Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Renmen Bondye ki renmen w lan

Renmen Bondye ki renmen w lan

Renmen Bondye ki renmen w lan

“ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w. ” — MATYE 22:37.

1, 2. Ki sa petèt ki te fè Farizyen yo poze kesyon konsènan pi gwo kòmandman an ?

PAMI plis pase 600 lwa ki te konpoze Lalwa Moyiz la, kiyès ki te pi enpòtan ? Sandout, kesyon sa a se yon kesyon yo te diskite anpil pami Farizyen ki t ap viv nan epòk Jezi a. Èske se te youn nan lwa ki gen rapò ak sakrifis yo ? Anfèt, Izrayelit yo te konn fè sakrifis nonsèlman pou yo resevwa padon pou peche yo, men tou pou yo remèsye Bondye. Oubyen, èske lwa ki te pi enpòtan an se lwa sou sikonsizyon an ? Lwa sa a te enpòtan tou, piske sikonsizyon an se te yon siy alyans Jewova te fè ak Abraram nan. — Jenèz 17:9-13.

2 Yon lòt bò, sanble selon sa sila ki te konsèvatè yo te panse, tout lwa Bondye te bay yo te enpòtan, e menmsi kèk nan yo te ka sanble yo gen mwens enpòtans, li t ap mal pou yon moun ta elve kèlkeswa kòmandman an pi wo pase lòt yo. Kidonk, Farizyen yo te deside mete kesyon sa a, ki te konn soulve diskisyon, devan Jezi. Petèt l a di yon bagay ki ka fè moun sispann kwè nan li. Youn nan yo pwoche kot Jezi epi li di : “ Ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa ? ” — Matye 22:34-36.

3. Ki kòmandman Jezi te di ki pi gwo kòmandman an ?

3 Repons Jezi te bay la gen yon kokenn enpòtans pou nou jodi a. Nan repons li a, li te rezime sa ki te toujou eleman ki pi enpòtan nan vrè adorasyon an e k ap toujou pi enpòtan. Jezi te site sa nou jwenn nan Detewonòm 6:5 lan, men sa l te di : “ ‘ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w ’. Sa a se pi gwo kòmandman an e se premye a. ” Byenke se yon sèl kòmandman Farizyen an te mande, Jezi te ba l yon lòt. Li te site Levitik 19:18, li te di : “ Men dezyèm nan, ki sanble avè l : ‘ Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ’ ” Apre sa, Jezi te endike de lwa sa yo anbrase tout vrè adorasyon an nèt. San l pa menm tann pou moun yo ta mande l pou l bay tout lòt lwa yo nan lòd sot nan pi gwo al nan pi piti, li tou di yo : “ Nan de kòmandman sa yo tout Lalwa pandye, ansanm ak Pwofèt yo. ” ​(Matye 22:37-40). Nou pral egzamine pi gwo kòmandman nan de kòmandman sa yo nan atik sa a. Poukisa nou dwe renmen Bondye ? Ki jan pou nou montre nou renmen Bondye ? E ki jan nou ka devlope lanmou sa a ? Li esansyèl pou nou konnen repons kesyon sa yo, paske pou nou fè Jewova plezi, nou dwe renmen l ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.

Enpòtans lanmou genyen

4, 5. a) Poukisa Farizyen an pa t sezi pou sa Jezi te di a ? b) Ki sa ki gen plis valè pou Bondye pase sakrifis ak ofrann ?

4 Sanble Farizyen ki te poze Jezi kesyon an pa t ni choke ni sezi pou repons Jezi te ba l la. Li te konnen lanmou pou Bondye se te yon aspè esansyèl nan vrè adorasyon an, menmsi anpil moun pa t demontre lanmou sa a. Nan sinagòg yo, se te yon koutim pou yo resite awotvwa yon priyè ann ebre ki te rele Chema, e nan Chema a te gen yon pasaj ki soti nan Detewonòm 6:4-9, e se ladan l Jezi te pran sitasyon l lan. Selon jan liv Mak la rakonte sa k te pase a, men sa Farizyen an te di Jezi ankò : “ Anseyan, ou byen di, sa ann akò ak laverite : ‘ Li se Youn, e apa Li menm pa gen lòt. ’ Epi renmen l ak tout kè w ak tout entèlijans ou e ak tout fòs ou e renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou gen plis valè lontan pase tout olokos ak sakrifis. ” — Mak 12:32, 33.

5 Se vre, se Lalwa ki te mande pou moun fè olokos ak sakrifis, men sa ki vrèman enpòtan pou Bondye se lè moun sèvi l ak yon kè ki gen lanmou. Yon tikit kòm ofrann pou Bondye ki te fèt avèk amou e avèk devosyon te gen plis valè pou li pase plizyè milye belye yo ta ofri l avèk move mobil (Mika 6:6-8). N ap sonje sa Labib rapòte sou vèv malerèz Jezi te wè nan tanp lan nan Jerizalèm. De ti pyès li te mete nan kòf trezò a pa t ap menm ka achte yon tikit. Sepandan, ofrann sa a li te bay avèk yon lanmou sensè pou Jewova te gen plis valè nan je Jewova pase gwo ofrann moun rich yo te bay ki te soti nan sa yo genyen anplis (Mak 12:41-44). Ala ankourajan sa ankourajan pou nou konnen sa Jewova bay plis valè se sa nou tout nou ka demontre kèlkeswa kondisyon nou : lanmou nou pou li !

6. Ki sa Pòl te ekri konsènan enpòtans lanmou genyen ?

6 Men sa apot Pòl te ekri pou l mete aksan sou enpòtans lanmou genyen nan vrè adorasyon an : “ Si m pale nan lang moun ak nan lang zanj, men mwen pa gen lanmou, mwen vin tounen yon moso metal k ap sonnen oswa yon senbal k ap fè bri. E si mwen gen don pou m pwofetize e mwen konnen tout sekrè sakre yo ak tout konesans, e si mwen gen tout lafwa dekwa pou m transpòte mòn, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. E si mwen bay tout sa m genyen pou nouri lòt moun, e si mwen bay kò mwen pou m glorifye tèt mwen, men mwen pa gen lanmou, sa pap sèvi m anyen. ” ​(1 Korentyen 13:1-3). Li klè, lanmou se yon bagay ki esansyèl pou adorasyon n ap bay Bondye a fè l plezi. Men, ki jan nou ka demontre lanmou nou pou Jewova ?

Fason pou nou demontre lanmou nou pou Jewova

7, 8. Ki jan nou ka demontre lanmou nou pou Jewova ?

7 Gen anpil moun ki kwè lanmou se yon santiman nou pa gen anpil kontwòl sou li. Yo menm konn itilize ekspresyon tonbe damou. Sepandan, vrè lanmou an se pa senpleman yon santiman nou genyen. Sa k karakterize l e sa k ba l sans, se aksyon, se pa santiman. Bib la pale de lanmou kòm “ yon chemen estrawòdinè ”, kòm yon bagay n ap “ pousuiv ”. (1 Korentyen 12:31 ; 14:1.) Kretyen yo jwenn ankourajman pou yo renmen, non pa “ an pawòl ni ak lang ” sèlman, men “ ann aksyon e an verite ”. — 1 Jan 3:18.

8 Lanmou pou Bondye pouse nou fè sa k fè l plezi, li pouse nou defann souvrènte l e li pouse nou soutni souvrènte l ni an pawòl ni ann aksyon. Li pouse nou pou nou pa renmen monn nan ak move fason l aji (1 Jan 2:15, 16). Moun ki renmen Bondye rayi sa ki mal (Sòm 97:10). Lanmou pou Bondye mande pou nou renmen pwochen nou tou, e nou pral pale sou sa nan pwochen atik la. Anplis, lanmou pou Bondye mande pou nou obeyisan. Labib di : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. ” — 1 Jan 5:3.

9. Ki jan Jezi te demontre lanmou li pou Bondye ?

9 Jezi te demontre yon fason ki pafè ki sa renmen Bondye vle di. Lanmou te pouse l kite kote li t ap viv nan syèl la pou l vin viv sou tè a kòm yon moun. Lanmou te pouse l glorifye Papa l pa mwayen aksyon l ak ansèyman l. Lanmou te pouse l pou l “ obeyisan jiska lamò ”. (Filipyen 2:8.) Obeyisans sa a, ki te yon fason pou l te demontre lanmou li, bay moun ki fidèl yo opòtinite pou yo gen yon pozisyon moun ki jis devan Bondye. Men sa Pòl te ekri : “ Akoz dezobeyisans yon sèl moun [Adan], anpil moun te vin pechè, se konsa tou, akoz obeyisans yon sèl moun [Kris Jezi], anpil moun ap vin jis. ” — Women 5:19.

10. Poukisa lanmou pou Bondye mande pou nou obeyisan ?

10 Menm jan ak Jezi, nou demontre lanmou nou pou Bondye lè nou obeyi l. Jan, apot Jezi te renmen anpil la, ekri : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou kontinye mache selon kòmandman l yo. ” ​(1 Jan 5:3). Moun ki vrèman renmen Jewova yo swaf pou yo jwenn direksyon l. Yo gen konfyans nan sajès Bondye e yo soumèt yo anba direksyon ki plen lanmou li bay, paske yo rekonèt yo pa ka dirije pa yo poukont yo avèk siksè (Jeremi 10:23). Yo sanble ak moun Bere yo ki te gen bon dispozisyon e ki te aksepte mesaj Bondye a avèk “ anpil anpresman ”, piske yo gen yon gwo dezi pou yo fè volonte Bondye (Travay 17:11). Yo te egzamine Ekriti yo avèk swen pou yo ka konprann volonte Bondye yon fason ki pi konplè, e sa te ede yo demontre lanmou yo pa mwayen lòt aksyon ki demontre obeyisans.

11. Ki sa renmen Bondye ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou vle di ?

11 Jan Jezi te di sa, nou dwe renmen Bondye ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou (Mak 12:30). Yon lanmou konsa sot nan kè nou, ki gen ladan l santiman nou, dezi nou ak panse ki pi pwofon nou genyen, e nou vle fè Jewova plezi avèk senserite e avèk antouzyas. Nou renmen l ak lespri nou tou. Atachman nou gen pou Bondye se pa yon bagay ki avèg. Nou vin aprann konnen Jewova, sètadi nou aprann konnen kalite l yo, prensip li yo ak objektif li yo. Nou sèvi ak nanm nou, sètadi ak tout nou menm ansanm ak lavi nou genyen an, pou nou sèvi l e pou nou louwe l. E nou sèvi ak fòs nou tou nan sans sa a.

Rezon ki fè nou dwe renmen Jewova

12. Poukisa Bondye mande pou nou renmen l ?

12 Youn nan rezon ki fè nou dwe renmen Jewova sèke li mande nou pou nou reflete kalite l yo. Nonsèlman Bondye se sous lanmou, men tou li se pi gwo egzanp lanmou ki egziste. Sou enspirasyon, apot Jan te ekri : “ Bondye se lanmou. ” ​(1 Jan 4:8). Lòm te kreye pòtre ak Bondye. Nou te fèt pou nou renmen. Anfèt, se sou lanmou souvrènte Jewova chita. Sèl moun li vle gen anba dominasyon l, se moun k ap sèvi l paske yo renmen fason li dirije avèk jistis e paske se sa yo vle. Vrèmanvre, lanmou se yon bagay ki esansyèl pou tout kreyasyon an viv an pè e ann amoni.

13. a) Poukisa yo te di Izrayelit yo : “ Renmen Jewova Bondye w la ” ? b) Poukisa li rezonab pou Jewova atann pou nou renmen l ?

13 Yon lòt rezon nou genyen pou nou renmen Jewova, se paske nou apresye sa l fè pou nou. N ap sonje sa Jezi te di Juif yo : “ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la. ” Se pa yon Dye ki endiferan e se pa yon Dye yo pa t konnen yo te gen pou yo renmen an. Yo te dwe renmen Sila ki te demontre lanmou pou yo a. Jewova se te Bondye pa yo. Se Li menm ki te fè yo soti ann Ejip pou l te fè yo antre nan Latè pwomiz. Se Li menm ki te pwoteje yo, ki te ba yo manje, ki te renmen yo e ki te disipline yo avèk amou. E jodi a, Jewova se Bondye pa nou, se li menm ki te bay Pitit Gason l lan kòm ranson yon fason pou nou ka gen lavi etènèl. Èske li pa rezonab pou Jewova atann pou nou renmen l tou ? Lanmou nou se yon lanmou nou demontre anretou, nou bezwen renmen Bondye ki renmen nou an. Nou renmen Sila ki “ te renmen nou an premye ” a. — 1 Jan 4:19.

14. Nan ki sans lanmou Jewova sanble ak lanmou yon paran ?

14 Lanmou Jewova gen pou limanite sanble ak lanmou yon paran gen pou pitit li. Paran ki gen lanmou yo, byenke yo enpafè, yo travay di pandan plizyè ane nan pran swen pitit yo, yo fè gwo depans ak lòt sakrifis ankò pou yo reyisi fè sa. Paran yo enstwi pitit yo, yo ankouraje yo, yo okipe yo e yo disipline yo, paske yo vle pitit yo gen kè kontan e yo vle yo devlope. Ki sa paran yo ta renmen anretou ? Yo ta renmen pou pitit yo renmen yo e pou yo bay enstriksyon yo te ba yo pou byen yo a enpòtans. Èske li pa rezonab pou Papa nou ki nan syèl la ki pafè atann pou nou demontre yon rekonesans ki plen lanmou pou tout sa li fè pou nou ?

Annou kiltive lanmou pou Bondye

15. Ki premye etap ki nesesè pou nou kiltive lanmou pou Bondye ?

15 Nou pa ni wè Bondye ni tande vwa l (Jan 1:18). Sepandan, li envite nou pou nou gen yon relasyon avèk li ki baze sou lanmou (Jak 4:8). Ki jan nou ka fè sa ? Premye etap pou yon moun renmen yon lòt moun se aprann konnen moun sa a. Li difisil pou nou gen yon afeksyon ki sensè pou yon moun nou pa konnen. Jewova bay Pawòl li, Labib, yon fason pou nou ka aprann konnen l. Se pou rezon sa a Jewova ankouraje nou, pa mwayen òganizasyon l lan, pou nou li Labib regilyèman. Se Bib la ki aprann nou konnen Bondye, kalite l yo, pèsonalite l ak fason li boule ak moun pandan plizyè milye ane. Tank n ap medite sou istwa yo rapòte nan Bib la, lanmou nou pou li ap ogmante e n ap vin gen plis apresyasyon pou li. — Women 15:4.

16. Lè nou reflechi sou ministè Jezi, ki jan sa ranfòse lanmou nou pou Bondye ?

16 Yon fason enpòtan nou ka ogmante lanmou nou pou Jewova, se pou nou reflechi sou lavi Jezi e sou ministè li. Anfèt, Jezi te tèlman byen reflete Papa l, li te ka di : “ Moun ki wè m wè Papa a tou. ” ​(Jan 14:9). Èske konpasyon Jezi te demontre lè l te resisite sèl pitit gason vèv la pa touche w (Lik 7:11-15) ? Èske sa pa atire w pou w konnen li menm — Pitit Gason Bondye a e pi gran òm ki te pase sou tè a — li te lave pye disip li yo avèk imilite (Jan 13:3-5) ? Èske sa pa touche w pou w konnen, malgre li te pi gran e li te pi saj pase tout lòt moun, li te fè yon fason pou tout moun te santi yo alèz pou yo pwoche bò kote l, menm timoun (Mak 10:13, 14) ? Tank n ap medite sou bagay sa yo avèk apresyasyon, se tank n ap vin menm jan ak kretyen Pyè te ekri konsènan yo menm : “ Byenke nou pa janm wè [Jezi], nou renmen l. ” ​(1 Pyè 1:8). Tank lanmou nou pou Jezi ap ogmante, se konsa lanmou nou pou Jewova ap ogmante tou.

17, 18. Ki dispozisyon Jewova pran, lè nou reflechi sou yo, ki ka fè nou vin gen plis lanmou pou li ?

17 Yon lòt fason nou ka gen plis lanmou pou Bondye ankò, se lè nou medite sou kantite dispozisyon ki chaje lanmou li pran pou l pèmèt nou pwofite lavi : fason kreyasyon an bèl, kantite bon bagay nou genyen pou nou manje, konpayi agreyab nou benefisye pa mwayen bon zanmi nou, san konte yon pakèt lòt bagay agreyab ki ban nou plezi ak satisfaksyon (Travay 14:17). Plis n ap aprann konsènan Bondye nou an, se plis n ap gen rezon pou nou gen rekonesans pou bonte li ki san limit e pou jenewozite l. Reflechi sou tout bagay Jewova te fè pou ou menm pèsonèlman. Èske w pa dakò li merite pou w renmen l ?

18 Pami pakèt kado Bondye ban nou, nou gen opòtinite pou nou pwoche kote l nenpòt ki lè pa mwayen lapriyè, e nou konnen ‘ Sila ki konn tande priyè ’ a ap koute nou (Sòm 65:2). Jewova bay Pitit Gason li renmen anpil la otorite pou l dirije e pou l jije. Sepandan, li pa bay pèsonn, ata Pitit Gason l lan, koute priyè. Se li menm pèsonèlman ki koute priyè nou yo. Sousi plen lanmou Jewova demontre nan fason sa a pou nou chak pèsonèlman fè nou pwoche pi pre l.

19. Ki pwomès Jewova fè ki fè nou pwoche pi pre l ?

19 Nou anvi pwoche kot Jewova tou lè nou konsidere objektif li genyen pou limanite. Li pwomèt l ap efase maladi, soufrans ak lanmò (Revelasyon 21:3, 4). Yonfwa limanite vin jwenn pèfeksyon, pèsonn pap soufri anba depresyon, dekourajman ak trajedi ankò. Grangou, lamizè ak lagè pral disparèt (Sòm 46:9 ; 72:16). Tè a pral tounen yon paradi (Lik 23:43). Se pa paske Jewova oblije bay benediksyon sa yo ki fè li pral fè sa, men se paske li renmen nou.

20. Ki sa Moyiz te di konsènan byenfè ki genyen lè yon moun renmen Jewova ?

20 Kidonk, gen bonjan rezon pou nou renmen Bondye nou an e pou nou fè lanmou sa a devlope pi plis. Èske w ap kontinye ranfòse lanmou w pou Bondye, lè w kite l dirije chemen w yo ? Se ou menm k ap chwazi. Moyiz te rekonèt byenfè ki genyen lè yon moun kiltive lanmou pou Jewova e lè l kontinye demontre lanmou sa a. Men sa Moyiz te di Izrayelit nan tan lontan yo : “ Ou dwe chwazi lavi pou w ka rete an vi, ou menm ak desandans ou, lè w renmen Jewova Bondye w la, lè w koute vwa li e lè w rete atache ak li, paske li se lavi w e se li menm ki longè jou w. ” — Detewonòm 30:19, 20.

Èske nou sonje ?

• Poukisa li esansyèl pou nou renmen Jewova ?

• Ki jan nou ka demontre lanmou nou pou Bondye ?

• Ki rezon nou genyen pou nou renmen Jewova ?

• Ki jan nou ka kiltive lanmou pou Bondye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Jewova bay sa nou tout nou ka demontre a anpil valè : lanmou nou pou li.

[Foto nan paj 24]

“ Moun ki wè mwè Papa a tou. ”— Jan 14:9.