Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason ou ka reyisi

Fason ou ka reyisi

Fason ou ka reyisi

MENM jan paran yo gen sousi pou pitit yo e yo vle yo reyisi, se konsa Papa nou ki nan syèl la gen sousi pou nou e li vle nou reyisi. Pou li montre li gen afeksyon pou nou, li ban nou anpil enfòmasyon sou fason nou ka reyisi e sou sa k ka fè nou echwe. Anfèt, anpalan de yon moun ki prete atansyon ak sa Bondye di, men asirans Labib bay : “ Tout sa l fè ap reyisi. ” — Sòm 1:3.

Sepandan, si se konsa, poukisa anpil moun pa rive gen yon vi ki reyisi, ki bay kè kontan ak satisfaksyon ? Si nou analize sòm sa a deprè, n ap jwenn repons lan e n ap wè ki jan nou menm tou nou ka reyisi.

“ Konsèy mechan ” yo

Salmis la fè nou konnen danje ki genyen nan mache nan “ konsèy mechan ” yo (Sòm 1:1). Prensipal “ mechan an ” se Satan Ledyab (Matye 6:13). Ekriti yo di nou se li ki “ chèf monn sa a ”, e yo di nou tou “ lemonnantye anba pouvwa mechan an ”. (Jan 16:11 ; 1 Jan 5:19.) Kidonk, se pa etonan si anpil nan konsèy nou tande nan monn nan reflete panse mechan sa a.

Ki kalite konsèy mechan yo bay ? An jeneral, mechan yo pa respekte Bondye (Sòm 10:13). Toupatou, nou jwenn konsèy yo bay ki pa teni kont de Bondye oswa ki montre yon mank respè pou Bondye. Sosyete modèn nan ankouraje “ dezi lachè ak dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv ”. (1 Jan 2:16.) Medya yo bonbade nou ak filozofi materyalis tankou sa ki di : “ Ranmase otan w kapab nan lavi a. ” Nan lemonnantye, konpayi yo depanse plis pase 500 milya dola ameriken pa ane nan piblisite pou yo konvenk moun pou yo achte pwodui yo fabrike, kit moun yo bezwen yo, kit yo pa bezwen yo. Pwopagann sa a, se pa sèlman chanje li chanje abitid moun yo genyen nan kesyon acha, li tòde pwennvi monn nan sou sa sa vle di reyisi.

Kòm rezilta, menm lè anpil moun posede bagay sa gen kèk ane se nan rèv sèlman yo t ap wè yo, yo toujou swaf pou yo gen plis bagay materyèl, e yo pa janm satisfè. Santiman ou ka genyen, sèke si w pa gen bagay sa yo, ou pa ka gen kè kontan oswa ou pa ka reyisi. Refleksyon sa a se yon manti e li ‘ pa soti nan Papa a, men li soti nan monn nan ’. — 1 Jan 2:16.

Kreyatè nou an konnen ki sa k ap fè nou reyisi toutbonvre. Konsèy li bay diferan ak “ konsèy mechan ” yo. Pakonsekan, lè yon moun ap chèche jwenn benediksyon Jewova, anmenmtan l ap mache sou chemen monn nan pou li reyisi, se tankou yon moun k ap eseye mache nan de wout anmenmtan. Sa tou senpleman enposib. Se pa etonan si Bib la di : ‘ Pa konfòme nou avèk monn sa a. ’ — Women 12:2, Ford Porter.

Pa kite monn nan modle w

Monn nan ki anba enfliyans Satan ap chèche montre li enterese nan byennèt nou. Sepandan, nou bezwen fè atansyon. Sonje Satan te twonpe premye fi a, Èv, pou l satisfè enterè egoyis li. Apre sa, li te sèvi avè l pou l mennen Adan nan chemen peche. Jodi a, Satan toujou sèvi ak moun pou l bay move konsèy li yo.

Pa egzanp, David, nou te mansyone nan atik ki vin anvan an, te dwe fè lè siplemantè e li te toujou bezwen vwayaje nan kad travay li. David di : “ Mwen te dwe pati lendi maten bonè pou m retounen jedi swa. ” Etandone bon zanmi David, fanmi li ak kòlèg travay li te konprann jan de sakrifis sa yo nesesè pou yon moun reyisi nan monn nan, yo te di l : “ Fè sa pou fanmi w. ” Yo te fè l konprann li ta ka kenbe pwogram sa a pou kèk ane sèlman, jiskaske li byen chita nan travay la. David esplike : “ Yo te wè sa t ap pi bon pou fanmi m, paske mwen t ap ka pote plis kòb nan kay la. Mwen t ap ka reyisi pi byen. Byenke mwen pa t ansanm ak fanmi m, zanmi m yo te fè m konprann an reyalite mwen bay fanmi m plis. ” Menm jan ak David, anpil moun ap travay di pou yo bay fanmi yo tout bagay yo panse moun sa yo ki chè pou yo bezwen. Men, lè yon moun suiv jan de konsèy sa yo, èske sa ap fè l reyisi ? Ki sa yon fanmi vrèman bezwen ?

David te jwenn repons lan pandan li te nan yon vwayaj nan kad travay li. David di : “ Mwen t ap pale nan telefòn ak pitit fi m Angelica, epi li di : ‘ Papi, poukisa w pa vle ret lakay avèk nou ? ’ Sa te boulvèse m. ” Remak pitit fi l la te fè a te ranfòse dezi li te genyen pou l demisyone. David te deside bay fanmi li sa yo te vrèman bezwen an : li menm.

Aplikasyon konsèy Bondye fè moun reyisi

Ki jan w ka reziste ak pwopagann ki chita sou manti ki gaye anpil nan monn sa a ? Salmis la di nou moun ki reyisi e ki gen kè kontan se moun “ plezi l se nan lwa Jewova, e nan lwa l, li li tou ba lajounen kou lannuit ”. — Sòm 1:2.

Lè Bondye te nome Jozye chèf nasyon Izrayèl la, li te di l : “ Ou dwe li [nan Pawòl Bondye a] tou ba lajounen kou lannuit. ” Wi, lekti ak meditasyon sou Pawòl Bondye a te esansyèl, men tou Jozye te bezwen veye pou l “ fè selon tout sa ki [te] ekri ladan l ”. Natirèlman, lekti Labib an li menm pap fè w reyisi otomatikman. Ou dwe aplike sa w li a. Bondye te di Jozye : “ Se konsa w ap reyisi nan chemen w e se konsa w ap aji avèk sajès. ” — Jozye 1:8.

Imajine yon timoun souriyan ki chita sou janm papa l oswa sou janm manman l ki gen afeksyon pou li e y ap li ansanm yon istwa yo renmen anpil. Kèlkeswa kantite fwa yo te li l anvan sa, yo apresye moman enpòtan sa a. Menm jan an tou, yon moun ki renmen Bondye twouve lekti Labib chak jou se yon eksperyans ki bay plezi, se yon moman agreyab li pase ak Papa li ki nan syèl la. Lè moun sa a suiv konsèy ak direksyon Jewova, li vin “ tankou yon pyebwa ki plante bò kouran dlo, ki bay fwi lè sezon l rive, fèy li pa fennen, e tout sa l fè ap reyisi ”. — Sòm 1:3.

Pyebwa salmis la dekri a pa pouse pa aksidan. Se avèk swen kiltivatè a te plante l bò yon sous e li te okipe l. Menm jan an tou, Papa nou ki nan syèl la ajiste panse nou e li korije yo pa mwayen konsèy ki nan Ekriti yo. Se sa k fè, nou fleri e nou pwodui fwi ki soti nan Bondye.

Sepandan, “ mechan yo pa konsa ”. An reyalite, sa ka sanble y ap byen mennen pou yon ti tan, men finalman sa ap fini mal pou yo. Yo “ pap leve kanpe nan jijman an ”. Okontrè, “ chemen mechan yo ap peri ”. — Sòm 1:4-6.

Donk, pa kite monn nan modle objektif ak prensip ou genyen yo. Byenke ou ka yon moun ki gen talan, e ou ka gen kapasite pou w reyisi nan monn sa a, veye ki jan w ap itilize talan w oswa ki jan w ap kite monn nan sèvi avèk yo. Objektif materyalis yo ki pa pwodui fwi ka fè yon moun “ fennen ”. Yon lòt bò, lè nou gen bon relasyon ak Bondye, sa fè nou reyisi toutbonvre e sa fè nou gen bonjan kè kontan an.

Fason w ka reyisi

Poukisa lè yon moun suiv konsèy Bondye, tout sa l fè ap reyisi ? Salmis la pa t ap pale konsènan reyisit nan monn sa a. Reyisit yon moun ki gen atachman pou Bondye makònen ak fè volonte Bondye, e volonte Bondye toujou reyisi. Annou wè ki jan aplikasyon prensip biblik yo ka fè w reyisi.

Fanmi : Ekriti yo ankouraje mari yo pou yo “ renmen madanm yo tankou pwòp kò yo ”, e yo egzòte yon kretyèn ki marye pou l “ gen yon gwo respè pou mari l ”. (Efezyen 5:28, 33.) Yo ankouraje paran yo pou yo pase tan ak pitit yo, pou yo ri avèk yo, e pou yo anseye yo bagay enpòtan ki gen nan lavi a (Detewonòm 6:6, 7 ; Eklezyas 3:4). Pawòl Bondye a konseye paran yo tou pou yo “ pa irite pitit ” yo. Lè paran yo aplike konsèy sa a, li pi fasil pou timoun yo “ obeyi paran ” yo e pou yo ‘ onore papa yo ak manman yo ’. (Efezyen 6:1-4.) Lè yo suiv konsèy sa a Bondye bay la, sa ka fè yo gen yon vi fanmi ki reyisi.

Zanmi : Pifò moun vle gen zanmi. Nou gen kapasite mantal ak kapasite afektif pou nou renmen e pou moun renmen nou. Jezi te di disip li yo pou “ youn renmen lòt ”. (Jan 13:34, 35.) Pami yo, nou jwenn zanmi nou ka renmen, zanmi nou ka fè konfyans, e nou ka fè sa ak tout kè nou (Pwovèb 18:24). Sa k pi enpòtan an, lè nou mete prensip biblik yo an pratik, nou ka “ pwoche bò kote Bondye ” e, menm jan ak Abraram, yo ka menm rele nou “ zanmi Jewova ”. — Jak 2:23 ; 4:8.

Yon objektif nan lavi : Olye moun ki reyisi toutbon yo mennen yon egzistans ki san bi, yo gen yon vi ki gen sans e ki gen yon objektif. Vi yo pa fonde sou kondisyon enstab ki gen nan sistèm de choz sa a. Objektif yo genyen ba yo yon satisfaksyon reyèl ki dirab, toutpandan yo konsantre sou vrè bi lavi a. Ki sa k bay yon moun yon objektif nan lavi a ? “ Krenn vrè Dye a epi kenbe kòmandman l yo. Paske se sa ki tout obligasyon lòm. ” — Eklezyas 12:13.

Yon esperans : Lè nou gen Bondye kòm zanmi nou, sa ban nou tou yon esperans pou lavni. Apot Pòl te ankouraje kretyen yo “ pou yo pa mete espwa yo nan richès ki pa sèten, men pou yo mete l nan Bondye ”. Nan sans sa a, y ap ka “ konsève pou yo menm nan yon andwa ki asire yon bon fondman pou lavni, dekwa pou yo kenbe lavi toutbon an fèm ”. (1 Timote 6:17-19.) Lavi toutbon sa a ap vini talè konsa, lè Wayòm Bondye a ki nan syèl la restore Paradi a sou tè a. — Lik 23:43.

Menmsi w aplike prensip biblik yo, sa pa vle di ou pap janm gen pwoblèm, men w ap kapab evite anpil tètchaje ak chagren sistèm mechan sa a pote. David, nou te pale de li pi wo a, ansanm ak plizyè milyon lòt moun aprann enpòtans sa genyen lè moun aplike prensip biblik yo nan lavi yo. Men sa David di apre li fin jwenn yon travay ki gen yon orè ki apwopriye : “ Mwen rekonesan pou relasyon mwen genyen ak madanm mwen ak pitit mwen e pou privilèj mwen genyen pou m sèvi antanke ansyen nan kongregasyon an. ” Se pa etonan si sòm nan di konsènan yon moun ki koute konsèy Bondye “ tout sa l fè ap reyisi ” !

[Tablo nan paj 6]

SENK KONSÈY POU W REYISI

1 Fè efò pou w pa kite prensip monn nan modle w.

Sòm 1:1 ; Women 12:2

2 Li Pawòl Bondye a chak jou, epi medite sou li.

Sòm 1:2, 3

3 Aplike konsèy ou jwenn nan Bib la nan lavi w.

Jozye 1:7-9

4 Fè Bondye vin zanmi w.

Jak 2:23 ; 4:8

5 Krenn vrè Dye a, epi kenbe kòmandman l yo.

Eklezyas 12:13