Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsèy ki fyab pou nou elve pitit nou

Konsèy ki fyab pou nou elve pitit nou

Konsèy ki fyab pou nou elve pitit nou

“ M WEN te gen 19 an, mwen t ap viv lwen fanmi m, e mwen pa t gen okenn preparasyon. ” Sa se pawòl Ruth te di konsènan premye fwa li te tonbe ansent. Antanke sèl pitit paran l genyen, li pa t konn reflechi anpil sou sa fè pitit enplike. Ki kote pou l ale pou l jwenn konsèy ki fyab ?

Jan, bò kote pa l, kounye a ki gen de gran pitit, di sa l sonje : “ Okòmansman, mwen te fè tèt mwen konfyans. Men sa pa t pran tan pou m rann mwen kont mwen pa t gen ase konesans pratik. ” Kit paran yo santi yo san direksyon depi okòmansman, kit se annapre yo vin santi sa, ki kote yo ka jwenn èd pou yo elve pitit yo ?

Jodi a, gen plis paran de jou an jou ki al sou Entènèt. Men, ou ka ap mande tèt ou èske konsèy ki sou Entènèt yo fyab. Gen bonjan rezon pou yon moun ta pran anpil prekosyon. Èske w konnen vre kiyès k ap bay konsèy ou jwenn sou Entènèt la ? Nan ki pwen yo te reyisi edikasyon pitit pa yo ? Pa gen dout, ou vle pran prekosyon nan kesyon ki konsène fanmi w. Jan atik ki vin anvan an montre sa, pafwa, menm konsèy espè yo konn pa bay bon rezilta. Donk, ki kote pou w ale ?

Pi gwo Sous konsèy ki genyen sou edikasyon timoun se Jewova Dye, Sila ki kreye fanmi an (Efezyen 3:15). Se Li menm ki sèl vrè espè a. Nan Pawòl li, Labib, li bay enstriksyon ki fyab, ki pratik e ki bay bon rezilta toutbonvre (Sòm 32:8 ; Izayi 48:17, 18). Men, se responsablite pa nou pou nou aplike yo.

Gen kèk koup yo te mande pou yo esplike sa yo te aprann pandan yo t ap elve pitit yo pou yo vin granmoun ki ekilibre e ki krenn Bondye. Yo di yo te reyisi, prensipalman, paske yo te aplike prensip biblik yo. Yo twouve konsèy Bib la bay yo fyab jodi a, menm jan yo te ye lè yo t ap ekri Bib la.

Pase tan avèk yo

Lè yo te mande Catherine, ki gen de pitit, ki konsèy ki te plis ede l, imedyatman li te site Detewonòm 6:7. Men sa vèsè sa a di : “ Ou dwe fè [prensip biblik yo] antre nan lespri pitit gason w, e ou dwe pale l de yo lè w chita lakay ou, lè w ap mache sou wout, lè w kouche, e lè w leve. ” Catherine te vin wè pou l rive suiv konsèy sa a, li te bezwen pase tan ak pitit li yo.

Petèt ou di tèt ou ‘ tout sa se pawòl nan bouch ’. Kòm nan anpil fanmi toule de paran yo oblije travay pou yo pran swen fanmi an, ki jan paran sa yo ki deja okipe anpil ka pase plis tan avèk pitit yo ? Ann pran egzanp Torlief, ki gen pitit gason l ki gen yon fanmi l ap elve kounye a. Selon sa Torlief di, yon bagay ki enpòtan anpil se suiv konsèy ki nan Detewonòm nan. Nenpòt kote w prale, ale ak pitit ou, e lè sa a, okazyon pou nou pale yo ap vini tou natirèlman. Torlief di : “ Lè gen travay amenajman ki pou fèt nan kay la, mwen te konn fè l ansanm ak pitit gason m nan. Nou te konn vwayaje an fanmi. E nou te konn manje ansanm. ” Kòm rezilta, li di : “ Pitit gason nou an te toujou santi li ka pale avèk nou alèz. ”

Men, e si kominikasyon an kraze e konvèsasyon yo vin difisil ? Pafwa sa ka rive ofiramezi timoun yo ap vin pi gran. La a ankò, lè nou pase plis tan avèk yo, sa ka ede nou. Ken, mari Catherine, sonje lè pitit fi yo a te vin adolesan, li te konn plenyen Ken pa t konn koute l. Anpil adolesan konn plenyen sa. Ki sa Ken te fè ? Men sa l di : “ Mwen te deside pase plis tan ansanm avè l, nou te konn pale de sa l panse, de sa l santi ak difikilte l ap rankontre. Sa te vrèman efikas. ” ​(Pwovèb 20:5). Sepandan, Ken kwè rezon ki fè sa te mache se paske yo te deja gen abitid kominike lakay yo. Li di : “ Mwen te toujou gen bon relasyon ak pitit fi m nan, sa te fè l santi li te ka pale avè m alèz. ”

Yon bagay ki enteresan, sèke gen yon sondaj ki fèt sa pa gen twò lontan ki revele adolesan yo gen tandans twa fwa plis pase paran yo pou yo di paran ak pitit pa pase ase tan ansanm. Kidonk, poukisa pou nou pa suiv konsèy Bib la bay ? Pase plis tan posib ak pitit nou, lè n ap repoze ak lè n ap travay, lè nou lakay ak lè n ap vwayaje, nan maten lè nou leve ak leswa anvan n al dòmi. Si sa posib, nenpòt kote nou prale, ale avèk yo. Jan Detewonòm 6:7 montre sa, pa gen anyen ki ka ranplase tan nou pase avèk pitit nou.

Anseye yo bonjan prensip

Nan menm sans lan, Mario, yon papa ki gen de pitit, bay ankourajman sa a : “ Bay pitit ou anpil lanmou, epi fè lekti pou yo. ” Sepandan, se pa jis yon aktivite pou w fè kapasite mantal yo travay. Ou bezwen anseye yo fason pou yo disène byen ak mal. Mario ajoute : “ Etidye Labib avèk yo. ”

Nan sans sa a, Bib la bay paran yo egzòtasyon sa a : “ Pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a. ” ​(Efezyen 6:4, Bib la). Nan anpil kay jodi a, moun yo manke mete aksan sou enstriksyon moral. Gen anpil moun ki kwè, lè timoun yo gran, y ap ka deside poukont yo ki prensip y ap suiv. Dapre ou, èske sa fè sans ? Menm jan kò timoun nan bezwen bon manje pou l vin djanm e pou l ret an sante, se konsa tou lespri li ak kè li bezwen enstriksyon. Si w pa aprann pitit ou prensip moral depi lakay, li pwobab pou l adopte pwennvi kamarad lekòl li ak pwofesè li oswa pwennvi yo prezante nan medya yo.

Bib la kapab ede paran yo pou yo anseye pitit yo fason pou yo distenge byen ak mal (2 Timote 3:16, 17). Gen yon ansyen ki rele Jeff, yon kretyen eksperimante ki te elve de pitit, ki konseye paran yo pou yo sèvi ak Bib la pou yo anseye pitit yo bonjan prensip. Men sa l di : “ Lè nou sèvi ak Bib la, sa ede timoun nan konprann sa Kreyatè a panse sou yon sijè, se pa jis sa manmi ak sa papi panse. Sa nou te remake se efè estrawòdinè Bib la gen sou lespri yo ak sou kè yo. Lè yo te fè yon bagay ki pa bon oswa lè fason yo panse pa t kòrèk, nou te pran tan pou n chèche yon vèsè ki apwopriye pou nou korije sa k pa bon an. Apre sa, n al apa nou fè timoun nan li vèsè a. Byen souvan, lè timoun nan fin li vèsè a, dlo kouri nan je l. Lè konsa nou sezi. Bib la konn gen pi gwo enpak pase nenpòt bagay nou ta ka panse di oswa panse fè. ”

Men sa Ebre 4:12 esplike : “ Pawòl Bondye a vivan e li pisan, [...] e li kapab disène panse ak entansyon ki nan kè a. ” Kidonk, mesaj ki nan Bib la se pa senpleman pwennvi pèsonèl oswa eksperyans kèk moun te fè, epi Bondye sèvi avèk moun sa yo pou l fè yo ekri yo. Se pito panse Bondye sou sijè ki gen rapò ak moralite. Sa fè l diferan de tout lòt konsèy. Lè w sèvi ak Bib la pou w anseye pitit ou, se ede w ap ede l vin gen panse Bondye sou sijè sa yo. Se yon fòmasyon ki trè solid w ap ba pitit ou, e ou gen plis chans pou w touche kè l.

Se pwennvi sa a Catherine, nou te mansyone pi wo a, genyen tou. Tande sa l di : “ Plis sitiyasyon an difisil, se plis nou te konn chèche direksyon nan Pawòl Bondye a, e sa te mache ! ” Èske w kapab sèvi ak Bib la plis pou w anseye pitit ou kòman pou yo disène byen ak mal ?

Se pou nou rezonab

Apot Pòl montre yon lòt prensip enpòtan ki kapab ede paran yo elve pitit yo. Men ankourajman li te bay kretyen yo : “ Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab. ” ​(Filipyen 4:5). Asireman, se pou pitit nou wè nou kòm moun ki rezonab. E sonje, lè nou rezonab, nou reflete “ sajès ki soti anlè a ”. — Jak 3:17.

Men, ki jan nou ka montre nou rezonab etan n ap elve pitit nou ? Menmsi n ap fè tout sa nou kapab pou nou ede yo, nou pa ka kontwole tout aksyon yo. Pa egzanp, men sa Mario, nou te site pi wo a, ki se yon Temwen Jewova, te di : “ Nou te toujou mete batèm, sèvis aplentan ak lòt objektif espirityèl devan pitit nou yo. Men nou te toujou montre yo klè, lè moman an rive pou yo fè bagay sa yo, se yo k ap gen pou yo deside. ” Ki rezilta li jwenn ? Toule de pitit li yo nan sèvis aplentan kounye a.

Nan Kolosyen 3:21, men avètisman Bib la bay papa yo : “ Pa irite pitit nou yo pou yo pa dekouraje. ” Catherine renmen vèsè sa a anpil. Lè yon paran kòmanse pèdi pasyans, li fasil pou l fache oswa pou l vin egzijan. Men, selon sa Catherine di, “ pa egzije pitit ou plis pase sa w ta mande tèt ou ”. Catherine tou se yon Temwen Jewova, e li ajoute : “ Fè sèvis Jewova agreyab pou yo. ”

Jeff, nou te pale de li pi wo a, te fè yon remak pratik, li di : “ Etan timoun nou yo t ap grandi, nou gen yon bon zanmi nou ki te di nou li rann li kont li te konn di pitit li yo non twò souvan lè yo mande l yon bagay. Sa te dekouraje yo, sa te fè yo santi y ap maltrete yo. Pou nou evite sa, li te ankouraje nou chèche fason pou nou di wi. ”

Men sa Jeff di : “ Nou te twouve se yon bon konsèy. Depi lè sa a, nou te chèche okazyon pou pitit nou yo gen yon seri aktivite ak lòt moun nan sikonstans nou apwouve. Konsa, nou konn al kote yo nou di yo : ‘ Èske nou konnen entèl ap fè sesi ou sela ? Poukisa nou pa ale tou ? ’ Oubyen si timoun yo mande nou pou nou mennen yo yon kote, nou fè efò nou ale menmsi nou fatige. Nou fè sa jis pou nou pa di non. ” Se egzakteman sa rezonab vle di : pou nou ekilibre, pou nou gen konsiderasyon, pou nou sede san nou pa fè konpwomi ak prensip ki nan Bib la.

Tire pwofi nan konsèy ki fyab

Pifò nan paran sa yo se gran paran yo ye kounye a. Yo kontan wè menm prensip biblik sa yo ap ede pitit yo reyisi antanke paran. Èske w ka tire pwofi nan konsèy ki nan Bib la ?

Lè Ruth, nou te mansyone nan kòmansman an, te vin gen pitit, li menm ak mari l te konn santi yo poukont yo pafwa. Men se pa t vre. Yo te gen konsèy san parèy ki nan Pawòl Bondye a, Labib. Temwen Jewova yo pwodui anpil piblikasyon biblik, piblikasyon ki trè efikas ki kapab ede paran yo. Pa egzanp, gen liv Koute gran Anseyan an, Liv istwa biblik mwen an, Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques ak Le plus grand homme de tous les temps. Torlief, mari Ruth, di : “ Jodi a, paran yo gen yon pakèt konsèy ki baze sou Bib la a dispozisyon yo. Si yo annik pwofite de yo, y ap jwenn èd pou yo elve pitit yo nan tout aspè nan lavi a toutpandan y ap grandi. ”

[Kare/Foto nan paj 5]

Sa ESPÈ yo di ... Sa LABIB di

Sou demontre afeksyon :

Nan liv Swen sikolojik pou tibebe ak timoun (1928, anglè), John Broadus Watson, yon doktè an sikoloji, te di paran yo : “ Pa janm bay [pitit ou] akolad, ni pa janm anbrase yo. ” Li te ajoute : “ Pa janm kite yo chita sou janm ou. ” Sepandan, tou dènyèman, Vera Lane ak Dorothy Molyneaux, de doktè an sikoloji, te fè yon remak nan peryodik Pitit nou yo (mas 1999, anglè). Men sa yo te di : “ Rechèch ki fèt endike timoun piti ki pa benefisye kontak fizik e ki pa resevwa afeksyon, souvan yo pa pwofite. ”

Yon lòt bò, Izayi 66:12 sèvi ak lanmou paran gen pou pitit li kòm imaj pou l fè referans ak Bondye k ap demontre lanmou pou pèp li a. Nan menm sans lan, lè disip Jezi yo t ap eseye anpeche moun yo mennen timoun piti yo bay Jezi, li te reprann yo, li te di : “ Kite timoun piti yo vin jwenn mwen, pa eseye bloke yo. ” Apre sa, “ li pran timoun yo nan bra li, e li kòmanse beni yo ”. — Mak 10:14, 16.

Sou anseye bonjan prensip :

An 1969, nan yon atik ki te parèt nan jounal New York Times, pwofesè sikoloji Bruno Bettelheim te fè konnen yon timoun gen “ dwa pou l gen pwòp opinyon pa l, pou se pa sa [paran l ap plede di] avèk otorite ki enfliyanse opinyon l, men se sèlman eksperyans dirèk li fè nan lavi a. ” Sepandan, prèske 30 an apre, men sa sikyat Robert Coles, otè yon liv ki rele Entèlijans moral timoun (1997, anglè), rekonèt : “ Timoun bezwen pou yo gen yon objektif ak yon direksyon nan lavi a, yon seri prensip ” paran yo ak lòt granmoun apwouve.

Men egzòtasyon Pwovèb 22:6 bay paran yo : “ Enstwi tigason an selon chemen ki pou li a, menm lè li vin granmoun, li pap kite l. ” Mo ebre lè yo tradui l yo mete “ enstwi ” pou li a vle di tou “ kòmanse ”, e la a li endike kòmansman premye enstriksyon yon timoun piti resevwa. Konsa, yo ankouraje paran yo pou yo kòmanse anseye pitit yo bonjan prensip depi lè yo toupiti (2 Timote 3:14, 15). Gen anpil chans pou yo kenbe tout sa yo aprann diran ane fòmasyon sa yo.

Sou disiplin :

Men sa yon doktè an sikoloji ki rele James Dobson te ekri nan yon liv ki rele Timoun tèti (1978, anglè) : “ Pinisyon fizik yon paran ki renmen pitit li bay se yon zouti ansèyman ki dekouraje move konduit. ” Yon lòt bò, nan yon atik yo ekri dapre setyèm edisyon liv popilè ki rele Edikasyon timoun (1998, anglè), doktè Benjamin Spock di : “ Lè yo tape yon timoun, sa aprann li moun ki pi gran e ki gen plis fòs pase l gen pouvwa pou l fè sa l vle, kit li gen rezon, kit li pa gen rezon. ”

Anrapò ak disiplin, Labib di : “ Baton ak reprimann, se sa ki bay sajès. ” ​(Pwovèb 29:15). Sepandan, se pa tout timoun ki bezwen pinisyon fizik. Pwovèb 17:10 di nou : “ Yon reprimann antre pi fon nan yon moun ki entèlijan pase frape yon moun ki san konprann san fwa. ”

[Foto]

Sèvi ak Bib la pou w touche kè pitit ou.

[Foto nan paj 7]

Paran ki gen sajès òganize moman detant pou pitit yo.