Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske vrèmanvre n ap viv nan “ dènye jou yo ” ?

Èske vrèmanvre n ap viv nan “ dènye jou yo ” ?

Èske vrèmanvre n ap viv nan “ dènye jou yo ” ?

FENOMÈN k ap devlope nan de domèn diferan ede nou idantifye sa Labib rele dènye jou yo. Ekriti yo predi evènman ki t ap gen pou rive diran peryòd “ konklizyon sistèm de choz la ”. (Matye 24:3.) E Labib pale tou sou chanjman nan atitid ak nan aksyon moun k ap viv nan “ dènye jou yo ”. — 2 Timote 3:1.

Lè nou mete evènman k ap pase nan monn nan ansanm ak atitid ak aksyon moun yo, sa bay prèv n ap viv nan dènye jou yo, e talè konsa Wayòm Bondye a pral pote benediksyon etènèl pou moun ki renmen Bondye. Toudabò, annou egzamine twa karakteristik Jezi te di ki t ap make dènye jou yo.

“ Kòmansman doulè yo ”

Jezi te di : “ Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm, e pral gen rate manje e pral gen tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt. ” Apre sa li di : “ Tout bagay sa yo se yon kòmansman doulè yo. ” ​(Matye 24:7, 8). Annou egzamine “ bagay sa yo ” youn apre lòt.

Gen yon bann moun yo masakre nan lagè ak afwontman ant gwoup etnik diran syèk ki sot pase a. Men sa yon etid rapòte : “ Gen twa fwa plis moun ki viktim nan lagè ki fèt nan [20yèm] syèk la pase tout gè ki te fèt soti nan premye syèk apre Jezi Kris rive jis nan ane 1899. ” ​(Worldwatch Institute). Nan yon liv Jonathan Glover ekri ki rele Limanite — yon istwa moral sou ventyèm syèk la (anglè), men sa li di : “ Yon estimasyon ki fèt pou peryòd soti 1900 rive 1989 montre lagè lakòz lanmò 86 milyon moun. [...] Kantite moun ki mouri nan lagè nan ventyèm syèk la rive nan yon nivo ki difisil pou imajine. Li pa reyalis pou yo fè yon mwayèn pou kantite moun ki mouri yo, piske anviwon de tyè ladan yo (58 milyon) mouri nan de gè mondyal yo. Men, si pou peryòd la yo ta fè yon mwayèn pou kantite moun ki mouri yo, sa t ap fè anviwon 2500 moun ki mouri chak jou, sa bay plis pase 100 moun chak inèdtan san rete, pandan katrevendizan. ” Èske w ka imajine chagren ak soufrans sa dwe te bay plizyè milyon fanmi ak zanmi moun sa yo ki pèdi lavi yo ?

Byenke lemonn pwodui anpil manje, rate manje se youn nan karakteristik dènye jou yo. Gen chèchè ki fè konnen, diran 30 ane ki sot pase yo, ogmantasyon pwodiksyon manje te plis pase ogmantasyon popilasyon an. Malgre tou, gen rate manje anpil kote nan lemonn, paske anpil moun pa gen ase tè pou yo fè jaden oswa yo pa gen ase lajan pou yo achte manje. Nan peyi an devlopman yo, anviwon 1,2 milya moun ap viv ak yon dola ameriken pa jou omaksimòm. Pami moun sa yo, gen anviwon 780 milyon ki nan grangou toutan. Selon Òganizasyon mondyal lasante, chak ane malnitrisyon jwe yon gwo wòl nan lanmò plis pase senk milyon timoun.

Ki sa nou ka di konsènan tranblemanntè yo te predi yo ? Selon U.S. Geological Survey, kantite tranblemanntè ki gen ase pisans pou detwi kay fèt an mwayèn 17 fwa chak ane depi 1990. Tranblemanntè ki gen ase pisans pou detwi prèske tout kay totalman fèt an mwayèn yon fwa chak ane. Selon yon lòt sous enfòmasyon, “ tranblemanntè touye plizyè santèn milye moun nan 100 dènye ane yo ”. Youn nan rezon ki fè sa, se paske depi 1914 gen anpil gwo popilasyon ki vin devlope nan zòn ki konn gen tranblemanntè yo.

Lòt fenomèn remakab

Jezi te di : “ Pral gen epidemi mòtèl ” nan yon zòn apre yon lòt (Lik 21:11). Jodi a, lamedsin pi avanse pase tout lòt lè. Toutfwa, ni maladi ki te egziste depi lontan, ni sa ki fèk parèt, kontinye ap ravaje limanite. Men sa yon dokiman ameriken deklare : “ Depi 1973, gen ven maladi moun byen konnen, tankou tibèkiloz (TB), malarya ak kolera, ki reparèt oswa ki gaye anpil, e souvan yo parèt sou fòm ki pi danjere e ki pi rezistan ak medikaman. Apati 1973, yo idantifye omwen 30 maladi moun pa t konnen anvan, tankou VIH, Ebola, epatit C ak viris Nipa, yo poko jwenn remèd pou yo. ” ​(U.S. National Intelligence Council document). Selon yon rapò Lakwa-Wouj ki pote dat 28 jen 2000, diran ane anvan an, kantite moun ki mouri anba maladi trapan te anviwon 160 fwa plis pase kantite moun ki mouri akoz katastwòf natirèl.

Ogmantasyon “ ilegalite ” se yon lòt gwo karakteristik dènye jou yo (Matye 24:12). Pifò kote sou tè a jodi a, moun yo pa kite pòt kay yo san take e yo pa santi yo an sekirite lè yo nan lari leswa. Mete sou sa, lè n ap respire a, dlo yo ak tè a sibi polisyon, souvan akoz pratik ilegal, e sa tou se akonplisman sa Bib la te predi. Liv Revelasyon an pale de tan Bondye fikse pou l “ fini ak moun k ap fin depafini tè a ”. — Revelasyon 11:18.

Fason moun yo ye nan dènye jou yo

Silvouplè, ouvri bib ou nan 2 Timote 3:1-5 epi li l. Men sa apot Pòl ekri : “ Nan dènye jou yo, pral gen tan ki kritik e ki difisil pou moun sipòte. ” Apre sa, li fè yon lis 20 atitid ki t ap karakterize moun ki pa gen respè pou Bondye yo. Èske w remake kèk nan atitid sa yo lakay moun k ap viv nan zòn kote w ye a ? Annou egzamine kèk deklarasyon ki fèt dènyèman la a konsènan moun nan epòk pa nou an.

Yo “ renmen pwòp tèt yo ”. (2 Timote 3:2.) “ [Moun yo] ensiste pou yo fè sa yo vle plis pase tout lòt lè. [Yo] tounen dye, e yo atann pou yo trete yo kòm dye. ” — Jounal Financial Times, Angletè.

Yo “ renmen lajan ”. (2 Timote 3:2.) “ Sa pa gen lontan depi egoyis materyalis lakòz ap toufe modesti. Si yo pa konsidere w kòm yon moun ki rich nan sosyete a, lavi w pa gen valè. ” — Jounal Jakarta Post, Endonezi.

Yo “ dezobeyi paran yo ”. (2 Timote 3:2.) “ Gen paran ki etone lè yo wè pitit yo ki gen katran ap pase yo lòd tankou yo se Louis XIV [yon wa fransè], oubyen pou yo tande pitit yo ki gen uit an k ap rele byen fò : ‘ Mwen rayi w ! ’ ” — Peryodik American Educator, Etazini d Amerik.

Yo “ san fidelite ”. (2 Timote 3:2.) “ Tandans k ap ogmante lakay anpil gason pou yo abandone konjwen yo ak pitit yo se pi gwo chanjman ki genyen nan prensip moral yo diran [40 ane ki sot pase yo]. ” — Peryodik Wilson Quarterly, Etazini.

Yo “ san afeksyon natirèl ”. (2 Timote 3:3.) “ Vyolans familyal se yon aspè dominan nan lavi kominote yo atravè lemonn. ” — Peryodik Journal of the American Medical Association, Etazini.

Yo “ san metriz ”. (2 Timote 3:3.) “ Anpil istwa ki parèt nan premye paj jounal chak maten reflete mank metriz, mank prensip moral ak mank mizèrikòd moun genyen anvè moun menm jan avèk yo e menm anvè tèt pa yo. [...] Si sosyete nou an kontinye favorize agresyon jan sa ye kounye a, talè konsa sosyete nou an ap vin antre nan yon faz kote l ap san moral nèt. ” — Jounal Bangkok Post, Tayilann.

Yo “ fewòs ”. (2 Timote 3:3.) “ Kòlè san rezon ak raj ki pa metrize, se sa nou wè sou wout yo, nan abi k ap fèt anndan fanmi, [...] e nan vyolans sanble k ap fèt pou anyen, san nesesite, vyolans moun yo fè souvan lè y ap komèt yon krim. Vyolans k ap fèt je fèmen e sanzatann fè moun yo santi yo izole e yo san defans. ” — Jounal Business Day, Afrik Disid.

Yo “ renmen plezi olye yo renmen Bondye”. (2 Timote 3:4.) “ Liberasyon seksyèl tounen yon kanpay moral, kote moralite kretyen se ènmi. ” — Boundless, yon peryodik sou Entènèt.

Yo “ gen yon fòm atachman pou Bondye, men [yo] renye fòs li ”. (2 Timote 3:5.) “ [Gen yon ansyen pwostitye nan peyi Olann] ki te rekonèt se plis gwoup relijye yo ki pa vle yo legalize pwostitisyon. Li fè yon ti poz, apre sa li fè yon ti ri, li di lè li te yon pwostitye, te gen plizyè responsab relijye ki te kliyan l. Li tonbe ri, li di : ‘ Pwostitye yo toujou di meyè kliyan yo soti nan kominote relijye a. ’ ” — Jounal National Catholic Reporter, Etazini.

Ki sa k pral pase alavni ?

Jan Labib te predi sa, monn jodi a chaje ak pwoblèm. Sepandan, pwofesi konsènan “ siy k ap siy prezans [Kris la] ak konklizyon sistèm de choz la ” gen yon karakteristik pozitif ladan l. Jezi te di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. ” ​(Matye 24:3, 14). Y ap preche bon nouvèl Wayòm Bondye a nan plis pase 230 peyi. Gen plis pase sis milyon moun ki soti “ nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ” ki angaje yo aktivman nan travay pwoklamasyon Wayòm nan (Revelasyon 7:9). Ki rezilta aktivite zele y ap mennen an bay ? Men li : mesaj konsènan ki sa Wayòm nan ye, ki sa li pral fè, e fason pou nou resevwa benediksyon l ap pote, rive disponib pou prèske tout moun sou tè a. Vrèmanvre, ‘ vrè konesans lan vin anpil nan tan lafen an ’. — Dànyèl 12:4.

Ou gen bonjan rezon pou w chèche tire pwofi nan konesans sa a. Konsidere sa k pral rive apre bon nouvèl la fin preche jan Jewova vle l la. Jezi di : “ Apre sa lafen an ap vini. ” ​(Matye 24:14). Moman an pral rive pou Bondye elimine tout mechanste sou tè a. Pwovèb 2:22 di : “ Kanta mechan yo, y ap rache yo nan tè a, e trèt yo menm, y ap derasinen yo ladan l. ” Sa k pral rive Satan ak demon l yo ? Y ap lage yo nan yon abim, kote yo pap ka twonpe nasyon yo ankò (Revelasyon 20:1-3). Lè sa a, “ se moun ki dwat yo [ak] moun ki entèg yo ki pral rete sou ” tè a. Yo pral jwi benediksyon estrawòdinè Wayòm nan ap pote. — Pwovèb 2:21 ; Revelasyon 21:3-5.

Ki sa w ka fè ?

Pa gen dout nan sa, fen sistèm Satan an toupre rive. Moun ki pa prete atansyon ak prèv ki montre n ap viv nan dènye jou yo pap menm wè lè lafen an ap vini (Matye 24:37-39 ; 1 Tesalonisyen 5:2). Se sa k fè, Jezi te di moun ki t ap koute l yo : “ Veye kò nou, pou kè nou pa janm vin lou nan fè eksè nan manje, nan bwè twòp, nan tètchaje lavi a, e bridsoukou pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, tankou yon pyèj. Wi, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout tè a. Donk, pa kite dòmi pran nou. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon yon fason pou nou ka reyisi chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive, e pou nou ka reyisi kanpe devan Pitit Gason lòm nan. ” — Lik 21:34-36.

Se sèlman moun ki nan yon kondisyon apwouve devan Jezi, Pitit Gason lòm nan, k ap gen posiblite rete vivan nan fen sistèm de choz sa a. Li vrèman esansyèl pou nou itilize tan ki rete a pou nou chèche gen apwobasyon Jewova Dye ak Jezi Kris ! Jezi te priye Bondye, li te di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” ​(Jan 17:3). Kidonk, ou aji avèk sajès lè w chèche gen plis konesans sou Jewova Dye e sou egzijans li yo. Temwen Jewova nan zòn ou an ap kontan ede w konprann sa Labib anseye. Se avèk plezi nou envite w kontakte yo oswa ou kapab ekri biwo ki pibliye peryodik sa a.

[Kare/Foto nan paj 7]

KARAKTERISTIK DÈNYE JOU YO

EVÈNMAN ESTRAWÒDINÈ YO :

▪ Lagè. — Matye 24:6, 7.

▪ Rate manje. — Matye 24:7.

▪ Tranblemanntè. — Matye 24:7.

▪ Epidemi mòtèl. — Lik 21:11.

▪ Ogmantasyon ilegalite. — Matye 24:12.

▪ Y ap depafini tè a. — Revelasyon 11:18.

MOUN YO :

▪ Yo renmen pwòp tèt yo. — 2 Timote 3:2.

▪ Yo renmen lajan. — 2 Timote 3:2.

▪ Yo ògeye. — 2 Timote 3:2.

▪ Yo dezobeyi paran yo. — 2 Timote 3:2.

▪ Yo engra. — 2 Timote 3:2.

▪ Yo san fidelite. — 2 Timote 3:2.

▪ Yo manke afeksyon natirèl. — 2 Timote 3:3.

▪ Yo san metriz. — 2 Timote 3:3.

▪ Yo fewòs. — 2 Timote 3:3.

▪ Yo renmen plezi. — 2 Timote 3:4.

▪ Yo ipokrit nan domèn relijye. — 2 Timote 3:5.

VRÈ ADORATÈ YO :

▪ Yo gen anpil konesans. — Dànyèl 12:4.

▪ Yo preche bon nouvèl la nan lemonnantye. — Matye 24:14.

[Liy kredi]

NASYONZINI/Foto : F. GRIFFING