Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Reyisit ki sa sa vle di pou ou ?

Reyisit ki sa sa vle di pou ou ?

Reyisit ki sa sa vle di pou ou ?

JESSE LIVERMORE, anpil moun te konsidere kòm òm dafè ki pi byen reyisi sou mache Wall Street la depi tout tan, te gen repitasyon yon moun ki te konn pran desizyon ki saj nan kesyon biznis. Sa fè li te ranmase anpil richès. Li te konn abiye ak pi bon kalite kostim ki byen taye, li te abite nan yon vila ki gen 29 pyès, li te gen yon Rolls-Royce nwa e li te gen yon chofè pou kondui l.

David * t ap suiv menm wout la tou. Antanke vis prezidan e jesyonè an chèf nan yon gwo konpayi ki okipe kesyon grafik, li te sou wout pou l vin youn nan prezidan konpayi a. Richès ak prestij te atire l. Sepandan, David te pran yon desizyon pèsonèl ki te fè l demisyone. Men sa David te di : “ Mwen konnen mwen pap janm gen yon gwo karyè administratif ankò. ” Èske w panse David te fè erè ?

Pou anpil moun, reyisi vle di vin rich, vin gen renome, oswa vin okipe yon gwo pozisyon. Sepandan, moun ki gen pwosperite materyèl ka toujou santi yo gen yon vid nan yo menm e yo ka santi lavi yo pa gen ni sans ni objektif. Sandout se te nan sitiyasyon sa a mesye Livermore te ye. Byenke li te rich, li te gen yon vi ki te chaje desepsyon, trajedi ak tristès. Li te fè depresyon, maryaj li te fè yo pa t reyisi e li pa t gen bon relasyon ak pitit li yo. Finalman yon jou, apre mesye Livermore fin pèdi yon bon valè nan fòtin li, li te chita nan yon ba nan yon otèl deliks pou l plenyen sò l akoz pèt li te fè yo. Li kòmande yon bwason, li rale yon kanè nòt an kui li te genyen, e li ekri madanm li yon nòt pou li di l orevwa. Lè l fin bwè, li antre nan yon vestyè ki manke limyè epi li touye tèt li.

Byenke jeneralman rezon ki fè yon moun touye tèt li konplike, eksperyans sa a pwouve verite ki gen nan deklarasyon biblik sa a : “ Moun ki detèmine pou yo rich [...] pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans. ” — 1 Timote 6:9, 10.

Si yon moun panse se richès, pozisyon ak prestij ki fè moun reyisi, èske se pa yon move jijman li fè ? Èske ou menm ou konsidere w reyisi ? Poukisa w panse konsa ? Sou ki sa w baze w pou w abouti ak konklizyon sa a ? Ki sa ki enfliyanse pwennvi w genyen sou fason yon moun reyisi ? Atik ki vin apre a egzamine kèk konsèy fyab ki pèmèt plizyè milyon moun reyisi. Annou wè ki jan ou menm tou ou ka reyisi.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Yo chanje non moun nan.