Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pa janm sispann ogmante rekonesans ou

Pa janm sispann ogmante rekonesans ou

Pa janm sispann ogmante rekonesans ou

“ Se pa ti presye panse w yo presye [...] ! O Bondye, ala anpil gwo kantite yo ye a anpil ! ” — SÒM 139:17.

1, 2. Poukisa nou dwe gen rekonesans pou Pawòl Bondye a, e ki jan salmis la te eksprime rekonesans li ?

SE TE yon dekouvèt remakab. Pandan yo t ap fè reparasyon nan tanp Jewova a nan Jerizalèm, gran prèt Ilkya te jwenn “ liv lalwa Jewova a Moyiz te ekri ak men l lan ”, siman se te kopi orijinal la ki te fin ekri anviwon 800 an anvan sa. Èske w ka imajine ki jan Yochiya, yon wa ki te gen lakrentif pou Bondye, dwe te santi l lè yo te mete liv la devan l ? Efektivman, li te ba l anpil valè, e imedyatman li te mande Chafàn, sekretè a, pou l li l awotvwa. — 2 Kwonik 34:14-18.

2 Jodi a, plizyè milya moun gen posiblite li Pawòl Bondye a ann antye oswa an pati. Men, èske sa fè Ekriti yo gen mwens valè, mwens enpòtans ? Ditou ! Anfèt, se panse Toupisan an ki ekri ladan yo pou pwofi nou (2 Timote 3:16). Pou salmis David te eksprime santiman l pou Pawòl Bondye a, men sa li te ekri : “ Se pa ti presye panse w yo presye pou mwen ! O Bondye, ala anpil gwo kantite yo ye a anpil ! ” — Sòm 139:17.

3. Ki sa ki montre David se te yon moun ki te espirityèl anpil ?

3 Rekonesans David te gen pou Jewova, pou Pawòl li a e pou dispozisyon li te pran anrapò ak vrè adorasyon an pa t janm diminye. Pakèt bèl sòm David te ekri yo montre ki santiman li te genyen. Pa egzanp, men sa li te ekri nan Sòm 27:4 : “ Yon bagay mwen mande Jewova — se sa mwen pral chèche : Se pou m abite nan mezon Jewova a tout jou nan lavi m, pou m kontanple cham Jewova e pou m gade tanp li an avèk apresyasyon. ” Nan Ebre orijinal la, ekspresyon ‘ gade avèk apresyasyon ’ an vle di rete ap kontanple, egzamine, gade avèk plezi, avèk jwa e avèk admirasyon. Li klè, David se te yon moun ki te espirityèl anpil, yon moun ki te vrèman apresye dispozisyon espirityèl Jewova te pran e ki te pran san l pou l degiste chak ti moso verite espirityèl Bondye revele. Egzanp li kite nan kesyon demontre rekonesans lan se yon egzanp ki merite pou nou imite. — Sòm 19:7-11.

Montre w rekonesan poutèt ou gen privilèj konnen verite ki nan Bib la

4. Ki sa k fè Jezi te vin “ gen yon sèl lakontantman nan lespri sen ” ?

4 Klèvwayans nan Pawòl Bondye a pa chita sou kapasite entèlektyèl yon moun oswa sou edikasyon monn nan bay ki gen tandans fè moun gen ògèy. Okontrè, li chita sou bonte Jewova, bonte moun pa merite a li temwaye anvè moun ki enb yo, moun ki gen kè sensè ki konsyan yo pòv espirityèlman (Matye 5:3 ; 1 Jan 5:20). Lè Jezi t ap reflechi sou lefètke kèk moun enpafè gen non yo enskri nan syèl la, “ li [te] vin gen yon sèl lakontantman nan lespri sen, epi li [te] di : ‘ M ap ba w glwa devan tout moun, Papa, ou menm ki Seyè syèl la ak tè a, poutèt ou byen kache bagay sa yo pou moun ki saj yo ak moun ki entèlektyèl yo, e ou revele yo bay timoun piti yo ’ ”. — Lik 10:17-21.

5. Poukisa disip Jezi yo pa t dwe pran alalejè verite sou Wayòm nan yo te revele yo a ?

5 Apre Jezi te fin priye ak tout kè l, li vire kot disip li yo, li di : “ Byennere je ki gade bagay n ap gade yo. Paske mwen di nou : Anpil pwofèt ak wa te vle wè bagay n ap gade yo, men yo pa t wè yo, e yo te vle tande bagay n ap tande yo, men yo pa t tande yo. ” Wi, Jezi te ankouraje disip fidèl li yo pou yo pa pran verite sou Wayòm nan alalejè, verite presye yo t ap revele yo a. Yo pa t revele verite sa yo bay jenerasyon sèvitè Bondye ki te la anvan yo, e yo pa t devwale yo ditou bay ‘ saj ak entèlektyèl ’ nan epòk Jezi a. — Lik 10:23, 24.

6, 7. a) Ki rezon nou genyen pou nou gen rekonesans pou verite ki nan Pawòl Bondye a ? b) Ki diferans ou remake jodi a ant vrè relijyon an ak fo a ?

6 Nan epòk pa nou an, nou gen plis rezon toujou pou nou gen rekonesans pou verite ki nan Pawòl Bondye a. Paske, pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ”, Jewova bay pèp li a plis klèvwayans nan Pawòl li a (Matye 24:45 ; Dànyèl 12:10). Konsènan tan lafen an, pwofèt Dànyèl te ekri : “ Anpil moun gen pou yo ale adwat agoch, e vrè konesans lan gen pou l vin anpil. ” ​(Dànyèl 12:4). Èske w dakò konesans Bondye a “ vin anpil ” jodi a, e sèvitè Jewova yo byen nouri espirityèlman ?

7 Se pa ti diferans nou remake ant pwosperite espirityèl pèp Bondye a ak konfizyon relijye ki gen nan Gran Babilòn nan ! Sa pouse anpil moun ki te desi oswa ki te gen degoutans akoz fo relijyon vin nan vrè adorasyon an. Yo se moun ki sanble ak mouton, yo “ pa vle patisipe avèk [Gran Babilòn nan] nan peche l yo ” e yo pa vle “ resevwa yon pati nan flewo l yo ”. Jewova ansanm ak sèvitè l yo envite tout moun sa yo vin nan vrè kongregasyon kretyen an. — Revelasyon 18:2-4 ; 22:17.

Moun ki gen rekonesans ap vin jwenn Bondye an foul

8, 9. Ki jan pawòl ki nan Agayi 2:7 la ap akonpli jodi a ?

8 Men sa Jewova te predi konsènan tanp espirityèl li a : “ Mwen gen pou m souke nasyon yo, e bagay apresyab ki nan tout nasyon ap oblije antre. E, toutbonvre, m ap ranpli kay sa a ak laglwa. ” ​(Agayi 2:7). Pwofesi estrawòdinè sa a te gen yon akonplisman nan epòk Agayi a, lè yon rès moun pami pèp Bondye a ki te retabli te rekonstwi tanp lan nan Jerizalèm. Jodi a, pawòl Agayi yo gen yon lòt akonplisman anrapò ak gran tanp espirityèl Jewova a.

9 Gen plizyè milyon moun ki deja rasanble nan tanp senbolik la pou yo adore Bondye “ avèk lespri ak laverite ”, e chak ane gen plizyè santèn milye “ bagay apresyab ki nan tout nasyon ” ki kontinye ap vini (Jan 4:23, 24). Pa egzanp, rapò mondyal pou ane sèvis 2006 la montre gen 248 327 moun ki te batize, e batèm yo a se senbòl ki montre yo vwe vi yo bay Jewova. Sa reprezante yon mwayèn 680 nouvo ki vini chak jou ! Lanmou yo genyen pou laverite ak dezi yo genyen pou yo sèvi Jewova antanke pwoklamatè Wayòm nan se prèv ki montre Bondye vrèman atire yo. — Jan 6:44, 65.

10, 11. Rakonte yon eksperyans ki montre ki jan moun vin renmen verite ki nan Bib la anpil.

10 Sa k te atire anpil nan moun ki gen kè sensè sa yo vin nan laverite, se lefètke yo te disène “ diferans ki genyen ant yon jis ak yon mechan, ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pa sèvi l ”. (Malaki 3:18.) Annou pale de eksperyans Wayne ak Virginia, yon koup marye ki te manm yon legliz potestan, men ki te gen anpil kesyon yo pa t jwenn repons pou yo. Yo te rayi lagè, e yo te bwouye, yo te boulvèse lè yo te wè klèje a ki t ap beni sòlda e ki t ap beni zam. Tank koup la t ap vyeyi, yo te santi yo bliye yo nan legliz la, malgre Virginia te pase anpil ane ap anseye nan Lekòl di dimanch. Yo di : “ Pa gen pèsonn moun ki te konn vin wè nou oswa ki te montre yo enterese nan byennèt espirityèl nou. Tout sa legliz la te bezwen nan men nou, se te lajan nou. Nou te santi nou desi. ” Yo te vin pi desi toujou lè legliz yo te ladan l lan te vin adopte yon atitid liberal sou omoseksyalite.

11 Antretan, pitit pitit fi Wayne ak Virginia te vin Temwen Jewova, e apre sa pitit fi yo a te vin Temwen Jewova tou. Byenke okòmansman Wayne ak Virginia pa t kontan poutèt sa, annapre yo te vin chanje konsepsyon e yo te vin aksepte yon etid biblik. Wayne di : “ Nan twa mwa sèlman, nou te aprann plis bagay sou Bib la pase tout sa nou te aprann nan 70 an ki pase yo. Nou pa t janm konnen non Bondye se Jewova, e nou pa t konnen anyen sou Wayòm nan, ni sou tè a ki pral tounen yon paradi. ” Sa pa t pran anpil tan pou koup sensè sa a te kòmanse asiste reyinyon kretyen yo e pou yo te patisipe nan ministè a. Virginia di : “ Nou ta renmen esplike tout moun laverite. ” Yo toule de te batize an 2005, yo te gen plis pase 80 an. Yo di : “ Nou jwenn yon vrè fanmi kretyen. ”

Montre w rekonesan poutèt ou ‘ ekipe pou tout zèv ki bon ’

12. Ki sa Jewova toujou fè pou sèvitè l yo, e ki sa nou dwe fè pou nou jwenn bon rezilta ?

12 Jewova toujou ede sèvitè l yo pou yo fè volonte l. Pa egzanp, Noye te resevwa enstriksyon klè e presi sou fason pou l konstwi lach la, e yonfwa travay la fini li te dwe tou kòrèk ! E se sa ki te fèt vre. Poukisa ? Paske Noye te “ fè selon tout sa Bondye te òdone l fè. Konsa l te fè egzakteman ”. (Jenèz 6:14-22.) Jodi a tou, Jewova byen ekipe sèvitè l yo pou yo fè volonte l. Natirèlman, travay prensipal nou se preche bon nouvèl Wayòm Bondye etabli a epi ede moun ki diy yo pou yo vin disip Jezi Kris. E menm jan ak Noye, pou nou jwenn bon rezilta nou bezwen demontre obeyisans. Avèk obeyisans, nou dwe suiv direksyon Jewova ban nou pa mwayen Pawòl li a ak òganizasyon l lan. — Matye 24:14 ; 28:19, 20.

13. Pa ki mwayen Jewova ban nou fòmasyon ?

13 Nan objektif pou nou akonpli travay sa a, prensipal zouti nou se Pawòl Bondye a. Nou dwe aprann ‘ manyen l kòrèkteman ’, paske li “ itil pou anseye, pou reprimande, pou mete bagay yo annòd, pou disipline nan ladwati, pou moun pa Bondye a kalifye nèt, pou l ekipe totalman pou tout zèv ki bon ”. (2 Timote 2:15 ; 3:16, 17.) Menm jan ak nan premye syèk la, Jewova ban nou fòmasyon ki gen anpil valè pa mwayen kongregasyon kretyen an. Jodi a, nan 99 770 kongregasyon ki gen toupatou nan lemonn, yo fè Lekòl ministè teyokratik ak reyinyon sèvis chak semèn pou ede nou nan ministè a. Èske w asiste reyinyon enpòtan sa yo regilyèman e èske w aplike bagay ou aprann ladan yo yon fason pou w montre w rekonesan ? — Ebre 10:24, 25.

14. Ki jan sèvitè Jewova yo demontre rekonesans pou privilèj yo genyen pou yo sèvi Bondye ? (Fè kòmantè sou tablo ki nan paj 27-30 lan.)

14 Lefètke plizyè milyon sèvitè Bondye atravè lemonn ap patisipe avèk zèl nan ministè a, se yon fason yo demontre rekonesans pou fòmasyon yo resevwa a. Pa egzanp, diran ane sèvis 2006 la, 6 741 444 pwoklamatè Wayòm nan te pase yon total 1 333 966 199 èdtan nan tout fasèt nan travay la, sa gen ladan l 6 286 618 etid biblik yo kondui ak moun yo lakay yo. Sa se kèk nan chif ankourajan yo bay nan rapò mondyal la. Nou envite w egzamine rapò sa a avèk atansyon e pou w jwenn ankourajman ladan l, menm jan frè nou yo nan premye syèk la dwe te jwenn anpil ankourajman nan rapò yo te konn bay sou pwogrè travay predikasyon an nan epòk pa yo a. — Travay 1:15 ; 2:5-11, 41, 47 ; 4:4 ; 6:7.

15. Poukisa pèsonn pa dwe santi l dekouraje nan sèvis l ap bay Jewova ak tout nanm li ?

15 Bèl chan louwanj ki monte al jwenn Bondye chak ane reflete rekonesans pwofon sèvitè Jewova yo genyen poutèt yo gen privilèj pou yo konnen Jewova e pou yo rann temwayaj sou li (Izayi 43:10). Vrèman, sakrifis louwanj frè ak sè nou yo ki aje oswa ki malad oubyen ki enfim ap ofri konparab ak ti monnen vèv malerèz la te bay la. Men, se pou nou sonje Jewova ak Pitit li a vrèman apresye tout moun k ap sèvi Bondye ak tout nanm yo, pandan y ap fè tout sa yo kapab. — Lik 21:1-4 ; Galat 6:4.

16. Ki zouti ansèyman Bondye ban nou nan deseni ki sot pase yo ?

16 Apa fòmasyon nou jwenn pou ministè a, Jewova ekipe nou ak bon kalite zouti ansèyman pa mwayen òganizasyon l lan. Nan deseni ki sot pase yo, nou te jwenn liv La vérité qui conduit à la vie éternelle, Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis, Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la, e aktyèlman nou gen liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a. Moun ki vrèman apresye dispozisyon sa yo byen sèvi ak zouti sa yo nan ministè a.

Byen sèvi ak liv Sa Labib anseye a

17, 18. a) Sou ki pati nan liv Sa Labib anseye a ou renmen atire atansyon moun yo nan ministè a ? b) Ki sa yon siveyan itineran te remake anrapò ak liv Sa Labib anseye a ?

17 Liv Ki sa Labib anseye toutbonvre ? a, ki gen ladan l 19 chapit ki ekri yon fason ki klè e ki senp, e ki gen yon apendis detaye, se yon benediksyon nan ministè a. Pa egzanp, chapit 12 la pale sou sijè sa a : “ Annou viv yon fason ki fè Bondye plezi. ” Sijè sa a esplike etidyan an fason li ka vin zanmi Bondye, yon bagay anpil moun pa t menm panse ki posib (Jak 2:23). Ki jan moun yo resevwa liv sa a ki fèt pou kondui etid biblik ?

18 Yon siveyan sikonskripsyon ann Ostrali fè konnen liv Sa Labib anseye a “ atire moun yo tousuit pou fè yo antre nan yon konvèsasyon rapidman ”. Epi li di liv sa a tèlman fasil pou itilize, “ li fè anpil pwoklamatè Wayòm nan vin rejwenn asirans ak jwa nan ministè a. Se pa etonan si kèk moun rele l ti boul lò ! ”

19-21. Rakonte kèk eksperyans ki mete aksan sou valè liv Sa Labib anseye a.

19 Gen yon dam nan peyi Giyana ki te di yon pyonye ki te vin lakay li : “ Se Bondye kanmenm ki voye w. ” Mesye ki t ap viv ak dam sa a te fèk kite l ak de timoun piti. Pyonye a ouvri liv Sa Labib anseye a nan chapit 1 e li li paragraf 11 lan nan soutit ki di : “ Ki jan Bondye santi l devan enjistis n ap sibi ? ” Pyonye a di : “ Pwen yo te touche l anpil. Anfèt li te oblije leve al fè yon bon kriye jis dèyè nan boutik li a. ” Madanm sa a te aksepte etidye Labib ak yon sè nan zòn nan regilyèman e li kontinye ap fè pwogrè.

20 José, k ap viv ann Espay, te pèdi madanm li nan yon aksidan machin. Li te chèche konsolasyon nan dwòg, e li te jwenn èd sikològ tou. Sepandan, sikològ yo pa t ka reponn kesyon ki te boulvèse José plis la : “ Poukisa Bondye kite madanm mwen mouri ? ” Yon jou, José te rankontre Francesc, ki t ap travay nan menm konpayi avè l. Francesc te pwopoze l pou yo pale sou chapit 11 liv Sa Labib anseye a ki gen tit : “ Poukisa Bondye pèmèt soufrans ? ” Esplikasyon ki baze sou sa Bib la di, ansanm ak egzanp pwofesè a ak elèv la, te touche José anpil. Li vin kòmanse etidye seryezman, li te asiste yon asanble sikonskripsyon, e kounye a li asiste reyinyon nan Sal Wayòm ki nan zòn lakay li.

21 Roman, ki gen 40 an e ki se yon òm dafè nan peyi Polòy, te toujou gen respè pou Pawòl Bondye a. Men, akoz li okipe anpil nan travay li, li pa t fè anpil pwogrè nan etid li t ap fè nan Bib la. Malgre tou, li te asiste yon kongrè distri e li te resevwa yon liv Sa Labib anseye. Annapre, pwogrè l yo te vin parèt aklè. Li di : “ Ak liv sa a, tout ansèyman de baz Bib la sanble lye youn ak lòt pou fòme yon imaj konplè. ” Aktyèlman, Roman ap etidye Labib regilyèman e l ap fè bèl pwogrè.

Kontinye ogmante rekonesans ou

22, 23. Ki jan nou ka kontinye montre rekonesans pou esperans ki devan nou an ?

22 Jan yo te esplike sa nan kongrè distri “ Delivrans lan toupre ! ” a, vrè kretyen yo ap tann avèk enpasyans “ delivrans etènèl ” Bondye pwomèt la k ap vin posib grasa san Jezi Kris ki te vèse a. Pa gen pi bon fason pou nou montre rekonesans sensè nou genyen pou esperans presye sa a pase lè nou kontinye pirifye nou pou nou “ retire zèv ki mouri yo, yon fason pou nou ka bay Bondye vivan an yon sèvis ki sakre ”. — Ebre 9:12, 14.

23 Wi, se vrèman yon mirak pou gen plis pase sis milyon pwoklamatè Wayòm nan k ap pèsevere fidèlman nan sèvis Bondye, malgre presyon ki genyen pou yon moun aji avèk egoyis atenn yon nivo li pa t janm atenn anvan sa ! Se yon prèv tou ki montre sèvitè Jewova yo vrèman apresye privilèj yo genyen pou yo sèvi l, etandone, ‘ anrapò ak Seyè a, yo konnen yo pap travay anven ’. Nou swete pou rekonesans sa a pa janm sispann ogmante ! — 1 Korentyen 15:58 ; Sòm 110:3.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa salmis la anseye nou sou rekonesans anvè Bondye e anvè dispozisyon espirityèl li pran yo ?

• Ki jan pawòl ki nan Agayi 2:7 la ap akonpli jodi a ?

• Ki jan Jewova ekipe sèvitè l yo pou yo sèvi l avèk efikasite ?

• Ki sa w ka fè pou w montre ou gen rekonesans pou bonte Jewova ?

[Kesyon]

[Tablo nan paj 27-30]

RAPÒ MONDYAL SOU AKTIVITE TEMWEN JEWOVA YO—ANE SÈVIS 2006

(Gade peryodik la)

[Foto nan paj 25]

Jewova byen ekipe nou pou nou fè volonte l.