tribilasyon n ap sibi ?

8 Sepandan, Satan ka sèvi ak tribilasyon n ap sibi pou l minen fwa nou. Apot Pòl te pale de soufrans li te genyen akoz ‘ yon pikan nan chè l, yon zanj Satan ’ ki t ap “ frape ” l san rete (2 Korentyen 12:7). Kit pwoblèm Pòl la se te yon pwoblèm fizik, pa egzanp li te ka pa t wè byen, kit se te yon lòt pwoblèm, Pòl te konprann Satan te ka sèvi ak pwoblèm nan ansanm ak soufrans sa ka lakòz pou l retire jwa li te genyen e pou l kraze entegrite l (Pwovèb 24:10). Jodi a, Satan ka ensite manm fanmi, kamarad lekòl oswa li ka menm ensite gouvènman ki diktatè pou yo pèsekite sèvitè Bondye yo yon fason oswa yon lòt.

9. Poukisa nou pa ta dwe twò sezi lè nou devan sitiyasyon difisil oswa lè nou devan pèsekisyon ?

9 Ki jan nou ka afwonte pwoblèm sa yo avèk siksè ? Se lè nou konsidere yo kòm yon opòtinite pou nou demontre lanmou nou pou Jewova ak soumisyon nou devan souvrènte l se bagay ki stab (Jak 1:2-4). Kèlkeswa sa k ta ka lage nou nan detrès, lè nou konprann enpòtans pou nou rete fidèl ak Bondye, sa ap ede nou kenbe ekilib nou nan domèn espirityèl. Men sa apot Pyè te ekri kretyen yo : “ Byenneme, nou pa bezwen toumante poutèt dife ki nan mitan nou an, ki rive nou pou mete nou aleprèv, kòmkwa se yon bagay etranj k ap rive nou. ” ​(1 Pyè 4:12). E Pòl te deklare : “ Tout moun ki vle viv avèk atachman pou Bondye nan relasyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. ” ​(2 Timote 3:12). Satan pa sispann mete entegrite Temwen Jewova yo aleprèv, menm jan li te fè sa nan ka Jòb. Anfèt, Labib endike Satan ogmante atak li yo kont pèp Bondye a pandan dènye jou sa yo. — Revelasyon 12:9, 17.

Move konpreyansyon ak move konsèy

10. Ki avantaj Jòb pa t genyen ?

10 Kontrèman ak nou menm, gen yon avantaj Jòb pa t genyen : Li pa t konnen poukisa kalamite sa yo te tonbe sou li. Se yon move konpreyansyon ki te fè Jòb tire konklizyon sa a, lè li te di : “ Se Jewova li menm ki bay e se Jewova li menm ki pran. ” ​(Jòb 1:21). Petèt Satan te fè espre pou l bay Jòb enpresyon se Bondye ki te lakòz soufrans li yo.

11. Esplike fason Jòb te reyaji devan kalamite l yo.

11 Jòb te vin dekouraje anpil, menmsi li te refize modi Bondye, jan madanm li t ap ankouraje l fè sa (Jòb 2:9, 10). Li te di : ‘ Mechan an sanble pi byen reyisi pase m. ’ ​(Jòb 21:7-9). Sandout li t ap mande tèt li : ‘ Poukisa Bondye ap pini m ? ’ Te gen moman kote l te santi l anvi mouri. Men sa l te di : “ O ! Si w te kache m nan cheyòl, si w te sere m jiskaske kòlè w pase ! ” — Jòb 14:13.

12, 13. Ki efè pawòl twa konpayon Jòb yo te gen sou li ?

12 Jòb te gen twa konpayon ki te vizite l, kòmkwa pou yo “ pataje lapenn li e pou yo konsole l ”. (Jòb 2:11.) Poutan, yo te montre yo se ‘ konsolatè ki penib ’. (Jòb 16:2.) Sa t ap bon pou Jòb si l te jwenn zanmi pou l dechaje kè l ba yo etan l ap rakonte yo pwoblèm li. Men, twa mesye sa yo te lage Jòb nan plis konfizyon toujou e yo te fè l santi l pi dezespere. — Jòb 19:2 ; 26:2.

13 Sandout Jòb dwe t ap mande tèt li : ‘ Poukisa se mwen sa rive ? Ki sa m fè pou m merite tout kalamite sa yo ? ’ Konpayon l yo te ba li esplikasyon ki te dewoute l nèt. Yo te panse se Jòb ki te lakòz soufrans li yo akoz yon peche grav li te komèt. Elifaz te mande l : “ Ki inosan ki janm peri ? [...] Dapre sa m wè, moun k ap planifye sa k mal e moun k ap simen malè, se sa yo menm y ap rekòlte. ” — Jòb 4:7, 8.

14. Poukisa nou pa ta dwe kouri panse se move konduit ki lakòz soufrans ?

14 Se vre pwoblèm yo ka vini si nou simen pou lachè olye nou simen pou lespri (Galat 6:7, 8). Sepandan, nan sistèm sa a, nou ka jwenn pwoblèm kèlkeswa konduit nou adopte. Anplis, pèsonn pa ka di yon moun ki inosan pap jwenn okenn kalamite. Jezi kris, ki te “ san tach, ki [te] separe ak pechè yo ”, te sibi yon lanmò atwòs sou yon poto soufrans, e apot Jak te mouri an mati (Ebre 7:26 ; Travay 12:1, 2). Move rezònman Elifaz ak de konpayon l yo te pouse Jòb defann bon repitasyon li te genyen e sa te pouse l ensiste sou inosans li. Sepandan, petèt se fason yo te ensiste pou yo di Jòb te merite soufrans li yo ki te enfliyanse fason Jòb te konsidere jistis Bondye. — Jòb 34:5 ; 35:2.

Èd nou ka jwenn lè n ap fè fas ak tribilasyon

15. Ki rezònman k ap ede nou lè n ap soufri ?

15 Èske gen yon leson nou ka tire la a ? Trajedi, maladi oswa pèsekisyon ka parèt enjis anpil. Aparamman, gen lòt moun ki pa jwenn anpil nan pwoblèm sa yo (Sòm 73:3-12). Pafwa, nou ka bezwen poze tèt nou kesyon enpòtan sa yo : ‘ Èske lanmou m pou Bondye pouse m sèvi l, kèlkeswa sa k rive ? Èske m anvi bay Jewova yon “ repons pou [li bay] moun k ap pwovoke l la ” ? ’ ​(Pwovèb 27:11 ; Matye 22:37). Nou pa ta dwe janm kite pawòl lòt moun di san reflechi fè nou pa fin kwè Papa nou ki nan syèl la ap ede nou. Gen yon kretyèn fidèl ki t ap soufri anba yon maladi kwonik depi plizyè ane ki te di yon lè : “ Mwen konnen kèlkeswa sa Jewova pèmèt la, m ap aksepte l. Mwen konnen l ap ban m fòs ki nesesè, e li pa janm manke fè sa. ”

16. Ki jan Pawòl Bondye a ede moun k ap fè fas ak difikilte ?

16 Anrapò ak taktik Satan yo, nou konprann yon bagay Jòb pa t konprann li menm. “ Nou pa inyore entansyon ” Satan yo, sa vle di plan malveyan l yo (2 Korentyen 2:11). Anplis, nou gen a dispozisyon nou yon sous sajès pratik nou ka itilize. Bib la pale de gason ak fi fidèl ki te andire tout kalite sitiyasyon difisil. Apot Pòl, ki te soufri plis pase pifò ladan yo, te ekri pawòl sa yo : “ Tout bagay ki te ekri nan tan lontan yo te ekri pou enstriksyon nou, yon fason pou nou ka gen esperans grasa andirans nou e grasa konsolasyon nou jwenn nan Ekriti yo. ” ​(Women 15:4). Pandan Dezyèm Gè mondyal la, gen yon Temwen ann Ewòp yo te mete nan prizon akoz lafwa li ki te boukante manje yo te ba li pandan twa jou pou yon bib. Li di : “ Se pa ti satisfaksyon echanj sa a te pote ! Kwak mwen te grangou, mwen te jwenn manje espirityèl ki te kenbe ni mwen ni lòt moun tou pandan eprèv nou nan peryòd latwoublay sa a. Jis jodi a mwen gen bib sa a. ”

17. Ki dispozisyon Bondye pran ki ka ede nou andire ?

17 Nonsèlman nou gen Ekriti yo ki ban nou rekonfò, nou gen anpil piblikasyon ki ede nou etidye Labib e ki ban nou direksyon ki itil pou nou fè fas ak pwoblèm. Si w al nan endèks piblikasyon Watch Tower yo, sandout w ap jwenn eksperyans yon konpayon kretyen ki te sibi yon eprèv menm jan ak eprèv pa w la (1 Pyè 5:9). Li ka bon tou pou w pale de sitiyasyon w ak ansyen yo ki konpreyansif oswa ak lòt kretyen ki gen matirite. Sa k pi enpòtan an, sèke ou ka konte sou èd Jewova ak lespri sen l grasa lapriyè. Ki jan Pòl te reziste lè Satan t ap “ frape ” l la ? Ebyen, li te aprann mete konfyans li nan pisans Bondye (2 Korentyen 12:9, 10). Men sa l te ekri : “ Pou tout bagay mwen gen fòs grasa moun ki ban m pisans lan. ” — Filipyen 4:13.

18. Ki jan konpayon kretyen nou yo ka ban nou ankourajman ki gen anpil valè ?

18 Donk, gen èd ki disponib, e ou pa ta dwe janm ezite chèche yo. Liv Pwovèb la fè remak sa a : “ Èske w montre w dekouraje nan jou detrès ? Fòs ou ap piti. ” ​(Pwovèb 24:10). Menm jan tèmit ka lakòz yon kay an bwa tonbe, se konsa dekourajman ka minen entegrite yon kretyen. Pou nou pa pran nan pyèj sa a, Jewova soutni nou pa mwayen sèvitè Bondye menm jan avèk nou. Nan lannuit yo te arete Jezi a, gen yon zanj ki te parèt devan l e ki te fòtifye l (Lik 22:43). Lè yo t ap mennen Pòl nan vil Wòm antanke prizonye, li te “ di Bondye mèsi e li [te] pran kouraj ” lè l te rankontre frè yo nan mache Apiyis ak nan Twa Obèj (Travay 28:15). Gen yon sè alman ki pa janm bliye èd li te resevwa lè li te fèk rive nan kan konsantrasyon Ravensbrück etan l te adolesan. Nan moman sa a li te enkyè. Men ki sa li sonje : “ Gen yon sè ki te jwenn mwen menm moman an e ki te akeyi m avèk chalè. Gen yon lòt sè fidèl ki te pran m anba zèl li, e li te tounen yon manman espirityèl pou mwen. ”

“ Montre w fidèl ”

19. Ki sa k te ede Jòb reziste devan efò Satan yo ?

19 Jewova te dekri Jòb kòm yon moun ki te “ kenbe entegrite l fèm ”. (Jòb 2:3.) Byenke Jòb te santi l dekouraje e li pa t konprann rezon ki fè l t ap soufri, li pa t janm kite anyen ebranle l sou kesyon fidelite a, yon kesyon ki enpòtan anpil. Jòb te refize renye tout sa li te pase egzistans li ap viv pou yo. Pou l te ensiste sou sa, men sa l te di : “ Jiskaske souf mwen koupe, mwen pap lage entegrite m ! ” — Jòb 27:5.

20. Poukisa sa vo lapèn pou nou andire ?

20 Yon detèminasyon konsa ap ede nou kenbe entegrite nou nan nenpòt sitiyasyon : devan tantasyon, opozisyon oswa pwoblèm grav. Jezi te di kongregasyon Smin : “ Ou pa bezwen pè bagay ki pral fè w soufri yo. Gade ! Dyab la pral kontinye voye kèk nan nou nan prizon, pou nou ka jwenn yon eprèv total e pou nou ka jwenn tribilasyon [pwoblèm, detrès oswa brimad] pandan dis jou. Se pou w montre w fidèl jiska lamò, e m ap ba ou kouwòn lavi a. ” — Revelasyon 2:10.

21, 22. Lè n ap fè fas ak tribilasyon, ki sa lè nou konnen l ki ka ede nou jwenn rekonfò ?

21 Nan sistèm sa a Satan ap dirije a, andirans nou ak entegrite nou pral pase anba eprèv. Toutfwa, Jezi ban nou asirans toutotan nou fikse atansyon nou sou lavni, nou pa gen okenn rezon pou nou pè. Sa ki enpòtan, se pou nou montre nou fidèl. Selon sa Pòl te di, “ tribilasyon an se pou yon ti tan ”, tandiske “ glwa ” a, sètadi rekonpans Jewova pwomèt la, “ ap vin pi lou chak jou pi plis e [li] etènèl ”. (2 Korentyen 4:17, 18.) Menm tribilasyon Jòb yo te pou yon ti tan lè nou konpare yo ak anpil ane li te pase nan lajwa, ni anvan ni apre eprèv li yo. — Jòb 42:16.

22 Men kanmenm, ka gen moman nan lavi nou kote eprèv nou yo parèt kòmsi yo pa vle sispann e kote soufrans nou yo parèt ensipòtab. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè kòman eksperyans Jòb la ka anseye nou kèk lòt leson anplis anrapò ak andirans. Anplis, nou pral wè kèk fason nou ka ankouraje lòt moun k ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil anpil.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki kesyon fondamantal Satan te soulve konsènan entegrite Jòb ?

• Poukisa nou pa ta dwe twò sezi lè nou devan sitiyasyon difisil ?

• Ki jan Jewova ede nou andire ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Si nou fè rechèch, nou pale ak kretyen ki gen matirite e nou vide kè nou nan lapriyè, sa ka ede nou andire.