Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Eklezyas la

Pwen enteresan ki nan liv Eklezyas la

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Eklezyas la

“ LÒM ki sot nan vant fi viv yon tikras tan, epi li chaje ak traka. ” Remak sa a se patriyach Jòb ki te fè l (Jòb 14:1). Li esansyèl pou nou pa gaspiye lavi nou ki deja kout nan enkyetid ak efò ki pa itil anyen. Nan ki objektif nou ta dwe konsakre tan nou, enèji nou ak resous nou ? Ki objektif nou pa ta dwe pousuiv ? Pawòl sajès ki nan liv Eklezyas la bay bonjan konsèy nan sans sa a. Mesaj li bay la “ kapab disène panse ak entansyon ki nan kè a ”, e li kapab ede nou mennen yon vi ki gen sans. — Ebre 4:12.

Se Salomon, yon wa nan Izrayèl tan lontan an ki gen gwo renome pou sajès li, ki te ekri liv Eklezyas la. Liv sa a gen konsèy pratik sou bagay nan lavi a ki vrèman gen valè ak sa ki san valè. Etandone Salomon pale de kèk pwojè konstriksyon li te antreprann, siman li te ekri liv Eklezyas la lè l te fini pwojè sa yo, men, li te ekri l anvan li te vire do bay vrè adorasyon an (Neyemya 13:26). Sa sitiye moman Salomon te ekri l la anvan ane 1000 anvan epòk nou an, men pa lontan anvan fen rèy li a ki te dire 40 an.

KI SA KI PA VANITE ?

(Eklezyas 1:1–6:12)

“ Tout bagay se vanite ! ” se sa rasanblè a di. Apre sa, li mande : “ Ki pwofi yon nonm jwenn nan tout travay di li travay di anba solèy la ? ” ​(Eklezyas 1:2, 3). Ekspresyon “ vanite ” ak “ anba solèy la ” parèt souvan nan liv Eklezyas la. Mo ebre lè l tradui ki bay “ vanite ” a vle di literalman “ souf ” oubyen “ vapè ”, e li bay ide yon bagay ki manke enpòtans pratik, ki pa la an pèmanans e ki pa gen yon valè dirab. Ekspresyon “ anba solèy la ” vle di “ sou tè sa a ” oswa “ nan monn sa a ”. Donk, tout bagay, sètadi tout efò lèzòm fè ki pa ann amoni ak volonte Bondye, se vanite.

Salomon di : “ Veye pye w kèlkeswa lè w pral nan mezon vrè Dye a. E se pou nou apwoche pou nou tande. ” ​(Eklezyas 5:1). Angaje nou nan vrè adorasyon an, adorasyon Jewova Dye, se pa vanite. Anfèt, konsantre nou sou relasyon nou avèk li se kle pou yon moun mennen yon vi ki gen sans.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:4-10 — Ki sa ki “ fatigan ” anrapò ak sik natirèl yo ? Rasanblè a mansyone sèlman twa operasyon de baz ki rann lavi posib sou tè a : travay solèy la, van an ak sik dlo a. An reyalite, sik natirèl yo anpil e yo konplike anpil. Yon moun ka pase tout vi l ap etidye yo, men l ap toujou gen bagay li pa fin byen konprann. Sa kapab vrèman “ fatigan ”. Sa dekourajan tou lè w konpare ti tan lavi nou dire ak sik sa yo k ap rekòmanse san rete. Menm efò k ap fèt pou fè nouvo dekouvèt konn fatigan. Dayè, nouvo envansyon yo se tou senpleman aplikasyon prensip vrè Dye a etabli e ki deja ap fonksyone nan kreyasyon an.

2:1, 2 — Poukisa yo di ri se “ foli ” ? Ri kapab ede nou bliye pwoblèm nou yo yon ti moman, e rejwisans kapab fè nou pa bay pwoblèm nou yo anpil enpòtans. Sepandan, ri pa fè difikilte nou yo disparèt. Se poutèt sa, si yon moun chèche gen kè kontan nan ri, yo di sa se “ foli ”.

3:11 — Ki bagay sa yo Bondye fè “ bèl nan tan pa yo ” ? Kèk nan bagay Jewova fè “ bèl ”, sètadi ki apwopriye e ki bon, nan tan pa yo se kreyasyon Adan ak Èv, alyans lakansyèl la, alyans avèk Abraram nan, alyans avèk David la, vini Mesi a ak monte Jezi Kris te monte sou twòn nan antanke Wa Wayòm Bondye a. Sepandan, gen yon lòt bagay Jewova pral fè “ bèl ” trè byento. Nou kapab gen konfyans monn nouvo ki jis la pral vin yon reyalite nan moman ki apwopriye pou li a. — 2 Pyè 3:13.

3:15b — Nan ki sans ‘ vrè Dye a kontinye ap chèche sa y ap rapousuiv ’ la ? ‘ Sa y ap rapousuiv ’ la se kapab objektif Bondye fikse pou l reyalize. Lefètke moun ap fèt, moun ap mouri, gen lapè, apre sa gen lagè, e bagay sa yo ap repete san fen, sa ka fè lèzòm santi yo enpuisan e sa ka fè yo panse se listwa ki toujou ap repete. Sepandan, vrè Dye a li menm, nonsèlman li kapab chèche tout sa l vle, men li ka akonpli yo tou (Eklezyas 3:1-10, 15a). “ Sa y ap rapousuiv ” la, souvan se kapab tou moun ki jis yo mechan yo ap rapousuiv. Nan ka sa a, Jewova kontinye chèche moun ki jis yo pou l “ montre fòs li ” an favè yo. — 2 Kwonik 16:9.

5:9 — Nan ki sans “ rannman tè a pami yo tout ” ? Tout moun k ap viv sou tè a depann de “ rannman tè a ”, sètadi de sa tè a pwodui. Menm yon wa depann de sa tou. Pou yon wa resevwa pwodui ki sot nan jaden l, se sèvitè li ki travay di pou kiltive tè a pou yo ka sèvi l.

Leson pou nou jodi a :

1:15. Si nou konsakre tan nou ak enèji nou nan eseye korije zak maspinay ak enjistis nou wè jodi a, se tan nou n ap pèdi. Se sèl Wayòm Bondye a ki kapab elimine mechanste. — Dànyèl 2:44.

2:4-11. Aktivite atistik yo, tankou achitekti, jadinay, fè mizik, tou kòm mennen yon vi nan liks, tout se “ kouri dèyè van ”, paske yo pa fè vi a gen yon vrè sans ni yo pa bay yon bonè dirab.

2:12-16. Sajès gen yon avantaj sou sotiz nan sans li kapab ede moun rezoud kèk pwoblèm. Sepandan, devan lanmò, sajès lèzòm pa bay avantaj. E menmsi yon moun ta vin gen renome akoz sajès li, talè konsa y ap bliye l.

2:24 ; 3:12, 13, 22. Li pa mal pou nou jwi fwi travay nou.

2:26. Sajès ki soti nan Bondye a, ki bay lajwa, se sa yo bay ‘ moun ki bon nan je Jewova ’. Li enposib pou yon moun gen sajès sa a si li pa gen bon relasyon avèk Bondye.

3:16, 17. Li pa reyalis pou nou espere ap gen jistis nan tout sitiyasyon. Olye pou n ap enkyete nou pou sa k ap pase nan monn nan jodi a, nou dwe tann Jewova mete bagay yo annòd.

4:4. Yon travay ki di e ki byen fèt kapab bay satisfaksyon. Sepandan, lè moun travay di senpleman pou yo depase lòt moun, sa ka ankouraje espri konpetisyon e sa ka lakòz rayisman ak jalouzi. Se bon mobil ki dwe alabaz travay n ap akonpli nan ministè kretyen an.

4:7-12. Relasyon moun ak moun gen plis enpòtans pase byen materyèl. Nou pa ta dwe sakrifye l nan chèche richès.

4:13. Pozisyon yon moun genyen ak laj li pa toujou fè moun respekte l. Moun ki nan yon pozisyon ki gen responsablite dwe aji avèk sajès.

4:15, 16. “ Timoun nan, ki vin an dezyèm ”, sètadi pitit ki ranplase wa a, ‘ tout moun sa yo ki te la anvan l ’ kapab soutni l okòmansman, men ‘ apre sa yo pa pran plezi nan li ’. Se vre, an jeneral, popilarite se pou de jou.

5:2. Nou dwe reflechi sou sa n ap di nan priyè nou yo, e yo dwe demontre respè. Nou pa ta dwe di yon pakèt pawòl ki pa nesesè.

5:3-7. Si se objektif materyèl ki toujou okipe lespri yon moun, sa ap pouse l fè rèv ki gen rapò ak dezi egoyis li genyen. Sa kapab fè l pase tout yon nuit san l pa repoze, sa ka anpeche l dòmi byen tèlman l ap reve. Lè yon moun pale anpil, sa ka fè lòt moun pran l pou yon ensanse, e sa ka fè l fè yon ve san reflechi devan Bondye. ‘ Lakrentif pou vrè Dye a ’ ap anpeche nou fè jan de bagay sa yo.

6:1-9. Ki avantaj ki gen nan richès, nan laglwa, nan viv lontan, e menm nan yon fanmi ki gran, si sikonstans yo pa pèmèt ou jwi yo ? “ Wè ak je [sètadi lè yon moun fè fas ak reyalite a] pi bon ” pase “ mache nanm nan ap mache pasipala [“ dezi nanm nan ”, nòt anba paj] ”, sètadi lè yon moun fè anpil efò pou l satisfè dezi ki enposib pou satisfè. Konsa, meyè fason pou yon moun viv se pou l satisfè ak “ manje ak rad ” li genyen, etan l ap jwi bon bagay ki gen nan lavi a e etan l ap fè efò pou l kenbe yon relasyon sere ak Jewova. — 1 Timote 6:8.

KONSÈY POU MOUN KI SAJ

(Eklezyas 7:1–12:8)

Ki jan nou kapab prezève bon non nou an, sètadi bon repitasyon nou genyen an ? Ki ta dwe atitid nou anvè dirijan imen yo e devan enjistis ki fèt devan je nou ? Etandone lè yon moun mouri li pa konn anyen, ki jan nou ta dwe itilize lavi nou ? Ki jan jèn yo kapab sèvi ak tan yo ak enèji yo yon fason ki saj ? N ap jwenn bon konsèy rasanblè a bay sou pwen sa yo ak sou lòt ankò nan chapit 7 rive nan chapit 12 liv Eklezyas la.

Kesyon biblik ak tout repons :

7:19 — Ki jan sajès pi fò pase “ dizòm ki sou pouvwa ” ? Lè yo sèvi ak chif dis la nan yon sans figire nan Labib, li reprezante sa ki konplè. Salomon te vle di pwoteksyon sajès bay gen plis valè pase tout yon lame okonplè k ap pwoteje yon vil.

10:2 — Sa sa vle di gen moun kè yo “ sou bò dwat ” e gen lòt kè yo “ sou bò goch ” ? Piske bò dwat yon moun endike souvan yon pozisyon favè, si kè yon moun sou bò dwat li, sa vle di kè l ap pouse l fè sa ki byen. Men, si kè yon moun ap pouse l nan yon move chemen, yo di kè l sou bò goch li.

10:15 — Ki jan “ travay di moun ki san konprann yo fè yo fatige ” ? Si yon moun pa gen bon jijman, travay di li akonpli pap rive pwodui anyen ki gen valè toutbon. Li pap jwenn okenn satisfaksyon ladan l. Lè l kraze kò l konsa, sa ap jis fè l fatige.

11:7, 8 — “ Wi, limyè dous, e li bon pou je wè solèy. ” Ki sa pawòl sa yo vle di ? Limyè ak solèy rann lavi a pi agreyab pou moun ki vivan. La a, Salomon te vle di li bon pou yon moun vivan e nou dwe “ rejwi ” nou anvan jou fènwa yo, sa vle di anvan vyeyès retire fòs nou.

11:10 — Poukisa ‘ jenès ak prentan lavi a ’ se vanite ? Si yo pa itilize bagay sa yo kòrèkteman, yo se vanite, paske, menm jan ak vapè, jou kote yon moun gen fòs jenès li sou li disparèt byen rapid.

Leson pou nou jodi a :

7:6. N ap fè byen lè nou pa ri nan yon moman ki pa apwopriye pou sa. Se yon bagay ki nuizib e ki san valè menm jan ak pikan k ap pete nan dife ki anba yon mamit.

7:21, 22. Nou pa dwe bay tèt nou twòp pwoblèm konsènan sa lòt moun di.

8:2, 3 ; 10:4. Lè yon sipèvizè oswa yon patwon fè yon kritik sou nou oswa li korije nou, li saj pou nou rete kalm. Li pi bon konsa olye nou ‘ sot devan l ’, sètadi pou nou kouri demisyone.

8:8 ; 9:5-10, 12. Lavi nou kapab fini sanzatann, menm jan ak lè pwason pran nan filè oswa lè zwazo pran nan pyèj. Anplis de sa, pèsonn pa ka anpeche fòs lavi a ale lè lanmò rive, ni pèsonn pa ka chape anba lagè lanmò ap fè ak limanite. Se sa k fè, nou pa dwe gaspiye tan nou nan chita pap fè anyen. Jewova vle pou nou cheri lavi e pou nou pwofite lavi a yon fason ki kòrèk. Pou nou fè sa, nou dwe bay sèvis Jewova premye plas nan lavi nou.

8:16, 17. Nou pa ka fin konprann tout bagay Bondye fè, ni tout bagay li kite rive nan mitan limanite, menmsi nou ta pèdi nuit pou n chèche konprann yo. Si n ap enkyete nou pou tout bagay mal ki fèt, sa t ap tou senpleman anpeche nou pwofite lavi a.

9:16-18. Nou dwe bay sajès anpil valè, menm lè pifò moun pa apresye l. Pawòl yon moun ki saj di avèk tout kalm li preferab pase pawòl yon moun ki san konprann ap di byen fò.

10:1. Nou dwe veye sa n ap di ak sa n ap fè. Si yon moun tout moun respekte ta fè yon senp fo pa, tankou li ta fè yon gwo kòlè oswa li ta bwè twòp alkòl, oubyen li ta fè yon aksyon kote li gen yon konduit seksyèl ki pa kòrèk, sa ase pou kraze bon repitasyon l.

10:5-11. Nou pa bezwen anvye yon moun enkonpetan ki nan gwo pozisyon. Si yon moun enkonpetan, menmsi se nan yon travay ki senp, sa kapab gen move konsekans. Olye de sa, li pi bon pou yon moun chèche gen kapasite pou l ‘ sèvi ak sajès pou l reyisi ’. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou vin konpetan nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la !

11:1, 2. Nou dwe montre nou donan ak tout kè nou. Sa ap fè moun donan anvè nou. — Lik 6:38.

11:3-6. Ensètitid ki gen nan lavi a pa dwe fè nou pa konn sa pou nou deside.

11:9 ; 12:1-7. Jèn yo gen kont pou yo rann Jewova. Kidonk, yo dwe itilize tan yo ak enèji yo nan sèvis Bondye anvan vyeyès retire vigè yo.

“ PAWÒL MOUN KI SAJ ” POU GIDE NOU

(Eklezyas 12:9-14)

Ki jan nou dwe konsidere “ pawòl agreyab ” rasanblè a te chèche jwenn pou l ekri yo ? Kontrèman ak “ anpil liv ” sajès lèzòm pwodui, “ pawòl moun ki saj yo tankou digèt bèf, e moun k ap fè rekèy pawòl yo, yo tankou klou yo plante. Se yon sèl bèje ki bay yo ”. (Eklezyas 12:10-12.) Pawòl sajès Jewova, “ sèl bèje ” a, bay la kapab rann lavi nou stab.

Si nou aplike konsèy saj nou jwenn nan liv Eklezyas la, sa pap manke pa ede nou mennen yon vi ki gen sans e ki bay kè kontan. Anplis de sa, men asirans nou jwenn : “ Sa ap tounen byen pou moun ki gen lakrentif pou vrè Dye a. ” Kidonk, annou rete fèm nan detèminasyon nou genyen pou nou ‘ krenn vrè Dye a e pou nou kenbe kòmandman l yo ’. — Eklezyas 8:12 ; 12:13.

[Foto nan paj 20]

Youn nan pi bèl travay Bondye fè ak men l ap vin yon reyalite nan moman ki apwopriye pou sa.

[Foto nan paj 21]

Kado Bondye bay yo gen ladan yo manje, bwè, epi wè sa ki bon pou tout travay di nou fè.