Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Poukisa nou bezwen idantifye antikris la ?

Poukisa nou bezwen idantifye antikris la ?

Poukisa nou bezwen idantifye antikris la ?

“ Nou te tande antikris la ap vini. ” Sa gen lontan depi yon apot te ekri pawòl sa yo sou enspirasyon (1 Jan 2:18). Ala enterese pawòl sa yo dwe enterese nou ! Depi plizyè syèk, moun ap chèche konnen siyifikasyon yo. Kiyès ki antikris la ? Ki lè l ap vini ? Lè l vini, ki sa l pral fè ?

LIS sila yo yo te bay pote etikèt “ antikris ” la long anpil. Pami yo, gen Juif yo, pap katolik yo ak anperè women yo. Pa egzanp, lè anperè Frederik II (1194-1250) te chwazi pou l pa pran pa nan yon kwazad yo t ap mennen an favè Legliz, pap Gregwa IX te rele l antikris e li te eskominye l. Inosan IV, ki te vin pap apre Gregwa, te eskominye l ankò. Kòm reyaksyon, Frederik li menm te deklare se Inosan ki antikris la.

Apot Jan se sèl ekriven nan Bib la ki anplwaye mo “ antikris ” la. Mo sa a parèt senk fwa osengilye e opliryèl nan de nan lèt ki pote non l yo. Vèsè kote mo antikris la parèt yo, yo mete yo nan kare a. Apati de vèsè sa yo, nou ka konprann antikris la se yon mantè e se yon blofè, ki detèmine pou l detwi relasyon yon moun genyen ak Kris e ak Bondye. Se poutèt sa, apot la te bay kretyen parèy li yo egzòtasyon sa a : “ Byenneme, pa kwè tout pawòl ki enspire, men, verifye pawòl ki enspire yo pou nou wè si yo soti nan Bondye, paske gen anpil fo pwofèt ki lage nan monn nan. ” — 1 Jan 4:1.

Jezi tou te bay avètisman kont moun k ap twonpe moun yo, sètadi fo pwofèt yo, lè l te di : “ [Yo] vin kote nou ak po mouton sou yo, men anndan yo se lou rapas. Se grasa fwi [oubyen zèv] yo n ap rekonèt yo. ” ​(Matye 7:15, 16). Èske se kont antikris la Jezi te bay disip li yo avètisman tou ? Annou wè kòman nou ka idantifye blofè malveyan sa a.