Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo devwale antikris la

Yo devwale antikris la

Yo devwale antikris la

KI SA w t ap fè pou w pwoteje tèt ou si w ta konnen gen yon epidemi mòtèl k ap fè ravaj nan katye bò lakay ou ? Sandout, ou t ap chèchè ranfòse sistèm iminitè w epi ou t ap rete lwen moun ki kontamine yo. Nan domèn espirityèl, se menm bagay la nou dwe fè, piske Ekriti yo di nou antikris la “ deja nan monn nan ”. (1 Jan 4:3.) Si nou vle chape anba “ maladi ” sa a, nou dwe idantifye “ moun ki enfekte yo ” e nou dwe evite yo. Erezman, Labib bay yon kantite enfòmasyon anrapò ak sa.

Mo “ antikris ” la siyifi “ kont (oswa nan plas) Kris ”. Konsa, lè nou konsidere mo sa a nan sans pi laj li ka genyen, li gen rapò ak tout moun ki opoze ak Kris oubyen tout moun k ap twonpe moun lè yo pretann yo se Kris oswa yo se reprezantan l. Jezi li menm te di : “ Moun ki pa avèk mwen kont mwen [oubyen se antikris li ye], e moun ki pa rasanble avèk mwen ap gaye. ” — Lik 11:23.

Anfèt, Jan te ekri konsènan antikris la plis pase 60 an apre lanmò ak rezirèksyon Jezi pou l al viv nan syèl la. Pakonsekan, n ap rive konprann aktivite antikris la nan fason yo afekte disip fidèl Jezi yo ki sou tè a. — Matye 25:40, 45.

Antikris la kont disip Kris yo

Jezi te avèti disip li yo monn nan an jeneral t ap rayi yo. Li te di yo : “ Y ap lage nou nan tribilasyon, e y ap touye nou, e n ap tounen moun tout nasyon ap rayi akoz non mwen. E anpil fo pwofèt ap leve e y ap egare anpil moun. ” — Matye 24:9, 11.

Piske moun k ap pèsekite disip Jezi yo fè sa “ akoz non [Jezi] ”, li klè moun sa yo se antikris yo ye, yo kont Kris. “ Fo pwofèt ” yo se antikris yo ye tou, e gen ladan yo ki te kretyen anvan sa (2 Jan 7). Selon sa Jan te ekri, “ anpil antikris ” sa yo “ soti nan mitan nou, men yo pa t menm kalite moun avèk nou. Paske si yo te menm kalite moun avèk nou, yo t ap rete ansanm avèk nou. ” — 1 Jan 2:18, 19.

Ni pawòl Jezi yo ni pawòl Jan yo montre aklè antikris la se pa yon grenn moun, men li gen ladan l anpil antikris ki diferan youn de lòt. Epi ankò, piske yo se fo pwofèt, youn nan objektif prensipal yo se twonpe moun nan domèn relijye. Ki metòd yo itilize konsa ?

L ap gaye manti nan domèn relijye

Apot Pòl te egzòte Timote, konpayon travay li, pou l fè atansyon ak ansèyman aposta, tankou Imene ak Filèt, ki te gen ‘ pawòl yo ki t ap gaye tankou gangrenn ’. Pòl te ajoute : “ Moun sa yo ekate laverite, yo di rezirèksyon an fèt deja, e yo boulvèse lafwa kèk moun. ” ​(2 Timote 2:16-18). Aparamman, Imene ak Filèt t ap anseye rezirèksyon an se te yon rezirèksyon senbolik e kretyen yo te deja resisite nan yon sans espirityèl. Se vre, nan je Bondye yon moun vin gen lavi lè l vin yon vrè disip Jezi, Pòl li menm te esplike sa byen klè (Efezyen 2:1-5). Sepandan, ansèyman Imene ak Filèt t ap gaye a pa t pran an konsiderasyon pwomès Jezi te fè pou moun ki mouri yo jwenn yon rezirèksyon literal anba dominasyon Wayòm Bondye a. — Jan 5:28, 29.

Annapre, yon gwoup moun yo te rele Gnòstik te devlope yon seri ide anrapò ak yon rezirèksyon ki senpleman senbolik. Gnòstik yo te kwè konesans (gnôsis an grèk) soti nan yon sous mistik, sa te fè yo mele krisyanis aposta a ansanm ak filozofi grèk ak kwayans mistik oryantal yo. Pa egzanp, yo te kwè tout bagay ki fizik se move bagay, e pou rezon sa a, Jezi pa t vini nan lachè, men se sèlman sanble li te sanble gen kò imen. Yo rele kwayans sa a Dosetis. Jan nou sot wè sa, se presizeman kont jan de kwayans sa yo apot Jan te bay avètisman. — 1 Jan 4:2, 3 ; 2 Jan 7.

Yon lòt manti ankò yo te fabrike plizyè syèk annapre, se doktrin yo rele lasent Trinite a. Selon doktrin sa a, yo pretann se Jezi ki ni Bondye Toupisan an ni Pitit Bondye a. Nan yon liv Alvan Lamson, yon doktè an teyoloji, ekri ki rele Legliz nan twa premye syèk yo (anglè), li afime doktrin Trinite a “ soti nan yon sous ki totalman diferan de Ekriti Juif ak Ekriti kretyen yo ; [doktrin sa a] te vin devlope e premye teyolojyen legliz ki te adopte filozofi Platon yo te vin grefe l sou Krisyanis la ”. Kiyès “ premye teyolojyen ” sa yo te ye ? Se te yon seri prèt aposta ki te kite ansèyman Platon, yon filozòf grèk payen, sedui yo.

Grefe yo te grefe Trinite a se te yon gwo kou antikris la te reyalize, paske doktrin sa a fè Bondye sanble yon mistè e li fè moun pa byen konprann relasyon ki egziste ant Bondye ak Pitit li a (Jan 14:28 ; 15:10 ; Kolosyen 1:15). Reflechi sou sa yon ti moman, ki jan yon moun ap fè “ pwoche bò kote Bondye ”, jan Ekriti yo ankouraje moun fè sa, si Bondye se yon mistè ? — Jak 4:8.

Mete sou konfizyon sa a, anpil moun ki tradui Bib la retire non Bondye, Jewova, nan tradiksyon yo, alòske non sa a parèt plis pase 7 000 fwa nan tèks orijinal la. Li klè, lè yo chèche fè Toupisan an tounen nonsèlman yon mistè men plis ankò yon mistè ki san non, sa se yon zak derespektan grav pou Kreyatè a e pou Pawòl enspire li a (Revelasyon 22:18, 19). Anplis de sa, lè yo mete yon seri tit tankou Seyè ak Bondye nan plas non Bondye se vyole yo vyole modèl priyè Jezi te bay la ki di an pati : “ Se pou non w sangtifye [oswa vin sen]. ” — Matye 6:9, The New English Bible.

Antikris yo rejte Wayòm Bondye a

Antikris yo vin plis aktif nan “ dènye jou yo ”, anpalan de tan n ap viv kounye a (2 Timote 3:1). Nan epòk n ap viv la, youn nan prensipal objektif blofè sa yo genyen se egare moun konsènan pozisyon Jezi antanke Wa Wayòm Bondye a, sètadi gouvènman selès ki pral dirije tout tè a nèt talè konsa. — Dànyèl 7:13, 14 ; Revelasyon 11:15.

Pa egzanp, gen chèf relijye ki anseye Wayòm Bondye a se yon kondisyon ki egziste nan kè moun. Kwayans sa a pa gen okenn fondman nan Ekriti yo (Dànyèl 2:44). Gen lòt ki fè konnen se pa mwayen gouvènman imen ak enstitisyon lèzòm yo Kris ap egzèse pouvwa l. Epoutan, Jezi te di : “ Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. ” ​(Jan 18:36). Anfèt, se Satan ki “ chèf monn nan ” e ki “ dye sistèm de choz sa a ”, se pa Kris (Jan 14:30 ; 2 Korentyen 4:4). Sa esplike rezon ki fè, talè konsa, Jezi pral detwi tout gouvènman imen yo e l ap vin sèl Chèf k ap dirije latè (Sòm 2:2, 6-9 ; Revelasyon 19:11-21). Lè moun yo ap resite priyè yo rele Nòtrepè a, se priye y ap priye pou sa akonpli, lè yo di : “ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a. ” — Matye 6:10, King James Version.

Piske anpil chèf relijye se sistèm politik ki gen nan monn nan y ap soutni, yo opoze ak moun k ap preche verite konsènan Wayòm Bondye a, e yo menm pèsekite yo. Li enteresan pou nou note liv nan Bib la ki rele Revelasyon an pale de yon pwostitye senbolik — “ Gran Babilòn nan ” — ki “ sou ak san moun ki sen yo e ak san temwen Jezi yo ”. (Revelasyon 17:4-6.) Li pratike tou pwostitisyon nan yon sans espirityèl lè l bay “ wa ” latè yo, sètadi chèf politik yo, sipò l pou l ka jwenn favè yo anretou. Madanm senbolik sa a se pa lòt bagay, se fo relijyon ki nan monn nan. Li se yon eleman prensipal nan antikris la. — Revelasyon 18:2, 3 ; Jak 4:4.

Antikris la ‘ ap fè zòrèy moun yo dous ’

Apa rejte yo rejte verite ki nan Bib la, anpil swadizan kretyen mete prensip biblik anrapò ak konduit yo sou kote pou yo suiv moralite popilè a. Pawòl Bondye a te deja anonse sitiyasyon sa a lè l te di : “ Gen yon moman k ap rive kote yo [moun ki di y ap sèvi Bondye] pap tolere ansèyman ki pwofitab la, men, selon pwòp dezi yo, yo pral rasanble yon pil anseyan pou yo menm, pou fè zòrèy yo dous. ” ​(2 Timote 4:3). Yo dekri fo anseyan relijye sa yo kòm “ fo apot, ouvriye blofè, k ap transfòme tèt yo ann apot Kris ”. Bib la di ankò : “ Selon zèv y ap fè, konsa y ap fini. ” — 2 Korentyen 11:13-15.

Pami zèv mesye sa yo, gen “ konduit deregle ”, ki montre yo meprize prensip moral wo nivo yo avèk ensolans (2 Pyè 2:1-3, 12-14). Èske nou pa konstate de jou an jou plis chèf relijye ansanm ak fidèl yo adopte — oswa omwen yo apwouve — yon seri pratik ki pa pou kretyen, tankou omoseksyalite ak relasyon seksyèl andeyò maryaj ? Tanpri, pran yon ti tan pou w fè yon konparezon ant pwennvi ansanm ak konduit sa yo anpil moun aksepte ak sa Labib di nan Levitik 18:22 ; Women 1:26, 27 ; 1 Korentyen 6:9, 10 ; Ebre 13:4 ; e nan Jid 7.

“ Verifye pawòl ki enspire yo ”

Avèk sa nou sot di la yo nan lespri nou, nou ta dwe koute pawòl apot Jan yo ki montre nou pou nou pa pran kwayans nou yo alalejè. Men mizangad li bay : “ Pa kwè tout pawòl ki enspire, men, verifye pawòl ki enspire yo pou nou wè si yo soti nan Bondye, paske gen anpil fo pwofèt ki lage nan monn nan. ” — 1 Jan 4:1.

Reflechi sou bon egzanp kèk moun ki te nan “ bon dispozisyon ” ki t ap viv nan vil Bere nan premye syèk la. Yo “ te resevwa pawòl la avèk anpil anpresman, yo te byen egzamine Ekriti yo chak jou pou yo wè si se konsa bagay sa yo [Pòl ak Silas te di yo] ye vre ”. (Travay 17:10, 11.) Anfèt, byenke Bereyen yo te gen anpresman pou yo aprann, yo te verifye si sa yo tande e yo aksepte a te byen fonde sou Ekriti yo.

Jodi a tou, vrè kretyen yo pa kite chanjman k ap fèt nan pwennvi anpil moun enfliyanse yo, men yo pito rete atache ak verite ki nan Bib la yon fason fèm. Apot Pòl te ekri : “ Men sa mwen kontinye ap mande nan priyè mwen, se pou lanmou nou ogmante plis toujou avèk konesans egzak e avèk yon disènman total. ” — Filipyen 1:9.

Si w poko fè sa, fikse tèt ou objektif pou w rive gen “ konesans egzak ” ak “ yon disènman total ” lè w aprann sa Labib anseye toutbonvre. “ Pawòl ki pou twonpe nou ” antikris yo ap pwopaje yo pa rive twonpe moun ki fè menm jan ak Bereyen yo (2 Pyè 2:3). Okontrè, laverite espirityèl yo aprann sou vrè Kris la e sou vrè disip li yo libere yo. — Jan 8:32, 36.

[Kare/Foto nan paj 4]

MEN SA LABIB DI SOU ANTIKRIS LA

“ Timoun, se dènye è a [san dout fen epòk apostolik la], e tou kòm nou te tande antikris la ap vini, depi kounye a gen anpil antikris ki rive. ”— 1 Jan 2:18.

“ Kiyès ki mantè a, si se pa moun ki nye Jezi se Kris la ? Sa se antikris la, moun ki nye Papa a ak Pitit la. ”— 1 Jan 2:22.

“ Tout pawòl enspire ki pa rekonèt Jezi se pawòl ki pa soti nan Bondye. Anplis de sa, se sa ki pawòl enspire antikris la nou te tande ki t ap vini an, e kounye a li deja nan monn nan. ”— 1 Jan 4:3.

“ Gen anpil twonpè ki lage nan monn nan, moun ki pa rekonèt Jezi Kris kòm moun ki te vini nan lachè. Se sa ki twonpè a e ki antikris la. ”— 2 Jan 7.

[Kare/Foto nan paj 5]

YON BLOFÈ KI GEN PLIZYÈ VIZAJ

Mo “ antikris ” la aplike ak tout moun ki rejte ansèyman Bib la bay sou Jezi Kris, tout moun ki opoze ak Wayòm li an, e tout moun k ap maltrete disip li yo. Li gen ladan l moun, òganizasyon, ak nasyon k ap twonpe moun lè yo pretann yo reprezante Kris oubyen lè yo bay tèt yo wòl Mesi, yon wòl ki pa pou yo. Yo fè sa lè yo fè pwomès avèk prezonpsyon pou yo reyalize bagay se Kris sèlman ki anmezi pou fè l la : pote vrè lapè ak vrè sekirite a.

[Liy kredi]

Ogisten : ©SuperStock/age fotostock

[Foto nan paj 7]

Menm jan ak Bereyen yo, nou ta dwe “ egzamine Ekriti yo chak jou ”.