Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa renmen pwochen nou siyifi ?

Ki sa renmen pwochen nou siyifi ?

Ki sa renmen pwochen nou siyifi ?

“ Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ” — MATYE 22:39.

1. Ki jan nou demontre nou renmen Bondye ?

KI SA Jewova mande moun k ap adore l yo ? Jezi te rezime repons lan avèk kèk mo ki senp, men ki gen anpil siyifikasyon. Li te di pi gwo kòmandman an se pou nou renmen Jewova ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou (Matye 22:37 ; Mak 12:30). Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, pou lanmou Bondye gen pou nou, nou demontre nou gen lanmou pou li anretou lè nou obeyi l e lè nou obsève kòmandman l yo. Fè volonte Bondye se pa yon pwa lou pou moun ki krenn li, okontrè sa fè kè yo kontan. — Sòm 40:8 ; 1 Jan 5:2, 3.

2, 3. Poukisa nou ta dwe prete atansyon ak kòmandman nou jwenn pou nou renmen pwochen nou, e ki kesyon sa soulve ?

2 Jezi te di dezyèm pi gwo kòmandman an lye ak premye a : “ Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ” ​(Matye 22:39). Se kòmandman sa a nou pral egzamine kounye a, e nou gen bonjan rezon pou sa. Se yon lanmou ki defòme e ki egoyis ki karakterize epòk n ap viv la. Nan deskripsyon enspire apot Pòl te bay konsènan “ dènye jou yo ”, li te ekri moun yo pa t ap gen lanmou youn pou lòt, men pito yo t ap gen lanmou pou pwòp tèt yo, pou lajan e pou plezi. Anpil moun t ap “ san afeksyon natirèl ”, sètadi, jan yon tradiksyon Labib di sa, “ yo t ap manke afeksyon natirèl pou fanmi yo ”. (2 Timote 3:1-4.) Jezi Kris te predi : “ Anpil moun [...] ap trayi [youn] lòt e youn ap rayi lòt. [...] Lanmou pifò moun ap vin rafredi. ” — Matye 24:10, 12.

3 Sepandan, n ap remake Jezi pa t di lanmou tout moun t ap rafredi. Te toujou gen moun ki demontre kalite lanmou Jewova mande e li merite a, e ap toujou gen moun k ap fè sa. Moun ki renmen Jewova toutbonvre ap toujou fè efò pou yo wè lòt moun menm jan li wè yo. Kidonk, kiyès ki pwochen nou nou dwe renmen ? Ki jan nou dwe demontre lanmou pou pwochen nou ? Ekriti yo ka ede nou reponn kesyon enpòtan sa yo.

Kiyès ki pwochen m ?

4. Selon Levitik chapit 19, pou kiyès Juif yo te dwe demontre lanmou ?

4 Lè Jezi te di Farizyen an dezyèm pi gwo kòmandman an se pou yon moun renmen pwochen l menm jan li renmen tèt li, li te fè referans ak yon lwa byen presi pèp Izrayèl te genyen. Se yon lwa nou jwenn nan Levitik 19:18. Nan menm chapit la, yo te di Juif yo, apa moun ki Izrayelit menm jan avèk yo, yo te dwe konsidere lòt moun kòm pwochen yo tou. Vèsè 34 la di : “ Rezidan etranje a ki rete lakay nou antanke rezidan etranje ta dwe vin pou nou kòm yon moun ki fèt nan peyi nou, e ou dwe renmen l menm jan w renmen tèt ou, paske nou te tounen rezidan etranje nan peyi Ejip. ” Kidonk, yo te dwe trete menm moun ki pa t Juif, sitou pwozelit yo, avèk amou.

5. Ki jan Juif yo te konprann kesyon renmen pwochen an ?

5 Sepandan, dirijan juif nan epòk Jezi a pa t wè bagay yo konsa. Gen nan yo ki te anseye mo “ zanmi ” ak mo “ pwochen ” te aplikab pou Juif sèlman. Donk, yon Juif te dwe rayi yon moun ki pa t Juif. Rezònman anseyan sa yo te fè, sèke moun k ap adore Bondye ta dwe meprize moun ki pap adore Bondye. Gen yon ouvraj referans ki di : “ Nan yon anbyans konsa, li te enposib pou lahèn pa t fleri. Se te yon anbyans ki te favorab pou lahèn pran rasin. ”

6. Ki de bagay Jezi te montre lè li t ap pale de lanmou pou pwochen ?

6 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te pale sou pwoblèm sa a, li te montre kiyès yo ta dwe trete avèk amou. Li te di : “ Nou te tande yo te di : ‘ Nou dwe renmen pwochen nou e nou dwe rayi ènmi nou. ’ Sepandan, mwen di nou : Kontinye renmen ènmi nou yo e priye pou moun k ap pèsekite nou yo, se konsa n ap kapab montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la, piske li fè solèy li leve sou moun ki mechan ak sou moun ki bon, e li fè lapli tonbe sou moun ki jis ak sou moun ki enjis. ” ​(Matye 5:43-45). Jezi te montre de bagay la a. Premyèman, Jewova donan e li bon ni pou bon moun ni pou move moun. Dezyèmman, nou dwe suiv egzanp li.

7. Ki leson nou jwenn nan parabòl bon Samariten an ?

7 Nan yon lòt okazyon, gen yon Juif ki te konn Lalwa byen ki te mande Jezi : “ Kiyès ki pwochen m menm ? ” Jezi te bay parabòl ki pale de yon Samariten ki te jwenn yon mesye, yon Juif, vòlè te atake e yo te pran tout sa k te sou li. Menmsi an jeneral Juif yo te konn meprize Samariten yo, Samariten an te panse blese mesye a e li mennen l nan yon ti otèl kote li t ap ka jwenn swen jis li reprann li. Ki leson nou ka tire nan sa ? Nou ta dwe gen lanmou pou pwochen nou, e pami pwochen nou, moun ki pa menm ras, menm nasyonalite oswa menm relijyon avèk nou ladan l. — Lik 10:25, 29, 30, 33-37.

Ki sa renmen pwochen nou siyifi ?

8. Ki sa Levitik chapit 19 di konsènan fason Izrayelit yo te dwe demontre lanmou ?

8 Menm jan ak renmen Bondye, renmen pwochen nou se pa yon senp santiman, sa mande aksyon. Li bon pou nou konsidere kontèks kòmandman nou jwenn nan Levitik 19 la ki te egzòte pèp Bondye a pou yo renmen pwochen yo menm jan yo renmen tèt yo. Nan chapit sa a, nou wè Izrayelit yo te dwe pèmèt moun ki aflije yo ak rezidan etranje yo patisipe nan rekòt la. Pa t gen plas ni pou vòl, ni pou twonpri, ni pou aksyon malonèt. Nan kesyon jidisyè yo, Izrayelit yo pa t dwe gen patipri. Menmsi yo te dwe bay yon reprimann lè sa te nesesè, yo te di yo aklè : “ Ou pa dwe rayi frè w nan kè w. ” Kòmandman sa yo mete ak anpil lòt te rezime ak pawòl sa yo : “ Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou. ” — Levitik 19:9-11, 15, 17, 18.

9. Poukisa Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo rete separe ak lòt nasyon yo ?

9 Byenke Izrayelit yo te dwe demontre lanmou pou lòt moun, yo te dwe rete separe ak moun ki t ap adore fo dye. Jewova te avèti yo konsènan danje ak konsekans move konpayi genyen. Pa egzanp, konsènan nasyon Izrayelit yo te dwe pran peyi yo nan men yo, men sa Jewova te di Izrayelit yo : “ Ou pa dwe fè kontra maryaj avèk yo. Ou pa dwe bay pitit fi w pou pitit gason li, e ou pa dwe pran pitit fi li pou pitit gason w. Paske l ap detounen pitit gason w pou l pa suiv mwen, e sètènman yo pral sèvi lòt dye, e vrèman kòlè Jewova pral flanbe kont nou. ” — Detewonòm 7:3, 4.

10. Sou ki sa nou dwe veye ?

10 Menm jan an tou, kretyen yo veye pou yo pa gen relasyon sere ak moun ki ka febli lafwa yo (1 Korentyen 15:33). Nou jwenn egzòtasyon sa a : “ Pa mete tèt nou anba jouk miwomiba avèk enkwayan ”, sètadi avèk moun ki pa fè pati kongregasyon kretyen an (2 Korentyen 6:14). Anplis, kretyen yo jwenn konsèy pou yo marye “ nan Seyè a sèlman ”. (1 Korentyen 7:39.) Sepandan, nou pa ta dwe janm meprize moun ki pap sèvi Jewova yo. Jezi te mouri pou pechè, e anpil moun ki te konn pratike bagay ki mal vin chanje fason yo aji e yo vin rekonsilye ak Bondye. — Women 5:8 ; 1 Korentyen 6:9-11.

11. Ki pi bon fason nou ka demontre lanmou pou sila yo ki pap sèvi Jewova, e poukisa ?

11 Nan kesyon demontre lanmou pou moun ki pap sèvi Bondye, pa gen pi bon bagay nou ka fè pase imite Jewova. Li pa renmen mechanste, men li demontre yon bonte ki plen lanmou pou tout moun lè li ba yo opòtinite pou yo kite move bagay yo t ap fè e pou yo vin gen lavi etènèl (Ezekyèl 18:23). Jewova “ vle pou tout moun rive repanti ”. (2 Pyè 3:9.) Se volonte l pou “ tout kalite moun sove e pou yo rive gen yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Timote 2:4.) Se pou sa Jezi te bay disip li yo misyon pou yo preche, pou yo anseye e pou yo “ fè disip pami moun tout nasyon ”. (Matye 28:19, 20.) Lè nou patisipe nan travay sa a, nou demontre lanmou ni pou Bondye ni pou pwochen nou, wi, ata pou ènmi nou yo !

Lanmou pou frè ak sè nou yo

12. Ki sa apot Jan te ekri konsènan renmen frè nou ?

12 Men sa apot Pòl te ekri : “ Annou fè sa ki byen anvè tout moun, men sitou anvè moun ki fanmi nou nan lafwa. ” ​(Galat 6:10). Antanke kretyen, nou gen obligasyon pou nou manifeste lanmou anvè sila yo ki fanmi nou nan lafwa, sètadi frè ak sè espirityèl nou yo. Ki enpòtans lanmou sa a genyen ? Men ki sa apot Jan te ekri pou l montre jan pwen sa a enpòtan : “ Tout moun ki rayi frè li se yon asasen [...]. Si yon moun di : ‘ Mwen renmen Bondye ’, epoutan li rayi frè l, li se yon mantè. Paske yon moun ki pa renmen frè l li wè, pa ka renmen Bondye li pa wè. ” ​(1 Jan 3:15 ; 4:20). Pawòl sa yo gen anpil fòs. Jezi te itilize mo “ asasen ” an ak mo “ mantè ” a pou Satan Ledyab (Jan 8:44). Nou pa ta janm renmen pou mo sa yo aplike nan ka pa nou !

13. Ki jan nou ka demontre lanmou nou pou konpayon kretyen nou yo ?

13 “ Bondye aprann [vrè kretyen yo] pou youn renmen lòt. ” ​(1 Tesalonisyen 4:9). Nou pa dwe renmen “ ni an pawòl ni ak lang nou, men se pou nou renmen ann aksyon e an verite ”. (1 Jan 3:18.) Lanmou nou ta dwe “ san ipokrizi ”. (Women 12:9.) Lanmou pouse nou gen bonte, gen konpasyon, pou nou padone, pou nou gen pasyans, e non pa pou nou jalou, ni pou n ap vante tèt nou, ni pou nou awogan ni pou nou egoyis (1 Korentyen 13:4, 5 ; Efezyen 4:32). Li pouse nou “ travay kòm esklav youn pou lòt ”. (Galat 5:13.) Jezi te di disip li yo pou youn renmen lòt, menm jan li menm li te renmen yo a (Jan 13:34). Donk, yon kretyen ta dwe menm dispoze bay vi l pou konpayon kretyen l yo si sa ta nesesè.

14. Ki jan nou ka manifeste lanmou anndan fanmi an ?

14 Ta dwe gen lanmou espesyalman nan yon fanmi kretyen, e sitou ant mari ak madanm. Lyen ki egziste nan maryaj la tèlman sere, sa te fè Pòl di : “ Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. ” E li te ajoute : “ Moun ki renmen madanm li se tèt li l renmen. ” ​(Efezyen 5:28). Senk vèsè apre, Pòl repete egzòtasyon sa a ankò. Yon mari ki renmen madanm li pap imite Izrayelit nan epòk Malaki yo ki te aji an trèt avèk madanm yo (Malaki 2:14). Okontrè, l ap cheri l. L ap renmen l menm jan Kris renmen kongregasyon an. Menm jan an tou, lanmou ap pouse yon madanm gen respè pou mari l. — Efezyen 5:25, 29-33.

15. Lè kèk moun te wè afeksyon fratènèl nou ann aksyon, ki sa yo te di e ki sa yo te fè ?

15 Li klè, lanmou sa a se mak ki idantifye vrè kretyen yo. Men sa Jezi te di : “ Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” ​(Jan 13:35). Lanmou nou gen youn pou lòt atire moun yo vin sèvi Bondye nou renmen an, Bondye nou reprezante a. Pa egzanp, men yon rapò ki soti nan peyi Mozanbik konsènan yon fanmi kretyen : “ Nou pa t janm wè yon bagay konsa. Nan aprèmidi, te gen yon van vyolan ki te kòmanse soufle, apre sa te vin gen yon gwo lapli ak lagrèl ki te tonbe. Gwo van ki te pase yo te detwi kay nou an ki te fèt ak wozo, e twati kay la ki te an tòl te vole ale. Lè frè nou yo ki nan kongregasyon ozalantou yo te vini e yo te ede nou rekonstwi kay nou an, vwazen nou yo te sezi, yo di : ‘ Relijyon nou an bon anpil. Nou pa t janm resevwa èd konsa nan legliz pa nou an. ’ Nou te ouvri Bib la avèk yo e nou te montre yo Jan 13:34, 35. Anpil nan vwazen nou yo ap etidye Labib kounye a. ”

Lanmou pou chak moun an patikilye

16. Ki diferans ki genyen ant renmen yon gwoup moun e renmen chak moun an patikilye ?

16 Li pa difisil pou nou renmen pwochen nou antanke gwoup. Sepandan, lanmou pou chak moun an patikilye se yon lòt bagay. Pa egzanp, lanmou kèk moun gen pou pwochen yo pa al pi lwen pase bay yon don nan kèk òganizasyon ki la pou fè charite. An reyalite, li pi fasil lontan pou nou di nou renmen pwochen nou pase pou nou renmen yon kòlèg travay ki sanble l pa menm renmen nou, yon vwazen endezirab, oswa yon zanmi ki te desevwa nou.

17, 18. Ki jan Jezi te demontre lanmou pou chak moun an patikilye, e ki sa k te motive l fè sa ?

17 Nan kesyon renmen chak moun an patikilye a, nou ka aprann lè nou egzamine egzanp Jezi, ki te reflete kalite Bondye yo yon fason ki pafè. Byenke li te vin sou tè a pou l retire peche monn nan, li te demontre lanmou pou chak moun an patikilye, pa egzanp pou yon fi ki te malad, yon lepre ak yon timoun (Matye 9:20-22 ; Mak 1:40-42 ; 7:26, 29, 30 ; Jan 1:29). Menm jan an tou, nou demontre lanmou pou pwochen nou nan fason nou boule ak moun nou an kontak avèk yo chak jou.

18 Sepandan, pinga nou janm bliye sa, lanmou pou pwochen lye ak lanmou pou Bondye. Byenke Jezi te ede moun ki pòv, li te geri moun ki malad e li te bay moun ki grangou manje, sa ki te motive l fè tout sa e ki te motive l anseye foul moun yo tou se paske li te vle ede yo vin rekonsilye ak Jewova (2 Korentyen 5:19). Jezi te fè tout bagay pou glwa Bondye, li pa t janm bliye li reprezante Bondye li renmen an e li pa t janm bliye li te reflete l (1 Korentyen 10:31). Lè nou imite egzanp Jezi, nou menm tou nou ka demontre bonjan lanmou pou pwochen nou toutpandan nou pa fè pati monn mechan an.

Ki jan nou ka renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou ?

19, 20. Ki sa renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou siyifi ?

19 Jezi te di : “ Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ” Se yon bagay ki nòmal pou nou gen sousi pou tèt nou e pou nou gen estim pou tèt nou yon fason ki ekilibre. Si se pa t sa, kòmandman sa a pa t ap gen sans. Nou pa ta dwe konfonn lanmou sa a nou gen pou tèt nou an ak yon lanmou egoyis yon moun ka gen pou tèt li, lanmou apot Pòl mansyone nan 2 Timote 3:2 a. Okontrè, se yon santiman diyite ki rezonab. Gen yon biblis ki te dekri l kòm “ yon lanmou ekilibre yon moun gen pou tèt li ki pa ni yon lanmou egzajere kote moun nan di tèt li : ‘ Pa gen tankou m, ’ ni kote moun nan ap kraze tèt li lè l di : ‘ Mwen pa vo anyen. ’

20 Renmen lòt moun menm jan nou renmen tèt nou siyifi pou nou konsidere yo jan nou ta renmen yo konsidere nou, e pou nou trete yo jan nou ta renmen yo trete nou. Jezi te di : “ Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, menm jan an, nou menm tou, se pou nou fè l pou yo. ” ​(Matye 7:12). N ap remake Jezi pa t di pou nou rete sou sa yo te fè nou lontan epi pou nou fè yo menm bagay la. Depreferans, nou ta dwe reflechi sou fason nou ta renmen yo trete nou, epi pou nou aji konsa. N ap remake tou, Jezi pa t di pawòl sa yo aplikab pou zanmi ak frè sèlman. Li te itilize mo “ moun ”, petèt se te pou l endike nou ta dwe aji konsa pou tout moun, kèlkeswa moun nou rankontre.

21. Ki sa nou montre lè nou renmen lòt moun ?

21 Lè nou renmen pwochen nou, sa ap pwoteje nou pou nou pa fè sa ki mal. Men sa apot Pòl te ekri : “ Kòd lalwa a : ‘ Ou pa dwe fè adiltè, ou pa dwe asasinen, ou pa dwe vòlè, ou pa dwe gen konvwatiz, ’ e kèlkeswa lòt kòmandman ki genyen, rezime nan pawòl sa a, ki di : ‘ Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ’ Lanmou pap fè yon pwochen mal. ” ​(Women 13:9, 10). Lanmou ap pouse nou pou nou chèche fason pou nou fè byen anvè lòt moun. Lè nou renmen moun parèy nou, nou montre nou renmen Jewova Dye, Sila ki te kreye moun pòtre ak Li a. — Jenèz 1:26.

Ki repons nou ta bay ?

• Pou kiyès nou ta dwe gen lanmou, e poukisa ?

• Ki jan nou ka montre nou gen lanmou pou moun ki pap sèvi Jewova yo ?

• Ki jan Labib dekri lanmou nou dwe gen pou frè nou yo ?

• Ki sa renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou siyifi ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 27]

“ Kiyès ki pwochen m menm ? ”

[Foto nan paj 30]

Jezi te demontre lanmou pou chak moun an patikilye.