Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — senkyèm liv

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — senkyèm liv

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan Sòm yo — senkyèm liv

MOUN ki rich la ka di : “ Pitit gason nou yo tankou ti plant ki grandi pandan yo jèn, pitit fi nou yo tankou kwen ki eskilte nan stil palè, grenye nou yo plen, [...] twoupo nou yo ap miltipliye pa milye. ” Epitou, li ka di : “ Byennere pèp se konsa sa ye pou li ! ” Sepandan, salmis la bò kote pa l deklare : “ Byennere pèp ki gen Jewova pou Bondye ! ” ​(Sòm 144:12-15). Ki jan pou yo pa ta gen kè kontan ? Jewova se Bondye ki gen kè kontan an, e moun k ap adore l yo gen kè kontan tou (1 Timote 1:11). Verite sa a parèt klè nan dènye gwoup chante Bondye enspire ki nan Sòm 107 a 150.

Senkyèm liv Sòm nan atire atansyon tou sou kalite estrawòdinè Jewova yo. Pa egzanp, li gen bonte ki plen lanmou, li veridik e li gen byenveyans. Plis n ap konprann pèsonalite Bondye, se plis n ap vin renmen l e n ap vin krenn li. Anretou, sa kontribye pou nou gen kè kontan. Ala yon mesaj ki gen anpil valè nou jwenn nan senkyèm liv Sòm nan ! — Ebre 4:12.

YO GEN KÈ KONTAN GRASA BONTE KI PLEN LANMOU JEWOVA GENYEN

(Sòm 107:1–119:176)

Egzile juif ki te retounen sot nan kaptivite nan Babilòn yo te chante pawòl sa yo : “ O ! se pou yo di Jewova mèsi pou bonte ki plen lanmou li genyen e pou travay estrawòdinè li fè pou pitit gason lèzòm yo. ” ​(Sòm 107:8, 15, 21, 31). Pou David te fè louwanj pou Bondye, men sa li te chante : “ Fidelite w rive jis nan syèl la. ” ​(Sòm 108:4). Nan melodi ki vin apre a, li fè priyè sa a : “ Ede m, o Jewova Bondye m nan. Sove m selon bonte ki plen lanmou ou genyen. ” ​(Sòm 109:18, 19, 26). Sòm 110 se yon sòm pwofetik konsènan dominasyon Mesi a. Sòm 111:10 di : “ Lakrentif pou Jewova se kòmansman sajès. ” Selon sa sòm ki vin apre a di, “ byennere moun ki gen krent pou Jewova ”. — Sòm 112:1.

Sòm 113 rive nan Sòm 118 pote non Sòm Alèl. Yo rele yo konsa paske yo itilize ekspresyon “ Alelouya ” oswa “ Louwe Ya ! ” plizyè fwa ladan yo. Selon Michna a, ki se yon travay ki te fèt nan twazyèm syèk la kote yo te rapòte alekri tradisyon oral ki te egziste anvan sa, yo te konn chante chante sa yo nan okazyon fèt Pak la ak nan twa lòt fèt Juif yo te konn fete chak ane. Sòm 119 la se li ki pi long nan tout sòm yo e se chapit ki pi long nan Bib la. Li egzalte pawòl revele Jewova a, sètadi mesaj li a.

Kesyon biblik ak tout repons :

109:23 — Ki sa David te vle di lè l te di : “ Menm jan ak yon lonbray k ap diminye, mwen oblije ale ? ” Nan yon stil powetik, David te vle di li santi lanmò li toupre. — Sòm 102:11.

110:1, 2 — Ki sa Jezi Kris, “ Seyè [David] ”, t ap fè pandan li te chita adwat Bondye ? Apre Jezi fin resisite e li monte nan syèl, li te rete adwat Bondye, li te tann jis an 1914 pou l kòmanse dirije antanke Wa. Diran tan sa a, Jezi te dirije disip wen li yo, li t ap gide yo nan travay predikasyon an ak nan travay fè disip la, e li t ap prepare yo tou pou yo dirije avèk li nan Wayòm li an. — Matye 24:14 ; 28:18-20 ; Lik 22:28-30.

110:4 — Ki sèman Jewova te fè ‘ san l pa regrèt ’ ? Sèman sa a se alyans Jewova te fè ak Jezi Kris pou l sèvi antanke Wa e antanke Gran Prèt. — Lik 22:29.

113:3 — Nan ki sans nou dwe louwe non Jewova “ depi lè solèy leve jiskaske li kouche ” ? Sa gen rapò ak plis pase yon gwoup moun k ap adore Bondye chak jou. Soti depi lè solèy la leve nan lès rive lè li kouche nan lwès, reyon solèy la klere tout tè a nèt. Menm jan an tou, yo dwe louwe Bondye sou tout tè a. Sa pa ka fèt san yon efò òganize. Antanke Temwen Jewova, nou gen privilèj estrawòdinè pou nou louwe Bondye e pou nou patisipe avèk zèl nan travay pwoklamasyon Wayòm nan.

116:15 — Nan ki pwen “ lanmò moun ki fidèl ak Jewova yo gen valè nan je l ” ? Adoratè Jewova yo tèlman gen valè nan je l, li konsidere lanmò yo, antanke gwoup, t ap koute l twòp pou l ta pèmèt sa. Si Jewova ta kite sa rive, sa ta sanble ènmi l yo pi pisan pase l. Anplis de sa, pa t ap gen pèsonn ki rete sou tè a pou poze baz pou monn nouvo a.

119:71 — Ki avantaj ki ka genyen nan afliksyon ? Difikilte ka aprann nou konte sou Jewova plis toujou, pou nou priye l avèk plis senserite, e pou nou pi dilijan nan etidye Labib e nan aplike sa li di. Anplis de sa, reyaksyon nou devan pwoblèm ka revele enpèfeksyon nou ka korije nan pèsonalite nou. Soufrans pap fè nou vin akaryat si nou kite l rafine nou.

119:96 — Ki sa ekspresyon ‘ yon fen nan tout pèfeksyon ’ an siyifi ? Salmis la ap pale konsènan pèfeksyon selon pwennvi lèzòm. Petèt li te vle di konsepsyon lòm genyen sou pèfeksyon limite. Yon lòt bò, kòmandman Bondye yo pa gen limit sa a. Konsèy li yo aplikab nan tout aspè lavi a. Men sa nou li nan yon tradiksyon biblik ki pote non Ford Porter : ‘ Mwen te wè yon fen nan tout pèfeksyon : men kòmandman ou laj depase. ’

119:164 — Ki sa sa siyifi louwe Bondye “ sèt fwa pa jou ” ? Souvan chif sèt la endike sa ki konplè. Kidonk, salmis la di Jewova merite tout louwanj.

Leson pou nou jodi a :

107:27-31. Sajès monn nan pral “ bwouye ” lè Amagedòn ap frape (Revelasyon 16:14, 16). Li pa ka sove pèsonn anba destriksyon. Se sèlman moun ki konte sou Jewova pou yo jwenn delivrans ki pral viv pou yo ka “ di [li] mèsi pou bonte ki plen lanmou li genyen ”.

109:30, 31 ; 110:5. Nòmalman, men dwat yon sòlda ki kenbe epe l pa jwenn pwoteksyon boukliye a li kenbe sou bò goch. Nan yon sans figire, Jewova “ adwat ” sèvitè li yo pou l konbat pou yo. Konsa, li ba yo pwoteksyon e li ede yo. Sa a se yon bonjan rezon pou nou “ fè anpil elòj ” pou li !

113:4-9. Jewova sitèlman elve, menm “ pou l gade syèl la ” se bese l bese. Sepandan, li gen konpasyon pou piti a, pou pòv la e pou fi ki pa ka fè pitit la. Jewova, Souvren Seyè a, enb e li vle pou adoratè l yo menm jan an tou. — Jak 4:6.

114:3-7. Aksyon estrawòdinè nou aprann Jewova te fè pou pèp li a nan lanmè Wouj, nan rivyè Jouden ak nan mòn Sinayi ta dwe touche nou anpil. Limanite, “ tè a ” reprezante, ta dwe tranble. Nan yon sans figire, li ta dwe “ nan gwo doulè ” akoz Seyè a.

119:97-101. Si nou chèche gen sajès, klèvwayans ak konpreyansyon nan Pawòl Bondye a, sa ap pwoteje nou kont malè espirityèl.

119:105. Pawòl Bondye a se yon lanp pou pye nou nan sans li ka ede nou fè fas ak pwoblèm n ap rankontre kounye a. Li klere chemen nou tou nan sans figire, etandone li predi objektif Bondye pou lavni.

NOU GEN KÈ KONTAN MALGRE PWOBLÈM

(Sòm 120:1–145:21)

Ki jan nou ka fè fas ak sitiyasyon difisil e ki jan nou ka andire pwoblèm ? Sòm 120 rive nan Sòm 134 bay yon repons klè sou kesyon sa a. Nou andire difikilte e nou konsève jwa nou lè nou chèche èd Jewova. Sòm sa yo, ki rele Chan monte yo, yo te konn chante yo sandout pandan Izrayelit yo t ap vwayaje al Jerizalèm pou yo selebre fèt yo genyen chak ane yo.

Sòm 135 ak Sòm 136 prezante Jewova tankou Sila ki fè kèlkeswa sa ki fè l plezi, kontrèman ak zidòl yo ki pa ka fè anyen. Yo konpoze 136yèm Sòm nan yon fason pou yo chante l avèk yon repons, yo te konn chante dezyèm pati chak vèsè an repons pou premye pati a. Sòm ki vin apre a rapòte nan ki kondisyon tris Juif ki te vle adore Jewova nan Siyon yo te twouve yo nan Babilòn. Se David ki ekri Sòm 138 rive nan Sòm 145. Li te vle ‘ louwe Jewova ak tout kè l ’. Poukisa ? Men sa li di : “ Paske mwen fèt yon fason ki bay lakrentif, yon fason ki estrawòdinè. ” ​(Sòm 138:1 ; 139:14). Nan senk sòm ki vin apre yo, David priye pou l jwenn pwoteksyon kont move moun, pou l jwenn reprimann ki jis, pou l jwenn delivrans anba pèsekitè l yo e pou l jwenn konsèy sou konduit li dwe genyen. Li mete aksan sou jwa pèp Jewova a (Sòm 144:15). Apre David fin egzamine grandè Bondye ak byenveyans li, li deklare : “ Bouch mwen ap fè louwanj pou Jewova, e se pou tout chè beni non li ki sen pou tan endefini, wi, pou toutan. ” — Sòm 145:21.

Kesyon biblik ak tout repons :

122:3 — Nan ki sans Jerizalèm se te yon vil ki te “ lye ansanm nan linite ” ? Menm jan ak lòt vil nan tan lontan yo, kay nan Jerizalèm yo te konstwi kole youn ak lòt. Kay nan vil la te pre youn ak lòt, e sa te fè li fasil pou yo defann li. Anplis, sa te pèmèt moun ki abite nan vil la konte youn sou lòt pou yo jwenn èd ak pwoteksyon. Se sa ki ede nou konprann inite espirityèl ki te gen nan 12 tribi Izrayèl yo lè yo te reyini ansanm pou adorasyon.

123:2 — Poukisa yo bay egzanp sou je sèvitè yo ? Sèvitè ak sèvant yo gade men yon mèt oswa yon metrès pou de rezon : pou yo chèche konnen sa l vle e pou yo jwenn pwoteksyon ak sa yo bezwen pou yo viv. Se menm jan an tou, nou gade nan direksyon Jewova pou nou disène volonte l e pou nou jwenn favè li.

131:1-3 — Ki jan David te ‘ apeze nanm li e li te kalme nanm li tankou yon timoun ki sevre ki sou manman l ’ ? Menm jan yon timoun ki sevre chèche jwenn soulajman ak satisfaksyon nan bra manman l, se konsa David te aprann apeze nanm li, li te aprann kalme nanm li “ tankou yon timoun ki sevre ki sou manman l ”. Ki jan l te fè sa ? Li pa t kite kè l vin ògeye, je li pa t vin elve e li pa t ale dèyè bagay ki te twò gran pou li. Olye David te chèche glwa pou tèt li, jeneralman li te rekonèt limit li e li te demontre imilite. Li ta saj pou nou imite atitid li, patikilyèman lè n ap chèche jwenn privilèj nan kongregasyon an.

Leson pou nou jodi a :

120:1, 2, 6, 7. Medizans ak pawòl blesan ka lage moun nan yon detrès ki ensipòtab. Lè nou metrize lang nou, se youn nan fason pou nou montre nou “ pran pozisyon pou lapè ”.

120:3, 4. Si nou gen pou nou fè fas ak yon moun ki gen “ lang rize ”, nou ka pran kouraj lefètke nou konnen Jewova ap regle bagay la kòrèkteman nan moman li fikse pou sa. Medizan yo ap jwenn kalamite anba men “ yon nonm pisan ”. Sètènman, yo pral resevwa jijman ki cho kou dife, tankou “ chabon dife jenè ”.

127:1, 2. Nan tout sa n ap fè efò pou nou fè, nou dwe chèche direksyon Jewova.

133:1-3. Inite pèp Jewova a se yon inite ki rekonfòtan, ki pwofitab e ki rafrechisan. Nou pa dwe entèwonp li nan chèche fot lakay moun, nan zizani oswa nan plenyen.

137:1, 5, 6. Adoratè Jewova ki te egzile yo te santi yo atache ak Siyon, ki te reprezante òganizasyon Bondye a. E nou menm ? Èske nou atache fidèlman ak òganizasyon Jewova ap itilize jodi a ?

138:2. Jewova ‘ elve pawòl li pi wo pase tout non l ’ nan sans akonplisman tout sa li pwomèt nan non li pral depase kèlkeswa sa nou ta atann. Vrèmanvre, nou gen bèl pèspektiv devan nou.

139:1-6, 15, 16. Jewova konnen aktivite n ap mennen, li konnen panse nou ak pawòl nou menm anvan nou di yo. Li konnen nou depi lè nou te fèk ap fòme nan vant, anvan chak pati nan kò nou te fin fòme. Konesans Bondye gen sou nou chak pèsonèlman “ twò estrawòdinè ” pou moun rive konprann. Se pa ti rekonfòtan sa rekonfòtan pou nou konnen Jewova pa sèlman wè yon sitiyasyon difisil n ap fè fas, men tou li konprann efè sa gen sou nou !

139:7-12. Pa gen okenn kote nou ka ale ki twò lwen pou Bondye fòtifye nou.

139:17, 18. Èske konesans Jewova vin agreyab pou nou (Pwovèb 2:10) ? Si se konsa, nou jwenn yon sous plezi ki pap janm seche. Panse Jewova “ plis pase ata grenn sab ”. Ap toujou plen bagay pou moun aprann sou li.

139:23, 24. Nou dwe dispoze bay Jewova egzamine moun nou ye pa anndan an pou l chèche “ chemen doulè ” yo, sa vle di panse, dezi ak panchan ki pa kòrèk, e pou l ede nou derasinen yo.

143:4-7. Ki jan nou ka rive andire menm difikilte ki rèd anpil yo ? Salmis la ban nou sekrè a : Medite sou aktivite Jewova, toujou enterese nan sa l ap fè, e priye l pou nou mande l èd.

“ Louwe Ya ! ”

Chak gwoup sòm ki nan kat premye gwoup yo fini ak yon ekspresyon louwanj pou Jewova (Sòm 41:13 ; 72:19, 20 ; 89:52 ; 106:48). Dènye gwoup la tou. Sòm 150:6 di : “ Se pou tout sa k ap respire louwe Ya. Louwe Ya ! ” Sa ap vrèman vin yon reyalite nan monn nouvo Bondye a.

Annatandan bèl epòk sa a, nou gen anpil rezon pou nou glorifye vrè Dye a e pou nou louwe non l. Lè nou reflechi sou bonè nou jwenn poutèt nou konnen Jewova e poutèt nou gen bon relasyon avè l, èske sa pa pouse nou louwe l ak yon kè rekonesan ?

[Foto nan paj 15]

Travay estrawòdinè Jewova yo bay lakrentif.

[Foto nan paj 16]

Panse Jewova yo “ plis pase ata grenn sab ”.