Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou kapab reziste anba van tanpèt yo

Ou kapab reziste anba van tanpèt yo

Ou kapab reziste anba van tanpèt yo

NAN tan kritik sa yo, anpil moun ap andire pwoblèm ki tankou van tanpèt. Sepandan, lanmou kretyen yo gen pou Bondye ak fidelite yo anvè prensip li yo ede yo reziste. Ki jan ? N ap jwenn repons lan nan yon egzanp Jezi Kris te bay. Li te konpare disip li yo ki obeyisan ak “ yon nonm ki prevwayan, ki bati kay li sou mas wòch ”. Jezi di : “ Lapli vide, e inondasyon vini, e van soufle e yo frape kay sa a, men li pa efondre, paske li te gen fondasyon l sou mas wòch. ” — Matye 7:24, 25.

N ap remake menm lè mesye nan egzanp lan prevwayan, sa pa anpeche l rankontre pwoblèm ki parèt tankou lapli, inondasyon ak van tanpèt. Donk, Jezi pa t fè konnen disip li yo t ap chape anba tout difikilte ki genyen e yo t ap mennen yon vi ki pezib e ki trankil nètale (Sòm 34:19 ; Jak 4:13-15). Men, li te di sèvitè Bondye ki fidèl yo ka prepare yo pou yo fè fas ak jan de pwoblèm ak kalamite sa yo ki tankou van tanpèt.

Jezi te kòmanse egzanp li te bay la ak pawòl sa yo : “ Yon moun ki tande pawòl mwen sot di la yo e ki mete yo an pratik, l ap sanble ak yon nonm ki prevwayan, ki bati kay li sou mas wòch. ” Natirèlman, Jezi pa t ap pale konsènan konstwi kay nan sans literal, men li t ap pale konsènan konstwi vi. Moun ki obeyi pawòl Kris yo montre yo gen disènman ak bonsans. Yo baze mobil yo ak aksyon yo sou mas wòch ansèyman Kris yo ki solid lè yo mete ansèyman yo resevwa yo an pratik. Sa ki enteresan, sèke mesye ki nan egzanp lan pa t ap jwenn mas wòch senbolik sa a si l te annik grate tè a. Li te gen pou l fouye “ fon ” pou l jwenn li (Lik 6:48). Menm jan an tou, disip Jezi yo kontinye fè gwo efò pou yo kiltive kalite k ap pèmèt yo andire e k ap fè yo vin pi pre Bondye. — Matye 5:5-7 ; 6:33.

Ki sa ki rive lè difikilte ki tankou van tanpèt ap teste solidite fondasyon disip Jezi yo ? Obeyisans yo demontre ak tout kè yo devan ansèyman Kris yo ak kalite yo kiltive antanke kretyen, se sa ki ba yo fòs nan moman difikilte sa yo e k ap ba yo fòs pi devan, nan peryòd van tanpèt Amagedòn nan ki gen pou vini (Matye 5:10-12 ; Revelasyon 16:15, 16). Wi, anpil moun, lè yo suiv ansèyman Kris yo, yo reyisi reziste anba eprèv ki tankou van tanpèt. Ou ka fè menm jan an tou. — 1 Pyè 2:21-23.