Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Relijyon : ki itilite l ?

Relijyon : ki itilite l ?

Relijyon : ki itilite l ?

“ MWEN kapab yon bon moun san m pa pratike yon relijyon ! ” Sa se opinyon anpil moun. Gen anpil moun ki onèt, ki gen bon kè e ki serye ki pa enterese nan relijyon. Pa egzanp, pa gen anpil moun ann Ewòp de Lwès ki ale Legliz, byenke pifò di yo kwè nan Bondye *. Menm ann Amerik Latin, se sèlman 15 a 20 pousan katolik ki ale Legliz regilyèman.

Menm jan ak anpil lòt moun, petèt ou santi relijyon pa nesesè pou yon moun mennen yon pi bon vi. Petèt ou okouran tou, kèk dizèn ane oparavan, nan epòk gran paran w yo, majorite moun te pi atache ak relijyon pase jodi a. Ki sa k fè relijyon vin pèdi atirans jeneral li te genyen an ? Èske yon moun ka yon bon moun san li pa fè pati yon relijyon ? Èske gen yon relijyon ki ka pwofitab pou ou ?

Rezon ki fè anpil moun vire do bay relijyon

Pandan plizyè syèk, pifò moun nan lakretyente te kwè Bondye egzije obeyisans. Yo te ale Legliz pou yo jwenn favè Bondye, kit se pa mwayen seremoni yon prèt ap fè oswa pa mwayen konsèy yon predikatè bay. Natirèlman, anpil moun te byen konnen ipokrizi ki gen nan relijyon yo. Yo te byen konnen wòl relijyon jwe nan lagè, e yo te konnen tou konduit kòwonpi kèk manm klèje a genyen. Men, pifò moun te santi relijyon an li menm se yon bon bagay. Gen lòt ki te renmen aspè mistik li gen ladan l, ansanm ak tradisyon yo ak mizik yo. Kèk moun te menm konsidere kondanasyon etènèl nan lanfè a gen bon kote l, kwak se yon ansèyman ki pa nan Ekriti yo. Pi devan, vin gen plizyè evènman ki chanje fason anpil moun konsidere relijyon yo.

Teyori evolisyon an te vin popilè. Gen kèk moun ki te vin kwè se yon aza ki fè gen lavi, se pa Bondye. Pifò relijyon pa t reyisi bay prèv konvenkan ki montre se Bondye ki Sous lavi a (Sòm 36:9). Anplis de sa, tank teknoloji a t ap avanse, gwo reyalizasyon nan domèn medsin, transpò ak kominikasyon te bay enpresyon lasyans ka rezoud nenpòt pwoblèm. Anplis, yo te vin santi sosyològ yo ak sikològ yo bay pi bon konsèy pase Legliz yo. Legliz yo, bò kote pa yo, pa t rive demontre aklè lè yon moun aplike lwa Bondye yo nan lavi l se meyè fason pou li viv. — Jak 1:25.

Kòm rezilta, anpil relijyon chanje mesaj y ap bay. Prèt yo ak predikatè yo sispann fè moun yo konnen Bondye egzije obeyisans. Olye de sa, anpil ladan yo fè konnen chak moun dwe deside poukont li sa ki bon ak sa ki mal. Gen kèk chèf relijye, pou yo jwenn popilarite, yo fè konnen Bondye aksepte yon moun kèlkeswa vi l ap mennen. Yon ansèyman konsa fè nou sonje pawòl sa yo Labib te predi : “ Gen yon moman k ap rive kote yo pap tolere ansèyman ki pwofitab la, men, selon pwòp dezi yo, yo va rasanble yon pil anseyan pou yo menm, pou fè zòrèy yo dous. ” — 2 Timote 4:3.

Olye ansèyman sa yo te atire moun, yo te repouse yo. Tou natirèlman, yo te mande tèt yo : ‘ Si Legliz yo gen dout sou pisans Bondye genyen pou li kreye e sou sajès li genyen pou li fè lwa, ki enterè mwen genyen pou m al Legliz ? Poukisa pou m ta fè efò pou m leve pitit mwen nan relijyon ? ’ Moun ki te senpleman ap eseye mennen yon vi dwat kòmanse wè relijyon pa nesesè. Yo sispann al Legliz, e relijyon vin pa gen enpòtans pou yo ankò. Ki sa ki fè yon bagay ki ta dwe bon vin vire mal konsa ? Labib bay yon esplikasyon ki konvenkan.

Yo itilize relijyon nan move objektif

Apot Pòl te avèti kretyen premye syèk yo gen kèk moun ki t ap itilize krisyanis la nan move objektif. Li te di : “ Gen lou mechan k ap rantre nan mitan nou e yo pap aji ak twoupo a avèk tandrès, e gen yon seri mesye k ap leve pami nou menm menm e y ap di bagay kwochi pou yo rale disip yo dèyè yo. ” ​(Travay 20:29, 30). Youn nan moun ki te pale “ bagay kwochi ” se yon teyolojyen katolik women ki te rele Ogisten. Jezi te aprann disip li yo konvenk moun grasa rezònman sou Ekriti yo. Sepandan, pou Ogisten te fè konprann li nòmal pou yo itilize fòs nan travay konvèti moun nan, li te tòde sans yon pawòl Jezi nou jwenn nan Lik 14:23 ki di : “ Fòse yo antre. ” ​(Matye 28:19, 20 ; Travay 28:23, 24). Ogisten te itilize relijyon pou l met kontwòl sou moun yo.

Se Satan, yon zanj rebèl, ki dèyè move itilizasyon yo fè avèk relijyon ak koripsyon ki gen ladan l. Nan premye syèk la, li te pouse yon seri mesye ki te relijye pou yo eseye kòwonp kongregasyon kretyen yo. Konsènan moun sa yo, Labib di : “ Mesye sa yo se fo apot, ouvriye blofè, k ap transfòme tèt yo ann apot Kris. E se pa etonan, paske Satan li menm toujou ap transfòme tèt li an zanj limyè. Donk, se pa yon bagay ki estrawòdinè si minis li yo tou toujou ap transfòme tèt yo an minis jistis. ” — 2 Korentyen 11:13-15.

Jiska prezan, Satan itilize relijyon ki swadizan kretyen, ki pretann yo gen moralite e y ap bay limyè, yon fason pou l fè moun yo viv selon prensip pa l olye yo viv selon prensip Bondye (Lik 4:5-7). Petèt ou remake anpil manm klèje jodi a itilize relijyon pou yo elve tèt yo ak gwo tit e pou yo jwenn kòb nan men fidèl Legliz yo. Gouvènman yo itilize relijyon tou pou yo konvenk sitwayen yo pou yo sakrifye tèt yo nan lagè.

Dyab la sèvi ak relijyon plis pase sa pifò moun panse. Petèt ou ta ka sipoze se sèlman kèk ekstremis k ap sèvi enterè Satan. Men, selon sa Labib di, sila “ yo rele Dyab e Satan [...] ap twonpe tout latè ki abite ”. Labib di tou : “ Lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” ​(Revelasyon 12:9 ; 1 Jan 5:19). Ki jan Bondye santi l lè l wè chèf yo ap itilize relijyon pou yo rale moun dèyè yo ?

“ Ki mele m ! ”

Si w choke akoz fason kèk Legliz nan lakretyente konpòte yo, konnen Bondye Toupisan an pa dakò avèk yo ditou. Lakretyente pretann li fè yon kontra ak Bondye. Izrayèl tan lontan an te pretann menm bagay la tou. Yo toule de enfidèl. Se poutèt sa, kondanasyon Jewova te lanse kont Izrayèl la aplike avèk menm fòs la pou lakretyente jodi a. Jewova di : “ Yo pa vle koute sa m’ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a. Ki mele m’ ak lansan y’ al chache nan peyi Saba [...] ! Zannimo n’ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m’ plezi menm. ” ​(Jeremi 6:19, 20, Bib la). Bondye pa t aksepte adorasyon ipokrit yo t ap ba l yo. Li pa t enterese ni nan seremoni relijye yo ni nan priyè yo. Li te di Izrayèl : “ Sezon fèt nou yo, nanm mwen rayi yo. Yo tounen yon fado pou mwen. Mwen vin bouke pote yo. E lè nou leve men nou, mwen bouche je m devan nou. Menmsi nou fè anpil priyè, mwen pap koute. ” — Izayi 1:14, 15.

Èske fèt Legliz yo prezante kòm fèt kretyen, men okòmansman ki te konn onore fo dye yo, atire Jewova ? Èske li koute priyè manm klèje ki kòwonp ansèyman Kris yo ? Èske Bondye aksepte yon relijyon ki rejte lwa li ? Ou mèt sèten li reyaji devan sèvis y ap bay nan Legliz yo jodi a menm jan li te reyaji devan sakrifis Izrayèl tan lontan an, lè li te di de yo : “ Ki mele m ! ”

Sepandan, Jewova enterese anpil nan adorasyon ki baze sou laverite moun sensè yo ap ba li. Bondye kontan lè moun eksprime rekonesans yo pou tout sa yo resevwa nan men l (Malaki 3:16, 17). Donk, èske w ka yon bon moun san w pa adore Bondye ? Èske yon moun ki pa fè anyen pou paran l ki renmen l ka gen rezon pou l konsidere tèt li kòm yon bon moun ? Èske yon moun ki pa fè anyen pou Bondye se yon bon moun ? Nòmalman, nou dwe aji pou nou montre nou enterese nan vrè Dye a, li menm ki Sous lavi a. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan vrè adorasyon an pa sèlman onore Bondye, men tou li pwofitab pou nou.

[Nòt anba paj]

^ § 2 “ Se nan ane 1960 yo [...] abitid ki gen rapò ak relijyon te kòmanse efondre nan anpil peyi. ” — The Decline of Christendom in Western Europe, 1750-2000.

[Foto nan paj 4]

Èske Legliz yo atire atansyon sou prèv ki montre se Bondye ki kreye tout bagay ?

[Foto nan paj 4, 5]

Èske se plas yon reprezantan Bondye ?

[Foto nan paj 5]

Ki jan Bondye konsidere yon fèt konsa ?

[Liy kredi]

AP Foto/Georgy Abdaladze