Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rete nan lanmou Bondye !

Rete nan lanmou Bondye !

Rete nan lanmou Bondye !

“ Byenneme, [...] rete nan lanmou Bondye, [...]avèk je nou fikse sou lavi etènèl. ” — JID 20, 21.

1, 2. Ki sa pou w fè pou w rete nan lanmou Bondye ?

JEWOVA tèlman renmen lemonn, anpalan de limanite, li bay sèl Pitit li fè a, dekwa pou moun ki egzèse lafwa nan li ka gen lavi etènèl (Jan 3:16). Ala yon bèl bagay sa ye lè yon moun ap jwi lanmou sa a ! Si w se yon sèvitè Jewova, asireman ou vle benefisye lanmou sa a pou toutan.

2 Disip Jid te revele fason ou kapab rete nan lanmou Bondye. Men sa l te di : “ N ap bati nou sou lafwa nou ki trè sen, e n ap priye avèk lespri sen, pou nou rete nan lanmou Bondye, pandan n ap tann mizèrikòd Seyè nou an Jezi Kris avèk je nou fikse sou lavi etènèl. ” ​(Jid 20, 21). Lè w etidye Pawòl Bondye a e lè w preche bon nouvèl la, sa ede w bati w sou ‘ lafwa ki trè sen ’ an, sètadi ansèyman kretyen yo. Pou w rete nan lanmou Bondye, ou dwe priye “ avèk lespri sen ”, sa vle di anba enfliyans li. Epitou, pou w ka jwenn lavi etènèl, ou dwe egzèse lafwa nan sakrifis ranson Jezi Kris la. — 1 Jan 4:10.

3. Poukisa kèk moun pa Temwen Jewova ankò ?

3 Gen moun ki te gen lafwa ki pa rete nan lanmou Bondye. Yo pa Temwen Jewova ankò paske yo te chwazi adopte move konduit. Ki jan w ka evite yon sitiyasyon konsa ? Si w medite sou pwen ki pral devlope nan atik sa a, sa ap ede w evite peche e sa ap ede w rete nan lanmou Bondye.

Demontre ou renmen Bondye

4. Ki enpòtans obeyi Bondye genyen ?

4 Montre ou renmen Bondye lè w obeyi l (Matye 22:37). Apot Jan te ekri : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. Epoutan kòmandman l yo pa lou. ” ​(1 Jan 5:3). Si w pran abitid obeyi Bondye, sa kapab fòtifye w pou w reziste devan tantasyon e sa kapab fè w gen kè kontan. Yon salmis te di : “ Byennere moun ki pa mache nan konsèy mechan [...]. Men, tout plezi l se nan lwa Jewova. ” — Sòm 1:1, 2.

5. Ki jan lanmou pou Jewova ap pouse w aji ?

5 Lanmou w gen pou Jewova ap pouse w pou w pa komèt yon peche grav ki kapab sal non l. Agou te di nan yon priyè : “ Pa ban m ni povrete ni richès. Kite m devore manje ki pou mwen an, dekwa pou m pa vin rasazye e vrèman pou m ta renye w, pou m ta di : ‘ Kiyès ki Jewova a ? ’, e dekwa pou m pa vin pòv e vrèman pou m ta vòlè e pou m ta atake non Bondye m nan. ” ​(Pwovèb 30:1, 8, 9). Se pou w detèmine pou w pa “ atake non Bondye ”, sa vle di pou w pa sal repitasyon l. Okontrè, toujou fè efò pou w fè sa ki dwat, pou l ka jwenn glwa. — Sòm 86:12.

6. Ki sa ki t ap rive si w ta plonje tèt bese nan peche ?

6 Priye Papa w ki nan syèl la regilyèman, li menm ki renmen w, pou l ka ede w reziste devan tantasyon pou w ta tonbe nan peche (Matye 6:13 ; Women 12:12). Kontinye suiv konsèy Bondye bay yo pou priyè w yo pa bloke (1 Pyè 3:7). Si w ta plonje tèt bese nan peche, konsekans yo t ap trajik pou ou, paske Jewova bloke pasaj la pou moun ki rebèl yo, tankou se ak yon mas nyaj, dekwa pou priyè yo fè pa travèse vin jwenn li (Lamantasyon 3:42-44). Depreferans, montre w enb, epi priye pou w pa fè anyen ki ta ka fè w pèdi posiblite w genyen pou w pwoche bò kote Bondye nan lapriyè. — 2 Korentyen 13:7.

Demontre lanmou pou Pitit Bondye a

7, 8. Lè yon moun koute konsèy Jezi a, ki jan sa ka ede l pou l pa tonbe nan peche ?

7 Demontre lanmou pou Jezi Kris lè w obeyi kòmandman l yo, paske sa ap ede w pou w pa tonbe nan peche. Jezi te di : “ Si nou obsève kòmandman m yo, n ap rete nan lanmou mwen, menm jan mwen obsève kòmandman Papa a e mwen rete nan lanmou li. ” ​(Jan 15:10). Ki jan aplikasyon pawòl Jezi yo kapab ede w rete nan lanmou Bondye ?

8 Lè w koute pawòl Jezi yo, sa kapab ede w rete entèg nan domèn moral. Lwa Bondye te bay Izrayèl la te di : “ Ou pa dwe fè adiltè. ” ​(Egzòd 20:14). Men, Jezi te revele yon prensip ki dèyè kòmandman sa a lè l te di : “ Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske l vin gen yon pasyon pou li, moun sa a deja komèt adiltè avèk li nan kè l. ” ​(Matye 5:27, 28). Apot Pyè te di gen kèk moun nan kongregasyon premye syèk la ki te gen “ je yo plen adiltè ” e ki t ap chèche “ sedui nanm ki pa t fèm yo ”. (2 Pyè 2:14.) Sepandan, kontrèman ak moun sa yo, ou ka evite tonbe nan peche seksyèl si w renmen Bondye ak Kris, si w obeyi yo e si w detèmine pou w prezève relasyon ou gen avèk yo.

Kite lespri Jewova gide w

9. Anrapò ak lespri sen, ki sa ki ka rive yon moun k ap pèsiste nan peche ?

9 Priye pou w resevwa lespri sen Bondye, epi kite l gide w (Lik 11:13 ; Galat 5:19-25). Si w ta pèsiste nan peche, Bondye ka retire lespri l sou ou. Apre David te fin peche ak Batcheba, men siplikasyon li te fè Bondye : “ Pa voye m jete byen lwen prezans ou, e lespri sen w, tanpri, pa retire l sou mwen ! ” ​(Sòm 51:11). Men, wa Sayil te pèdi lespri Bondye paske li pa t repanti lè l te peche. Sayil te peche lè li te ofri yon olokos, e lè li te epaye twoupo Amalekit yo, betay yo ak wa yo a. Poutèt sa, Jewova te retire lespri sen l sou Sayil. — 1 Samyèl 13:1-14 ; 15:1-35 ; 16:14-23.

10. Poukisa ou ta dwe rejte ata ide pou w pratike peche ?

10 Rejte ata ide pou w ta pratike peche. Apot Pòl te ekri : “ Si n ap pratike peche volontèman apre nou fin resevwa konesans egzak sou verite a, pa rete okenn sakrifis pou peche yo. ” ​(Ebre 10:26-31). Ala sa ta di si w ta rive ap fè peche jis nan pwen sa a !

Demontre yon vrè lanmou pou lòt moun

11, 12. Ki jan lanmou ak respè kapab anpeche yon moun tonbe nan move konduit seksyèl ?

11 Lanmou pou lòt moun pral anpeche w tonbe nan move konduit seksyèl (Matye 22:39). Lanmou sa a pral pouse w prezève kè w pou l pa fè w chèche vòlè afeksyon konjwen yon moun. Si w fè sa, sa ka mennen w nan adiltè (Pwovèb 4:23 ; Jeremi 4:14 ; 17:9, 10). Se pou w fè menm jan avèk Jòb, yon nonm dwat ki pa t pèmèt tèt li enterese nan okenn lòt fi, apa madanm li. — Jòb 31:1.

12 Respè ou genyen pou karaktè sakre maryaj kapab ede w pou w pa tonbe nan peche grav. Bondye te deside pou se pa mwayen relasyon seksyèl ki fèt nan kad yon maryaj onorab pou moun transmèt lavi (Jenèz 1:26-28). Sonje ògàn seksyèl yo gen yon lyen etwat avèk lavi ki sakre. Fònikatè ak moun k ap fè adiltè yo dezobeyi Bondye, yo degrade relasyon seksyèl, yo pa gen respè pou karaktè sakre maryaj e yo peche kont pwòp kò yo (1 Korentyen 6:18). Men si yon moun gen lanmou pou Bondye e pou pwochen l, e si li obeyisan anvè Bondye, sa ap anpeche l angaje l nan yon konduit ki ka fè l eskominye nan kongregasyon kretyen an.

13. Ki fason yon moun ki imoral “ detwi bagay ki gen valè ” ?

13 Nou bezwen elimine move panse nan lespri nou, pou nou pa fè moun nou renmen yo soufri. Pwovèb 29:3 di : “ Sila k ap frekante pwostitye ap detwi bagay ki gen valè. ” Yon moun ki fè adiltè ki pa repanti ap detwi relasyon l avèk Bondye e l ap minen lyen ki egziste nan mitan fanmi l. Madanm li vin gen yon baz lejitim pou l mande divòs (Matye 19:9). Kit se mari a ki aji mal, kit se madanm nan, yon divòs ka lakòz konjwen ki inosan an, timoun yo ansanm ak lòt moun ankò tonbe nan gwo soufrans. Èske w pa dakò lefètke nou konnen tout katastwòf yon konduit imoral ka lakòz, sa ta dwe pouse nou reziste devan tantasyon pou nou tonbe ladan l ?

14. Ki leson nou ka tire nan Pwovèb 6:30-35 anrapò ak sa ki mal ?

14 Lefètke yon moun pa gen okenn mwayen pou l repare yon adiltè li fè, èske sa pa ta dwe ankouraje l pou l evite fè gwo peche egoyis sa a ? Selon Pwovèb 6:30-35, kote moun ka gen pitye pou yon moun ki vòlè paske l grangou, yo meprize yon moun ki fè adiltè, paske se yon moun ki gen move mobil. Moun sa a “ se pwòp nanm li [sa vle di pwòp vi li] l ap detwi ”. Sou Lalwa Moyiz la, yo t ap touye moun sa a (Levitik 20:10). Yon moun ki komèt adiltè fè lòt moun soufri jis pou l satisfè anvi seksyèl li genyen, e si l pa repanti, li pa rete nan lanmou Bondye, e sa ap fè l eskominye nan kongregasyon kretyen an ki pwòp.

Kenbe konsyans ou pwòp

15. Yon konsyans ki make “ kòmsi se ak yon fè cho ”, nan ki kondisyon l ye ?

15 Pou nou rete nan lanmou Bondye, nou pa ka kite konsyans nou vin ensansib devan peche. Li klè, nou pa dwe adopte prensip moral monn nan k ap degrade, e nou dwe pran prekosyon nan kesyon frekantasyon, lekti ak divètisman n ap chwazi. Men avètisman Pòl te bay : “ Nan peryòd tan k ap vini yo, kèk moun ap abandone lafwa pandan y ap pote atansyon sou pawòl enspire blòf ak ansèyman demon, akoz ipokrizi moun k ap bay manti yo, moun ki gen konsyans yo make kòmsi se ak yon fè cho. ” ​(1 Timote 4:1, 2). Yon konsyans ki make “ kòmsi se ak yon fè cho ” tankou yon po ki boule ki vin fè yon sikatris ki rann li ensansib. Yon konsyans konsa pap avèti nou ankò pou nou evite aposta ak sitiyasyon ki kapab lakòz nou abandone lafwa.

16. Poukisa li enpòtan anpil pou nou gen yon konsyans ki pwòp ?

16 Pou nou delivre, nou bezwen gen yon konsyans ki pwòp (1 Pyè 3:21). Pa mwayen lafwa nou nan san Jezi ki te vèse pou nou, konsyans nou netwaye anba zèv ki mouri yo, “ yon fason pou nou ka bay Bondye vivan an yon sèvis ki sakre ”. (Ebre 9:13, 14.) Si nou ta peche volontèman, konsyans nou t ap vin sal, nou pa t ap pwòp ankò, nou pa t ap kalifye pou sèvis Bondye (Tit 1:15). Men, nou kapab gen yon konsyans ki pwòp grasa èd Jewova.

Lòt fason pou nou evite move konduit

17. Ki byenfè yon moun ap jwenn si l “ suiv Jewova konplètman ” ?

17 “ Suiv Jewova konplètman ”, menm jan ak Kalèb ki t ap viv nan Izrayèl tan lontan an (Detewonòm 1:34-36). Fè sa Bondye vle w fè, epi pa janm imajine pou w ta patisipe nan “ tab demon ”. (1 Korentyen 10:21.) Rejte apostazi. Gen rekonesans pou manje espirityèl ou jwenn sèlman sou tab Jewova a, e konsa, fo anseyan ak fòs espirityèl mechan yo pap twonpe w (Efezyen 6:12 ; Jid 3, 4). Konsantre w sou bagay espirityèl, tankou etid Labib, reyinyon yo ak ministè w. Si w suiv Jewova konplètman e si w gen anpil bagay pou w fè nan travay Seyè a, ou mèt asire w ap gen kè kontan. — 1 Korentyen 15:58.

18. Ki jan krent pou Jewova ap afekte konduit ou ?

18 Se pou w detèmine pou w ‘ bay Bondye yon sèvis sakre, avèk krent ou gen pou li e avèk respè ’. (Ebre 12:28.) Si w gen krent ak respè pou Jewova, sa ap motive w pou w rejte tout konpòtman rebèl. Sa ap ede w aji ann amoni ak konsèy Pyè te bay kretyen wen yo, lè li te di yo : “ Si n ap rele Papa a ki jije san patipri selon sa chak moun fè, konpòte nou avèk krent pandan tan nou rezidan etranje a. ” — 1 Pyè 1:17.

19. Poukisa ou dwe toujou mete bagay ou aprann nan Pawòl Bondye a an pratik ?

19 Toujou mete sa w aprann nan Pawòl Bondye a an pratik. Sa ap ede w pou w pa tonbe nan peche grav paske w ap montre ou fè pati moun, “ kapasite klèvwayans yo, paske yo sèvi avè l, vin egzèse pou distenge sa ki byen ak sa ki mal ”. (Ebre 5:14.) Olye pou w pale oswa pou w aji nenpòt ki jan, veye pou w mache tankou moun ki saj, ‘ etan w ap rachte moman apwopriye a ’ nan jou makawon sa yo. “ Kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye ”, epi kontinye fè l. — Efezyen 5:15-17 ; 2 Pyè 3:17.

20. Poukisa nou dwe evite konvwatiz ?

20 Pa kite plas pou konvwatiz, sa vle di pou w ta anvi bagay ki pou lòt moun avèk avidite. Youn nan Dis kòmandman yo di : “ Ou pa dwe anvi [“ konvwate ”, Louis Segond] kay pwochen w. Ou pa dwe anvi madanm pwochen w, ni esklav gason li genyen, ni esklav fi li genyen, ni towo bèf li, ni bourik li, ni anyen ki pou pwochen w. ” ​(Egzòd 20:17). Lwa sa a te pwoteje kay yon moun, madanm li, sèvitè li, bèt li, eksetera. Men, sa k pi enpòtan toujou, sèke jan Jezi te di l la, konvwatiz sal yon moun. — Mak 7:20-23.

21, 22. Ki prekosyon yon kretyen ka pran pou l pa tonbe nan peche ?

21 Pran prekosyon pou dezi ou genyen pa fè w tonbe nan peche. Men sa disip Jak te ekri : “ Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. Epi dezi a, lè l fegonde, li pwodui peche, e peche a li menm, lè l fin fèt, li anfante lanmò. ” ​(Jak 1:14, 15). Pa egzanp, si yon moun te gen pwoblèm ak bwason ki gen alkòl oparavan, li ka deside pou l pa gen bwason sa yo lakay li. Konsa tou, yon kretyen ka bezwen chanje andwa kote li abitye travay oubyen menm li ka oblije chanje travay, si l ta santi l gen atirans pou yon moun ki pa menm sèks avè l. — Pwovèb 6:23-28.

22 Pa menm fè premye pa ki mennen nan peche a. Flète oswa kenbe panse imoral nan lespri w kapab debouche sou fònikasyon oswa nan adiltè. Bay ti manti kapab pouse yon moun vin bay gwo manti, e apre li ka vin tonbe nan bay manti tout tan. Vòlè ti bagay kapab fè konsyans yon moun vin di opwen li kòmanse vòlè pi gwo bagay. Si yon moun tolere ide aposta, menmsi se toupiti, sa kapab fè l pran wout pou l tonbe nan apostazi konplètman. — Pwovèb 11:9 ; Revelasyon 21:8.

E si w fè yon peche ?

23, 24. Ki rekonfò nou jwenn nan 2 Kwonik 6:29, 30 ak nan Pwovèb 28:13 ?

23 Tout moun enpafè (Eklezyas 7:20). Men, si w fè yon peche grav, ou kapab jwenn konsolasyon nan priyè wa Salomon te fè nan inogirasyon tanp Jewova a. Men sa Salomon te mande Bondye : “ Kèlkeswa priyè, kèlkeswa demann nenpòt moun oswa tout pèp ou a Izrayèl ta fè pou yo jwenn favè, paske yo chak ap konnen afliksyon pa yo ak doulè pa yo, lè toutbonvre yo ouvè men yo nan direksyon mezon sa a, lè sa a, se pou ou menm ou tande etan w nan syèl la, kote w abite a, e ou dwe padone e ou dwe bay chak moun selon tout aksyon yo, paske ou konnen kè l (paske se ou menm sèl ki byen konnen kè pitit lòm). ” — 2 Kwonik 6:29, 30.

24 Wi, Bondye konnen kè lòm e li dispoze padone. Men sa Pwovèb 28:13 di : “ Moun ki kouvri transgresyon l pap reyisi, men moun ki konfese yo e ki kite yo, y ap fè l mizèrikòd. ” Lè yon moun repanti, li konfese peche l e li kite l, moun sa a ap benefisye mizèrikòd Bondye. Toutfwa, si w santi w fèb espirityèlman, ki lòt bagay ki kapab ede w rete nan lanmou Bondye ?

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan nou ka rete nan lanmou Bondye ?

• Ki jan lanmou pou Bondye ak Kris ka ede nou pou nou pa tonbe nan pratike peche ?

• Poukisa yon vrè lanmou pou lòt moun ap anpeche nou tonbe nan move konduit seksyèl ?

• Site kèk fason nou ka evite move konduit.

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Jid montre nou fason pou nou rete nan lanmou Bondye.

[Foto nan paj 13]

Yon divòs ka lakòz ni konjwen inosan an ni timoun yo tonbe nan gwo soufrans.

[Foto nan paj 14]

Èske w detèmine pou w “ suiv Jewova konplètman ”, menm jan ak Kalèb ?

[Foto nan paj 15]

Priye regilyèman pou w jwenn èd pou w reziste devan tantasyon.