Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Daniel ansanm ak ensiy kongrè li

Daniel ansanm ak ensiy kongrè li

Daniel ansanm ak ensiy kongrè li

JEZI te reprimande chèf relijye ki te jis nan je pa yo e ki te endiye lè yo te wè plizyè tigason k ap louwe Bondye piblikman. Nan sikonstans sa a, Jezi te mande yo : “ Nou pa t janm li sa : ‘ Se nan bouch tibebe ak nan bouch timoun ki nan tete ou fè louwanj soti ’ ? ” — Matye 21:15, 16.

Daniel ki gen sizan, ki fè pati yon kongregasyon lang ris ann Almay, se yon prèv ki montre toujou gen jèn k ap bay Jewova louwanj. Li te asiste yon kongrè Temwen Jewova nan Duisburg ansanm ak manman l ak sè l. Se te premye fwa li te asiste yon gwo kongrè konsa. Tout bagay te nouvo pou li : li te desann nan otèl, li te wè anpil moun, li te ret chita pandan twa jou, li te asiste batèm yo, san pale de dram nan. E ki jan Daniel te konpòte l ? Li te gen yon konduit egzanplè.

Nan lendi apre kongrè a, apre Daniel te fin retounen lakay li, li te leve bonè pou l al nan kindègadenn li te ye a. Men, ki sa ki te toujou sou rad li ? Ensiy kongrè a ! Manman l di l : “ Kongrè a fini. Ou mèt retire ensiy lan jodi a. ” Men, Daniel reponn : “ Mwen vle tout moun wè kote mwen te ye e mwen vle yo konnen sa mwen te aprann. ” Donk, pandan tout jounen an nan kindègadenn nan, li te mete ensiy li byen chèlbè. Lè matmwazèl li te poze l kesyon sou sa, li dekri pwogram kongrè a pou li.

Konsa, Daniel te suiv egzanp plizyè milye tigason ak tifi k ap bay Jewova louwanj piblikman depi plizyè syèk.