Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay ki sakre ?

Èske w gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay ki sakre ?

Èske w gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay ki sakre ?

“ Pran anpil prekosyon [...] pou pa gen ni fònikatè ni moun ki pa apresye bagay sakre. ” — EBRE 12:15, 16.

1. Ki atitid ki kouran sèvitè Jewova yo pa genyen ?

MONN nan an jeneral bay bagay ki sakre mwens enpòtans de jou an jou. Gen yon sosyològ fransè ki rele Edgar Morin ki di : “ Tout fondman ki sèvi kòm baz pou moral, tankou Bondye, lanati, lapatri, listwa, larezon, yo pa enkontestab ankò. [...] Se moun yo ki chwazi ki prensip yo vle suiv. ” Sa reflete “ lespri monn nan ”, sètadi “ lespri k ap aji kounye a nan pitit dezobeyisans yo ”. (1 Korentyen 2:12 ; Efezyen 2:2.) Moun ki vwe tèt yo bay Jewova e ki soumèt yo volontèman anba souvrènte li ki jis pa gen etadespri derespektan sa a (Women 12:1, 2). Okontrè, sèvitè Bondye yo rann yo kont sentete jwe yon wòl enpòtan nan adorasyon Jewova. Ki sa k ta dwe sakre nan lavi nou ? Atik sa a pral egzamine senk bagay ki sen pou tout sèvitè Bondye yo. Atik ki vin apre a pral konsantre sou reyinyon nou yo ki sakre. Men, ki sa mo “ sen ” an vle di an reyalite ?

2, 3. a) Ki jan Ekriti yo souliye sentete Jewova ? b) Ki jan nou ka konsidere non Jewova kòm yon bagay ki sen ?

2 Nan lang ebre biblik la, mo “ sen ” an vle di separe. Nan adorasyon, yo itilize “ sen ” anrapò ak sa ki separe, ki pa la pou yon itilizasyon òdinè oswa sa yo konsidere kòm sakre. Jewova sen nan sans absoli. Yo rele l “ Trè Sen an ”. (Pwovèb 9:10 ; 30:3.) Nan Izrayèl tan lontan an, gran prèt la te gen sou mouka li yon plak annò ki gen pawòl sa yo grave sou li : “ Sentete se pou Jewova. ” ​(Egzòd 28:36, 37). Nan Ekriti yo, yo dekri cheriben yo ak serafen yo nan syèl la ki kanpe bò kote twòn Jewova a epi k ap pwoklame : “ Jewova [...] sen, sen, sen. ” ​(Izayi 6:2, 3 ; Revelasyon 4:6-8). Repetisyon sa a mete aksan sou lefètke Jewova sen, li pwòp, li pi e li sakre nan degre ki pi wo a. Annefè, li se Sous tout sa ki sen.

3 Non Jewova sakre, sa vle di li sen. Gen yon salmis ki deklare : “ Se pou yo louwe non w. Li gran e li bay lakrentif, li sen. ” ​(Sòm 99:3). Men fason Jezi te aprann nou priye : “ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye [oswa, “ konsidere kòm sakre, trete kòm sen, ” nòt anba paj]. ” (Matye 6:9). Mari, manman Jezi sou tè a, te fè deklarasyon sa a : “ Nanm mwen egzalte Jewova, [...] Sila ki pisan an fè gwo aksyon pou mwen, e non li sen. ” ​(Lik 1:46, 49). Antanke sèvitè Jewova, nou konsidere non l kòm yon bagay ki sen e nou evite fè kèlkeswa sa ki ta ka lage opwòb sou non sa a ki sen. Anplis de sa, nou gen menm pwennvi ak Jewova sou sa ki sakre, sa vle di, nou konsidere kòm sakre bagay li konsidere ki sakre. — Amòs 5:14, 15.

Rezon ki fè nou gen yon pwofon respè pou Jezi

4. Poukisa Labib dekri Jezi antanke “ Sen ” ?

4 Jewova, Bondye ki sen an, te kreye Jezi, “ sèl pitit gason ” l lan, sen (Jan 1:14 ; Kolosyen 1:15 ; Ebre 1:1-3). Se sa k fè, yo rele Jezi “ Sen Bondye a ”. (Jan 6:69.) Jezi te konsève sentete li lè lavi li te transfere sot nan syèl la vin sou tè a, paske se anba pisans lespri sen Mari te fè l. Gen yon zanj ki te di Mari : “ Lespri sen ap vin sou ou, [...] sa ki pral fèt la ap rele sen, Pitit Bondye. ” ​(Lik 1:35). Nan priyè kretyen Jerizalèm yo t ap fè Jewova, an de fwa yo te fè referans ak Pitit Bondye a, yo te rele li : “ Jezi, sèvitè w la ki sen. ” — Travay 4:27, 30.

5. Ki misyon sakre Jezi te akonpli sou tè a, e poukisa san li presye ?

5 Jezi te gen yon misyon sakre pou l te akonpli pandan li te sou tè a. Pandan batèm Jezi nan ane 29 epòk nou an, li te wen antanke Gran Prèt pou gran tanp espirityèl Jewova a (Lik 3:21, 22 ; Ebre 7:26 ; 8:1, 2). Anplis de sa, li te gen pou li mouri an sakrifis. San li ki te vèse a t ap founi ranson ki t ap pèmèt lèzòm pechè sove (Matye 20:28 ; Ebre 9:14). Se sa k fè, nou konsidere san Jezi kòm yon bagay ki sakre, yon bagay ki “ presye ”. — 1 Pyè 1:19.

6. Ki atitid nou genyen anvè Kris Jezi, e poukisa ?

6 Pou apot Pòl montre nou gen yon pwofon respè pou Wa nou an, Gran Prèt nou an, men sa li ekri : “ Bondye elve [Pitit li a] nan yon pozisyon siperyè e avèk bonte li ba li non ki anlè tout lòt non an, yon fason pou tout jenou pliye nan non Jezi, kit se sa ki nan syèl la, kit se sa ki sou tè a, kit se sa ki anba tè a, e se pou tout lang rekonèt aklè Jezi Kris se Seyè, pou glwa Bondye Papa a. ” ​(Filipyen 2:9-11). Nou demontre nou gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay sakre, lè nou soumèt nou avèk jwa devan Chèf nou an, Wa nou an ki an fonksyon, Kris Jezi, Chèf kongregasyon kretyen an. — Matye 23:10 ; Kolosyen 1:18.

7. Ki jan nou montre nou soumèt ak Kris ?

7 Soumisyon devan Kris mande tou pou nou montre respè kòmsadwa pou gason li itilize pou pran latèt nan travay l ap dirije kounye a. Moun ki wen ak lespri ki fè pati Kolèj santral la, ansanm ak siveyan yo nome nan filyal yo, distri yo, sikonskripsyon yo ak kongregasyon yo, jwe yon wòl nan travay sa a. Nou dwe rekonèt wòl yo jwe a kòm yon responsablite ki sakre. Kidonk, dispozisyon sa a mande pou nou demontre yon pwofon respè e pou nou demontre soumisyon. — Ebre 13:7, 17.

Yon pèp ki sen

8, 9. a) Nan ki sans Izrayelit yo se te yon pèp ki sen ? b) Ki fason Jewova te fè Izrayelit yo byen konprann prensip sou sa ki sakre ?

8 Jewova te fè yon alyans avèk Izrayèl. Relasyon sa a te bay nouvo nasyon sa a yon pozisyon espesyal. Yo te sangtifye, sètadi yo te separe. Jewova li menm te di yo : “ Nou dwe montre nou sen pou mwen, paske mwen menm Jewova mwen sen. E m ap separe nou ak pèp yo pou nou vin pou mwen. ” — Levitik 19:2 ; 20:26.

9 Lè nasyon Izrayèl te fèk fonde, Jewova te fè Izrayelit yo byen konprann prensip sou sa ki sakre. Pou yo pa t sibi kondanasyon amò, yo pa t dwe menm touche montay kote yo te bay Dis Kòmandman yo. Kidonk, mòn Sinayi te konsidere nan yon sans kòm sakre (Egzòd 19:12, 23). Yo te dwe konsidere pretriz la, tabènak la ak ekipman l yo, kòm sakre tou (Egzòd 30:26-30). Ki jan sa ye nan kongregasyon kretyen an ?

10, 11. Poukisa nou ka di kongregasyon kretyen wen yo sakre, e ki efè sa gen sou “ lòt mouton ” yo ?

10 Kongregasyon kretyen wen yo sakre nan je Jewova (1 Korentyen 1:2). Annefè, tout kretyen wen yo nèt ki sou tè a kèlkeswa epòk la konpare ak yon tanp sen, byenke yo pa fòme gran tanp espirityèl Jewova a. Jewova abite nan tanp sa a pa mwayen lespri sen li. Apot Pòl te ekri : “ Ann inyon avèk [Kris Jezi] tout konstriksyon an, ki gwoupe ansanm avèk amoni, ap grandi pou vin yon tanp sen pou Jewova. Ann inyon avèk li, nou menm tou, y ap bati nou ansanm pou nou vin tounen yon kote pou Bondye abite pa mwayen lespri a. ” — Efezyen 2:21, 22 ; 1 Pyè 2:5, 9.

11 Anplis de sa, Pòl te ekri kretyen wen yo pawòl sa yo : “ Èske nou pa konnen nou se tanp Bondye e lespri Bondye abite nan nou ? [...] Tanp Bondye a sen, e tanp sa a, se sa nou ye. ” ​(1 Korentyen 3:16, 17). Jewova “ abite ” pami wen yo pa mwayen lespri li, e li “ mache pami yo ”. (2 Korentyen 6:16.) Li pa sispann gide “ esklav ” fidèl li a (Matye 24:45-47). “ Lòt mouton ” yo cheri privilèj yo genyen pou yo asosye ak klas tanp lan. — Jan 10:16 ; Matye 25:37-40.

Bagay ki sakre nan vi nou antanke kretyen

12. Ki bagay ki sakre nan lavi nou, e poukisa ?

12 Anpil bagay nan lavi kretyen wen ki nan kongregasyon kretyen an ansanm ak konpayon yo se bagay ki konsidere kòm sakre, e sa pa etonan. Relasyon nou avèk Jewova se yon bagay ki sakre (1 Kwonik 28:9 ; Sòm 36:7). Se yon bagay ki sitèlman presye pou nou, nou pa kite anyen ni pèsonn antre ant nou menm ak Jewova, Bondye nou an (2 Kwonik 15:2 ; Jak 4:7, 8). Lapriyè jwe yon wòl esansyèl nan kenbe yon relasyon sere avèk Jewova. Lapriyè te sitèlman sakre pou pwofèt Dànyèl, menm lè lavi li te an danje, li te kontinye rete fidèl ak abitid li te genyen pou l priye Jewova (Dànyèl 6:7-11). Yo konpare “ priyè moun ki sen yo ”, sètadi kretyen wen yo, ak lansan yo te konn itilize nan adorasyon nan tanp lan (Revelasyon 5:8 ; 8:3, 4 ; Levitik 16:12, 13). Senbòl sa a mete aksan sou karaktè sakre lapriyè genyen. Se pa ti privilèj sa ye pou nou kapab kominike ak Souvren linivè a ! Se pa etonan si lapriyè se yon bagay ki sakre nan lavi nou.

13. Ki fòs sa a ki sen an, e ki jan nou dwe kite li aji nan lavi nou ?

13 Gen yon fòs ki nan lavi kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo asireman yo konsidere kòm sakre : lespri sen. Lespri sa a se fòs aktif Jewova li ye, e piske li toujou aji ann amoni ak volonte Bondye ki sen, se nòmal pou yo rele l “ lespri sen ”, oswa “ lespri sentete ”. (Jan 14:26 ; Women 1:4.) Pa mwayen lespri sen, Jewova bay sèvitè l yo pisans pou yo preche bon nouvèl la (Travay 1:8 ; 4:31). “ Moun ki obeyi [Jewova] antanke chèf ” e ki “ kontinye mache selon lespri ” e ki pa mache selon dezi lachè, li ba yo lespri li (Travay 5:32 ; Galat 5:16, 25 ; Women 8:5-8). Fòs pisan sa a pèmèt kretyen yo pwodui “ fwi lespri a ”, sètadi yon seri bèl kalite, e li fè yo gen yon ‘ konduit ki sen ak aksyon ki montre yo gen atachman pou Bondye ’. (Galat 5:22, 23 ; 2 Pyè 3:11.) Si lespri sen sakre pou nou, n ap evite fè bagay ki ka fè lespri sa a lapenn, oswa ki ka bloke aksyon li nan lavi nou. — Efezyen 4:30.

14. Ki privilèj kretyen wen yo konsidere kòm sakre, e ki jan lòt mouton yo patisipe nan privilèj sa a ?

14 Privilèj nou genyen pou nou pote non Jewova, Bondye ki sen an, e pou nou vin Temwen li se yon lòt bagay nou konsidere kòm sakre (Izayi 43:10-12, 15). Jewova kalifye kretyen wen yo pou yo “ vin minis yon nouvo alyans ”. (2 Korentyen 3:5, 6.) Antanke minis, yo resevwa misyon pou yo preche “ bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan ” e pou yo “ fè disip pami moun tout nasyon ”. (Matye 24:14 ; 28:19, 20.) Yo akonpli misyon sa a fidèlman, e plizyè milyon moun ki tankou mouton reyaji, lè yo di kretyen wen yo nan yon sans senbolik : “ Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou. ” ​(Zekarya 8:23). Nan yon sans espirityèl, moun sa yo ap sèvi avèk jwa antanke “ kiltivatè ” e antanke “ moun k ap okipe jaden rezen ” pou “ minis Bondye nou an ” ki wen yo. Nan sans sa a, lòt mouton yo ede kretyen wen yo anpil pou yo akonpli ministè yo nan lemonnantye. — Izayi 61:5, 6.

15. Ki aktivite apot Pòl te konsidere kòm sakre, e poukisa nou gen menm pwennvi sa a tou ?

15 Apot Pòl, kòm yon egzanp, te konsidere ministè piblik li a kòm yon bagay ki sakre, sa vle di ki sen. Li te pale de tèt li antanke “ yon sèvitè piblik Kris Jezi pou nasyon yo, ki angaje nan travay sakre bon nouvèl Bondye a ”. (Women 15:16.) Lè apot Pòl t ap ekri kretyen nan Korent yo, li te fè referans ak ministè li kòm etan yon “ trezò ”. (2 Korentyen 4:1, 7.) Pa mwayen ministè nou, nou fè konnen “ deklarasyon sakre Bondye ” yo (1 Pyè 4:11). Kidonk, kit nou se kretyen wen, kit nou fè pati lòt mouton yo, nou konsidere privilèj nou genyen pou nou patisipe nan travay rann temwayaj la kòm yon privilèj ki sakre.

“ Pèfeksyone sentete a nan lakrentif pou Bondye ”

16. Ki sa k ap ede nou pou nou pa vin moun “ ki pa apresye bagay sakre ” ?

16 Apot Pòl te avèti kretyen menm jan avèk li yo pou yo pa vin moun “ ki pa apresye bagay sakre ”. Li te konseye yo okontrè pou yo ‘ pousuiv sangtifikasyon ’, pou yo “ pran anpil prekosyon [...] pou pa gen okenn rasin anpwazonnen ki pouse e ki pou lakòz latwoublay, e pou li pa vin sal anpil moun ”. (Ebre 12:14-16.) Ekspresyon “ rasin anpwazonnen ” an fè referans ak kèk moun ki nan kongregasyon kretyen an ki ka ap kritike fason bagay yo ap fèt. Pa egzanp, yo ka pa dakò ak pwennvi Jewova sou karaktè sakre maryaj genyen, oswa sou nesesite pou yo pwòp moralman (1 Tesalonisyen 4:3-7 ; Ebre 13:4). Oubyen, yo ka aksepte ide aposta, “ pawòl san valè ki pwofane sa ki sen ”, moun ki “ ekate laverite ” ap gaye. — 2 Timote 2:16-18.

17. Poukisa kretyen wen yo dwe toujou ap fè efò pou yo reflete pwennvi Jewova sou sentete ?

17 Pòl te ekri frè wen li yo, li te di yo : “ Byenneme, annou pirifye tèt nou anba tout salte lachè ak lespri, etan n ap pèfeksyone sentete a nan lakrentif pou Bondye. ” ​(2 Korentyen 7:1). Deklarasyon sa a montre kretyen wen yo, ki se “ patisipan nan apèl selès la ”, dwe toujou ap fè efò pou yo pwouve yo reflete pwennvi Jewova sou sentete nan tout aspè nan lavi yo (Ebre 3:1). Nan menm sans lan, apot Pyè te bay frè li yo ki wen ak lespri egzòtasyon sa a : “ Tankou timoun ki obeyisan, sispann konfòme nou selon dezi nou te genyen anvan nan inyorans nou, men, ann akò ak Sen an ki rele nou an, nou menm tou se pou nou vin sen nan tout konduit nou. ” — 1 Pyè 1:14, 15.

18, 19. a) Ki jan manm “ gwo foul la ” montre yo gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay ki sakre ? b) Ki lòt bagay ki sakre nan lavi nou antanke kretyen nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

18 E manm “ gwo foul ” la ki gen pou soti vivan nan “ gwo tribilasyon an ” ? Yo menm tou yo dwe montre yo gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay ki sakre. Nan liv Revelasyon an, yo reprezante yo kòm moun k ap bay Jewova yon “ sèvis ki sakre ” nan lakou terès tanp espirityèl li a. Yo mete lafwa nan sakrifis ranson Kris la, e nan yon sans senbolik, “ yo lave wòb yo e yo blanchi yo nan san Timouton an ”. (Revelasyon 7:9, 14, 15.) Sa fè yo pwòp devan Jewova e sa mete yo nan obligasyon pou yo “ pirifye [tèt yo] anba tout salte lachè ak lespri, etan [y ap] pèfeksyone sentete a nan lakrentif pou Bondye ”.

19 Yon aspè enpòtan nan lavi kretyen wen yo ak konpayon yo se reyini yo reyini regilyèman pou yo adore Jewova e pou yo etidye Pawòl li. Jewova konsidere rasanbleman pèp li a kòm yon bagay ki sakre. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan nou ka gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay ki sakre nan domèn enpòtan sa a, e rezon ki fè nou dwe gen menm pwennvi avè l.

Revizyon

• Ki pwennvi monn nan genyen sèvitè Jewova yo pa pataje ?

• Poukisa Jewova se Sous tout bagay ki sen ?

• Ki jan nou demontre nou respekte sentete Kris ?

• Ki bagay nou dwe konsidere kòm sakre nan lavi nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

Nan Izrayèl tan lontan an, yo te konsidere pretriz la, tabènak la ak ekipman l yo kòm bagay ki sakre.

[Foto nan paj 24]

Kretyen wen ki sou tè a fòme yon tanp ki sen.

[Foto nan paj 25]

Lapriyè ak ministè piblik nou an se privilèj ki sakre.