Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ede lòt moun pou yo obeyi sa Labib anseye

Ede lòt moun pou yo obeyi sa Labib anseye

Ede lòt moun pou yo obeyi sa Labib anseye

“ Kanta sa ki sou bon tè a, se moun ki kenbe pawòl la e ki pwodui fwi avèk andirans apre yo fin tande pawòl la avèk yon kè ki bèl, yon kè ki bon. ” — LIK 8:15.

1, 2. a) Nan ki objektif yo fè liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a ? b) Nan ane ki sot pase yo, ki jan Jewova te beni efò sèvitè l yo ap fè pou yo fè disip ?

“ LIV sa a se yon liv ki tou senpleman bon anpil. Etidyan m yo renmen l, mwen menm tou mwen renmen l. Liv sa a fè li posib pou w kòmanse etid biblik avèk moun yo depi nan papòt kay yo. ” Pawòl sa yo se pawòl yon Temwen Jewova ki pyonye pèmanan te di konsènan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a *. Anpalan de menm piblikasyon an, men sa yon moun aje ki gen lontan depi l ap preche te di : “ Pandan 50 an mwen genyen depi mwen aktif nan ministè a, mwen gen privilèj ede anpil moun vin konnen Jewova. Men, fòk mwen di, piblikasyon pou fè etid sa a estrawòdinè. Bèl egzanp ak bèl foto li gen ladan l yo se yon plezi. ” Èske se menm pwennvi sa yo ou genyen konsènan liv Sa Labib anseye a ? Liv pou fè etid biblik sa a fèt nan objektif pou ede w obeyi kòmandman Jezi te bay ki di : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” — Matye 28:19, 20.

2 Pa gen dout nan sa, kè Jewova kontan lè l wè anviwon 6,6 milyon Temwen li ap obeyi volontèman lòd Jezi bay pou fè disip la (Pwovèb 27:11). Li evidan, Jewova beni efò y ap fè. Pa egzanp, diran ane 2005 lan, yo te preche bon nouvèl la nan 235 peyi, e yo te kondui an mwayèn 6 061 500 etid biblik. Kòm rezilta, anpil moun ‘ te tande Pawòl Bondye a e yo te aksepte l non pa kòm pawòl lèzòm, men pou sa li ye vrèman an, kòm Pawòl Bondye ’. (1 Tesalonisyen 2:13.) Pandan dezan ki sot pase yo, plis pase yon demi milyon moun te vin disip, yo konfòme vi yo ak prensip Jewova yo, e yo te vwe tèt yo bay Bondye.

3. Ki kesyon konsènan fason pou nou itilize liv Sa Labib anseye a nou pral egzamine nan atik sa a ?

3 Èske tou dènyèman la a ou te goute jwa ki genyen nan kondui etid biblik ak lòt moun ? Toujou gen moun nan lemonnantye ki gen “ yon kè ki bèl, yon kè ki bon ”, e depi yo tande pawòl Bondye, y ap “ kenbe pawòl la e [y ap] pwodui fwi avèk andirans ”. (Lik 8:11-15.) Annou konsidere fason ou ka itilize liv Sa Labib anseye a nan travay fè disip la. N ap egzamine twa kesyon : 1) Ki jan w ka kòmanse yon etid biblik ? 2) Ki metòd ansèyman ki pi efikas ? 3) Ki jan w ka ede yon moun vin nonsèlman yon etidyan, men tou yon anseyan Pawòl Bondye fè ekri a, anpalan de Labib ?

Fason w ka kòmanse yon etid biblik

4. Ki sa k ka fè kèk moun ezite pou yo etidye Labib, e ki jan w kapab ede yo venk ezitasyon yo a ?

4 Si yo ta mande w pou w vole travèse yon gwo pas dlo yon sèl kou, ou ta ka refize. Men, si yo ta mete plizyè wòch ki pa twò lwen youn ak lòt, petèt ou ta ka plis anvi aksepte travèse l. Menm jan an tou, yon moun ki okipe ka ezite etidye Labib. Moun nan ka di tèt li etidye Labib mande twòp tan e sa ap fè l fè twòp efò. Ki jan w kapab ede l venk ezitasyon sa a ? Ou kapab eseye gen plizyè konvèsasyon ki kout men ki enstriktif avè l sou baz liv Sa Labib anseye a, e sa ka mennen nan yon etid regilye sou Pawòl Bondye a. Si w byen prepare, chak vizit ou fè ap vin tankou yon wòch ou mete pou kreye pasaj k ap ede moun nan vin zanmi Jewova.

5. Poukisa nou bezwen li liv Sa Labib anseye a ?

5 Sepandan, anvan pou w ede yon moun tire pwofi nan liv Sa Labib anseye a, ou bezwen chèche konnen tout liv la byen. Èske w li tout liv la deja ? Gen yon koup ki te mache ak liv la etan yo pral an vakans, e yo te kòmanse li l pandan y ap detann yo sou yon plaj. Etan yon dam ki gen pwodui pou vann ak touris ap pwoche bò kote yo, li remake tit Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Li di mesyedam yo sa gen kèk èdtan li te priye Bondye pou l ba l yon repons sou kesyon sa a egzakteman. Mesyedam yo te byen kontan bay dam nan yon liv. Èske w “ rachte ” tan pou w li liv sa a, menmsi se yon dezyèm fwa, etan w ap tann nan yon randevou, oubyen etan w nan poz nan travay ou oswa nan lekòl ou (Efezyen 5:15, 16) ? Si w fè sa, w ap vin abitye ak liv la e sa kapab kreye opòtinite tou pou w pale ak lòt moun de sa k anndan l.

6, 7. Ki jan w ka sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou w kòmanse etid biblik ?

6 Lè w ap prezante liv la nan ministè a, byen sèvi ak foto, ak vèsè ansanm ak kesyon ki nan paj 4, 5 ak paj 6 la. Pa egzanp, pou w kòmanse yon konvèsasyon, ou ka mande moun nan : “ Avèk tout pwoblèm limanite ap rankontre jodi a, ki kote ou panse moun ka jwenn yon gid ki fyab ? ” Apre w fin koute repons moun nan avèk atansyon, li 2 Timote 3:16, 17 avè l, epi esplike l Bib la bay yon vrè solisyon pou pwoblèm limanite yo. Apre sa, dirije atansyon moun nan sou paj 4 ak 5, epi mande l : “ Nan tout kondisyon ki prezante la yo, kiyès ki plis afekte w ? ” Lè moun nan montre youn, fè l kenbe liv la pou w li nan Bib ou vèsè ki akonpaye kondisyon an. Apre sa, li paj 6 la, epi mande moun nan : “ Nan sis kesyon ki nan fen paj la, kiyès ladan yo ou ta renmen jwenn repons li ? ” Lè moun nan chwazi youn, montre l chapit ki reponn kesyon an, kite liv la nan men l, epi pran yon randevou presi avè l pou w tounen vin vizite l pou nou pale sou kesyon an.

7 Prezantasyon sa a ap pran anviwon senk minit. Sepandan, pandan ti moman sa a, w ap gentan aprann sa k okipe lespri moun nan, w ap gentan li de vèsè avè l, w ap fè aplikasyon yo e w ap kite yon baz pou yon lòt vizit. Petèt konvèsasyon w lan, menmsi l kout, se kapab eksperyans ki pi ankourajan e ki pi rekonfòtan moun nan fè depi yon bon bout tan. Sa ka fè, menm yon moun ki gen anpil aktivite kapab byen kontan pase kèk minit avè w pou w ede l fè lòt pa k ap mennen l sou “ wout ki mennen nan lavi a ”. (Matye 7:14.) Avèk letan, etan enterè moun nan ap devlope, etid la ka vin pi long. Petèt sa kapab fèt si w pwopoze l pou nou chita pou n fè etid la, e ou ka tou di l konbyen tan anplis l ap dire.

Metòd ansèyman ki pi efikas yo

8, 9. a) Ki jan w ka prepare yon etidyan w pou l reziste devan obstak ak eprèv li kapab rankontre ? b) Pou nou bati yon fwa solid, ki kote n ap jwenn materyo ki ka reziste anba dife ?

8 Yonfwa yon moun kòmanse obeyi sa Labib anseye, li pwobab pou l rankontre obstak ki kapab anpeche l pwogrese. Men sa apot Pòl te di : “ Tout moun ki vle viv avèk atachman pou Bondye nan relasyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. ” ​(2 Timote 3:12). Pòl te konpare eprèv sa yo ak yon dife ki kapab detwi materyo konstriksyon ki pa siperyè, men ki pa ka afekte lòt materyo tankou lò, ajan ak pyè presye (1 Korentyen 3:10-13 ; 1 Pyè 1:6, 7). Pou w ede etidyan an devlope kalite l ap bezwen pou l reziste devan eprèv li ka rankontre, ou bezwen ede l lè w bati avèk materyo k ap reziste anba dife.

9 Salmis la te konpare “ pawòl Jewova ” ak “ ajan ki rafine nan yon founèz pou fonn, yon founèz ki fèt an tè, ajan ki rafine sèt fwa ”. (Sòm 12:6.) An reyalite, Bib la gen tout materyo presye ki kapab itilize pou bati yon fwa solid (Sòm 19:7-11 ; Pwovèb 2:1-6). E liv Sa Labib anseye a montre nou kòman pou nou efikas nan sèvi ak Ekriti yo.

10. Ki jan w ka dirije atansyon etidyan an sou Bib la ?

10 Pandan etid la, atire atansyon etidyan an sou vèsè yo bay nan chapit w ap egzamine avè l la. Poze etidyan an kesyon pou w ede l konprann tèks biblik kle yo e pou l aplike yo pèsonèlman. Veye pou w pa di etidyan an sa pou l fè. Okontrè, imite egzanp Jezi. Lè yon mesye ki konn Lalwa byen te poze Jezi kesyon, men kòman Jezi te reponn li : “ Ki sa ki ekri nan Lalwa ? Ki jan w li ? ” Mesye a te reponn dapre Ekriti yo, e Jezi te ede l wè fason pou l aplike prensip la nan lavi l. Grasa yon egzanp Jezi te bay mesye a, li te ede l wè tou fason ansèyman an dwe afekte l (Lik 10:25-37). Liv Sa Labib anseye a chaje ak egzanp ki senp ou kapab itilize pou w ede yon etidyan aplike prensip biblik yo nan lavi l.

11. Ki kantite paragraf nou dwe fè nan chak etid ?

11 Liv Sa Labib anseye a sèvi ak yon langaj ki senp e ki dirèk pou l esplike Pawòl Bondye a, menm jan Jezi te konn itilize mo ki senp pou l transmèt enfòmasyon ki konplike (Matye 7:28, 29). Suiv egzanp li. Bay enfòmasyon yo nan yon fason ki senp, ki klè e ki egzak. Pa kouri ak etid yo. Okontrè, nan chak etid, se sikonstans yo ak kapasite etidyan an ki dwe detèmine kantite paragraf w ap egzamine. Jezi te konnen limit disip li yo, li pa t chaje yo ak yon pakèt enfòmasyon, men li te ba yo egzakteman sa yo te bezwen nan moman an. — Jan 16:12.

12. Ki jan pou nou sèvi ak apendis la ?

12 Liv Sa Labib anseye a gen yon apendis ki gen 14 sijè ladan l. Antanke anseyan, ou ta dwe kapab detèmine pi bon fason pou w sèvi ak pati sa a, selon bezwen etidyan an. Pa egzanp, si yon etidyan twouve yon sijè difisil pou l konprann, oswa si l gen kesyon sou yon seri pwen, akoz kwayans li te genyen, li ka sifi pou w annik atire atansyon l sou pati nan apendis la ki pale sou sijè a epi ou ka kite l egzamine l li menm. Yon lòt bò, bezwen etidyan an genyen kapab fè w wè ou dwe egzamine sijè a avè l. Apendis la gen sijè biblik ki trèzenpòtan, tankou “ ‘ Nanm ’ ak ‘ espri ’ : ki sa mo sa yo vle di an reyalite ? ” ak “ Annou idantifye ‘ Gran Babilòn nan ’ ”. Ou kapab chwazi egzamine sijè sa yo ak etidyan an. Piske sijè ki nan apendis yo pa gen kesyon pou yo, w ap bezwen abitye ak enfòmasyon ki ladan yo yon fason pou w ka poze kesyon ki apwopriye.

13. Ki wòl lapriyè jwe nan fòtifye lafwa ?

13 Sòm 127:1 di : “ Si Jewova li menm pa bati kay la, se pou granmesi moun k ap bati l yo travay di ladan l. ” Kidonk, etan w ap prepare yon etid biblik ou gen pou w kondui, priye Jewova pou l ede w. Priyè ou fè nan kòmansman ak nan fen etid la dwe demontre relasyon sere ou genyen ak Jewova. Ankouraje etidyan an priye Jewova pou l ba l sajès pou l konprann Pawòl li e pou l ba l kouraj pou l aplike konsèy li jwenn ladan l (Jak 1:5). Si etidyan an fè sa, l ap jwenn fòs pou l andire eprèv e pou l kontinye vin solid nan lafwa.

Ede etidyan Labib yo vin anseyan

14. Ki pwogrè etidyan Labib yo bezwen fè ?

14 Si pou etidyan nou yo obeyi “ tout bagay ” Jezi te kòmande disip li yo, yo bezwen pwogrese sot etidyan Pawòl Bondye a pou yo vin anseyan (Matye 28:19, 20 ; Travay 1:6-8). Ki sa w ka fè pou w ede yon etidyan pwogrese espirityèlman nan sans sa a ?

15. Poukisa ou dwe ankouraje etidyan w asiste reyinyon kongregasyon an ?

15 Depi nan premye etid la, envite etidyan an pou l asiste reyinyon kongregasyon an avè w. Esplike l se nan reyinyon yo ou resevwa fòmasyon ou genyen an antanke anseyan Pawòl Bondye a. Pandan kèk semèn, pran yon ti tan nan fen etid la pou w pale l de pwogram enstriksyon espirityèl ou resevwa nan divès reyinyon yo ak nan asanble yo. Avèk antouzyas, pale l de byenfè ou jwenn nan rasanbleman sa yo (Ebre 10:24, 25). Yonfwa etidyan an kòmanse asiste reyinyon yo regilyèman, l ap pi fasil pou l vin yon anseyan Pawòl Bondye a.

16, 17. Site kèk objektif yon etidyan Labib kapab fikse pou l atenn.

16 Ede etidyan an pou l fikse objektif l ap ka atenn. Pa egzanp, ankouraje l pou l pataje sa l aprann yo avèk zanmi l oswa ak fanmi l. Sijere l tou pou l fikse objektif pou l li tout Bib la. Si w ede l bati yon bon pwogram lekti Labib regilye, e ou ede l kenbe pwogram sa a, abitid sa a ap bon pou li yon pakèt tan apre batèm li. Anplis de sa, ou kapab ankouraje etidyan an pou l gen kòm objektif pou l sonje omwen yon vèsè biblik ki reponn yon kesyon enpòtan nan chak chapit liv Sa Labib anseye a. Lè l fè sa, l ap vin tounen “ yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont, ki manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. — 2 Timote 2:15.

17 Olye pou w aprann etidyan an resite kèk vèsè oubyen pou l rezime yo, ankouraje l pito pou l esplike vèsè biblik kle yo, tankou li t ap fè pou l reponn yon moun ki mande l rezon ki fè l gen lafwa. Ou kapab fè kèk egzèsis avè l pou w ede l, pa egzanp ou kapab jwe wòl yon fanmi l oswa yon kòlèg travay li k ap mande l pou l esplike l kwayans li. Etan etidyan an ap reponn, montre l kòman pou l reponn “ ak dousè e ak gwo respè ”. — 1 Pyè 3:15.

18. Lè yon etidyan Labib kalifye pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize, ki lòt fason ankò ou ka ede l ?

18 Avèk letan, etidyan an kapab vin kalifye pou l patisipe nan ministè a. Fè etidyan an byen konprann, lè yon moun patisipe nan travay sa a, se yon privilèj li benefisye (2 Korentyen 4:1, 7). Depi ansyen yo fin detèmine si etidyan an kalifye pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize, prepare yon prezantasyon ki senp avè l, epi akonpaye l nan ministè a. Kontinye travay avè l regilyèman sou divès fasèt nan ministè a, epi montre l kòman pou l prepare pou l fè vizit ki efikas. Bon egzanp ou ba li pral gen yon efè pozitif sou li. — Lik 6:40.

Ou ka “ sove ni ou menm ni moun k ap koute w yo ”

19, 20. Ki objektif nou dwe genyen, e poukisa ?

19 Pa gen dout nan sa, sa mande anpil travay pou yon moun ede yon lòt vin gen “ yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Timote 2:4.) Sepandan, ede yon moun pou l obeyi sa Labib anseye, se youn nan bagay ki bay plis kè kontan nan lavi a (1 Tesalonisyen 2:19, 20). An reyalite, se pa ti privilèj nou genyen pou nou se “ konpayon travay Bondye ” nan travay ansèyman sa a k ap reyalize nan lemonnantye ! — 1 Korentyen 3:9.

20 Pa mwayen Jezi Kris ansanm ak zanj ki pisan, talè konsa, Jewova pral egzekite jijman l sou “ moun ki pa konnen Bondye e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl konsènan Jezi, Seyè nou an ”. (2 Tesalonisyen 1:6-8.) Lavi moun yo an danje. Èske w pa ka fikse objektif pou w kondui omwen yon etid biblik nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a ? Toutpandan w ap patisipe nan travay sa a, ou gen opòtinite pou w “ sove ni ou menm ni moun k ap koute w yo ”. (1 Timote 4:16.) Kounye a plis pase nenpòt lòt lè, li ijan pou nou ede lòt moun pou yo obeyi sa Labib anseye.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Ki sa nou sot aprann ?

• Nan ki objektif yo fè liv Sa Labib anseye a ?

• Ki jan w ka sèvi ak liv Sa Labib anseye a pou w kòmanse etid biblik ?

• Site kèk metòd ansèyman ki pi efikas.

• Ki jan w ka ede yon etidyan pou l vin yon anseyan Pawòl Bondye a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Èske w byen itilize liv sa a ?

[Foto nan paj 15]

Yon ti pale tou kout ka fè yon moun anvi gen konesans sou Bib la.

[Foto nan paj 17]

Ki sa w ka fè pou w dirije atansyon etidyan an sou Labib ?

[Foto nan paj 18]

Ede etidyan an pwogrese.