Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anseye sa Labib anseye toutbonvre

Anseye sa Labib anseye toutbonvre

Anseye sa Labib anseye toutbonvre

“ Fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo. ” — MATYE 28:19, 20.

1. Nan ki pwen Labib disponib jodi a ?

PAWÒL JEWOVA a, Lasent Bib, se youn nan liv ki pi ansyen e ki plis pibliye nan lemonnantye. Yo tradui omwen kèk pati ladan l nan plis pase 2 300 lang. Plis pase 90 pousan moun k ap viv sou tè a genyen l nan lang manman yo.

2, 3. a) Sa k fè gen konfizyon konsènan ansèyman ki nan Bib la ? b) Ki kesyon nou pral egzamine ?

2 Gen plizyè milyon moun ki li yon pòsyon Labib chak jou. Gen anpil moun ki li tout Bib la plizyè fwa. Plizyè milye gwoupman relijye deklare ansèyman yo baze sou Bib la, poutan, yo pa antann yo sou sa Labib anseye. Anplis konfizyon sa a, gen gwo dezakò nan mitan moun ki fè pati menm relijyon. Gen moun menm ki gen dout sou Bib la, sou orijin li e sou enpòtans li. Gen anpil moun ki wè l kòm yon liv sakre ki itil senpleman nan seremoni kote y ap fè ve oswa nan tribinal kote y ap fè sèman pou bay garanti pawòl y ap di yo se laverite.

3 Anfèt, Labib gen pawòl Bondye ladan l ki pisan, sètadi mesaj Bondye voye pou limanite (Ebre 4:12). Kidonk, antanke Temwen Jewova, nou vle moun yo aprann ki sa Labib anseye. Nou kontan akonpli misyon Jezi Kris te bay disip li yo lè l te di : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo. ” ​(Matye 28:19, 20). Nan ministè nou, nou jwenn moun ki gen kè sensè ki twouble akoz konfizyon relijye ki gaye nan monn nan. Yo vle konnen laverite konsènan Kreyatè nou an, e yo ta renmen aprann ki sa Labib di konsènan sans lavi a. Ann egzamine twa kesyon ki okipe lespri anpil moun. Nan chak ka, n ap gade sa chèf relijye yo di ki pa sa, e ansuit n ap egzamine sa Labib anseye toutbonvre. Men kesyon yo : 1) Èske Bondye gen sousi pou nou ? 2) Pou ki rezon nou la a ? e 3) Ki sa k rive nou lè nou mouri ?

Èske sa pa di Bondye anyen ?

4, 5. Sa k fè gen moun ki panse Bondye pa gen sousi pou nou ?

4 Ann kòmanse ak premye kesyon an : Èske Bondye gen sousi pou nou ? Malerezman, anpil moun panse repons kesyon sa a se non. Poukisa yo panse sa ? Youn nan rezon yo se paske y ap viv nan yon monn ki chaje ak lahèn, lagè ak soufrans. Yo di tèt yo : ‘ Si Bondye te gen sousi pou nou toutbonvre, se sèten li t ap anpeche bagay trajik konsa rive. ’

5 Yon lòt rezon ki fè moun yo panse Bondye pa gen sousi pou nou, se paske se sa chèf relijye yo fè yo kwè. Ki sa manm klèje yo di byen souvan lè gen yon evènman trajik ki rive ? Lè yon madanm te pèdi de tipitit li yo nan yon aksidan machin, men sa chèf relijye l la te di l : “ Se volonte Bondye. Bondye te bezwen de lòt zanj. ” Lè manm klèje yo fè mòd kòmantè sa yo, an reyalite yo blame Bondye pou bagay mal ki rive. Poutan, men sa disip Jak te ekri : “ Pèsonn pa fèt pou l di, lè l nan eprèv : ‘ Se pase Bondye ap pase m anba eprèv. ’ Paske moun pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv nan fason sa a. ” ​(Jak 1:13). Se pa Jewova Dye ki janm lakòz bagay mal rive. Wi, “ sa lwen vrè Dye a pou l aji avèk mechanste ”. — Jòb 34:10.

6. Kiyès ki dèyè mechanste ak soufrans ki gen nan monn sa a ?

6 Alò, poukisa gen tout mechanste ak tout soufrans sa yo ? Youn nan rezon yo se paske limanite an jeneral rejte Bondye antanke Chèf, yo pa vle soumèt anba lwa ak prensip li yo ki jis. San lèzòm pa rann yo kont, yo soumèt yo anba Advèsè Bondye a, Satan, paske “ lemonnantye anba pouvwa mechan an ”. (1 Jan 5:19.) Lè nou konnen sa, sa fè li pi fasil pou nou konprann poukisa pwoblèm yo egziste. Satan mechan, li rayisab, li blofè e li san pitye. Kidonk, nou dwe atann nou monn nan ap reflete pèsonalite chèf li. Se pa etonan si gen anpil mechanste konsa !

7. Site kèk rezon ki fè n ap soufri.

7 Yon lòt rezon ki fè n ap soufri, se enpèfeksyon lèzòm. Lèzòm pechè gen tandans lite pou pouvwa, e souvan rezilta sa bay se lagè, kraze zo ak soufrans. Se avèk rezon Eklezyas 8:9 di : “ Lòm domine sou lòm pou fè l ditò. ” Yon lòt rezon ankò ki fè gen soufrans, se paske “ tan ak evènman enprevi ” rive nou tout (Eklezyas 9:11). Souvan, malè rive moun paske yo twouve yo yon move kote nan yon move lè.

8, 9. Ki jan nou fè konnen Jewova gen sousi pou nou toutbonvre ?

8 Sa rekonfòtan pou n aprann Jewova pa lakòz soufrans. Men, èske Bondye enterese ak sa k ap pase nan lavi nou ? Repons kesyon sa a, yon repons ki vrèman rekonfòtan, se wi ! Nou konnen Jewova gen sousi pou nou, paske Pawòl enspire li a di nou rezon ki fè l pèmèt lèzòm suiv yon move chemen. Rezon sa yo gen rapò ak de kesyon : souvrènte Bondye ak entegrite lèzòm. Etandone Jewova se Kreyatè toupisan an, li pa t oblije esplike nou rezon ki fè l pèmèt soufrans. Poutan, li esplike nou rezon yo paske li gen sousi pou nou.

9 Annou egzamine yon lòt prèv ki montre Bondye gen sousi pou nou. Lè mechanste te ranpli tè a nan jou Noye yo, “ sa te fè l lapenn nan kè l ”. (Jenèz 6:5, 6.) Èske Bondye santi l menm jan an jodi a ? Wi, paske li pa chanje (Malaki 3:6). Li rayi enjistis e li pa renmen wè moun ap soufri. Selon sa Labib anseye, talè konsa, li pral elimine tout soufrans dominasyon lòm ak enfliyans Dyab la lakòz. Èske se pa yon prèv ki konvenk nou Bondye gen sousi pou nou ?

10. Ki jan Jewova santi l devan soufrans lèzòm ap sibi ?

10 Chèf relijye yo mal prezante Bondye lè yo di trajedi ki frape nou nan lavi a se volonte Bondye. Okontrè, Jewova swaf pou l met fen nan soufrans lèzòm. 1 Pyè 5:7 di : “ Li gen sousi pou nou. ” Se sa Labib anseye toutbonvre !

Pou ki rezon nou la a ?

11. Ki sa relijyon nan monn nan konn di souvan konsènan lavi lèzòm sou tè a ?

11 Kounye a, annou egzamine yon dezyèm kesyon anpil moun konn poze tèt yo : Pou ki rezon nou la a ? Relijyon nan monn nan konn di souvan lèzòm sou tè a pou yon ti tan sèlman. Yo konsidere tè nou an senpleman kòm yon kote nou fè yon eskal, yon pasaj pou n al viv yon lòt kote. Gen kèk manm klèje a ki pretann ap rive yon lè Bondye ap detwi planèt sa a. Kòm rezilta fo ansèyman sa yo, anpil moun konprann se pou yo pwofite lavi a otan yo kapab, piske apre lavi sa a se lanmò sèlman k ap tann yo. Ki sa Labib anseye toutbonvre konsènan rezon ki fè nou egziste ?

12-14. Ki sa Bib la anseye konsènan objektif Bondye gen pou tè a e pou limanite ?

12 Bondye gen yon objektif estrawòdinè pou tè a e pou limanite. Li “ pa t kreye [tè a] tou senpleman pou granmesi ”, men li “ te ba l fòm pou moun abite ”. (Izayi 45:18.) Anplis de sa, Jewova “ fonde tè a sou andwa fiks li yo. Li pap brannen pou tan endefini, wi pou toutan ”. (Sòm 104:5.) Lè nou aprann bagay sa yo konsènan objektif Bondye gen pou tè a e pou limanite, sa kapab ede nou konprann pou ki rezon nou sou tè a.

13 Jenèz chapit 1 ak chapit 2 montre Jewova te prepare tè a ak anpil swen pou lèzòm te ka abite. Nan fen peryòd kreyasyon an ki gen rapò ak amenajman planèt nou an, tout bagay te “ bon nèt ”. (Jenèz 1:31.) Bondye te mete premye gason an ak premye fi a, Adan ak Èv, yon bèl kote, nan jaden Edenn, e li te ba yo bon manje ann abondans. Men sa li te di de premye moun yo : “ Fè pitit, e vin anpil, ranpli tè a, e domine sou li. ” Yo te dwe gen pitit ki pafè, yo te dwe etann fwontyè jaden kote yo te abite a sou tout tè a e yo te dwe domine avèk amou sou bèt yo. — Jenèz 1:26-28.

14 Objektif Jewova se pou toujou gen moun pafè k ap viv pou toutan sou tè a. Pawòl Bondye a di : “ Moun ki jis yo pral posede tè a, e sou li, y ap rete pou toutan. ” ​(Sòm 37:29). Wi, lèzòm te fèt pou yo viv etènèlman nan Paradi sou tè a. Se sa ki objektif Bondye, e se sa Labib anseye toutbonvre !

Ki sa k rive nou lè nou mouri ?

15. Ki sa pifò relijyon nan monn nan anseye konsènan sa k rive nou lè nou mouri ?

15 Kounye a, ann pale sou yon twazyèm kesyon k ap trakase anpil moun : Ki sa k rive nou lè nou mouri ? Pifò relijyon nan monn nan anseye gen yon bagay anndan moun ki kontinye viv apre kò a fin mouri. Gen kèk gwoup relijye ki toujou rete kole ak kwayans ki fè konnen Bondye pini mechan yo nan yon dife lanfè kote y ap soufri pou letènite. Èske se vre ? Ki sa Labib anseye toutbonvre sou lanmò ?

16, 17. Selon Labib, nan ki kondisyon moun ki mouri yo ye ?

16 Pawòl Bondye a deklare : “ Moun ki vivan yo konnen y ap mouri, men moun ki mouri yo, yo menm, yo pa konn anyen ditou, ni tou yo pa gen okenn salè ankò. ” Piske moun ki mouri yo “ pa konn anyen ditou ”, yo pa ka tande, yo pa ka wè, yo pa ka pale, yo pa ka santi anyen e yo pa ka reflechi. Yo pa gen okenn salè ankò. Kòman pou yo ta fè gen salè ? Yo pa ka fè okenn travay ! Anplis de sa, “ lanmou yo, lahèn yo ak jalouzi yo deja peri ”, piske yo pa kapab eksprime okenn santiman. — Eklezyas 9:5, 6, 10.

17 Sa Labib anseye sou sijè sa a senp e li klè : moun ki mouri yo pa al kontinye viv yon lòt kote. Pa gen anyen ki kite kò nou lè nou mouri ki al kontinye viv kòmsi li ta retounen fèt nan yon lòt kò, jan moun ki kwè nan reyenkanasyon yo deklare sa. Nou ta ka konpare lavi n ap viv la ak flanm yon balèn. Lè flanm nan etenn, li pa al okenn kote. Li tou senpleman pa la ankò.

18. Lè yon etidyan Labib fin aprann moun ki mouri pa konn anyen, ki konklizyon l ap tire ?

18 Reflechi sou sa verite sa a enplike, yon verite ki senp, men ki pisan. Depi yon etidyan Labib fin aprann moun ki mouri yo pa konn anyen, li dwe fasil pou l konprann, kèlkeswa jan zansèt li yo ki mouri te an kòlè kont li pandan yo t ap viv, yo pa ka toumante l. Li dwe fasil tou pou l konprann moun pa li yo ki mouri pa ka tande ankò, yo pa ka wè, yo pa ka pale, yo pa ka santi anyen ni yo pa ka reflechi. Kidonk, li pa posib pou y ap andire yon izòlman ensipòtab nan yon pigatwa, ni pou y ap soufri nan dife. Sepandan, Bib la anseye moun ki mouri ki nan memwa Bondye yo pral resisite. Ala yon bèl esperans ! — Jan 5:28, 29.

Yon nouvo liv pou nou itilize

19, 20. Antanke kretyen, ki responsablite nou genyen, e ki liv pou fè etid biblik yo te prepare espesyalman pou nou itilize nan ministè nou ?

19 Nou sot egzamine sèlman twa nan kesyon anpil moun konn poze tèt yo. Nan chak ka, sa Labib anseye a klè e li dirèk. Se reyèlman yon plezi pou nou pataje verite sa yo ak moun ki vle konnen sa Labib anseye ! Men, moun ki gen kè sensè yo bezwen jwenn repons anpil lòt kesyon enpòtan, e repons sa yo dwe ba yo satisfaksyon. Antanke kretyen, nou gen responsablite pou nou ede yo jwenn repons kesyon sa yo.

20 Se yon defi sa ye pou nou anseye verite ki nan Ekriti yo yon fason ki klè e ki pou touche kè moun yo. “ Esklav fidèl ki prevwayan an ” te prepare yon liv k ap ede nou leve defi sa a. Se yon liv ki fèt espesyalman pou nou itilize nan ministè nou (Matye 24:45-47). Liv sa a ki gen 224 paj rele : Ki sa Labib anseye toutbonvre ?

21, 22. Site kèk karakteristik remakab liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a genyen.

21 Liv sa a, ki te parèt nan kongrè distri Temwen Jewova yo, “ Obeyisans ki onore Bondye ”, ki te fèt an 2005/06, gen anpil karakteristik remakab. Pa egzanp, li gen yon entwodiksyon ki gen senk paj ki trè itil pou kòmanse etid biblik ak moun yo lakay yo. W ap twouve li vrèman fasil pou w pale sou foto ak vèsè ki nan entwodiksyon an. Ou kapab sèvi ak kare nan entwodiksyon an tou pou w montre etidyan yo ki jan pou yo jwenn vèsè yo nan Bib la.

22 Liv la ekri nan yon stil ki senp e ki klè. Li ekri yon fason pou fè etidyan an santi l enplike, yon fason pou touche kè l. Nan kòmansman chak chapit, gen plizyè kesyon entwodiksyon, e nan fen chak chapit, gen yon kare revizyon ki rele : “ Men sa Labib anseye. ” Kare sa yo gen repons Ekriti yo bay pou kesyon ki nan entwodiksyon yo. Bèl foto ak kòmantè ki akonpaye foto yo mete ansanm ak egzanp ki nan piblikasyon sa a ap ede etidyan an kapte ide ki nouvo pou li. Byenke chapit yo ekri yon fason ki senp, gen yon apendis k ap pèmèt ou egzamine 14 sijè enpòtan pi an pwofondè si etidyan an mande lòt enfòmasyon.

23. Ki sijesyon yo bay sou fason pou n itilize liv Sa Labib anseye a nan etid biblik yo ?

23 Liv Sa Labib anseye a fèt nan objektif pou ede nou anseye moun ki gen nivo edikasyon diferan e ki soti nan divès relijyon. Si yon etidyan pa konn anyen nan Bib la ditou, nou ka pran plis pase yon etid pou nou fè yon chapit avè l. Pa kouri ak etid yo, men fè efò pou w touche kè etidyan an. Si l pa konprann yon egzanp ki nan liv la, esplike l li oswa ba l yon lòt. Fè bon preparasyon, fè tout sa w kapab pou w sèvi ak liv la avèk efikasite, epi priye Bondye pou l ede w, dekwa pou w ka “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. — 2 Timote 2:15.

Montre w rekonesan pou privilèj san parèy ou genyen yo

24, 25. Ki privilèj san parèy Jewova bay sèvitè l yo ?

24 Jewova bay sèvitè l yo privilèj ki san parèy. Li ban nou posiblite pou nou konnen laverite sou li. Nou pa dwe janm pran privilèj sa a kòm yon bagay òdinè ! Anfèt, Jewova kache objektif li pou moun ki ògeye yo e li revele yo bay moun ki enb yo. Men sa Jezi te di anrapò ak sa : “ Mwen louwe w piblikman, Papa, Seyè syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun ki saj e ki entèlektyèl, e ou revele yo bay timoun piti. ” ​(Matye 11:25). Se yon onè eksepsyonèl pou yo konte nou pami moun ki enb yo k ap sèvi Souvren linivè a, anpalan de Jewova.

25 Bondye ban nou privilèj tou pou n anseye lòt moun kiyès li ye. Pa bliye, moun ki bay manti sou Jewova yo mal prezante l. Se sa k fè, anpil moun gen yon konsepsyon ki pa bon ditou sou Jewova, yo panse li ensousyan e li gen kè di. Èske w dispoze, wi, èske w chofe pou w ede moun yo korije move konsepsyon yo genyen sou Jewova ? Èske w ta renmen pou moun toupatou ki gen kè sensè yo konnen laverite sou Bondye ? Si se sa, fè tout sa w kapab pou w preche e pou w anseye lòt moun avèk zèl sa Ekriti yo di sou sijè enpòtan sa yo, e konsa, w ap demontre obeyisans anvè Bondye. Moun k ap chèche laverite bezwen aprann sa Labib anseye toutbonvre.

Ki jan nou ta reponn ?

• Ki jan nou fè konnen Bondye gen sousi pou nou ?

• Pou ki rezon nou sou tè a ?

• Ki sa k rive nou lè nou mouri ?

• Ki karakteristik nan liv Sa Labib anseye a ou renmen patikilyèman ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Labib anseye soufrans pral fini.

[Liy kredi]

Anwo adwat, tifi : © Bruno Morandi/age fotostock ; agoch, dam : AP photo/Gemunu Amarasinghe ; anba, refijye : © Sven Torfinn/Panos Pictures

[Foto nan paj 11]

Moun ki jis yo pral viv pou toutan nan Paradi a.