Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova se yon Dye ki gen rekonesans

Jewova se yon Dye ki gen rekonesans

Jewova se yon Dye ki gen rekonesans

“ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l. ” — EBRE 6:10.

1. Ki jan Jewova te montre apresyasyon pou Mowabit ki te rele Rit la ?

JEWOVA gen anpil apresyasyon pou efò moun k ap chèche fè volonte l avèk senserite yo fè, e li beni yo anpil (Ebre 11:6). Bowaz, yon nonm fidèl, te byen konnen bèl fasèt sa a nan pèsonalite Bondye. Se poutèt sa li te di yon Mowabit ki rele Rit, ki t ap byen pran swen bèlmè li ki te vèv, pawòl sa yo : “ Se pou Jewova rekonpanse w pou fason w aji a, e se pou w jwenn yon salè ki total nan men Jewova. ” ​(Rit 2:12). Èske Bondye te beni Rit ? Asireman ! Anfèt, yo konsève istwa li nan Bib la. Anplis de sa, li te marye avèk Bowaz e li te vin zansèt ni wa David, ni Jezi Kris (Rit 4:13, 17 ; Matye 1:5, 6, 16). Egzanp sa a se sèlman youn nan pakèt egzanp nan Bib la ki montre apresyasyon Jewova gen pou sèvitè l yo.

2, 3. a) Ki sa ki fè apresyasyon Jewova demontre se yon bagay ki remakab ? b) Poukisa Jewova kapab eksprime bonjan apresyasyon ? Bay yon egzanp.

2 Jewova t ap konsidere se yon bagay ki enjis si l pa ta demontre rekonesans. Ebre 6:10 di : “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l, dèske nou te sèvi moun ki sen yo e nou kontinye ap sèvi yo. ” Sa ki fè deklarasyon sa a remakab, sèke Bondye montre apresyasyon pou moun ki devwe nan sèvis li, malgre yo se pechè e yo pa rive atenn glwa li. — Women 3:23.

3 Akoz enpèfeksyon nou, nou ka santi aksyon nou fè ki demontre atachman nou pou Bondye ensiyifyan e yo pa merite benediksyon Bondye. Toutfwa, Jewova byen konprann mobil nou ak sitiyasyon nou, e li vrèman apresye sèvis nou ba li ak tout nanm nou (Matye 22:37). Ann pran yon egzanp : Yon manman jwenn yon kado sou tab li, yon kolye ki pa vann chè. Li te ka konsidere kado a kòm yon bagay ki san valè epi li voye l nan yon kwen. Sepandan, ti kat ki akonpaye kado a fè l wè se tipitit fi l la ki depanse tout ti kòb li te sere pou l achte l pou li. Sa vin fè manman an konsidere kado a yon lòt jan. Petèt ak dlo nan je, l ap anbrase pitit li a e l ap eksprime apresyasyon li ak tout kè li.

4, 5. Ki jan Jezi te imite Jewova nan montre rekonesans ?

4 Lefètke Jewova byen konnen mobil nou ak limit nou, sa fè li apresye lè nou ba li sa nou genyen ki pi bon an, kit li gwo kit li piti. Jezi te reflete Papa l pafètman nan sans sa a. Sonje istwa vèv malerèz la ki rapòte nan Bib la. “ Pandan [Jezi] leve tèt li, li wè moun ki rich yo k ap mete ofrann nan kès trezò a. Se konsa, li wè yon vèv malerèz ki mete ladan l de ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen, e li di : ‘ An verite mwen di nou sa, vèv sa a, kwak li pòv, li mete plis pase tout moun. Paske tout moun sa yo met ofrann ki soti nan sa yo gen anplis, men dam sa a, nan nesesite li, li mete tout sa l te gen pou l viv. ’ ” — Lik 21:1-4.

5 Wi, kòm Jezi te konnen sitiyasyon madanm nan, li te konnen li vèv epi li pòv, li te konprann vrè valè ofrann madanm nan te bay la, e li te apresye sa anpil. Nou ka di menm bagay la tou pou Jewova (Jan 14:9). Èske se pa ankourajan pou nou konnen kèlkeswa sitiyasyon nou, nou ka jwenn favè nan men Bondye nou an ki gen rekonesans e nan men Pitit li a ?

Jewova te rekonpanse yon Etyopyen ki te gen lakrentif pou li

6, 7. Poukisa Jewova te demontre rekonesans anvè Ebèd-Melèk, e ki jan l te fè sa ?

6 Anpil fwa, Ekriti yo montre Jewova demontre rekonesans anvè moun ki fè volonte l. Konsidere fason li te aji ak Ebèd-Melèk, yon Etyopyen ki t ap viv nan menm epòk ak Jeremi e ki t ap sèvi nan mezon Sidkiya, yon wa enfidèl ki t ap dirije Jida. Ebèd-Melèk te aprann prens Jida yo te akize pwofèt Jeremi kòmkwa l ap fè soulèvman, e yo te lage l nan yon sitèn pou l mouri la san manje (Jeremi 38:1-7). Kòm Ebèd-Melèk te konnen yo te rayi Jeremi anpil akoz mesaj li t ap preche a, li te riske vi l, li t al kot wa a pou li. Etyopyen an pale avèk kouraj, li di : “ O wa, seyè m nan, mesye sa yo fè sa ki mal nan tout sa yo fè Jeremi pwofèt la, yo lage nan sitèn nan, pou l ka mouri kote l ye a akoz grangou ki genyen an. ” Sou lòd wa a, Ebèd-Melèk pran 30 gason avè l pou l al pote pwofèt Bondye a sekou. — Jeremi 38:8-13.

7 Jewova te wè Ebèd-Melèk te aji ak lafwa, yon lafwa ki te ede l venk tout krent li te ka genyen. Se sa k fè Jewova te montre apresyasyon li pou aksyon li te fè a, e pa mwayen Jeremi, li te di Ebèd-Melèk : “ Men m ap fè pawòl mwen yo reyalize sou vil sa a pou malè e non pa pou sa ki bon [...]. E mwen pral delivre w nan jou sa a, [...] e ou pap livre nan men mesye ou pè yo. Paske m ap fè w chape san mank [...]. E asireman w ap vin gen nanm ou kòm biten, paske ou mete konfyans ou nan mwen. ” ​(Jeremi 39:16-18). Wi, Jewova te delivre Ebèd-Melèk ansanm ak Jeremi anba men prens Jida yo, e apre sa, li te delivre yo anba men Babilonyen yo ki te ratibwaze Jerizalèm. Sòm 97:10 di : “ [Jewova] pwoteje nanm fidèl li yo. Li delivre yo anba men mechan yo. ”

“ Papa w ki gade nan sekrè a ap remèt ou sa ”

8, 9. Jan Jezi te montre sa, ki kalite priyè Jewova apresye ?

8 Nou ka wè yon lòt prèv ki montre Jewova apresye atachman nou demontre pou li e li bay sa valè, lè nou egzamine sa Labib di konsènan lapriyè. Salomon, yon nonm ki te gen sajès, te di : “ Priyè moun ki jis yo se yon plezi pou [Bondye]. ” ​(Pwovèb 15:8). Nan epòk Jezi, te gen anpil chèf relijye ki te konn priye an piblik, se pa paske yo te gen atachman pou Bondye vre, men se paske yo te vle enpresyone moun. Jezi te di : “ Yo deja jwenn rekonpans yo anplen. ” Ansuit, li te bay disip li yo egzòtasyon sa a : “ Ou menm, lè w ap priye, antre nan chanm ou epi, apre w fin fèmen pòt ou, priye Papa w ki la nan sekrè a, e Papa w ki gade nan sekrè a ap remèt ou sa. ” — Matye 6:5, 6.

9 Natirèlman, Jezi pa t kondane priyè ki fèt an piblik, paske li menm tou li te konn priye an piblik nan kèk okazyon (Lik 9:16). Jewova apresye anpil lè nou priye l ak yon kè sensè, san nou pa gen entansyon enpresyone lòt moun. Anfèt, priyè nou fè an prive endike aklè pwofondè lanmou nou pou Bondye ak konfyans nou gen nan li. Kidonk, se pa etonan si Jezi te konn abitye chèche kote ki apa pou li priye. Gen yon lè li te fè sa “ byen bonè nan maten, alòske li te fè nwa toujou ”. E yon lòt fwa, “ li monte poukont li nan mòn nan pou l priye ”. E anvan Jezi te chwazi 12 apot li yo, li te pase tout yon nuit poukont li ap priye. — Mak 1:35 ; Matye 14:23 ; Lik 6:12, 13.

10. Lè priyè nou demontre senserite ak santiman ki pwofon, ki asirans nou mèt genyen ?

10 Imajine jan Jewova te atantif pou l koute pawòl Pitit li a ki t ap pale avè l ak tout kè l ! E pafwa Jezi te menm konn priye “ avèk gwo rèl, ak dlo nan je [...]. E Bondye te tande l avèk favè pou krent li te gen pou li ”. (Ebre 5:7 ; Lik 22:41-44.) Lè priyè nou demontre senserite ak santiman ki pwofon, nou mèt gen asirans Papa nou ki nan syèl la koute nou avèk atansyon, e li apresye sa. Vrèmanvre, “ Jewova pre tout moun [...] ki envoke l avèk fidelite ”. — Sòm 145:18.

11. Ki jan Jewova santi l anrapò ak sa n ap fè lè nou poukont nou ?

11 Si Jewova apresye lè nou priye l an sekrè, nou pa bezwen mande jan li apresye lè nou obeyi l an sekrè ! Wi, Jewova konnen sa n ap fè lè nou poukont nou (1 Pyè 3:12). An reyalite, si nou montre nou fidèl e nou obeyisan lè nou poukont nou, se yon bon siy k ap montre nou gen “ yon kè ki konplè ” anvè Jewova, yon kè ki gen bon mobil e ki fèm pou sa ki byen (1 Kwonik 28:9). Se pa ti rejwi konduit konsa rejwi kè Jewova ! — Pwovèb 27:11 ; 1 Jan 3:22.

12, 13. Ki jan nou ka pwoteje lespri nou ak kè nou pou nou vin tankou Natanayèl ki te yon disip fidèl ?

12 Pakonsekan, kretyen ki fidèl yo evite peche an sekrè, tankou gade pònografi ak vyolans, sa ki ka kòwonp lespri yo ak kè yo. Byenke gen kèk peche ki ka ret kache nan je lèzòm, nou konnen “ tout bagay toutouni e tout bagay ekspoze aklè devan je sila nou gen kont pou nou rann nan ”. (Ebre 4:13 ; Lik 8:17.) Lè nou lite pou nou evite bagay ki pa fè Jewova plezi, konsyans nou rete pwòp e nou kontan lefètke nou konnen nou gen apwobasyon Bondye. Wi, pa gen dout, Jewova vrèman apresye moun “ ki mache san defo, ki pratike lajistis e ki pale laverite nan kè l ”. — Sòm 15:1, 2.

13 Sepandan, ki jan nou ka pwoteje lespri nou ak kè nou nan yon monn ki chaje ak mechanste (Pwovèb 4:23 ; Efezyen 2:2) ? Nonsèlman nou bezwen tire anpil pwofi nan tout dispozisyon espirityèl ki genyen yo, men tou nou dwe fè anpil efò pou nou rejte sa ki mal e pou nou fè sa ki byen, toutpandan n ap aji rapidman pou dezi ki pa kòrèk yo pa vin pran fòs pou yo anfante peche (Jak 1:14, 15). Reflechi sou jan w t ap kontan si Jezi ta di de ou pawòl li te di konsènan Natanayèl la : “ Gade ! Men yon [nonm] ki pa gen twou nan manch. ” ​(Jan 1:47). Natanayèl, ki te rele Batèlmi tou, te vin gen privilèj apre sa pou l vin youn nan 12 apot Jezi yo. — Mak 3:16-19.

“ Yon gran prèt ki gen mizèrikòd e ki fidèl ”

14. Kontrèman ak lòt moun yo, ki jan Jezi te reyaji devan jès Mari a ?

14 Etandone Jezi se “ pòtre Bondye envizib la ”, li toujou imite Papa li pafètman nan montre apresyasyon anvè moun k ap sèvi Bondye ak yon kè pwòp (Kolosyen 1:15). Pa egzanp, senk jou anvan Jezi te bay vi li, li menm ansanm ak kèk nan disip li yo te jwenn envitasyon lakay Simon nan Betani. Jou swa sa a, Mari, ki se sè Laza ak Mat, te “ pran yon liv luil santi bon, yon bonjan na ki chè anpil ” ​(ki te vo prèske kòb yon ane travay), e li vide l sou tèt Jezi e sou pye l (Jan 12:3). Gen moun ki te di : “ Poukisa gaspiyaj sa a ? ” Sepandan, Jezi te wè jès Mari a yon lòt jan. Li te konsidere l tankou yon jès ki montre anpil jenewozite e ki gen yon sans pwofon anrapò ak lanmò li ki te toupre e ak antèman li. Se pou sa, olye li te kritike Mari, li te onore l. Li te di : “ Kèlkeswa kote yo preche bon nouvèl sa a nan lemonnantye, y ap pale de sa fi sa a te fè a tou an souvni de li menm. ” — Matye 26:6-13.

15, 16. Ki pwofi nou ka tire lefètke Jezi te viv e li te sèvi Bondye antanke yon imen ?

15 Se pa ti privilejye nou privilejye pou nou gen Jezi kòm Chèf nou, li menm ki gen anpil rekonesans ! Anfèt, lavi Jezi antanke imen te prepare l pou travay Jewova te rezève pou li a : sèvi antanke Gran Prèt e antanke Wa, toudabò pou kongregasyon kretyen wen yo fòme a, e ansuit pou lemonnantye. — Kolosyen 1:13 ; Ebre 7:26 ; Revelasyon 11:15.

16 Anvan Jezi te vin sou tè a, li te deja gen yon enterè pwofon ak yon afeksyon espesyal pou limanite (Pwovèb 8:31). Lefètke li te vin viv antanke imen, sa te vin fè l pi byen konprann eprèv nou jwenn nan sèvis n ap bay Bondye. “ [Jezi] te oblije vin tankou ‘ frè ’ l yo nan tout domèn, pou l ka vin yon gran prèt ki gen mizèrikòd e ki fidèl [...]. Piske li menm li te soufri lè l te anba eprèv, li anmezi pou l pote moun ki anba eprèv yo sekou. ” Jezi kapab “ konprann feblès nou ”, paske li ‘ te sibi eprèv nan tout domèn tankou nou menm, men san l pa t peche ’. — Ebre 2:17, 18 ; 4:15, 16.

17, 18. a) Ki sa lèt Jezi te ekri sèt kongregasyon ann Azi Minè yo revele sou konpreyansyon pwofon li genyen ? b) Nan ki objektif kretyen wen sa yo t ap resevwa fòmasyon ?

17 Konpreyansyon sa a ki te vin pi pwofon Jezi te genyen konsènan eprèv disip li yo t ap sibi te vin parèt klè apre rezirèksyon l. Konsidere lèt li te fè apot Jan ekri pou sèt kongregasyon ann Azi Minè. Men sa Jezi te di kongregasyon Smin : “ Mwen konnen tribilasyon w ak povrete w. ” Anfèt, se kòmsi Jezi te di : ‘ Mwen byen konprann pwoblèm ou. Mwen vrèman konnen sa w ap pase. ’ Se poutèt sa, avèk konpasyon ak otorite Jezi te vin genyen lefètke li te soufri jiskaske l mouri, li te ajoute : “ Se pou w montre w fidèl jiska lamò, e m ap ba ou kouwòn lavi a. ” — Revelasyon 2:8-10.

18 Lèt Jezi te ekri sèt kongregasyon yo chaje ak pawòl ki montre li byen konnen eprèv disip li yo ap rankontre e ki montre bonjan apresyasyon li genyen pou entegrite yo demontre nan lavi yo (Revelasyon 2:1–3:22). Pa bliye, moun Jezi t ap pale avèk yo a se te kretyen wen ki gen esperans pou y al dirije avè l nan syèl la. Menm jan ak Seyè yo a, yo t ap resevwa fòmasyon pou wòl elve yo pral jwe nan ede aplike byenfè ranson Kris la avèk anpil konpasyon an favè limanite ki malad. — Revelasyon 5:9, 10 ; 22:1-5.

19, 20. Ki fason moun ki fè pati “ gwo foul ” la montre rekonesans pou Jewova e pou Pitit li a ?

19 Natirèlman, Jezi pa demontre lanmou pou disip wen li yo sèlman. Li demontre lanmou tou anvè “ lòt mouton ” li yo ki fidèl, e plizyè milyon nan yo jodi a fòme “ yon gwo foul [...] ki soti nan tout nasyon ” k ap soti vivan nan “ gwo tribilasyon ” ki gen pou vini an (Jan 10:16 ; Revelasyon 7:9, 14). Moun sa yo rasanble bò kot Jezi, paske yo rekonesan pou sakrifis ranson li a e pou esperans lavi etènèl la. Ki jan yo demontre rekonesans yo ? Yo fè sa lè yo ‘ bay Bondye yon sèvis sakre lajounen kou lannuit ’. — Revelasyon 7:15-17.

20 Rapò mondyal pou ane sèvis 2006 la, ki nan paj 27 a 30 lan, ban nou prèv klè sèvitè fidèl sa yo vrèman ap bay Jewova “ yon sèvis sakre lajounen kou lannuit ”. Anfèt, diran ane sa a sèlman, yo menm ansanm ak ti gwoup kretyen wen ki rete a konsakre yon total 1 333 966 199 èdtan nan ministè a, ki koresponn ak plis pase 150 000 ane !

Kontinye montre rekonesans !

21, 22. a) Jodi a, poukisa kretyen yo dwe veye anpil pou yo demontre rekonesans ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

21 Nan relasyon Jewova ak Pitit li a gen avèk lèzòm enpafè, yo montre yon apresyasyon ki tèlman pwofon, sa depase imajinasyon. Malerezman, majorite moun pa bay Bondye regle anyen pou yo, yo pito konsantre yo sou zafè pa yo. Men sa apot Pòl ekri pou l dekri moun k ap viv nan “ dènye jou yo ” : “ Moun pral fè rayisab, y’ap renmen lajan [...] y’ap engra. ” ​(2 Timote 3:1-5, Bib la). Se pa ti diferan moun sa yo diferan ak vrè kretyen yo ki yo menm demontre rekonesans pou tout sa Bondye fè pou yo ! Yo fè sa lè yo priye Bondye sensèman, lè yo obeyi l volontèman e lè yo sèvi l ak tout nanm yo. — Sòm 62:8 ; Mak 12:30 ; 1 Jan 5:3.

22 Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kèk nan pakèt dispozisyon espirityèl Jewova pran an favè nou avèk amou. Toutpandan n ap reflechi sou “ bèl kado ” sa yo, se pou rekonesans nou vin pi pwofon de jou an jou. — Jak 1:17.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan Jewova montre li se yon Dye ki gen rekonesans ?

• Lè nou poukont nou, ki jan nou ka fè kè Jewova kontan ?

• Ki fason Jezi te demontre apresyasyon ?

• Lefètke Jezi te viv antanke imen, ki jan sa te ede l vin yon dirijan ki gen konpasyon e ki konn apresye ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Menm jan yon manman renmen ti jès pitit li fè, Jewova apresye lè nou ba li sa nou genyen ki pi bon an.