Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sistèm solè san parèy nou an — Ki jan l fè egziste ?

Sistèm solè san parèy nou an — Ki jan l fè egziste ?

Sistèm solè san parèy nou an — Ki jan l fè egziste ?

GEN anpil kondisyon ki reyini pou rann kote nou ye nan linivè a san parèy. Sistèm solè nou an twouve l nan mitan de nan plizyè koub ki fòme spiral Lavwa lakte a, nan yon zòn kote pa vrèman gen anpil etwal. Prèske tout etwal nou wè lannuit yo tèlman lwen, sa fè menm lè yo gade yo nan pi gwo teleskòp ki genyen yo, yo sanble ak ti pwen limyè ki toupiti. Èske se konsa sa dwe ye ?

Si sistèm solè nou an te toupre sant Lavwa lakte, nou t ap twouve nou nan yon zòn ki chaje ak etwal, e efè yo pa t ap bon pou nou. Pa egzanp, òbit tè a pa t ap fiks, e sa t ap gen konsekans katastwofik sou lavi lèzòm. Jan sistèm solè a ye a, sanble li egzakteman nan pozisyon l ta dwe ye nan galaksi a, yon fason pou yon malè konsa ak lòt malè ankò pa rive, malè tankou pou ta gen yon chalè ekstrèm lè l ap pase nan mitan nyaj gaz, e pou l ta san pwoteksyon parapò ak etwal k ap eksploze e parapò ak lòt sous radyasyon destriktè.

Solèy la se yon tip etwal ki ideyal pou konble bezwen nou. Li se yon dife k ap boule avèk stabilite, li fèt nan objektif pou l dire anpil anpil tan, li pa twò gwo e li pa degaje twòp chalè. Pifò etwal ki nan galaksi nou an pi piti lontan pase solèy nou an e yo pa bay ni yon tip limyè ki konvnab ni yon kantite chalè ki apwopriye pou antretni lavi sou yon planèt tankou latè. Met sou sa, pifò etwal yo lye swa ak youn swa ak plizyè lòt etwal e youn ap vire otou lòt, grasa fòs gravitasyon an. Tandiske, solèy nou an endepandan. Petèt sistèm solè nou an pa t ap rete stab si li t ap sibi fòs gravitasyon de solèy oswa plizyè.

Yon lòt bagay ki fè sistèm solè nou an san parèy se pozisyon planèt jeyan yo ki plis sou deyò nan sistèm nan. Yo suiv yon òbit ki prèske won e yo pa danjere ditou sou plan gravitasyon pou planèt ki plis sou anndan sistèm nan, sètadi planèt terès yo *. Okontrè, yo ranpli yon wòl pwotektè lè yo absòbe objè ki danjere yo oubyen lè yo detounen yo. “ Astewoyid yo ak komèt yo frape nou, men pa gen anpil ki frape nou grasa prezans planèt jeyan yo ki fèt ak gaz, tankou Jipitè ki pi lwen solèy la pase nou. ” Se sa de syantifik ki rele Peter D. Ward ak Donald Brownlee deklare nan yon liv yo ekri ki rele Yon tè eksepsyonèl — Rezon ki fè lavi konplèks ra konsa nan linivè (anglè). Gen lòt sistèm solè yo dekouvri ki gen planèt jeyan ladan yo. Men, pifò nan planèt sa yo gen yon òbit ki ta ka danjere pou yon planèt ki pi piti pase yo, tankou latè pa egzanp.

Wòl lalin nan

Depi nan tan lontan, lalin nan te toujou emèveye lèzòm. Li te enspire powèt ak mizisyen. Pa egzanp, gen yon powèt ebre nan tan lontan ki te dekri lalin nan, li te di li “ etabli solidman pou tan endefini, [...] kòm yon temwen fidèl nan syèl la ”. — Sòm 89:37.

Youn nan fason enpòtan lalin nan egzèse enfliyans sou lavi sou tè a, sèke li gen yon efè gravitasyon ki lakòz lanmè monte, lanmè desann. Yo fè konnen mouvman lanmè monte lanmè desann nan endispansab pou kouran ki nan oseyan yo, ki yo menm esansyèl pou kondisyon klimatik ki egziste yo.

Yon lòt bagay enpòtan lalin nou an fè, sèke fòs gravitasyon li genyen an fè aks tè a stab parapò ak òbit tè a ap suiv toutotou solèy la. Selon yon jounal syantifik ki rele Nature, san lalin nan, enklinezon aks tè a te ka varye sot nan “ apeprè 0 [degre] rive nan 85 [degre] ”, sou peryòd ki long anpil. Epi, imajine si aks tè a pa t panche, nou pa t ap gen chanjman sezon yo ki agreyab e pa t ap gen ase lapli. Panche tè a panche a anpeche tanperati a rive nan yon degre ekstrèm, sa ki t ap fè nou pa ka viv sou tè a. Yon astwonòm ki rele Jacques Laskar fè konklizyon sa a : “ Stabilite ki gen nan klima nou an se yon bagay eksepsyonèl ki fè nou genyen l : prezans Lalin nan. ” Sa ki pèmèt lalin nou an rive ranpli wòl li pou l rann bagay yo stab, se paske li gwo. Li pi gwo pase lalin planèt jeyan yo lè nou konsidere gwosè lalin sa yo parapò ak planèt pa yo.

Jan ekriven liv Jenèz la, yon liv ki nan Bib la, mansyone sa, lalin nan, ki se satelit natirèl tè a, jwe wòl limyè tou pou klere lannuit. — Jenèz 1:16.

Paraza oubyen gen yon entèlijans dèyè yo ?

Lè yon moun wè tout sitiyasyon sa yo ki kontribye nonsèlman pou rann lavi posib sou tè a, men tou pou rann li agreyab, ki esplikasyon li ka bay sou sa ? Lè n ap gade, sanble gen sèlman de posiblite : se swa tout bagay sa yo se tou senpleman rezilta yon aksidan, rezilta chans ki pa gen okenn bi, oubyen gen yon entèlijans dèyè yo, yon entèlijans ki gen yon objektif.

Sa gen plizyè milye ane, Ekriti Sakre yo te montre linivè nou an se yon Kreyatè ki te imajine l e ki te fè l. Kreyatè sa a se Bondye Toupisan an. Si se laverite, sa vle di kondisyon ki egziste nan sistèm solè nou an se pa rezilta chans, men se yon moun ki te kreye yo. Nan yon sans, Kreyatè a fè nou jwenn yon rapò sou etap li te suiv pou l rann lavi posib sou tè a. Ou ka sezi aprann menmsi li te bay rapò sa a depi anviwon 3 500 an, sa k dekri ladan l konsènan sa k te pase nan listwa kreyasyon linivè a, ofon yo koresponn ak sa syantifik yo kwè ki te rive. Rapò sa a se nan liv Jenèz la nou jwenn li. Annou reflechi sou sa l di.

Istwa kreyasyon an dapre liv Jenèz la

“ Okòmansman Bondye te kreye syèl la ak tè a. ” ​(Jenèz 1:1). Pawòl nou jwenn nan kòmansman Bib la fè referans ak kreyasyon sistèm solè nou an, planèt nou an ladan l tou, e li fè referans tou ak kreyasyon zetwal yo ki nan plizyè milya galaksi ki fòme linivè nou an. Selon Labib, pandan yon tan, sifas tè a te “ san fòm, li te vid ”. Pa t gen okenn kontinan e pa t gen tè fètil. Men, pawòl ki vin apre yo met aksan sou yon bagay syantifik yo di ki endispansab pou ka gen lavi sou yon planèt : dlo ann abondans. Lespri Bondye t ap “ fè mouvman ale vini sou dlo yo ”. — Jenèz 1:2.

Pou dlo ki sou sifas yon planèt ret likid, planèt sa a dwe nan yon distans ki apwopriye parapò ak solèy pa l. Andrew Ingersoll, ki se yon syantifik k ap etidye planèt, fè konnen : “ Mas twò frèt, Venis twò cho, Latè ideyal. ” Menm jan an tou, pou vejetasyon ka pouse, dwe gen ase limyè. Li enteresan pou n note, selon sa Labib rapòte, pandan youn nan premye peryòd kreyasyon an, Bondye te fè limyè solèy la pèse nyaj epè vapè dlo te fòme ki te vlope oseyan yo tankou yon “ twal ” ki vlope yon tibebe. — Jòb 38:4, 9 ; Jenèz 1:3-5.

Nan vèsè ki vin apre yo nan liv Jenèz la, nou wè Kreyatè a te fè sa Labib rele “ yon etandi ”. (Jenèz 1:6-8.) Etandi sa a ranpli ak gaz ki fòme atmosfè tè a.

Apre sa, Labib esplike Bondye te modifye sifas tè a ki te san fòm pou l te ka fè gen tè sèk (Jenèz 1:9, 10). Petèt li te fè kwout tè a deplase, tankou se plise li plise l. Kòm rezilta, gen gwo basen ki vin fòme e se konsa kontinan yo te soti anba oseyan yo. — Sòm 104:6-8.

Pandan peryòd sa yo oubyen menm anvan sa, nan yon moman ki pa presize, Bondye te kreye yon seri alg mikwoskopik nan oseyan yo. Pa mwayen enèji solèy la, òganis sa yo, ki gen yon sèl selil e ki repwodui poukont yo, te kòmanse transfòme diyoksid kabòn pou fè l tounen manje pou nouri yo, pandan yo t ap lage oksijèn nan atmosfè a. Travay estrawòdinè sa a te vin akselere pandan twazyèm peryòd kreyasyon an, lè Bondye te kreye vejetasyon ki te kouvri tè a. Konsa, kantite oksijèn ki nan atmosfè a te vin ogmante, e sa t apral fè moun ak bèt kapab respire pou yo viv. — Jenèz 1:11, 12.

Pou Kreyatè a te rann tè a fètil, li te fè tout yon varyete mikwoòganis pou viv nan tè (Jeremi 51:15). Ti kreyati toupiti sa yo dekonpoze bagay ki mouri yo, e konsa yo pèmèt resiklaj eleman plant yo bezwen pou yo grandi yo. Gen bakteri espesyal nan tè a ki pran azòt nan lè a e yo mete l a dispozisyon plant yo pou yo ka grandi. Yon sèl ponyen tè fètil ka gen anviwon sis milya mikwoòganis. Sa vrèman estrawòdinè !

Jenèz 1:14-19 di solèy la, lalin nan ak zetwal yo te fòme nan katriyèm peryòd kreyasyon an. Lè nou fèk reflechi sou sa, sa ka parèt an kontradiksyon ak lòt esplikasyon nou deja jwenn nan Ekriti yo. Men, fò n pa bliye, Moyiz, ki te ekri liv Jenèz la, te dekri kreyasyon an selon fason yon moun k ap obsève detan l sou tè a ta fè sa. Sanble se nan moman sa a solèy la, lalin nan ak zetwal yo te vin vizib atravè atmosfè tè a.

Sa liv Jenèz la rapòte a fè nou konnen kreyati ki nan lanmè yo te fèt nan senkyèm peryòd kreyasyon an, e ni bèt ki viv sou tè ni moun te parèt nan sizyèm peryòd la. — Jenèz 1:20-31.

Tè a te fèt pou nou jwi l

Selon jan nou wè liv Jenèz la dekri fason lavi te vin egziste, èske nou pa remake nou te fèt pou nou jwi lavi sou tè a ? Èske sa pa janm rive w pou w leve yon jou gen solèy, pou w respire yon bon ti lè fre, epi pou w santi w kontan dèske w vivan ? Petèt ou t al fè yon ti pwomnad nan yon jaden e ou te admire bèl flè santi bon. Oswa petèt ou t al nan yon jaden fwi epi w te keyi kèk fwi ki gen bon gou. Li t ap enposib pou w jwi bagay agreyab sa yo si pa t gen : 1) dlo ann abondans sou tè a, 2) kantite limyè ak chalè apwopriye solèy la bay, 3) atmosfè nou an ki gen yon melanj gaz ideyal e 4) tè fètil.

Tout bagay sa yo, ki pa egziste ni sou Mas, ni sou Venis, ni sou lòt planèt ki nan sistèm solè nou an, se pa rezilta chans. Yo te byen kontwole pou rann lavi sou tè a agreyab. Jan atik ki vin apre a pral montre sa, Labib montre tou Kreyatè a te fè bèl planèt nou an pou l egziste pou toutan.

[Nòt anba paj]

^ § 5 Kat planèt ki plis sou anndan nan sistèm solè nou an, sètadi Mèki, Venis, Latè ak Mas, yo rele yo planèt terès, paske sifas yo fèt ak wòch. Planèt jeyan yo ki plis sou deyò, tankou Jipitè, Satin, Iranis ak Neptin, se gaz ki konpoze yo prensipalman.

[Kare nan paj 6]

“ Antanke jewològ, si yo ta mande m pou m pale ak yon pèp ki senp, ki konn gade mouton, tankou tribi yo te ekri liv Jenèz la pou yo a, pou m esplike yo rapidman ide nou genyen aktyèlman sou orijin latè e sou ki jan lavi te parèt sou li, pi bon bagay mwen te ka fè se itilize prèske tout ekspresyon ki nan premye chapit Jenèz la. ” — Jewològ Wallace Pratt.

[Kare/Foto nan paj 7]

LI IDEYAL POU ASTWONOMI TOU

Si solèy la te yon lòt kote nan galaksi nou an, nou pa t ap ka wè zetwal yo byen konsa. Selon yon liv ki rele Planèt privilejye a (anglè), “ sistèm solè nou an nan yon pozisyon [...] ki lwen yon seri kote ki gen anpil pousyè e ki gen yon limyè egzajere, e sa pèmèt nou byen wè ni zetwal ki pre yo, ni zòn ki lwen anpil nan linivè a ”.

Anplis, gwosè lalin nan ansanm ak distans li parapò ak tè a ideyal pou l bare solèy la pandan yon eklips solè. Evènman sa yo, ki rive raman e ki fè moun emèveye, pèmèt astwonòm yo etidye solèy la. Etid sa yo pèmèt yo dekouvri yon pakèt sekrè sou fason zetwal yo rive klere.

[Foto nan paj 5]

Lalin nan gwo ase pou l estabilize enklinezon aks tè a.

[Foto nan paj 7]

Ki sa ki rann lavi posib sou tè a ? Se lefètke li gen dlo ann abondans, li gen kantite limyè ak chalè ki apwopriye, li gen atmosfè a e li gen tè fètil.

[Liy kredi]

Glòb tè a : baze sou yon foto NASA ; ble : Pictorial Archive (Near Eastern History) Est.