Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Madanm, se pou nou gen yon gwo respè pou mari nou

Madanm, se pou nou gen yon gwo respè pou mari nou

Madanm, se pou nou gen yon gwo respè pou mari nou

“ Se pou madanm yo soumèt devan mari yo. ” — EFEZYEN 5:22.

1. Poukisa souvan li difisil pou yon madanm respekte mari l ?

NAN anpil peyi, lè de moun ap marye, lamarye a fè yon ve, li pwomèt l ap gen yon gwo respè pou mari l. Men, se fason anpil mari trete madanm yo ki detèmine si ve sa a fasil pou yo respekte oswa si li difisil. Epoutan, maryaj te gen yon bon kòmansman. Bondye te pran yon kòt nan Adan, premye gason an, pou l te fè premye fi a. Epi, Adan te di : “ Anfen, sa a se zo ki sot nan zo m e se chè ki sot nan chè m. ” — Jenèz 2:19-23.

2. Tou dènyèman la a, ki sitiyasyon ki te vin devlope konsènan fi nan zafè maryaj ?

2 Malgre bèl kòmansman sa a, gen yon mouvman yo rele liberasyon fanm, yon mouvman medam yo fè pou yo libere yo anba dominasyon gason, ki te kòmanse nan kòmansman ane 1960 yo nan peyi Etazini. Nan moman sa a, pou anviwon 300 mari ki te abandone fanmi yo, se sèlman 1 madanm ki te fè sa. Nan fen ane 1960 yo, pousantaj la te ogmante, pou anviwon 300 mari, te vin gen 3 madanm ki te abandone fanmi yo. Kounye a, sanble medam yo bwè, yo fimen, yo sèmante, yo gen konpòtman imoral, menm jan ak gason. Èske sa vin fè fi yo gen plis kè kontan ? Ditou. Nan yon seri peyi, anviwon mwatye maryaj fini nan divòs. Èske efò kèk fi fè pou amelyore sitiyasyon yo nan maryaj fè bagay yo vin pi bon oswa yo fè yo vin pi mal ? — 2 Timote 3:1-5.

3. Ki sa ki alabaz pwoblèm ki gen nan maryaj ?

3 Ki sa ki alabaz pwoblèm nan ? Nan yon sèten degre, se yon pwoblèm ki egziste depi lè zanj rebèl la, “ sèpan orijinèl la, li menm yo rele Dyab e Satan ” an, te twonpe Èv (Revelasyon 12:9 ; 1 Timote 2:13, 14). Depi lè a, Satan pa sispann chèche kraze sa Bondye anseye. Pa egzanp, Dyab la fè maryaj parèt tankou yon bagay ki mare pye moun, yon bagay ki rèd anpil. Pwopagann l ap fè pase atravè medya nan monn sa a, yon monn l ap dirije, fè enstriksyon Bondye bay yo parèt enjis, yo pase mòd (2 Korentyen 4:3, 4). Sepandan, si nou egzamine san patipri sa Bondye di konsènan wòl yon madanm nan yon maryaj, n ap wè jan sa Pawòl Bondye a di yo saj e yo pratik.

Avètisman pou moun k ap marye

4, 5. a) Poukisa li saj pou yon fi pran prekosyon lè li anvizaje marye ? b) Ki sa yon fi dwe fè anvan l dakò pou l marye ?

4 Bib la bay yon avètisman. Li di, nan monn sa a Dyab la ap dirije a, menm moun maryaj yo reyisi ap jwenn “ tribilasyon ”. Kidonk, byenke se Bondye ki etabli maryaj, Bib la avèti moun k ap marye yo. Konsènan yon fi mari l mouri, sètadi yon fi ki lib pou l remarye, gen yon ekriven Labib, sou enspirasyon, ki di : “ Li gen plis kè kontan si li rete jan l ye a. ” Jezi tou te konseye moun ki “ ka fè plas pou ” seliba, pou yo rete selibatè. Sepandan, si yon moun chwazi marye, se ta dwe ak yon moun ki “ nan Seyè a ”, sètadi yon adoratè Bondye ki vwe e ki batize. — 1 Korentyen 7:28, 36-40 ; Matye 19:10-12.

5 Rezon ki fè yon fi sitou dwe byen egzamine ak kiyès l ap marye se poutèt avètisman sa a Bib la bay, ki di : “ Devan lalwa, yon dam marye lye avèk mari l. ” Se sèlman si mari sa a mouri oubyen si l komèt imoralite epi de moun yo divòse pou sa, se lè sa a li “ libere anba lwa mari l ”. (Women 7:2, 3.) Premye fwa w annik wè yon moun ou tonbe pou li ka sifi pou gen yon relasyon santimantal agreyab, men sa pa yon baz solid pou gen kè kontan nan yon maryaj. Kidonk, yon fi ki selibatè bezwen mande tèt li : ‘ Èske mwen dispoze antre nan yon relasyon kote m ap vin anba lwa mesye sa a ? ’ Se anvan w marye pou w reflechi sou kesyon sa a, se pa apre.

6. Ki desizyon pifò fi jodi a kapab pran, e poukisa sa enpòtan anpil ?

6 Anpil kote jodi a, yon fi ka chwazi si l ap aksepte yon demann maryaj oswa si l pap aksepte. Toutfwa, fè yon bon chwa se kapab bagay ki pi difisil yon fi gen pou l fè nan lavi l, piske anvi li genyen pou l marye pou l ka gen entimite ak lanmou kapab fò anpil lakay li. Men sa yon ekriven fè remake : “ Plis nou vle fè yon bagay, kit se marye, kit se grenpe yon mòn ki apik, se plis nou gen tandans fè move rezònman e se plis nou gen tandans koute inikman enfòmasyon ki di nou sa nou vle tande. ” Si yon alpinis pran yon desizyon ki pa rezonab, sa ka fè l pèdi lavi l. Menm jan an tou, si yon moun chwazi yon move konjwen, sa ka mennen nan dezas.

7. Ki konsèy saj yo bay pou moun k ap chèche yon konjwen ?

7 Yon fi ta dwe egzamine seryezman ki sa sa ka enplike lefètke li pral anba lwa yon gason ki mande l pou l marye avè l. Sa gen kèk ane, yon jèn Endyèn te rekonèt avèk modesti : “ Paran nou pi gran pase nou e yo pi saj pase nou, yo pap twonpe yo fasilman menm jan avèk nou. [...] Mwen te ka fè yon erè byen fasil. ” Èd paran w ak lòt moun ankò ka ba w enpòtan. Gen yon konseye eksperimante ki te pase anpil ane ap ankouraje jèn yo pou yo chèche konnen paran moun yo vle marye avè l la, e pou yo byen suiv fason moun sa a boule ak paran l ansanm ak lòt moun nan fanmi l.

Fason Jezi te demontre soumisyon

8, 9. a) Ki jan Jezi te konsidere soumisyon li devan Bondye ? b) Ki byenfè soumisyon kapab pote ?

8 Byenke soumisyon se pa yon bagay ki fasil, medam yo kapab konsidere l kòm yon bagay ki onorab, menm jan Jezi te konsidere sa. Alòske soumisyon Jezi devan Bondye te gen soufrans, e menm lanmò sou yon poto, li te jwenn jwa lefètke li te soumèt li devan Bondye (Lik 22:41-44 ; Ebre 5:7, 8 ; 12:3). Medam yo kapab pran Jezi kòm egzanp, paske Labib di : “ Chèf fi se gason, e chèf Kris se Bondye. ” ​(1 Korentyen 11:3). Sepandan, li enteresan pou nou note se pa sèlman lè yon fi marye li vin anba otorite gason.

9 Selon Labib, kit fi yo marye, kit yo pa marye, yo dwe soumèt yo devan otorite gason ki kalifye espirityèlman k ap egzèse fonksyon siveyan nan kongregasyon kretyen an (1 Timote 2:12, 13 ; Ebre 13:17). Lè fi yo suiv enstriksyon sa a Bondye bay la, yo bay zanj yo yon egzanp anrapò ak dispozisyon Bondye pran nan kesyon òganizasyon (1 Korentyen 11:8-10). Anplis de sa, madan marye ki gen plis matirite yo, grasa bèl egzanp yo ansanm ak bon konsèy yo ka bay, kapab anseye medam ki pi jèn yo pou yo “ soumèt devan pwòp mari yo ”. — Tit 2:3-5.

10. Ki jan Jezi te bay egzanp nan kesyon demontre soumisyon ?

10 Jezi te konnen enpòtans soumisyon ki kòrèk la genyen. Yon lè, li te mande apot Pyè pou l peye otorite lèzòm yo taks pou yo de a, li te menm fè Pyè jwenn kòb pou l peye taks la. Annapre, Pyè te ekri : “ Poutèt Seyè a, soumèt nou devan tout kreyasyon lèzòm. ” ​(1 Pyè 2:13 ; Matye 17:24-27). Konsènan pi bèl fason Jezi te montre soumisyon, Labib di : “ Li te vide tèt li, li te pran fòm yon esklav e li te vin nan resanblans lèzòm. Anplis de sa, lè l te vin twouve l nan fòm yon òm, li te imilye tèt li e li te vin obeyisan jiska lamò. ” — Filipyen 2:5-8.

11. Poukisa Pyè te ankouraje madanm yo pou yo soumèt devan mari yo menmsi mari yo pa kwayan ?

11 Lè Pyè t ap ankouraje kretyen yo pou yo soumèt menm devan otorite ki kriyèl e ki enjis ki gen nan monn sa a, men esplikasyon li te bay : “ Anfèt, se nan chemen sa a yo te rele nou, paske menm Kris te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou ka suiv tras li fidèlman. ” ​(1 Pyè 2:21). Apre Pyè fin dekri jan Jezi te soufri anpil e fason li te andire avèk soumisyon, men ankourajman li bay madanm ki gen mari yo ki pa kwayan : “ Menm jan an tou, nou menm madanm, se pou nou soumèt nou devan pwòp mari nou, yon fason pou, si genyen ki pa obeyi pawòl la, konduit madanm yo ka genyen yo san pawòl, paske yo temwen ak je yo jan nou gen yon konduit pwòp ansanm ak yon gwo respè. ” — 1 Pyè 3:1, 2.

12. Ki bon rezilta soumisyon Jezi a te bay ?

12 Si yon moun soumèt li lè moun ap pase l nan rizib oswa lè y ap di l vye pawòl, lòt moun ka konsidere sa kòm feblès. Poutan, se pa konsa Jezi te wè sa. Apot Pyè te ekri : “ Lè yo te joure l, li pa t joure yo tou. Lè li t ap soufri, li pa t menase pèsonn. ” ​(1 Pyè 2:23). Gen kèk moun ki te wè Jezi pandan li t ap soufri ki te vin kwayan, omwen nan yon sèten degre. Nou gen egzanp yon bandi ki te sou yon poto bò kote l ak yon ofisye ki te wè lè yo t ap egzekite l la (Matye 27:38-44, 54 ; Mak 15:39 ; Lik 23:39-43). Nan menm sans lan tou, Pyè te montre gen kèk mari ki pa kwayan, menm sa k ap aji mal yo, k ap vin kretyen lè yo wè soumisyon madanm yo demontre nan konduit yo. Nou wè sa rive vrèmanvre jodi a.

Fason madanm yo ka gen favè mari yo

13, 14. Ki jan soumisyon devan kèk mari ki pa kwayan te pote bon rezilta ?

13 Gen madan marye ki vin kwayan ki rive genyen mari yo paske yo imite Kris nan konduit yo. Nan yon kongrè distri Temwen Jewova yo ki te fèt tou dènyèman la a, men sa yon mari te di konsènan madanm li ki se yon kretyèn : “ Mwen panse mwen te degoutan nan fason mwen te konn trete l. Malgre sa, li te toujou respekte m anpil. Pa menm yon fwa, li pa t derespekte m. Li pa t konn eseye fòse m aksepte kwayans li yo. Li te konn pran swen m avèk amou. Lè li t apral nan asanble, li te fè tout sa l kapab pou l prepare manje pou mwen byen bonè e pou l gentan fè tout travay nan kay la. Atitid li te fè m vin enterese nan Bib la. E vwala, men mwen kounye a ! ” Efektivman, madanm li te ‘ genyen l san pawòl ’, grasa konduit li.

14 Tankou Pyè te mete aksan sou sa, se pa tèlman sa yon madanm di ki pwodui rezilta pozitif, men se sa li fè. Sa parèt klè nan egzanp yon madanm ki te vin aprann verite ki nan Bib la e ki te detèmine pou l asiste reyinyon yo. Mari l te di l byen fò : “ Agnes, si w fè m wè ou pase nan pòt sa a, ou pa bezwen tounen ! ” Madanm nan pa pase nan “ pòt sa a ” li te di a vrèman, li pase nan yon lòt pòt. Jou swa pwochen reyinyon an, li fè madanm nan menas sa a, li di l : “ Lè w tounen ou pap jwenn mwen. ” Efektivman, madanm li pa t jwenn li, li te fè twa jou deyò. Lè li retounen, madanm li mande l jantiman : “ Ou vle manje yon bagay ? ” Agnes pa t janm brannen nan atachman l pou Jewova. Avèk letan, mari l te vin aksepte yon etid Labib, li te vwe vi l bay Bondye, e apre sa li te vin yon siveyan ki gen anpil responsablite.

15. Ki “ abiman ” ki rekòmande pou kretyèn ki marye yo ?

15 Apot Pyè te rekòmande yon bagay madan marye nou sot mansyone la yo te genyen : yon “ abiman ”, men se pa yon abiman kote yo konsakre yon kantite tan egzajere pou “ trese cheve ” yo oswa pou yo “ met rad ”. Okontrè, Pyè te di : “ Se kalite moun nou ye nan fon kè nou ki pou abiman nou, kote nou abiye ak yon lespri ki dou e ki pezib, yon abiman ki pa ka blaze, e ki gen anpil valè nan je Bondye. ” Madan marye yo ap demontre etadespri sa a nan yon ton vwa ak yon konpòtman ki kòrèk, olye pou y ap konteste oswa pou y ap fè egzijans. Konsa, yon kretyèn ap montre li gen yon pwofon respè pou mari l. — 1 Pyè 3:3, 4.

Yon seri egzanp pou nou imite

16. Ki jan Sara se yon bèl egzanp pou kretyèn ki marye yo ?

16 Pyè te ekri : “ Lontan, se konsa [...] medam ki sen ki te mete esperans yo nan Bondye yo te konn abiye, yo te soumèt yo devan pwòp mari yo. ” ​(1 Pyè 3:5). Medam sa yo te rann yo kont lè yo koute konsèy Jewova bay, yo fè l plezi, e alalong sa rann vi fanmi yo agreyab e y ap jwenn rekonpans lavi etènèl. Pyè te pale de Sara, madanm Abraram nan ki te bèl anpil, e li te presize Sara “ te konn obeyi Abraram, li te rele l ‘ seyè ’ ”. Sara te soutni mari l, ki te gen lakrentif pou Bondye, lè Bondye te mande mari l pou l te ale nan yon peyi ki lwen. Sara te abandone yon vi konfòtab e li te menm riske vi l (Jenèz 12:1, 10-13). Pyè te fè elòj pou kouraj Sara te demontre, li te di : “ Nou menm nou vin pitit li, depi nou kontinye fè sa ki byen e nou pa pè okenn bagay ki ka fè nou pè. ” — 1 Pyè 3:6.

17. Sa k fè petèt Pyè te gen Abigayil nan lespri l kòm yon egzanp pou kretyèn ki marye yo ?

17 Abigayil se yon lòt dam brav ki te met espwa l nan Bondye, e petèt Pyè te genyen l nan lespri l tou. Li te “ bon nan aji avèk pridans ”, men mari li Nabal “ te di e li te mechan nan aksyon l ”. Lè Nabal te refize ede David ak mesye l yo, yo te prepare yo pou y al elimine Nabal ak tout moun lakay li. Men, Abigayil aji pou l sove moun lakay li. Etan David sou wout avèk mesye l yo ki te ame, Abigayil pran yon bon kantite manje met sou kèk bourik pou l al rankontre yo. Kou li wè David, li desann bourik li te sou li a, li tonbe nan pye David, e li sipliye l pou l pa aji san reflechi. Sa te touche David anpil, li te di : “ Benediksyon pou Jewova, Bondye Izrayèl la, li menm ki voye w vin rankontre m jodi a. E benediksyon pou bonsans ou. ” — 1 Samyèl 25:2-33.

18. Si yon madan marye ta santi atansyon yon lòt gason ap ba li atire l, sou egzanp kiyès li ta dwe reflechi, e poukisa ?

18 Yon lòt bèl egzanp ankò pou madan marye yo se egzanp yon jèn Choulamit ki te rete fidèl ak yon senp bèje ki te pwomèt li pou l marye avè l. Lanmou li pou bèje a te rete fò, malgre li te gen yon gwo potanta ki te rich ki t ap file l. Men sa Choulamit la te di pou l eksprime santiman li pou jèn bèje a : “ Mete m tankou yon so sou kè w, tankou yon so sou bra w, paske lanmou fò tankou lanmò. [...] Pakèt dlo ki genyen yo pa ka etenn lanmou, e gwo rivyè pa ka pote l ale. ” ​(Chan Salomon 8:6, 7). Tout fi ki aksepte yon demann maryaj dwe detèmine tou pou yo rete fidèl ak mari yo e pou yo gen yon gwo respè pou yo.

Lòt konsèy Bondye bay

19, 20. a) Pou ki rezon madanm yo dwe soumèt yo devan mari yo ? b) Ki bèl egzanp madan marye yo jwenn ?

19 Finalman, ann egzamine kontèks vèsè de baz atik la ki di : “ Se pou madanm yo soumèt devan mari yo. ” ​(Efezyen 5:22). Poukisa soumisyon sa a nesesè ? Pwochen vèsè a di : “ Paske yon mari se chèf madanm li, menm jan Kris tou se chèf kongregasyon an. ” Se sa k fè, men egzòtasyon yo bay madan marye yo : “ Menm jan kongregasyon an soumèt li devan Kris, konsa tou se pou madanm yo soumèt yo devan mari yo nan tout bagay. ” — Efezyen 5:23, 24, 33.

20 Pou madan marye yo obeyi kòmandman sa a, yo bezwen egzamine egzanp kongregasyon disip wen Kris yo bay e yo bezwen imite egzanp li. Souple, li 2 Korentyen 11:23-28, n ap wè tout sa yon manm kongregasyon sa a, anpalan de apot Pòl, te andire pou l te ret fidèl devan Chèf li, Jezi Kris. Menm jan ak Pòl, madan marye yo ansanm ak tout rès kongregasyon an dwe soumèt yo fidèlman devan Jezi. Madan marye yo ap demontre sa lè yo soumèt yo devan mari yo.

21. Ki sa ki ka motive madan marye yo pou yo kontinye soumèt devan mari yo ?

21 Menmsi anpil madan marye jodi a pa ka tande afè soumèt la, yon fi ki gen sajès ap konsidere avantaj sa gen ladan l. Pa egzanp, nan ka yon mari ki pa kwayan, soumèt devan otorite l nan tout bagay ki pa vyole lwa ak prensip Bondye bay yo kapab fè madanm nan anmezi pou l “ sove mari ” l. Ala yon bèl rekonpans sa t ap ye (1 Korentyen 7:13, 16) ! Anplis de sa, l ap jwenn kontantman lè l konnen Jewova Dye apwouve konpòtman li e l ap beni li anpil poutèt li imite egzanp Pitit Gason cheri l la.

Èske nou sonje ?

• Sa k fè li ka difisil pou yon madan marye respekte mari l ?

• Poukisa aksepte yon demann maryaj se yon desizyon ki serye ?

• Ki egzanp Jezi kite pou madan marye yo, e ki byenfè yo ka jwenn si yo suiv egzanp li ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Poukisa li enpòtan anpil pou yon fi byen reflechi anvan li aksepte yon demann maryaj ?

[Foto nan paj 16]

Ki sa madanm yo ka aprann nan egzanp kèk pèsonaj biblik tankou Abigayil ?