Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Se lajwa sèlman ou dwe genyen ”

“ Se lajwa sèlman ou dwe genyen ”

“ Se lajwa sèlman ou dwe genyen ”

“ W ap selebre fèt la pou Jewova [...], e se lajwa sèlman ou dwe genyen. ” — DETEWONÒM 16:15.

1. a) Ki kesyon Satan te soulve ? b) Apre rebelyon Adan ak Èv la, ki sa Jewova te predi ?

LÈ SATAN te rale Adan ak Èv nan rebelyon kont Kreyatè yo a, li te soulve de kesyon ki gen yon enpòtans kapital. Premyèman, li te fè konprann Jewova pa veridik e fason l ap dirije a pa jis. Dezyèmman, Satan te pretann lèzòm t ap sèvi Bondye sèlman si sa nan enterè yo. Li te deklare dezyèm kesyon an aklè nan epòk Jòb la (Jenèz 3:1-6 ; Jòb 1:9, 10 ; 2:4, 5). Toutfwa, Jewova te aji rapidman pou l pran sitiyasyon an an men. Adan ak Èv te anndan jaden Edenn nan toujou lè Jewova te anonse kòman li t apral rezoud pwoblèm nan. Li te predi gen yon “ semans ” ki t ava vini, e yo t ap mètri li nan talon, men apre sa, li t ap mètri Satan nan tèt, sa vle di li t ap detwi l. — Jenèz 3:15.

2. Ki limyè Jewova te vin bay sou fason li t ap akonpli pwofesi ki nan Jenèz 3:15 lan ?

2 Ofiramezi tan t ap pase, Jewova te bay plis limyè sou pwofesi sa a, konsa li te demontre pwofesi sa a t ap reyalize san mank. Pa egzanp, Bondye te di Abraram “ semans ” lan t ap soti pami desandan l yo (Jenèz 22:15-18). Jakòb, pitit pitit Abraram, te vin papa 12 tribi Izrayèl yo. Nan ane 1513 anvan epòk nou an, lè tribi sa yo te vin tounen yon nasyon, Jewova te ba yo yon kòd lwa ki te gen ladan l plizyè fèt yo te dwe fete chak ane. Apot Pòl te di fèt sa yo se yon “ lonbray bagay ki gen pou vini yo ”. (Kolosyen 2:16, 17 ; Ebre 10:1.) Yo bay yon apèsi sou akonplisman objektif Jewova pou Semans lan. Fèt sa yo te fè gen gwo rejwisans ann Izrayèl. Annou egzamine yo rapidman, e sa ap fòtifye lafwa nou nan pwomès Jewova yo ki diy de konfyans.

Semans lan parèt

3. Kiyès ki Semans yo te pwomèt la, e ki jan yo te mètri l nan talon ?

3 Plis pase 4 000 an apre Jewova fin bay premye pwofesi a, Semans li te pwomèt la te parèt. Se Jezi (Galat 3:16). Antanke òm pafè, Jezi te kenbe entegrite l jiska lamò, e konsa li te pwouve akizasyon Satan yo se manti yo ye. Anplis, piske Jezi te san peche, lanmò li se te yon sakrifis ki gen anpil valè. Grasa sakrifis sa a, Jezi te pote delivrans anba peche ak lanmò pou desandan Adan ak Èv ki fidèl yo. Lè Jezi te mouri sou yon poto soufrans, se Semans yo te pwomèt la ki te ‘ mètri nan talon ’. — Ebre 9:11-14.

4. Ki bagay ki te prefigire sakrifis Jezi a ?

4 Jezi te mouri 14 Nizan ane 33 epòk nou an *. Ann Izrayèl, 14 Nizan se te yon jou kè kontan kote yo te konn selebre fèt Pak la. Chak ane, nan jou sa a, tout fanmi te konn pran yon repa ki te gen ladan l yon timouton san defo. Konsa, yo te sonje wòl san yon timouton te jwe nan delivrans premye pitit Izrayelit yo lè zanj lanmò a te touye premye pitit Ejipsyen yo 14 Nizan ane 1513 anvan epòk nou an (Egzòd 12:1-14). Timouton Pak la te prefigire Jezi. Se sa k fè apot Pòl te di : “ Yo te sakrifye Kris, pak nou an. ” ​(1 Korentyen 5:7). Menm jan ak san timouton Pak la, san Jezi ki te vèse a pote delivrans pou anpil moun. — Jan 3:16, 36.

‘ Premye fwi pami mò yo ’

5, 6. a) Ki lè Jezi te resisite, e ki bagay nan Lalwa ki te prefigire evènman sa a ? b) Ki jan rezirèksyon Jezi te rann akonplisman Jenèz 3:15 posib ?

5 Sou twazyèm jou a, Jezi te retounen gen lavi sa ki te pèmèt li prezante valè sakrifis li a bay Papa l (Ebre 9:24). Gen yon lòt fèt ki te prefigire rezirèksyon l. Jou apre 14 Nizan an, se te kòmansman fèt Gato san ledven an. Nan demen, ki te 16 Nizan, Izrayelit yo te pote yon grap premye fwi nan rekòt lòj la, premye rekòt ann Izrayèl, pou prèt la kapab balanse devan Jewova (Levitik 23:6-14). Se pa ti apwopriye sa te apwopriye lè, nan ane 33 epòk nou an, nan menm jou sa a, Jewova te kontrekare gwo efò Satan t ap fè pou l fèmen bouch “ temwen fidèl e veridik ” Jewova a nètale ! Jou ki te 16 Nizan ane 33 epòk nou an, Jewova te resisite Jezi nan lanmò pou l ba li lavi imòtèl antanke espri. — Revelasyon 3:14 ; 1 Pyè 3:18.

6 Jezi te tounen “ premye fwi pami moun ki dòmi nan lanmò yo ”. (1 Korentyen 15:20.) Kontrèman ak moun ki te resisite anvan l yo, Jezi pa t mouri apre sa. Okontrè, li te monte nan syèl la, l al adwat Jewova, kote li te ret tann pou l enstale antanke Wa nan Wayòm Jewova a ki nan syèl la (Sòm 110:1 ; Travay 2:32, 33 ; Ebre 10:12, 13). Depi lè Jezi enstale antanke Wa, li nan pozisyon kounye a pou l mètri Satan, gwo ènmi an, nan tèt definitivman e pou l detwi semans li a. — Revelasyon 11:15, 18 ; 20:1-3, 10.

Semans Abraram nan t ap vin gen plis moun

7. Ki sa fèt Semèn yo te ye ?

7 Se Jezi ki Semans yo te pwomèt ann Edenn nan, e se pa mwayen l Jewova ap “ kraze travay Dyab la ”. (1 Jan 3:8.) Sepandan, lè Jewova t ap pale ak Abraram, li te montre “ semans ” Abraram nan t ap gen plis pase yon sèl moun. Li t ap “ tankou zetwal ki nan syèl la e tankou grenn sab ki arebò lanmè ”. (Jenèz 22:17.) Te gen yon lòt fèt rejwisan ki te montre gen lòt moun ki t ap fè pati “ semans ” lan. Sou senkantyèm jou apre 16 Nizan, Izrayèl te selebre fèt Semèn yo. Men sa Lalwa di sou fèt sa a : “ N ap konte rive nan jou ki apre setyèm saba a, sa vle di senkant jou, e nou dwe prezante yon nouvo ofrann angren bay Jewova. Nou dwe pote de pen sot lakay nou kòm ofrann balanse. N ap fè yo ak de dizyèm efa farin fen. N ap kuit yo ak pat ki gen ledven, kòm premye fwi mi pou Jewova *. ” — Levitik 23:16, 17, 20.

8. Ki evènman estrawòdinè ki te fèt nan Pannkòt ane 33 epòk nou an ?

8 Lè Jezi te sou tè a, yo te konn rele fèt Semèn nan Pannkòt (yon non ki soti nan yon mo grèk ki vle di “ senkantyèm ”). Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, Gran prèt pa ekselans lan, Jezi Kris apre rezirèksyon l, te vide lespri sen sou yon ti gwoup 120 disip ki te reyini nan Jerizalèm. Konsa, disip sa yo te vin pitit Bondye ki wen ak lespri e yo te vin frè Jezi Kris (Women 8:15-17). Yo vin tounen yon nouvo nasyon, “ Izrayèl Bondye a ”. (Galat 6:16.) Nasyon sa a te kòmanse toupiti, men finalman li t ap vin gen 144 000 moun. — Revelasyon 7:1-4.

9, 10. Ki bagay nan fèt Pannkòt la ki te prefigire kongregasyon kretyen wen yo fòme a ?

9 De pen ki gen ledven yo te konn balanse devan Jewova chak Pannkòt yo te prefigire kongregasyon kretyen wen yo fòme a. Pen yo ki gen ledven montre kretyen wen yo t ap toujou gen ledven peche yo eritye a. Toutfwa, yo t ap kapab pwoche bò kote Jewova sou baz sakrifis ranson Jezi a (Women 5:1, 2). Poukisa se de pen ? Sa kapab endike lefètke pitit Bondye yo ki wen t ap soti nan de gwoup : dabò pami Juif selon lachè yo e annapre pami Janti yo. — Galat 3:26-29 ; Efezyen 2:13-18.

10 De pen yo te konn ofri jou Pannkòt la te fèt ak premye fwi nan rekòt ble a. Sa byen koresponn, paske yo rele kretyen sa yo ki wen ak lespri “ yon sòt de premye fwi nan kreyati l yo ”. (Jak 1:18.) Se peche pa yo an premye ki te jwenn padon sou baz san Jezi ki te vèse a, e sa ba yo posiblite pou yo benefisye lavi imòtèl nan syèl la, kote yo pral dirije avèk Jezi nan Wayòm li an (1 Korentyen 15:53 ; Filipyen 3:20, 21 ; Revelasyon 20:6). Nan pozisyon sa a, gen yon jou ki toupre rive kote yo pral “ mennen [nasyon] yo ak yon baton fè ” e yo pral wè y ap ‘ kraze Satan anba pye yo ’. (Revelasyon 2:26, 27 ; Women 16:20.) Apot Jan te di : “ Moun sa yo [...] se moun ki kontinye suiv Timouton an kèlkeswa kote l ale. Yo te achte yo nan mitan limanite kòm premye fwi pou Bondye ak Timouton an. ” — Revelasyon 14:4.

Yon jou ki mete aksan sou delivrans

11, 12. a) Ki sa k te konn fèt jou Pwopisyasyon an ? b) Ki byenfè Izrayèl te resevwa nan sakrifis towo a ak kabrit yo ?

11 Nan dizyèm jou mwa Etanim nan (annapre yo te vin rele mwa sa a Tichri) *, pèp Izrayèl la te selebre yon fèt ki te prefigire fason byenfè sakrifis ranson Jezi a t apral aplike. Nan jou sa a ki te jou Pwopisyasyon an, tout nasyon an te rasanble pou yo ofri sakrifis pou kouvri peche yo. — Levitik 16:29, 30.

12 Jou Pwopisyasyon an, gran prèt la te konn touye yon jèn towo, e etan l nan Trèsen an, devan kouvèti Lach la, li fè aspèsyon sèt fwa ak yon pati nan san towo a, e konsa, nan yon sans senbolik, li te prezante san an devan Jewova. Sakrifis sa a te fèt pou peche gran prèt la ak “ kay li ”, pou peche lòt prèt yo ak Levit yo. Apre sa, gran prèt la te pran de kabrit. Li touye youn kòm yon sakrifis pou peche “ pèp la ”. Li fè aspèsyon ak yon pati nan san an devan kouvèti lach la nan Trèsen an. Apre sa, gran prèt la poze men l sou tèt dezyèm kabrit la, epi li konfese fot pitit Izrayèl yo. Epi apre, li fè yo mennen kabrit la nan dezè a pou l pote peche nasyon an ale yon fason senbolik. — Levitik 16:3-16, 21, 22.

13. Ki jan sa ki te konn fèt jou Pwopisyasyon an te prefigire wòl Jezi jwe ?

13 Jan tout aksyon sa yo prefigire l, Gran Prèt pa ekselans lan, Jezi, itilize valè pwòp san li genyen pou l padone peche. Premyèman, valè san l lan aplike pou “ kay espirityèl ” la ki konpoze ak 144 000 kretyen wen yo, e sa fè yo deklare yo jis e yo pwòp devan Jewova (1 Pyè 2:5 ; 1 Korentyen 6:11). Se sakrifis towo a ki te prefigire aspè sa a. Konsa, chemen an te vin ouvri pou yo resevwa eritaj selès yo a. Dezyèmman, valè san Jezi a aplike an favè plizyè milyon lòt moun ki egzèse lafwa nan Kris, jan sakrifis kabrit la te montre sa. Kòm benediksyon, moun sa yo pral jwenn lavi etènèl sou tè a, eritaj Adan ak Èv te pèdi a (Sòm 37:10, 11). Jezi, sou baz san li ki te vèse a, pote peche limanite yo ale, menm jan kabrit vivan an te pote peche Izrayèl yo ale nan dezè a yon fason senbolik. — Izayi 53:4, 5.

Rejwisans devan Jewova

14, 15. Ki sa k te konn pase pandan fèt Joupa a, e ki sa sa te raple Izrayelit yo ?

14 Apre jou Pwopisyasyon an, Izrayelit yo te konn selebre fèt Joupa a, yon fèt nan ane Juif yo ki te gen plis rejwisans (Levitik 23:34-43). Yo te konn fete fèt sa a soti 15 rive 21 Etanim e li te fini ak yon rasanbleman solanèl nan 22yèm jou nan mwa a. Rasanbleman rekòt la te fini lè sa a, e se te yon moman pou yo remèsye Bondye pou bonte li gen lakay li ann abondans. Pou rezon sa a, men kòmandman Jewova te bay moun k ap fete yo : “ Jewova, Bondye w la, ap beni w nan tout sa w pwodui e nan tout aksyon men w fè, e se lajwa sèlman ou dwe genyen. ” ​(Detewonòm 16:15). Ala yon moman kè kontan sa dwe te ye !

15 Pandan fèt sa a, Izrayelit yo te abite nan joupa pandan sèt jou. Konsa, sa te fè yo sonje gen yon lè yo te abite nan joupa nan dezè a. Fèt sa a te ba yo anpil okazyon pou yo reflechi sou fason Jewova pran swen yo tankou yon papa (Detewonòm 8:15, 16). E piske tout moun, kit yo rich, kit yo pòv, te abite nan joupa ki te fèt menm jan, sa te raple Izrayelit yo pandan fèt la, yo tout te egal. — Neyemya 8:14-16.

16. Ki sa fèt Joupa a te prefigire ?

16 Fèt Joupa a se te yon fèt rekòt, yon selebrasyon ki te fèt nan lajwa, e sa te prefigire rasanbleman moun ki egzèse lafwa nan Jezi Kris yo, yon rasanbleman k ap fèt nan lajwa. Rasanbleman sa a te kòmanse nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè te gen 120 disip Jezi ki te wenn pou vin fè pati “ yon pretriz ki sen ”. Menm jan Izrayelit yo te viv nan joupa pandan kèk jou, kretyen wen yo konnen yo se “ rezidan tanporè ” nan monn sa a k ap viv lwen Bondye. Esperans yo se yon esperans selès (1 Pyè 2:5, 11). Rasanbleman kretyen wen yo rive nan bout li nan “ dènye jou ” sa yo, lè yo fin rasanble dènye manm 144 000 yo. — 2 Timote 3:1.

17, 18. a) Ki sa ki endike gen lòt moun ki benefisye sakrifis Jezi a apa kretyen wen yo ? b) Kiyès jodi a k ap jwenn byenfè nan fèt Joupa antitipik la, e ki lè fèt sa a ki pral selebre nan lajwa pral konnen yon kokenn akonplisman ?

17 Li enpòtan pou nou note, pandan fèt Joupa a yo te konn ofri 70 towo (Nonb 29:12-34). Chif 70 la reprezante 7 miltipliye pa 10, e nan Bib la, de chif sa yo reprezante lapèfeksyon nan domèn selès e nan domèn terès. Donk, sakrifis Jezi a pral pote byenfè pou tout moun fidèl ki soti nan 70 fanmi ki soti nan Noye ki vin bay tout limanite (Jenèz 10:1-29). Ann amoni avèk sa ki mansyone la a, nan epòk pa nou an, rasanbleman an te vin pi gran pou l anglobe lòt moun ki soti nan tout nasyon, moun ki egzèse lafwa nan Jezi e ki gen esperans pou yo viv sou tè a ki pral tounen yon paradi.

18 Nan yon vizyon, apot Jan te wè rasanbleman sa a k ap fèt nan epòk pa nou an. Toudabò, li te tande yo anonse y ap mete so sou dènye manm 144 000 yo. Apre sa, li te wè “ yon gwo foul pèsonn pa t ka konte ” ki kanpe devan Jewova e devan Jezi, avèk “ branch palmye nan men yo ”. Moun sa yo te “ soti nan gwo tribilasyon an ” pou yo antre nan monn nouvo a. Yo menm tou, pou kounye a se rezidan tanporè yo ye nan sistèm de choz sa a k ap depafini an, e y ap tann avèk konfyans moman kote “ Timouton an [...] ap pran swen yo e l ap mennen yo nan sous dlo lavi yo ”. Nan moman sa a, “ Bondye ap siye tout dlo nan je yo ”. (Revelasyon 7:1-10, 14-17.) Fèt Joupa antitipik la pral konnen yon kokenn akonplisman lè gwo foul la, ansanm ak lòt moun fidèl ki resisite yo, pral benefisye lavi etènèl lè Rèy mil an Kris la fini. — Revelasyon 20:5.

19. Ki pwofi nou tire lefètke nou egzamine fèt yo te konn selebre ann Izrayèl yo ?

19 Nou menm tou nou kapab gen “ lajwa sèlman ” etan n ap medite sou siyifikasyon ansyen fèt juif yo. Li pasyonan lè nou konnen Jewova te bay yon apèsi sou fason pwofesi li te bay ann Edenn nan t ap akonpli. E li enteresan tou pou nou wè akonplisman pwofesi sa a k ap fèt pwogresivman. Jodi a, nou konnen Semans lan te parèt, e yo te mètri l nan talon. Kounye a li se yon Wa selès. Anplis de sa, pifò nan 144 000 yo deja pwouve fidelite yo jiska lamò. Ki sa k rete pou fèt ? Èske akonplisman total pwofesi sa a toupre ? Se sa nou pral wè nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Mwa Nizan an koresponn ak mwa mas/avril nan kalandriye nou itilize kounye a.

^ § 7 Nan prezantasyon ofrann balanse de pen ki gen ledven yo, souvan prèt la te konn kenbe de pen yo nan pla men l, li leve bra l epi li balanse men l agoch adwat. Jès sa a te senbolize prezantasyon bagay yo sakrifye yo bay Jewova. Gade liv Étude perspicace des Écritures, volim 2, paj 850. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 11 Etanim, oubyen ankò Tichri, koresponn ak septanm/oktòb nan kalandriye nou itilize kounye a.

Èske w ka esplike ?

• Ki sa timouton Pak la te prefigire ?

• Ki rasanbleman fèt Pannkòt la te prefigire ?

• Ki sa yo te konn fè jou Pwopisyasyon an ki endike fason sakrifis ranson Jezi a aplike ?

• Ki fason fèt Joupa a te prefigire rasanbleman kretyen yo ?

[Kesyon]

[Tablo nan paj 24, 25]

(Gade peryodik la)

Pak

14 Nizan

Evènman :

Sakrifis timouton Pak la

Sa yo prefigire :

Sakrifis Jezi a

Fèt gato san ledven an (15-21 Nizan)

15 Nizan

Evènman :

Saba

16 Nizan

Evènman :

Ofrann lòj

Sa yo prefigire :

Rezirèksyon Jezi

50 jou

Fèt semèn yo (Pannkòt)

6 Sivàn

Evènman :

Ofrann de pen yo

Sa yo prefigire :

Jezi te prezante frè wen li yo bay Jewova

Jou Pwoprisyasyon an

10 Tichri

Evènman :

Yo ofri yon towo ak de kabrit

Sa yo prefigire :

Jezi te prezante valè san li an favè tout limanite

Fèt Joupa (Rekòt, Tabènak)

15-21 Tichri

Evènman :

IIzrayelit yo te abite nan joupa avèk jwa, yo te rejwi nan rekòt la e yo te ofri 70 towo

Sa yo prefigire :

Rasanleman wen yo ak “gwo foul la”

[Foto nan paj 23]

Menm jan ak san timouton Pak la, san Jezi ki te vèse a pote delivrans pou anpil moun.

[Foto nan paj 24]

Premye fwi nan rekòt lòj la yo te konn ofri 16 Nizan an te prefigire rezirèksyon Jezi.

[Foto nan paj 25]

De pen yo te konn ofri jou Pannkòt la te prefigire kongregasyon kretyen wen yo fòme a.

[Foto nan paj 26]

Fèt Joupa a te prefigire rasanbleman kretyen wen yo ansanm ak yon “ gwo foul ” ki soti nan tout nasyon, yon rasanbleman k ap fèt nan lajwa.