Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Nou tande pale de andirans Jòb ”

“ Nou tande pale de andirans Jòb ”

“ Nou tande pale de andirans Jòb ”

“ Nou tande pale de andirans Jòb e nou wè finisman Jewova te bay, sa montre Jewova gen anpil tandrès nan afeksyon l e li gen mizèrikòd. ” — JAK 5:11.

1, 2. Anba ki eprèv yon koup ki te an Polòy te pase ?

HARALD ABT potko menm gen ennan depi l Temwen Jewova lè lame Hitler la te pran kontwòl Dantzig (aktyèlman Gdańsk), yon vil ki nan nò peyi Polòy. Lè sa a, bagay yo te vin difisil, pou n pa di yo te vin danjere pou vrè kretyen yo nan zòn nan. Gestapo a te eseye fòse Harald siyen yon dokiman pou l di li renye lafwa li, men li te refize. Apre Harald te fin pase kèk semèn nan prizon, yo te voye l nan yon kan konsantrasyon ki te nan Sachsenhausen. Lè l rive la, yo t ap plede menase l e yo t ap plede bat li. Gen yon ofisye ki lonje dwèt li sou chemine yon fou krematwa epi li di Harald : “ Nan 14 jou se la a w ap pase monte al jwenn Jewova w la si w kontinye rete atache ak lafwa w. ”

2 Lè yo te arete Harald, Elsa madanm li potko sevre tipitit fi yo a ki te gen dis mwa. Men, Gestapo a pa t bliye Elsa. Yo pa t pran tan pou yo te pran tibebe a nan men Elsa, e yo te voye Elsa Auschwitz nan yon kan ekstèminasyon. Sepandan, byenke li te pase plizyè ane nan kan an, li te reyisi rete vivan, menm jan ak Harald. Nou jwenn plis enfòmasyon sou fason yo te rive andire nan Toudegad 15 jiyè 1980 (fransè). Men sa Harald ekri : “ Antou, mwen te pase 14 ane nan lavi m nan kan konsantrasyon e nan prizon poutèt lafwa mwen gen nan Bondye. Yo te mande m : ‘ Èske madanm ou te ede w andire tout bagay sa yo ? ’ Asireman wi ! Depi okòmansman, mwen te konnen li pa t ap janm fè konpwomi ak lafwa li, e lefètke m te konn sa, sa te soutni m. Mwen te konnen li ta pito wè mwen mouri sou yon branka olye pou l ta konnen yo te libere m paske mwen te fè konpwomi. [...] Elsa te andire anpil difikilte pandan ane l te pase nan kan konsantrasyon alman yo. ”

3, 4. a) Egzanp kiyès ki ka ankouraje kretyen yo andire ? b) Poukisa Bib la ankouraje nou egzamine eksperyans Jòb te fè yo ?

3 Soufrans pa janm dous, anpil Temwen ka sètifye sa. Se pou rezon sa a, Labib bay tout kretyen yo konsèy sa a : “ Kanta pou sipòte sa ki mal ak egzèse pasyans, [...] pran pwofèt ki te pale nan non Jewova yo kòm egzanp. ” ​(Jak 5:10). Atravè syèk ki pase yo, anpil sèvitè Bondye te jwenn pèsekisyon san rezon. Egzanp gwo “ nyaj temwen ” sa a ban nou ka ankouraje nou pou nou kontinye kouri kous kretyen nou an avèk andirans. — Ebre 11:32-38 ; 12:1.

4 Nan Labib, Jòb reprezante yon modèl nan domèn andirans. Men sa Jak te ekri : “ Gade ! Nou deklare byennere moun ki andire. Nou tande pale de andirans Jòb e nou wè finisman Jewova te bay, sa montre Jewova gen anpil tandrès nan afeksyon l e li gen mizèrikòd. ” ​(Jak 5:11). Istwa Jòb la ban nou yon ide sou rekonpans k ap tann moun ki fidèl yo, moun Jewova beni yo. Yon bagay ki pi enpòtan toujou, li revele verite k ap pwofitab pou nou nan moman ki difisil anpil yo. Liv Jòb la ede nou reponn kesyon sa yo : Lè nou anba difikilte, poukisa nou dwe eseye konprann kesyon prensipal ki soulve yo ? Ki kalite e ki atitid ki ede nou andire ? Ki jan nou ka fòtifye konpayon kretyen nou yo k ap fè fas ak difikilte ?

Annou chèche gen yon konpreyansyon global

5. Ki kesyon prensipal nou dwe gen nan lespri nou lè n ap fè fas ak eprèv ak tantasyon ?

5 Lè n ap fè fas ak difikilte, pou nou ka kenbe ekilib nou nan domèn espirityèl, li nesesè pou nou konprann tout kesyon ki enplike yo. Si nou pa fè sa, pwoblèm pèsonèl nou yo ka bwouye vizyon espirityèl nou. Kesyon fidelite devan Bondye a gen yon enpòtans kapital. Papa nou ki nan syèl la lanse yon apèl nou dwe bay anpil konsiderasyon : “ Montre w saj, pitit gason m, e fè kè m kontan dekwa pou m kapab reponn moun k ap pwovoke m nan. ” ​(Pwovèb 27:11). Ala yon privilèj san parèy sa ye ! Malgre feblès ak enpèfeksyon nou genyen, nou ka fè Kreyatè nou an kontan. Nou fè sa lè lanmou nou pou Jewova pèmèt nou andire eprèv ak tantasyon. Vrè lanmou kretyen an andire tout bagay. Li pa janm pase. — 1 Korentyen 13:7, 8.

6. Ki jan Satan pwovoke Jewova, e nan ki degre li fè sa ?

6 Liv Jòb la idantifye Satan aklè kòm sila k ap pwovoke Jewova a. Anplis, li devwale mechanste ènmi envizib sa a gen nan li ak dezi li genyen pou l detwi relasyon nou ak Bondye. Anfèt, jan ka Jòb la montre sa, Satan akize tout sèvitè Jewova yo kòmkwa se egoyis ki motive yo, e l ap chèche pwouve lanmou yo pou Bondye ka refwadi. L ap pwovoke Bondye depi plizyè milye ane. Lè yo te chase Satan nan syèl la, gen yon vwa ki te sot nan syèl la ki te dekri l kòm “ akizatè frè nou yo ”. E vwa a te di li akize yo “ lajounen kou lannuit devan Bondye nou an ”. (Revelasyon 12:10.) Nou montre akizasyon sa yo pa gen fondman lè nou andire fidèlman.

7. Ki pi bon fason nou ka lite kont feblès fizik nou genyen ?

7 Nou dwe sonje Dyab la pral chèche pwofite nenpòt tribilasyon nou jwenn pou l eseye mete distans ant nou menm ak Jewova. Ki lè li te tante Jezi ? Se lè Jezi te grangou apre li te fin jene pandan anpil jou (Lik 4:1-3). Sepandan, fòs espirityèl Jezi te genyen te pèmèt li rejte tantasyon Dyab la avèk fèmte. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou itilize fòs espirityèl nou genyen pou nou konbat kèlkeswa feblès fizik maladi oswa laj ta ka lakòz ! Menmsi “ moun nou ye pa deyò a ap depafini ”, nou pap bese lebra paske “ moun nou ye pa anndan an se chak jou l ap renouvle ”. — 2 Korentyen 4:16.

8. a) Ki jan santiman negatif ka minen nou ? b) Ki atitid Jezi te genyen ?

8 Yon lòt bagay, sèke santiman negatif ka kraze espirityalite yon moun. Moun sa a ka ap mande tèt li : ‘ Poukisa Jewova pèmèt yon bagay konsa rive ? ’ Yon moun yo fin trete mal ka ap mande tèt li : ‘ Kòman yon frè ka rive fè m yon bagay konsa ? ’ Santiman konsa ka lakòz nou bliye kesyon prensipal yo e yo ka lakòz nou konsantre nou sèlman sou sitiyasyon pèsonèl nou. Desepsyon Jòb te santi akoz twa konpayon l yo sanble te fè l soufri moralman menm jan maladi l la te fè l soufri fizikman (Jòb 16:20 ; 19:2). Nan menm sans lan tou, selon sa apot Pòl te montre, yon kòlè ki pwolonje kapab “ kite jwen [oswa opòtinite] pou Dyab la ”. (Efezyen 4:26, 27.) Olye pou yon kretyen vide desepsyon l oubyen kòlè l sou lòt moun oswa pou l konsantre l sou enjistis ki gen nan yon sitiyasyon, l ap pi bon pou l “ lage tout bagay nan men moun ki jije avèk jistis la ”, Jewova Dye (1 Pyè 2:21-23). Si nou gen menm “ etadespri ” ak Jezi, sa ka yon gwo defans kont atak Satan yo. — 1 Pyè 4:1.

9. Ki asirans Bondye ban nou konsènan fado nou oblije pote oswa tantasyon nou jwenn ?

9 Sa k pi enpòtan an, nou pa dwe janm konsidere pwoblèm nou yo kòm prèv klè ki montre Bondye pa apwouve nou. Yon move konpreyansyon konsa te fè Jòb soufri anpil nan yon moman kote swadizan konsolatè l yo t ap plede di l pawòl ki blesan (Jòb 19:21, 22). Bib la rasire nou ak pawòl sa yo : “ Moun pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv nan fason sa a. ” ​(Jak 1:13). Okontrè, Jewova pwomèt pou l ede nou pote kèlkeswa fado ki ta ka tonbe sou nou e pou l delivre nou anba kèlkeswa tantasyon nou ta ka jwenn (Sòm 55:22 ; 1 Korentyen 10:13). Lè nou pwoche bò kote Bondye nan moman detrès, n ap kapab wè bagay yo jan yo ye vrèman e n ap kapab opoze ak Dyab la avèk siksè. — Jak 4:7, 8.

Sa ki ka ede nou andire

10, 11. a) Ki sa k te ede Jòb andire ? b) Lefètke Jòb te gen yon bon konsyans, ki jan sa te ede l ?

10 Malgre sitiyasyon difisil Jòb t ap andire, san wete tò “ konsolatè ” l yo te fè l nan fason yo te pale, mete ak konfizyon li te genyen konsènan vrè rezon ki te fè l gen kalamite sa yo, li pa t lage entegrite l. Ki sa nou ka aprann nan andirans li ? San okenn dout, rezon fondamantal ki te fè li gen siksè se fidelite l anvè Jewova. “ Li te gen lakrentif pou Bondye e li te vire do bay sa ki mal. ” ​(Jòb 1:1). Se fason sa a li t ap viv. Jòb te refize vire do bay Jewova, menm lè li pa t konprann pou ki rezon bagay yo te vin vire mal yon sèl kou. Jòb te kwè li te dwe sèvi Bondye nan bon tan kou nan move tan. — Jòb 1:21 ; 2:10.

11 Jòb te jwenn rekonfò tou lefètke li te gen yon bon konsyans. Nan yon moman kote li te santi lavi l te rive nan bout li, li te santi l rekonfòte lefètke li te konnen li te fè tout sa l kapab pou l ede lòt moun, li te rete atache ak prensip Jewova yo ki jis, e li te evite fo adorasyon sou tout fòm. — Jòb 31:4-11, 26-28.

12. Ki jan Jòb te reyaji devan èd li te resevwa nan men Eliyou ?

12 Se vre, Jòb te bezwen èd pou l ajiste pwennvi l nan kèk domèn. Li te aksepte èd sa a avèk imilite, e sa se yon lòt bagay enpòtan ki te ede l andire fidèlman. Avèk respè, Jòb te koute konsèy saj Eliyou te ba li yo, e li te reyaji yon fason pozitif devan koreksyon Jewova. Li te admèt : “ Mwen te pale, men mwen pa t konprann. ” Apre sa li di : “ Mwen retire sa m sot di yo, mwen repanti toutbon nan pousyè ak sann. ” ​(Jòb 42:3, 6). Malgre Jòb te toujou gen maladi a sou li, li te kontan paske ajisteman li te fè nan fason l panse te fè l vin pi pwòch Bondye. Men sa Jòb te di : “ Mwen vin aprann ou [Jewova] ka fè tout bagay. ” ​(Jòb 42:2). Grasa deskripsyon Jewova te fè sou grandè Li, Jòb te vin gen yon konpreyansyon ki pi klè lontan sou pozisyon pa l parapò ak Kreyatè a.

13. Ki pwofi Jòb te jwenn lefètke li te demontre mizèrikòd ?

13 Finalman, Jòb bay yon egzanp mizèrikòd ki estrawòdinè. Fo konsolatè l yo te fè l anpil mal, poutan, lè Jewova te mande Jòb priye pou yo, li te fè sa. Apre sa, Jewova te rebay Jòb lasante (Jòb 42:8, 10). Li klè, rankin pap ede nou andire, tandiske lanmou ak mizèrikòd ap ede nou fè sa. Lè nou retire rankin nan kè nou, sa rafrechi nou nan domèn espirityèl, e se yon konpòtman Jewova beni. — Mak 11:25.

Konseye ki saj k ap ede nou andire

14, 15. a) Ki kalite k ap pèmèt yon konseye geri lòt moun ? b) Esplike poukisa Eliyou te reyisi ede Jòb.

14 Yon lòt leson nou ka aprann nan istwa Jòb la se enpòtans konseye ki saj yo genyen. Konseye konsa se frè “ ki fèt pou lè gen malè ”. (Pwovèb 17:17.) Sepandan, jan eksperyans Jòb la montre sa, kèk konseye ka blese olye yo geri. Yon bon konseye bezwen montre konpreyansyon, respè ak bonte, menm jan Eliyou te fè sa. Ansyen yo ak lòt kretyen ki gen matirite ka bezwen ajiste panse kèk frè ki anba gwo pwoblèm. E pandan konseye sa yo ap fè sa, yo ka aprann anpil bagay nan liv Jòb la. — Galat 6:1 ; Ebre 12:12, 13.

15 Gen anpil bèl leson nou ka tire nan fason Eliyou te konpòte l nan sitiyasyon an. Li te pase anpil tan ap koute anvan li te bay yon repons sou remak ki pa t kòrèk twa konpayon Jòb yo te fè (Jòb 32:11 ; Pwovèb 18:13). Eliyou te itilize non Jòb pou l pale avè l antanke zanmi (Jòb 33:1). Kontrèman ak twa fo konsolatè yo, Eliyou pa t panse li siperyè Jòb. Men sa li te di : “ Mwen menm tou se ak ajil yo te modle m. ” Li pa t vle ajoute sou soufrans Jòb nan pale san reflechi (Jòb 33:6, 7 ; Pwovèb 12:18). Olye Eliyou te kritike konduit Jòb te genyen anvan, li te felisite l pou jistis li (Jòb 33:32). Sa k pi enpòtan an, sèke Eliyou te wè bagay yo selon pwennvi Bondye, e li te ede Jòb sonje Jewova pa t ap janm aji yon fason ki enjis (Jòb 34:10-12). Li te ankouraje Jòb pou l rete tann Jewova olye pou l ap chèche demontre pwòp jistis li (Jòb 35:2 ; 37:14, 23). San mank, ansyen yo ak lòt moun ka tire pwofi nan leson sa yo.

16. Ki jan twa fo konsolatè Jòb yo te tounen enstriman nan men Satan ?

16 Konsèy saj Eliyou yo te diferan ak pawòl blesan Elifaz, Bildad ak Tsofa te di yo. Jewova te di yo : “ Nou menm nou pa di laverite konsènan mwen. ” ​(Jòb 42:7). Menmsi yo te pretann yo te gen bon entansyon, olye yo te aji kòm konpayon fidèl, yo te aji kòm enstriman nan men Satan. Depi okòmansman, yo toule twa te mete nan tèt yo se Jòb ki responsab kalamite l yo (Jòb 4:7, 8 ; 8:6 ; 20:22, 29). Selon Elifaz, Bondye pa fè sèvitè l yo konfyans, e sa pa enterese l si nou jis oswa si nou pa jis (Jòb 15:15 ; 22:2, 3). Elifaz te menm akize Jòb pou erè li pa t komèt (Jòb 22:5, 9). Eliyou, bò kote pa l, te ede Jòb nan domèn espirityèl, e se toujou objektif sa a yon konseye ki plen lanmou dwe pousuiv.

17. Ki sa nou ta dwe sonje lè nou anba eprèv ?

17 Gen yon lòt leson sou andirans nou ka tire nan liv Jòb la. Bondye nou an ki plen lanmou wè sitiyasyon nou, e nonsèlman li vle ede nou divès fason, men tou li kapab fè sa. Talè a nou te wè eksperyans Elsa Abt. Reflechi sou konklizyon li te tire a : “ Anvan yo te arete m, mwen te li lèt yon sè ki te di lè yon moun anba gwo eprèv, lespri Jewova fè yon trankilite vin sou li. Mwen te panse petèt li te yon jan egzajere. Men, lè mwen menm mwen te pase anba eprèv, mwen te konprann sa l te di a se laverite. Se vrèman konsa sa te pase. Li difisil pou w imajine sa si w pa t viv li. Poutan, sa te rive m vrèman. Jewova ede nou. ” Elsa pa t ap pale konsènan sa Jewova te ka fè oswa sa l te fè nan epòk Jòb la sa gen kèk syèk. Li t ap pale de epòk pa nou an. Wi, “ Jewova ede nou ” !

Byennere moun ki andire

18. Ki byenfè Jòb te jwenn lefètke li te gen andirans ?

18 Pa gen anpil nan nou k ap gen pou sibi tribilasyon ki rèd anpil menm jan ak pa Jòb yo. Men, kèlkeswa eprèv nou ta rankontre akoz sistèm sa a, nou gen bonjan rezon pou nou kenbe entegrite nou menm jan ak Jòb. Anfèt, andirans te anrichi lavi Jòb. Li te pèfeksyone Jòb, li te fè l vin konplè (Jak 1:2-4). Sa te ranfòse relasyon l avèk Bondye. Jòb te deklare : “ Se tande m te konn tande pale de ou, men kounye a mwen wè w ak pwòp je m. ” ​(Jòb 42:5). Li vin klè, Satan se yon mantè paske l pa t ka kraze entegrite Jòb. Plizyè santèn ane apre sa, Jewova te kontinye pale de sèvitè l Jòb kòm yon egzanp jistis (Ezekyèl 14:14). Sa ki rapòte sou entegrite li ak sou andirans li motive sèvitè Bondye yo jis jodi a.

19. Poukisa w santi sa vo lapèn pou w andire ?

19 Lè Jak te ekri kretyen yo nan premye syèk la konsènan andirans, li te pale de satisfaksyon andirans bay. E li te sèvi ak egzanp Jòb la pou l fè yo sonje Jewova rekonpanse sèvitè fidèl li yo anpil (Jak 5:11). Men sa nou li nan Jòb 42:12 : “ Kanta Jewova, apre sa, li te beni finisman Jòb plis pase kòmansman l. ” Bondye te bay Jòb de fwa sa l te pèdi, e li te viv lontan e ak kè kontan (Jòb 42:16, 17). Se menm jan an tou, kèlkeswa lapenn, soufrans oswa tristès nou ta ka jwenn nan fen sistèm de choz sa a, yo tout y ap disparèt e n ap bliye yo nan monn nouvo Bondye a (Izayi 65:17 ; Revelasyon 21:4). Nou te tande pale de andirans Jòb e, avèk èd Jewova, nou detèmine pou nou imite egzanp Jòb. Men ki pwomès Labib fè nou : “ Byennere moun ki kontinye andire eprèv, paske lè l fin tounen yon moun yo apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a, kouwòn Jewova pwomèt moun ki kontinye renmen l yo. ” — Jak 1:12.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan nou ka fè kè Jewova kontan ?

• Poukisa nou pa ta dwe tire konklizyon kòmkwa pwoblèm nou yo se prèv ki montre Bondye pa apwouve nou ?

• Ki sa k te ede Jòb andire ?

• Ki jan nou ka imite Eliyou nan fòtifye kwayan menm jan avèk nou yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 16]

Yon bon konseye demontre konpreyansyon, respè ak bonte.

[Foto nan paj 17]

Elsa ak Harald Abt.