Annou egzalte non Jewova ansanm
Annou egzalte non Jewova ansanm
“ O, annou glorifye Jewova avèk mwen, annou egzalte non l ansanm. ” — SÒM 34:3.
1. Ki bèl egzanp Jezi te bay diran ministè li sou tè a ?
NAN lannuit 14 Nizan ane 33 epòk nou an, Jezi te chante louwanj pou Jewova ansanm ak apot li yo nan chanmòt yon kay nan Jerizalèm (Matye 26:30). Se te dènye fwa Jezi te fè sa ak apot li yo lè li te sou tè a. Sepandan, li te apwopriye pou l te fini reyinyon li t ap fè avèk yo a nan fason sa a. Depi nan kòmansman ministè Jezi sou tè a e jiska lafen, li te louwe Papa l e li te fè konnen non Li avèk zèl (Matye 4:10 ; 6:9 ; 22:37, 38 ; Jan 12:28 ; 17:6). Anfèt, li te klewonnen envitasyon sa a yon salmis te fè : “ Annou glorifye Jewova avèk mwen, annou egzalte non l ansanm. ” (Sòm 34:3). Ala yon bèl egzanp pou nou suiv !
2, 3. a) Ki jan nou fè konnen Sòm 34 la gen yon siyifikasyon pwofetik ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a ?
2 Kèk èdtan apre apot Jan te fin chante louwanj ansanm ak Jezi, li te temwen yon lòt evènman ki te totalman diferan. Li te wè yo mete Mèt li a sou yon poto soufrans pou l mouri ansanm ak de kriminèl. Sòlda women te kase pye de kriminèl yo pou fè yo mouri pi vit. Sepandan, selon sa Jan rapòte, yo pa t kase pye Jezi. Lè sòlda yo te rive sou Jezi, li te deja mouri. Nan Evanjil Jan ekri a, li fè konprann sa k te pase a se te akonplisman yon lòt pati nan Sòm 34 la ki di : “ Pa youn nan zo li pap kraze. ” — Jan 19:32-36 ; Sòm 34:20, Septant.
3 Sòm 34 la gen anpil lòt pwen ki enteresan pou kretyen yo. Se sa k fè, nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral wè nan ki sikonstans David te ekri sòm sa a, e apre sa n ap egzamine enfòmasyon ankourajan ki gen ladan l.
David te kouri pou Sayil
4. a) Poukisa yo te wenn David kòm pwochen wa Izrayèl ? b) Poukisa Sayil te “ vin renmen ” David anpil ?
4 Lè David te piti, se Sayil ki te wa ann Izrayèl. Sepandan, Sayil te vin dezobeyisan e li te pèdi favè Jewova. Se poutèt sa, pwofèt Samyèl te di l : “ Jewova rache wayote Izrayèl la nan men w jodi a, e sètènman se yon moun parèy ou ki pi bon pase w l ap bay li. ” (1 Samyèl 15:28). Apre sa, Jewova voye Samyèl al wenn David, dènye pitit gason Jese a, pou l vin pwochen wa Izrayèl. Antretan, kòm wa Sayil te pèdi lespri Bondye, li te vin akaryat. Yo te mennen David, ki te yon mizisyen abil, nan Gibeya pou l sèvi wa a, e mizik David yo te pote soulajman pou Sayil, ki “ te vin renmen David anpil ”. — 1 Samyèl 16:11, 13, 21, 23.
5. Poukisa atitid Sayil anvè David te vin chanje, e ki sa David te oblije fè ?
5 Ofiramezi tan t ap pase, Jewova te montre li avèk David. Jewova te ede David venk Golyat, Filisten jeyan an, e li te soutni l lè yo t ap onore l ann Izrayèl pou eksplwa militè li te reyalize. Sepandan, benediksyon Jewova te lage sou David te fè Sayil vin jalou, e li te vin rayi David. An de fwa, pandan David t ap jwe hap devan wa Sayil, li te tire lans li dèyè l. Toule de fwa yo, David te eskive lans lan. Lè Sayil te fè yon twazyèm tantativ pou l touye David ki te gen pou l vin wa ann Izrayèl, 1 Samyèl 18:11 ; 19:9, 10.
David te vin rann li kont li dwe kouri pou l sove lavi l. Finalman, kòm Sayil te kontinye chèche met men sou David pou l touye l, David te deside kite tèritwa Izrayèl pou l al chèche refij. —6. Poukisa Sayil te bay lòd touye moun ki te abite nan vil Nòb yo ?
6 Etan David te sou wout pou l al nan fwontyè Izrayèl, li te fè eskal nan vil Nòb, kote tabènak Jewova a te ye a. Aparamman, pandan vwayaj li, te gen plizyè jèn gason ki te eskòte l, e David te bezwen manje ni pou yo ni pou li. Lè Sayil aprann gran prèt la bay David ak mesye l yo manje e li bay David epe David te pran sou kadav Golyat la, kòlè monte Sayil, li fè touye tout moun ki te abite nan vil la ansanm ak 85 prèt. — 1 Samyèl 21:1, 2 ; 22:12, 13, 18, 19 ; Matye 12:3, 4.
Li te chape anba lanmò yon lòt fwa ankò
7. Poukisa Gat se pa t yon bon kote pou David t al kache ?
7 Lè David kite vil Nòb, li te mache anviwon 40 kilomèt nan direksyon lwès pou l antre anndan tèritwa Filisten yo, e li t al chèche refij kot wa Akich nan Gat, peyi Golyat. Petèt David te panse Gat se t ap dènye kote pou Sayil ta al chèche l. Sepandan, sa pa t pran tan pou kèk nan moun ki t ap sèvi wa Gat la te rekonèt David. Lè David tande yo dekouvri kiyès li ye, “ li te vin pè anpil akoz Akich wa Gat la ”. — 1 Samyèl 21:10-12.
8. a) Ki sa Sòm 56 aprann nou sou eksperyans David te fè nan Gat la ? b) Ki jan David te pase toupre lanmò ?
8 Apre sa, Filisten yo te vin met men sou David. Se petèt nan moman sa a David te konpoze yon sòm ki eksprime santiman li, kote li te sipliye Jewova, lè li te di l : “ Mete dlo ki nan je m nan bidon an po w la. ” (Sòm 56:8 ak ti nòt ki ekri anlè sòm nan). Konsa, li te montre li te gen konfyans Jewova pa t ap bliye tristès li, men avèk amou, li t ap pran swen l e li t ap pwoteje l. Anplis, David te reflechi sou yon taktik pou l fente wa Filisten an. Li aji kòmsi li pèdi tèt li. Lè wa Akich wè sa, li repwoche sèvitè li yo poutèt yo mennen yon “ moun fou ” ba li. Li klè, Jewova te soutni taktik David la. Yo te chase David met deyò nan vil la. Konsa, li te pase toupre lanmò yon lòt fwa ankò. —1 Samyèl 21:13-15.
9, 10. Sa k te fè David ekri Sòm 34 la, e ki moun petèt David te gen nan tèt li lè li t ap konpoze sòm sa a ?
9 Labib pa di si mesye ki te ansanm ak David yo te al Gat ansanm avè l oswa si yo te ret ap veye pou li nan bouk Izrayèl ki te toupre Gat yo. Kèlkeswa jan sa te pase, lè yo te reyini ansanm, yo dwe te kontan tande lè David t ap rakonte yo ki jan Jewova te delivre l yon lòt fwa ankò. Se evènman sa a ki te alabaz konpozisyon Sòm 34 la, jan ti nòt ki ekri anlè l la montre sa. Nan sèt premye vèsè sòm sa a, David te louwe Bondye poutèt li te delivre l, e li te mande mesye ki t ap soutni l yo pou yo vin egzalte Jewova avè l antanke Gran Sovè pèp Li a. — Sòm 34:3, 4, 7.
10 David ak mesye l yo te jwenn sekirite nan gwòt Adoulam ki te nan yon zòn ki gen mòn ann Izrayèl, anviwon 15 kilomèt alès Gat. Se la Izrayelit ki pa t satisfè ak kondisyon ki te egziste anba dominasyon wa Sayil yo te kòmanse vin jwenn yo (1 Samyèl 22:1, 2). Lè David te konpoze pawòl ki nan Sòm 34:8-22 yo, se petèt moun sa yo li te gen nan tèt li. Rapèl ki nan vèsè sa yo enpòtan pou nou menm tou jodi a, e asireman n ap tire pwofi nan yon egzamen detaye sou bèl sòm sa a.
Èske prensipal sousi w se menm ak pa David la ?
11, 12. Ki rezon nou genyen pou nou louwe Jewova toutan ?
11 “ Se tout tan mwen vle beni Jewova. Louwanj li ap toujou nan bouch mwen. ” (Sòm 34:1). Etandone David t ap viv kòm yon egzile, li dwe te gen anpil pwoblèm materyèl. Men, jan pawòl sa yo montre sa, bezwen kotidyen li te genyen pa t retire detèminasyon l pou l louwe Jewova. Ala yon bèl egzanp nou ka suiv lè n ap fè fas ak sitiyasyon difisil ! Kit nou lekòl, kit nou nan travay, kit nou avèk kretyen menm jan avèk nou oswa nou nan ministè a, pi gwo dezi nou se ta dwe pou nou louwe Jewova. Annik fè yon ti reflechi sou pakèt rezon nou genyen pou nou fè sa ! Pa egzanp, nou pap menm ka fin dekouvri mèvèy ki genyen nan kreyasyon Jewova a, alewè pou nou ta fin jwi yo. E konsidere sa li reyalize pa mwayen pati terès òganizasyon l lan ! Jewova itilize moun ki fidèl yo anpil nan epòk pa nou an, malgre yo enpafè. Kòman travay Bondye yo ye lè nou konpare yo ak travay moun monn nan pran kòm idòl yo reyalize ? Èske w pa dakò ak David, ki te ekri tou : “ Pa gen pèsonn tankou w pami dye yo, o Jewova, pa gen travay nonplis tankou pa w yo ” ? — Sòm 86:8.
12 Menm jan ak David, nou santi nou pouse pou nou louwe Jewova toutan pou travay enkonparab li reyalize. Anplis de sa, nou byen kontan konnen aktyèlman Wayòm Bondye a nan men Eritye David la ki la pou toutan, anpalan de Jezi Kris (Revelasyon 11:15). Sa siyifi fen sistèm de choz sa a toupre. Avni etènèl plis pase sis milya moun an je. Potko janm gen nesesite konsa pou nou pale ak lòt moun konsènan Wayòm Bondye a e konsènan sa l pral fè pou limanite talè konsa e pou nou ede yo vin louwe Jewova avèk nou. Asireman, priyorite nou nan lavi a se ta dwe itilize tout opòtinite nou genyen pou nou ankouraje lòt moun pou yo aksepte “ bon nouvèl ” sa a anvan l twò ta. — Matye 24:14.
13. a) Nan kiyès David te glorifye l, e ki kalite moun ki te reyaji ? b) Ki sa k fè moun ki enb yo santi yo atire pou yo vin nan kongregasyon kretyen an jodi a ?
13 “ Nan Jewova nanm mwen ap glorifye l. Moun ki enb yo ap tande e y ap nan lajwa. ” (Sòm 34:2). David pa t ap glorifye tèt li la a pou okenn reyalizasyon pèsonèl. Pa egzanp, li pa t vante tèt li konsènan fason li te jwe wa Gat la. Li te rann li kont se Jewova ki te pwoteje l lè li te Gat, e li te rive chape grasa èd Jewova (Pwovèb 21:1). Se sa k fè, David te glorifye l, non pa nan tèt li, men nan Jewova. Se poutèt sa, moun ki enb yo te santi yo atire pou yo vin jwenn Jewova. Menm jan an tou, Jezi te mayifye non Jewova, e sa te fè moun ki enb ki dispoze aprann yo vin jwenn Jewova. Jodi a, moun enb ki nan tout nasyon santi yo atire pou yo vin nan kongregasyon entènasyonal kretyen wen yo ki gen Jezi alatèt yo (Kolosyen 1:18). Kè moun enb sa yo touche lè yo tande sèvitè enb Bondye yo ap glorifye non l e lè yo tande mesaj ki nan Bib la, mesaj lespri sen Bondye ede yo konprann. — Jan 6:44 ; Travay 16:14.
Reyinyon yo fòtifye lafwa nou
14. a) Èske David te kontante l louwe Jewova an prive sèlman ? b) Ki egzanp Jezi kite konsènan reyinyon pou adorasyon ?
14 “ O, annou glorifye Jewova avèk mwen, annou egzalte non l ansanm. ” (Sòm 34:3). David pa t kontante l louwe Jewova an prive sèlman. Avèk antouzyas, li te envite konpayon li yo vin egzalte non Bondye ansanm avè l. Menm jan an tou, Jezi Kris, Gran David la, te pran plezi pou l louwe Jewova an piblik. Li te konn fè sa nan sinagòg nan zòn li te ye a, nan fèt ki te konn genyen nan tanp Bondye a nan Jerizalèm e lè li te ansanm ak disip li yo (Lik 2:49 ; 4:16-19 ; 10:21 ; Jan 18:20). Ala yon bèl privilèj sa ye pou nou suiv egzanp Jezi, lè nou louwe Jewova ansanm ak kwayan menm jan avèk nou nan tout okazyon nou jwenn, sitou kounye a, piske “ nou wè se pwoche jou a ap pwoche ” ! — Ebre 10:24, 25.
15. a) Ki efè eksperyans David te fè a te genyen sou mesye l yo ? b) Ki jan nou tire pwofi lè nou asiste reyinyon nou yo ?
15 “ Mwen kesyone Jewova, e li reponn mwen, li delivre m anba tout sa ki fè m pè. ” (Sòm 34:4). Eksperyans sa a te enpòtan pou David. Se sa k fè li te di apre sa : “ Aflije sa a te rele, e Jewova li menm te tande. E nan tout detrès li yo Li te sove l. ” (Sòm 34:6). Lè nou reyini ak kwayan menm jan avèk nou, nou gen anpil okazyon pou nou rakonte eksperyans edifyan sou fason Jewova te ede nou andire sitiyasyon difisil. Sa fòtifye lafwa kwayan parèy nou yo, menm jan sa David te rakonte yo te fòtifye lafwa mesye ki te avè l yo. Nan ka David la, konpayon l yo “ te gade nan direksyon [Jewova] e yo te vin briye, e vizaj yo pa ta ka vin wont ”. (Sòm 34:5.) Malgre yo t ap kouri pou wa Sayil, yo pa t santi yo wont. Yo te gen konfyans Bondye t ap soutni David, e vizaj yo te briye. Nan menm sans lan, moun ki fèk enterese yo ansanm ak moun ki gen anpil tan depi yo se vrè kretyen gade nan direksyon Jewova pou li ede yo. Etandone yo jwenn èd li pèsonèlman, vizaj yo k ap briye reflete detèminasyon yo genyen pou yo rete fidèl.
Se pou nou rekonesan pou èd zanj yo ban nou
16. Ki jan Jewova itilize zanj li yo pou vin osekou nou ?
16 “ Zanj Jewova a kanpe toutotou moun ki krenn li, e li delivre yo. ” (Sòm 34:7). David pa t konsidere lefètke Jewova te pote l sekou, se li menm sèlman ki te ka jwenn sa. Se vre se te David Jewova te wenn pou vin wa ann Izrayèl, men li te konnen Jewova sèvi ak zanj li yo pou l voye je sou tout adoratè fidèl li yo, kit yo elve kit yo ba. Nan epòk pa nou an, vrè adoratè yo benefisye pwoteksyon Jewova tou. Ann Almay Nazi, tankou sa te fèt ann Angola, nan Malawi, nan Mozanbik e nan anpil lòt peyi, otorite yo te lanse kanpay pou elimine Temwen Jewova yo. Efò yo te fè yo te anven. Okontrè, pèp Jewova a nan peyi sa yo kontinye ogmante toutpandan y ap egzalte non Bondye ansanm. Poukisa ? Paske Jewova itilize zanj li yo pou l pwoteje pèp li a e pou l gide l. — Ebre 1:14.
17. Ki fason zanj Bondye yo ede nou ?
17 Anplis de sa, zanj Jewova yo kapab jwe sou sitiyasyon yo yon fason pou yo retire nan mitan pèp Jewova a kèlkeswa moun ki lakòz lòt moun trebiche (Matye 13:41 ; 18:6, 10). E menm lè nou ka pa konn sa nan moman an, zanj Jewova yo retire obstak ki ta ka anpeche nou sèvi Bondye, e yo pwoteje nou kont bagay ki ta ka mete relasyon nou avèk Jewova an danje. Sa k pi enpòtan an, yo gide nou nan travay predikasyon “ bon nouvèl etènèl ” pou tout limanite a, menm nan zòn kote travay predikasyon an ap fèt nan kondisyon ki danjere (Revelasyon 14:6). Souvan, nan piblikasyon Temwen Jewova yo, yo pale konsènan prèv ki montre nou gen sipò zanj yo *. Gen twòp eksperyans konsa ki fèt pou nou ta konsidere yo kòm konwensidans.
18. a) Ki sa nou dwe fè pou nou benefisye èd zanj yo ? b) Ki sa atik ki vin apre a pral egzamine ?
18 Pou nou kontinye benefisye direksyon ak pwoteksyon zanj yo, nou dwe kontinye egzalte non Jewova, menm anfas opozisyon. Sonje sa, zanj Bondye a kanpe “ toutotou moun ki krenn [Jewova] ”. Ki sa sa vle di ? Ki sa lakrentif pou Bondye ye, e ki jan nou ka kiltive l ? Poukisa pou yon Dye ki gen lanmou ta vle nou krenn li ? Atik ki vin apre a pral egzamine kesyon sa yo.
[Nòt anba paj]
^ § 17 Gade nan liv Les Témoins de Jéhovah : Prédicateurs du Royaume de Dieu, paj 550 ; Annuaire des Témoins de Jéhovah 2005, paj 53-4 ; Toudegad (fransè) 1ye mas 2000, paj 5-6 ; 1ye janvye 1991, paj 27 ; ak 15 fevriye 1991, paj 26.
Ki repons nou ta bay ?
• Ki eprèv David te andire lè l te jèn ?
• Menm jan ak David, ki prensipal sousi nou genyen ?
• Ki jan nou konsidere reyinyon nou yo ?
• Ki jan Jewova itilize zanj li yo pou l ede nou ?
[Kesyon]
[Kat jeyografik nan paj 24]
(Gade peryodik la)
Rama
Gat
Siklag
Gibeya
Jerizalèm
Adoulam
Keyila
Ebwòn
Zif
Orèch
Mawôn
Nòb
Betleyèm
Enngedi
Kamèl
Lanmè Sale
[Liy kredi]
Kat jeyografi : dapre kat jeyografi ki pwopriyete Pictorial Archive (Near Eastern History) Est. and Survey of Israel ki gen tout dwa sou yo
[Foto nan paj 24]
Menm lè David te nan mawon, li te egzalte non Jewova.
[Foto nan paj 26]
Lafwa nou fòtifye lè nou koute eksperyans edifyan yo rakonte nan rasanbleman nou yo.