Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Demontre nou gen lafwa nan fason n ap viv

Demontre nou gen lafwa nan fason n ap viv

Demontre nou gen lafwa nan fason n ap viv

“ Lafwa, depi pa gen zèv ki mache avè l, li mouri an li menm. ” — JAK 2:17.

1. Poukisa premye kretyen yo te veye ni sou lafwa yo ni sou aksyon yo ?

ANTANKE gwoup, premye kretyen yo te montre yo gen lafwa nan fason yo t ap viv. Men ki egzòtasyon disip Jak te bay kretyen yo : “ Se pou nou tounen pratikan pawòl la, e non pa moun k ap koute sèlman. ” Li te ajoute : “ Menm jan kò ki san espri a mouri, se menm jan an tou, lafwa ki san zèv la mouri. ” ​(Jak 1:22 ; 2:26). Anviwon 35 an apre disip Jak te fin ekri pawòl sa yo, anpil kretyen te kontinye demontre yo gen lafwa pa mwayen aksyon ki apwopriye yo te fè. Men malerezman, gen kèk kretyen ki pa t fè sa. Pa egzanp, Jezi te felisite kongregasyon Smin, sepandan, men sa l te di anpil moun nan kongregasyon Sad : “ Mwen konnen sa w fè. Mwen konnen ou pote non moun ki vivan, men ou mouri. ” — Revelasyon 2:8-11 ; 3:1.

2. Ki kesyon kretyen yo ta dwe poze tèt yo konsènan lafwa yo ?

2 Se pou rezon sa a, Jezi te ankouraje moun Sad yo — pakonsekan, tout moun ki t ap gen pou yo li pawòl sa yo annapre — pou yo manifeste premye lanmou yo te gen pou laverite e pou yo reveye nan sans espirityèl (Revelasyon 3:2, 3). Nou chak nou ka mande tèt nou : ‘ E aksyon pa m ? Èske yo montre aklè m ap fè tout efò m pou m demontre lafwa mwen nan tout sa m ap fè, menm nan domèn ki pa gen yon rapò dirèk avèk predikasyon oswa reyinyon yo ? ’ ​(Lik 16:10). Nou ta ka konsidere anpil aspè nan lavi a, men ann konsidere yon sèl : aktivite an gwoup pou detant, sa gen ladan l resepsyon ki fèt byen souvan apre seremoni maryaj kretyen yo.

Aktivite pou detant ki pa fèt ak anpil moun

3. Ki sa Labib di konsènan aktivite an gwoup pou detant ?

3 Pifò nan nou byen renmen lè yo envite nou nan yon moman detant ant kretyen. Jewova se “ Bondye ki gen kè kontan an ”, e li vle pou sèvitè l yo gen kè kontan. (1 Timote 1:11.) Li te fè Salomon mete reyalite sa a nan Bib la : “ E mwen menm mwen fè elòj pou lajwa, paske lèzòm pa gen anyen ki pi bon anba solèy la pase manje, bwè ak rejwi yo, e pou sa akonpaye yo nan travay di y ap fè pandan jou lavi yo. ” ​(Eklezyas 3:1, 4, 13 ; 8:15). Nou ka jwenn yon jwa konsa nan yon repa familyal oswa nan lòt moman detant ant vrè adoratè kote pa gen anpil moun ki la. — Jòb 1:4, 5, 18 ; Lik 10:38-42 ; 14:12-14.

4. Ki sa yon moun k ap prepare yon aktivite pou detant ta dwe veye ?

4 Si w ap òganize yon aktivite pou detant konsa e se ou menm k ap responsab li, ou ta dwe byen reflechi sou sa w planifye fè, menm lè se kèk kretyen sèlman ou envite pou nou pataje yon repa e pou nou gen konvèsasyon amikal (Women 12:13). W ap bezwen veye pou “ tout bagay fèt yon fason ki konvnab ”, e pou se “ sajès ki soti anlè a ” ki dirije tout bagay (1 Korentyen 14:40 ; Jak 3:17). Apot Pòl te ekri : “ Kit n ap manje, kit n ap bwè, oswa nenpòt lòt bagay n ap fè, fè tout bagay pou glwa Bondye. Veye pou nou pa vin lakòz [pèsonn] trebiche. ” ​(1 Korentyen 10:31, 32). Sou ki aspè konsa li t ap bon pou nou veye ? Lè w reflechi sou sa depi alavans, w ap ka gen asirans ni aksyon w ni aksyon envite w yo pral demontre ou gen yon fwa ki ann aksyon. — Women 12:2.

Ki jan aktivite pou detant lan ap ye ?

5. Poukisa yon moun k ap òganize yon moman detant dwe byen reflechi pou l konnen si l ap sèvi bwason alkolik e si l ap pase mizik ?

5 Anpil moun k ap òganize moman detant mande tèt yo si yo ta dwe sèvi bwason alkolik. Bwason sa yo pa nesesè pou yon moman konsa edifyan. N ap sonje Jezi te bay yon foul moun ki te vin kote l manje, lè sa a li te miltipliye pen ak pwason. Bib la pa di li te fè yon mirak pou l te bay diven, kwak nou konnen li te kapab fè sa (Matye 14:14-21). Si w ta deside sèvi bwason alkolik nan yon moman detant, se pou w modere nan kantite k ap disponib la, e se pou w veye pou gen lòt bon bwason ki pa gen alkòl ki disponib tou pou moun ki ta prefere sa (1 Timote 3:2, 3, 8 ; 5:23 ; 1 Pyè 4:3). Fè tout posib ou pou w pa fè pèsonn santi yo oblije bwè yon bagay ki ka mòde “ tankou yon sèpan ”. (Pwovèb 23:29-32.) Ki sa nou ka di konsènan mizik ak chante ? Si ap gen mizik nan moman detant sa a, se sèten w ap seleksyone chante yo, lè w konsidere ni mizik la ni pawòl yo (Kolosyen 3:8 ; Jak 1:21). Gen anpil kretyen ki twouve lè yo pase Mélodies du Royaume yo oswa lè yo chante kantik sa yo ansanm, sa pèmèt gen yon bon anbyans (Efezyen 5:19, 20). Epi, natirèlman, toujou veye sou volim nan pou mizik la pa ni toufe konvèsasyon enteresan nou genyen ni deranje vwazen yo. — Matye 7:12.

6. Ki jan yon moun k ap òganize yon moman detant ka demontre li gen yon lafwa ki vivan nan sa ki gen rapò ak konvèsasyon oswa lòt aktivite ?

6 Nan yon aktivite pou detant, kretyen yo ka pale de divès kalite sijè, yo ka li kèk bagay awotvwa, oswa yo ka rakonte kèk eksperyans enteresan. Si konvèsasyon an vle kite kad prensip kretyen yo, moun ki òganize moman detant lan ka redrese sitiyasyon an avèk tak. Li ta dwe veye tou pou pèsonn pa domine konvèsasyon an. Si l ta wè sa gen tandans rive, avèk tak, li kapab pran lapawòl pou l fè lòt moun patisipe nan konvèsasyon an. Li ka fè sa lè l envite timoun yo pale oswa lè l lanse yon sijè k ap pèmèt anpil moun fè kòmantè. Ni moun ki jèn ni sa k pi aje ap renmen aspè sa a nan moman detant lan. Si, antanke òganizatè, ou dirije bagay yo avèk sajès e avèk tak, moun ki la yo ap ‘ konnen w kòm moun ki rezonab ’. (Filipyen 4:5.) Y ap santi ou gen yon fwa ki vivan, yon fwa ki enfliyanse tout aspè nan lavi w.

Maryaj ak resepsyon maryaj

7. Poukisa nou bezwen reflechi lè n ap planifye maryaj ak resepsyon maryaj ?

7 Yon okazyon espesyal kote moun ka gen lajwa, se maryaj kretyen yo. Sèvitè Bondye nan tan lontan yo, Jezi ak disip li yo ladan l tou, te konn patisipe san pwoblèm nan moman kè kontan sa yo, tankou nan resepsyon ki akonpaye yo a (Jenèz 29:21, 22 ; Jan 2:1, 2). Sepandan, sèjousi nou ka remake aklè planifye resepsyon maryaj mande pou nou fè yon efò espesyal si nou ta vle yo demontre nou se kretyen ki rezonab e ki ekilibre. Toutfwa, moman sa yo fè pati lavi a e yo bay yon kretyen opòtinite pou l manifeste lafwa li.

8, 9. Ki jan kèk pratik ki konn genyen nan anpil maryaj reflete sa nou jwenn nan 1 Jan 2:16, 17 la ?

8 Anpil moun, swa ki pa konn prensip biblik yo, swa ki meprize yo, konsidere maryaj kòm yon moman pou yo fè eksè, oswa kòm yon moman kote si yo fè eksè, pèsonn pap di anyen. Men sa yon fi ki te fèk marye te di nan yon peryodik Ewopeyen konsènan maryaj li pou li ki te yon maryaj “ wayal ” : ‘ Nou te nan yon kawòs deliks yo itilize pou fè parad ki te gen kat cheval ap rale l, e dèyè l, te gen 12 ti kawòs ki te gen cheval k ap rale yo e te gen yon gwo cha ki te gen yon òkès k ap jwe mizik sou li. Apre sa nou te gen bon manje ak bèl mizik. Se te ekselan. Mwen te santi m rèn jou a, egzakteman jan mwen te vle l la. ’

9 Koutim yo ka diferan selon peyi a, men pawòl sa yo reflete aklè sa apot Jan te ekri, li te di : “ Tout sa ki nan monn nan — dezi lachè ak dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv — pa soti nan Papa a, men yo soti nan monn nan. ” Èske w ta ka imajine de kretyen ki gen matirite k ap fè yon maryaj “ wayal ” ak yon resepsyon estravagan ? Sa y ap planifye a ta dwe montre depreferans yo sonje “ moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan ”. — 1 Jan 2:16, 17.

10. a) Poukisa planifikasyon se yon bagay ki enpòtan anpil pou yon maryaj ki rezonab ? b) Kòman yo ta dwe pran desizyon anrapò ak moun y ap envite yo ?

10 Koup kretyen yo vle reyalis e rezonab, e Labib ka ede yo nan sans sa a. Jou maryaj la gen anpil enpòtans, men yo konnen se jis kòmansman yon vi ansanm nan kad maryaj kote de kretyen yo gen lavi etènèl devan yo. Li pa obligatwa pou yo fè yon gwo festen maryaj. Si yo ta chwazi fè yon resepsyon, yo ta dwe kalkile depans y ap bezwen fè pou sa e yo ta dwe reflechi sou ki kalite fèt y ap fè (Lik 14:28). Selon Labib, nan lavi yo ansanm antanke kretyen, se mari a k ap chèf (1 Korentyen 11:3 ; Efezyen 5:22, 23). Donk, se lemarye an premye ki responsab resepsyon maryaj la. Men, avèk amou, l ap pale ak fiyanse li sou sijè tankou kiyès y ap envite e ki kantite moun yo ka envite nan resepsyon an. Petèt li pap posib pou yo envite tout zanmi ak tout fanmi yo nèt, se pou sa gen kèk desizyon y ap oblije pran yo avèk modesti. Koup la dwe kapab gen asirans si yo pa kapab envite kèk konpayon kretyen, konpayon sa yo ap ka konprann sa e yo pap ofanse pou sa. — Eklezyas 7:9.

Yon “ direktè festen ”

11. Ki wòl yon “ direktè festen ” jwe nan yon maryaj ?

11 Si yon koup ta chwazi fè resepsyon pou maryaj yo, ki jan yo ka gen asirans tout bagay ap fèt avèk diyite ? Depi plizyè dizèn ane, Temwen Jewova yo rekonèt ki jan li saj lè yo imite yon aspè yo mansyone anrapò ak resepsyon Jezi te asiste nan Kana a. Te gen yon “ direktè festen ”, asireman se te yon konpayon kwayan ki gen sans responsablite (Jan 2:9, 10). Konsa tou, yon frè k ap marye ki saj ap chwazi yon frè kretyen ki gen matirite pou okipe wòl enpòtan sa a. Lè direktè festen an fin konn sa frè a ta renmen e li fin konn gou li, l ap ka okipe detay yo ni anvan ni pandan resepsyon an.

12. Ki sa frè k ap marye a ta dwe konsidere anrapò ak sèvi bwason alkolik ?

12 Ann amoni ak sa ki te di nan paragraf 5 lan, gen kèk koup ki chwazi pa sèvi bwason alkolik nan resepsyon maryaj yo, yon fason pou eksè nan bwason sa yo pa gate kè kontan ak reyisit moman an (Women 13:13 ; 1 Korentyen 5:11). Toutfwa, si yo ta deside sèvi bwason alkolik, frè k ap marye a ta dwe veye pou yo sèvi bwason sa yo avèk moderasyon. Te gen diven nan maryaj Jezi te asiste nan Kana, e li te founi diven bon kalite. Yon bagay ki enteresan, sèke direktè festen an te fè kòmantè sa a : “ Tout lòt moun mete bon diven an deyò anvan, e lè moun yo sou, yo mete diven ki enferyè a deyò. Ou menm, ou te rezève bon diven an pou jis kounye a. ” ​(Jan 2:10). Nou sèten, Jezi pa t ankouraje moun pou yo sou, paske li te konsidere sa kòm yon bagay ki pa bon (Lik 12:45, 46). Pandan direktè festen an t ap eksprime sezisman li lè l te wè kalite diven an, li te tou montre aklè gen okazyon kote li te wè kèk moun yo envite nan maryaj ki vin sou (Travay 2:15 ; 1 Tesalonisyen 5:7). Se sa k fè, ni frè k ap marye a, ni kretyen ki responsab li chwazi kòm direktè festen an ta dwe sèten tout moun ki la yo suiv direktiv klè sa a : “ Pa soule nou ak diven, gen debòch ladan l. ” — Efezyen 5:18 ; Pwovèb 20:1 ; Ocheya 4:11.

13. Ki sa yon koup ta dwe konsidere si yo planifye pou gen mizik nan festen maryaj yo, e poukisa ?

13 Menm jan ak nan nenpòt lòt fèt, si ta dwe gen mizik, yo ta dwe veye volim nan yon fason pou pèmèt moun yo fè konvèsasyon fasilman. Men yon remak yon ansyen fè : “ Tank nuit la ap avanse, nan moman kote konvèsasyon yo vin plis anime oswa nan moman kote gen moun ki kòmanse danse, pafwa yo monte volim mizik la. Mizik yo te kòmanse pase tou ba ka kòmanse vin fò anpil e mizik la ka anpeche konvèsasyon fèt. Yon resepsyon maryaj se yon okazyon pou youn pwofite konpayi lòt yon fason ki agreyab. Sa ta tris si yon mizik ki fò anpil ta rive gate opòtinite sa a. ” Nan domèn sa a tou, frè k ap marye a ansanm ak direktè festen an bezwen aji yon fason responsab, e yo pap kite responsablite pou veye sou volim nan ak chwa mizik yo nan men moun ki responsab mizik la, kit se yon moun yo peye pou sa ou non. Pòl te ekri : “ Kèlkeswa sa n ap fè an pawòl oswa ann aksyon, fè tout bagay nan non Seyè Jezi. ” ​(Kolosyen 3:17). Lè envite yo al lakay yo apre yon festen maryaj (oswa yon resepsyon), èske y ap sonje mizik yo te pase yo se te mizik ki demontre koup la t ap fè tout bagay nan non Jezi ? Se konsa sa ta dwe ye.

14. Ki souvni agreyab kretyen yo ta dwe genyen konsènan yon maryaj ?

14 Wi, yon maryaj ki byen òganize ap kite bèl souvni nan lespri moun. Adam ak Edyta, ki marye depi 30 an, te fè kòmantè sa yo konsènan yon maryaj : “ Nou te ka wè anbyans kretyen an. Te gen mizik ki louwe Jewova, men te gen lòt bèl aktivite ki amizan tou. Se pa t ni danse ni mizik ki te pi enpòtan. Anbyans lan te agreyab e li te edifyan, e tout bagay te ann amoni ak prensip biblik yo. ” Li klè, gen anpil bagay lemarye ak lamarye ka fè pou yo montre yo manifeste lafwa yo pa mwayen aksyon yo.

Kado maryaj

15. Ki konsèy biblik ki aplikab anrapò ak kado maryaj ?

15 Nan anpil peyi, souvan zanmi ak fanmi bay moun k ap marye yo kado. Ki sa w ta dwe sonje si w ta chwazi fè sa ? Ebyen ou ka sonje sa apot Jan te di konsènan “ egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv ”. Li te konekte egzibisyon sa a, non pa ak kretyen ki manifeste lafwa yo pa mwayen aksyon, men ak ‘ monn nan k ap pase ’. (1 Jan 2:16, 17.) Lè nouvo marye yo konsidere sa Jan te di sou enspirasyon an, èske yo ta dwe fè tout moun konnen kiyès ki te bay kado yo ? Kretyen Masedwàn ak kretyen Akayi yo te fè kontribisyon pou frè nan Jerizalèm yo, men pa gen anyen ki endike yo te pibliye non yo (Women 15:26). Anpil kretyen ki bay yon kado maryaj ta prefere yo pa site non yo olye pou yo ta atire atansyon sou yo menm san nesesite. Nan sans sa a, reflechi sou konsèy Jezi te bay ki nan Matye 6:1-4 la.

16. Nan sa ki gen rapò ak kado maryaj, ki jan moun ki fèk marye yo ka evite blese santiman lòt moun ?

16 Lè yo fè konnen kiyès ki te bay kado yo, sa ka pwovoke “ konpetisyon ” kanta ki kado ki pi bon oswa ki kado ki pi chè. Poutèt sa, kretyen ki fèk marye ki saj yo ap evite site non moun ki bay kado yo an piblik. Lè yo site non moun ki bay kado yo, sa ka anbarase lòt moun ki petèt pa t gen mwayen pou yo bay yon kado (Galat 5:26 ; 6:10). Natirèlman, se pa yon bagay ki mal si moun k ap marye yo ta konnen kiyès ki te ba yo yon kado. Petèt yo kapab konn sa grasa yon kat ki akonpaye kado a, men yo pap li kat sa a devan tout moun. Lè n ap achte kado maryaj, lè n ap bay yo oswa lè n ap resevwa yo, nou tout nou gen yon opòtinite pou nou montre lafwa nou gen yon efè sou aksyon nou, menm nan jan de kesyon prive sa yo *.

17. Ki objektif kretyen yo ta dwe genyen konsènan lafwa yo ak aksyon yo ?

17 Demontre lafwa nou mande plis pase viv yon fason ki pwòp moralman, asiste reyinyon yo, epi patisipe nan predikasyon. Se pou nou chak nou manifeste yon fwa vivan ki gen efè sou tout sa n ap fè. Wi, nou ka demontre lafwa nou pa mwayen aksyon ki “ fin akonpli nèt ”, sa gen ladan l aksyon nou fè nan kèk aspè nan lavi nou, jan nou te wè sa pi wo a. — Revelasyon 3:2.

18. Ki jan pawòl nou jwenn nan Jan 13:17 la aplike nan maryaj kretyen yo ak nan aktivite pou detant ?

18 Apre Jezi te fin kite yon bèl egzanp pou apot fidèl li yo lè li te aji avèk imilite e li te lave pye yo, men sa l te di : “ Si nou konnen bagay sa yo, nou byennere si nou fè yo. ” ​(Jan 13:4-17). Kote n ap viv jodi a, petèt li pa nesesè ni li pa nòmal pou nou lave pye yon lòt moun, pa egzanp yon moun nou ta envite lakay nou. Sepandan, jan nou te wè sa nan atik sa a, gen lòt aspè nan lavi nou kote nou ka manifeste lafwa nou pa mwayen aksyon ki demontre lanmou ak konsiderasyon, sa gen ladan l aktivite pou detant ak maryaj kretyen yo. Nou ka fè sa ni lè se nou menm k ap marye ni lè se envite yo envite nou nan yon maryaj oswa nan yon resepsyon maryaj, kote kretyen ki gen kè kontan vle manifeste lafwa yo pa mwayen aksyon yo.

[Nòt anba paj]

^ § 16 Nan atik “ Faites de vos noces un événement joyeux et digne ” ki parèt nan Toudegad 15 oktòb 2006 (fransè), yo pale de kèk lòt aspè konsènan maryaj ak resepsyon maryaj.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan nou ka demontre nou gen lafwa :

• Lè n ap òganize yon moman detant ?

• Lè n ap òganize yon resepsyon maryaj ?

• Lè n ap bay kado maryaj oswa lè n ap resevwa kado maryaj ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Menm lè nou pa envite anpil moun, kite “ sajès ki soti anlè a ” gide nou.