Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Premye rezirèksyon an ” ap fèt aktyèlman !

“ Premye rezirèksyon an ” ap fèt aktyèlman !

“ Premye rezirèksyon an ” ap fèt aktyèlman !

“ Moun ki mouri ann inyon ak Kris yo ap resisite an premye. ” — 1 TESALONISYEN 4:16.

1, 2. a) Ki espwa ki genyen pou moun ki mouri yo ? b) Sou ki sa w baze w pou w kwè nan rezirèksyon (gade nòt anba paj la) ?

“ MOUN ki vivan yo konnen y ap mouri. ” Pawòl sa a se yon verite ki egziste depi lè Adan te fin peche a. Toutolon listwa, tout moun ki fèt konnen yo gen pou yo mouri, e anpil moun konn mande tèt yo : ‘ Ki sa ki gen apre lanmò ? Nan ki kondisyon mò yo ye ? ’ Men repons Bib la bay : “ Kanta pou moun ki mouri yo, yo pa konn anyen ditou. ” — Eklezyas 9:5.

2 Si se sa, èske gen yon espwa pou moun ki mouri yo ? Wi. Anfèt, si objektif Bondye te genyen okòmansman pou limanite a dwe reyalize, fòk gen yon espwa. Pandan tout syèk ki pase yo, gen sèvitè fidèl Bondye ki egzèse lafwa nan pwomès Jewova te fè anrapò ak yon Semans ki t ap gen pou l detwi Satan e ki t ap defèt tout mal li fè yo (Jenèz 3:15). Pifò nan moun sa yo mouri. Si yo dwe wè akonplisman pwomès sa a ansanm ak lòt pwomès Jewova fè, fòk yo resisite (Ebre 11:13). Èske se yon bagay ki posib ? Wi, li posib. Men sa apot Pòl te di : “ Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis ni pou moun ki enjis. ” ​(Travay 24:15). Gen yon lè, Pòl te resisite yon jennonm yo te rele Etich ki te sot tonbe nan yon fenèt ki nan twazyèm etaj yon kay, epi lè yo t al “ ranmase l ”, yo te jwenn li mouri. Sa a se dènye nan nèf rezirèksyon ki mansyone nan Bib la. — Travay 20:7-12 *.

3. Ki rekonfò ou jwenn pèsonèlman nan pawòl Jezi te di nan Jan 5:28, 29 la, e poukisa ?

3 Nèf rezirèksyon sa yo founi yon baz pou moun gen lafwa nan deklarasyon Pòl la. Yo fòtifye konfyans nou genyen nan asirans Jezi te bay, lè l te di : “ Lè a ap vini kote tout moun ki nan tonm souvni yo pral tande vwa [Jezi], epi y ap soti. ” ​(Jan 5:28, 29). Pawòl sa yo fè kè nou cho ! Ala sa rekonfòtan pou tout moun ki gen moun pa yo k ap dòmi nan lanmò !

4, 5. Ki divès kalite rezirèksyon Bib la mansyone, e kiyès ladan yo nou pral egzamine nan atik sa a ?

4 Majorite moun k ap resisite yo ap retounen viv sou yon tè k ap vin pezib anba dominasyon Wayòm Bondye a (Sòm 37:10, 11, 29 ; Izayi 11:6-9 ; 35:5, 6 ; 65:21-23). Sepandan, gen lòt rezirèksyon ki te gen pou fèt anvan. Toudabò, Jezi Kris te dwe resisite pou l prezante valè sakrifis li a bay Bondye an favè nou. Jezi te mouri e li te resisite nan ane 33 epòk nou an.

5 Apre sa, kretyen wen yo ki konpoze “ Izrayèl Bondye a ” dwe al jwenn Jezi Kris, Seyè a, nan glwa nan syèl la, kote y ap “ toujou ak Seyè a ”. (Galat 6:16 ; 1 Tesalonisyen 4:17.) Yo rele evènman sa a “ rezirèksyon k ap fèt pi bonè a ”, oubyen ankò “ premye rezirèksyon an ”. (Filipyen 3:10, 11 ; Revelasyon 20:6.) Lè rezirèksyon sa a fini nèt, lè a ap rive pou plizyè milyon moun ki mouri yo resisite pou yo viv sou tè a avèk pèspektiv pou yo gen lavi etènèl nan Paradi a. Kidonk, kit esperans nou selès oswa terès, nou enterese anpil nan “ premye rezirèksyon an ”. Ki kalite rezirèksyon li ye ? Ki lè li te gen pou l fèt ?

“ Ak ki kalite kò ? ”

6, 7. a) Ki sa ki dwe rive anvan pou kretyen wen yo ka al nan syèl ? b) Ak ki kalite kò y ap resisite ?

6 Nan premye lèt Pòl te voye bay Korentyen yo, li te soulve yon kesyon konsènan premye rezirèksyon an, kote l te mande : “ Ki jan mò yo dwe leve ? Wi, ak ki kalite kò y ap vini ? ” Apre sa li reponn kesyon an : “ Sa w simen pa vin vivan si l pa mouri dabò. [...] Men Bondye ba l yon kò jan sa fè l plezi [...]. Glwa kò selès yo se youn, e pa kò terès yo se yon lòt. ” — 1 Korentyen 15:35-40.

7 Pawòl Pòl yo montre kretyen ki wen ak lespri sen yo dwe mouri dabò anvan pou yo resevwa rekonpans selès y ap ba yo a. Lè yo mouri, kò terès yo genyen an retounen nan pousyè (Jenèz 3:19). Nan moman Bondye fikse a, y ap resisite ak yon kò ki apwopriye pou lavi nan syèl la (1 Jan 3:2). Bondye ap ba yo imòtalite tou. Se pa yon bagay yo posede depi lè yo fèt, kòmsi yo te soufle yon swadizan nanm imòtèl anndan yo. Pòl te di : “ Sa ki mòtèl la dwe abiye ak imòtalite. ” Imòtalite se yon kado Bondye bay, e moun ki benefisye premye rezirèksyon an “ abiye ” avè l. — 1 Korentyen 15:50, 53 ; Jenèz 2:7 ; 2 Korentyen 5:1, 2, 8.

8. Ki jan nou fè konnen Bondye pa chwazi 144 000 yo pami moun ki nan divès relijyon ?

8 Se sèlman 144 000 moun k ap benefisye premye rezirèksyon an. Jewova te kòmanse chwazi yo depi nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, yon tikras tan apre li te fin resisite Jezi. Yo tout yo gen “ non [Jezi] ak non Papa l ekri sou fwon yo ”. (Revelasyon 14:1, 3.) Kidonk, yo pa chwazi yo nan divès relijyon. Yo tout yo se kretyen, e avèk fyète, yo tout pote non Papa a : Jewova. Lè yo resisite, yo resevwa asiyasyon pou yo travay nan syèl la. Pèspektiv pou yo sèvi Bondye yon fason dirèk konsa fè yo fremi.

L ap fèt aktyèlman ?

9. Ki jan Revelasyon chapit 12:7 ak chapit 17:14 ede nou kalkile apeprè ki lè premye rezirèksyon an kòmanse ?

9 Ki lè premye rezirèksyon an te gen pou l fèt ? Gen prèv solid ki montre l ap fèt aktyèlman. Pa egzanp, annou konpare de chapit nan liv Revelasyon an. Toudabò, gade Revelasyon chapit 12. Ladan l nou li, Jezi Kris, lè l fèk resevwa twòn nan, li mete ak zanj li yo ki sen pou l fè lagè ak Satan ansanm ak demon l yo (Revelasyon 12:7-9). Tankou jounal sa a abitye montre, batay sa a te kòmanse an 1914 *. Men, remake yo pa di gen okenn nan disip wen Kris yo ki ansanm ak Jezi nan gè selès sa a. Kounye a, gade Revelasyon chapit 17. Nou li ladan l, apre destriksyon “ Gran Babilòn nan ”, Timouton an ap venk nasyon yo. Apre sa, li ajoute : “ Moun yo rele, e yo chwazi e ki fidèl yo ki ansanm avèk li yo ap fè sa tou. ” ​(Revelasyon 17:5, 14). Si “ moun yo rele, e yo chwazi e ki fidèl ” yo ansanm ak Jezi pou yo fin venk monn Satan an, fòk yo te deja resisite pou yo fè sa. Donk, li rezonab pou nou konprann kretyen wen ki mouri anvan Amagedòn yo dwe resisite ant 1914 e Amagedòn.

10, 11. a) Kiyès 24 ansyen yo reprezante, e ki sa youn nan yo revele Jan ? b) Ki sa nou ka konprann nan sa ?

10 Èske nou ka di avèk plis presizyon ki lè premye rezirèksyon an kòmanse ? Nou jwenn yon endis enteresan nan Revelasyon 7:9-15, kote apot Jan dekri yon vizyon li te genyen sou “ yon gwo foul pèsonn pa t ka konte ”. Youn nan 24 ansyen yo revele Jan idantite gwo foul la, e ansyen sa yo reprezante 144 000 yo lè yo ansanm ak Kris nan glwa yo nan syèl la * (Lik 22:28-30 ; Revelasyon 4:4). Apot Jan li menm tou te gen esperans selès. Men, piske li te toujou sou tè a lè ansyen an te pale avè l la, nan vizyon an, Jan dwe reprezante kretyen wen ki sou tè a ki poko resevwa rekonpans selès yo.

11 Alò, ki sa nou ka rive konprann lefètke se youn nan 24 ansyen yo ki idantifye gwo foul la pou Jan ? Sanble moun yo ki resisite, ki fè pati gwoup 24 ansyen yo, jwe yon wòl nan kominike verite Bondye yo nan epòk pa nou an. Poukisa sa enpòtan ? Paske se an 1935 yo te revele sèvitè Bondye ki wen yo vrè idantite gwo foul la. Si yo te itilize youn nan 24 ansyen yo pou l transmèt verite enpòtan sa a, fòk li te gentan resisite nan syèl la pou pi ta an 1935. Sa ta endike premye rezirèksyon an te kòmanse ant 1914 e 1935. Èske nou kapab pi presi toujou ?

12. Esplike poukisa nou ka konsidere prentan 1918 kòm yon dat posib pou premye rezirèksyon an ta kòmanse.

12 Nan pwen nou rive la a, li ta bon pou nou egzamine sa nou kapab konsidere kòm yon paralèl biblik. Ann otòn ane 29 epòk nou an, Jezi Kris te wen kòm moun ki t ap Wa nan Wayòm Bondye a. Twazan edmi apre, nan prentan ane 33, li te resisite antanke espri pisan. Èske nou ka panse, piske Jezi te resevwa twòn nan ann otòn 1914, rezirèksyon disip fidèl li yo ki wen yo te kòmanse twazan edmi apre, sètadi nan prentan 1918 ? Sa a se yon posiblite enteresan. Byenke Bib la pa konfime enfòmasyon sa a dirèkteman, li ann amoni ak lòt vèsè ki endike premye rezirèksyon an t ap fèt yon tikras tan apre prezans Kris la kòmanse.

13. Ki jan 1 Tesalonisyen 4:15-17 lese konprann premye rezirèksyon an te kòmanse fèt bonè diran prezans Kris la ?

13 Pa egzanp, men sa Pòl te ekri : “ Nou menm ki vivan e k ap toujou la lè prezans Seyè a rive [se pa nan fen prezans li a non], nou pap janm devanse moun ki gentan ap dòmi nan lanmò yo. Paske Seyè a li menm ap desann sot nan syèl la ak yon kri kòmandman, ak yon vwa akanj, e ak twonpèt Bondye, e moun ki mouri ann inyon ak Kris yo ap resisite an premye. Ansuit nou menm ki vivan k ap viv toujou, nou pral anpòte, ansanm avèk yo, nan nyaj yo pou n rankontre Seyè a anlè a, e konsa n ap toujou ak Seyè a. ” ​(1 Tesalonisyen 4:15-17). Kidonk, kretyen wen ki te mouri anvan prezans Kris la te leve pou yo jwenn lavi selès anvan sa yo ki t ap toujou vivan diran prezans Kris la. Sa vle di premye rezirèksyon an te dwe kòmanse bonè diran prezans Kris la, e li kontinye “ pandan prezans li ” a (1 Korentyen 15:23). Olye pou premye rezirèksyon an fèt yon sèl kou, li fèt diran yon peryòd.

“ Yo te ba yo chak yon wòb blan ki long ”

14. a) Ki lè vizyon ki nan Revelasyon chapit 6 yo te akonpli ? b) Ki sa ki dekri nan Revelasyon 6:9 ?

14 Ann konsidere prèv ki nan Revelasyon chapit 6 la tou. Chapit sa a pale de Jezi k ap galope yon cheval antanke Wa ki pote laviktwa (Revelasyon 6:2). Nasyon yo antre kò yo nan lagè, ki vin pran yon dimansyon estrawòdinè (Revelasyon 6:4). Grangou gaye anpil kote sou tè a (Revelasyon 6:5, 6). Epidemi mòtèl ap ravaje limanite (Revelasyon 6:8). Tout evènman pwofetik sa yo byen koresponn ak sitiyasyon monn nan depi 1914. Men, gen yon lòt bagay ki rive. Yo atire atansyon nou sou yon lotèl yo fè sakrifis. Nan pye lotèl la, gen “ nanm moun yo te touye akoz pawòl Bondye a e akoz travay temwayaj yo te genyen an ”. (Revelasyon 6:9.) Piske “ nanm [oubyen ankò vi] chè a se nan san an li ye ”, nanm yo ki nan pye lotèl la reprezante an reyalite san sèvitè fidèl Jezi yo yo te touye paske yo t ap rann temwayaj avèk kran e avèk zèl. — Levitik 17:11.

15, 16. Esplike poukisa pawòl ki nan Revelasyon 6:10, 11 lan fè referans ak premye rezirèksyon an.

15 Menm jan ak san Abèl ki te yon moun jis, san kretyen sa yo ki mouri an mati ap rele mande jistis (Jenèz 4:10). “ Yo te rele ak yon vwa ki fò, yo t ap di : ‘ Jis ki lè, Souvren Seyè sen e veridik, w ap retni w pou w pa jije e w ap retni w pou w pa vanje san nou sou moun ki abite sou tè a ? ’ ” Ki sa k pase apre sa ? “ Yo te ba yo chak yon wòb blan ki long, e yo te di yo pou yo repoze yon tikras plis, jiskaske kantite a fin kont tou ak esklav menm jan avèk yo ansanm ak frè yo yo t apral touye menm jan yo te touye yo tou. ” — Revelasyon 6:10, 11.

16 Èske se ma san ki te gaye nan pye lotèl la yo te bay wòb blan ki long yo ? Natirèlman non ! Yo te lonje yo bay moun san yo te koule, kòmsi se te sou lotèl. Yo te sakrifye vi yo nan non Jezi, e kounye a yo resisite antanke espri. Ki jan nou fè konn sa ? Men sa liv Revelasyon an te di anvan sa : “ Moun k ap pote laviktwa a pral abiye ak rad blan sou li. E pa gen anyen ki pou fè m efase non l nan liv lavi a. ” Sonje tou, 24 ansyen yo te “ abiye ak rad blan e [yo te] gen kouwòn annò sou tèt yo ”. (Revelasyon 3:5 ; 4:4.) Konsa, apre lagè, grangou ak maladi te kòmanse ravaje latè, manm 144 000 ki mouri yo, yo reprezante la a avèk san ki te nan pye lotèl la, te leve pou lavi selès e yo te abiye yo ak wòb blan senbolik.

17. Nan ki sans moun ki resevwa wòb blan ki long yo dwe “ repoze ” ?

17 Moun sa yo ki fèk resisite dwe “ repoze ”. Avèk pasyans, yo dwe tann jou vanjans Bondye a. Lòt “ esklav menm jan avèk yo ”, sètadi kretyen wen ki sou tè a toujou, gen pou yo pwouve entegrite yo anba eprèv. Lè moman pou jijman Bondye a rive, ‘ repo ’ yo ap fini (Revelasyon 7:3). Lè sa a, moun sa yo ki resisite pral patisipe ansanm ak Seyè a, Jezi Kris, nan destriksyon mechan yo, e pami mechan sa yo, gen moun ki te vèse san kretyen yo malgre yo te inosan. — 2 Tesalonisyen 1:7-10.

Siyifikasyon sa gen pou nou

18, 19. a) Ki rezon ki fè w kwè premye rezirèksyon an ap fèt aktyèlman ? b) Ki jan konpreyansyon ou genyen sou premye rezirèksyon an fè w santi w ?

18 Pawòl Bondye a pa bay yon dat presi pou premye rezirèksyon an fèt, men li revele sa t ap gen pou l fèt pandan yon peryòd — diran prezans Kris la. Premye moun ki resisite yo se kretyen wen ki te mouri anvan prezans Kris la te kòmanse. E toutpandan prezans Kris la ap kontinye, kretyen wen ki fini kous terès yo fidèlman, “ nan yon batje ”, yo chanje pou yo tounen kreyati espirityèl pisan (1 Korentyen 15:52). Èske tout kretyen wen yo ap resevwa rekonpans selès yo anvan lagè Amagedòn ? Nou pa konnen. Men, sa nou konnen, sèke nan moman Bondye fikse a, tout 144 000 yo ap kanpe sou mòn Siyon selès la.

19 Yon lòt bagay nou konnen, sèke pifò nan 144 000 yo deja ansanm avèk Kris. Se sèlman kèk ladan yo ki toujou sou tè a. Sa a se yon endikasyon pisan ki montre moman pou Bondye egzekite jijman l lan ap pwoche rapidman ! Talè konsa, tout sistèm mondyal Satan an pral detwi. Satan li menm pral fèmen nan abim. Lè sa a, rezirèksyon jeneral la pral kòmanse, e moun ki fidèl yo, sou baz sakrifis ranson Jezi a, pral leve pou yo jwenn lapèfeksyon menm jan ak sa Adan te pèdi a. Pwofesi Jewova te bay ki nan Jenèz 3:15 lan pral akonpli yon fason estrawòdinè. Ala yon gwo privilèj sa ye pou yon moun ap viv nan moman sa yo !

[Nòt anba paj]

^ § 9 Pou nou jwenn prèv biblik prezans Kris la kòmanse an 1914, gade nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a, paj 215-18. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 10 Pou nou jwenn enfòmasyon sou ki jan nou fè konnen 24 ansyen yo reprezante kretyen wen yo nan pozisyon yo nan syèl la, gade nan liv La Révélation : le grand dénouement est proche ! la, paj 77. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske w ka esplike ?

Ki jan vèsè ki vin apre yo ede nou disène nan ki peryòd “ premye rezirèksyon an ” ap fèt ?

Revelasyon 12:7 ; 17:14

Revelasyon 7:13, 14

1 Korentyen 15:23 ; 1 Tesalonisyen 4:15-17

Revelasyon 6:2, 9-11

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Ki rezirèksyon ki kòmanse fèt anvan limanite an jeneral leve sot nan lanmò ?

[Foto nan paj 31]

Nan ki sans yo bay kèk moun ki t ap dòmi nan lanmò yon wòb blan ki long ?