Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Avèk imilite se pou nou soumèt devan bèje yo ki plen lanmou

Avèk imilite se pou nou soumèt devan bèje yo ki plen lanmou

Avèk imilite se pou nou soumèt devan bèje yo ki plen lanmou

“ Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt nou. ” — EBRE 13:17.

1, 2. Ki tèks biblik ki montre nou Jewova ak Jezi se Bèje ki plen lanmou ?

JEWOVA DYE ansanm ak Pitit li a, Jezi Kris, se Bèje ki plen lanmou. Anpalan de Jewova, Izayi te pwofetize pawòl sa yo : “ Gade ! Jewova, Souvren Seyè a li menm pral vini tankou yon moun fò, epi bra li pral dirije pou li. [...] Tankou yon bèje, l ap pran swen twoupo pa l la. Ak bra li l ap sanble ti mouton yo e l ap pote yo sou lestomak li. L ap mennen sa ki nouris yo avèk prekosyon. ” — Izayi 40:10, 11.

2 Pwofesi sa a ki pale de yon restorasyon te gen yon premye akonplisman an 537 anvan epòk nou an, lè yon rès Juif te retounen nan peyi Jida (2 Kwonik 36:22, 23). Li te gen yon lòt akonplisman an 1919, lè Jezi Kris, Gran Siris la, te libere rès wen an anba “ Gran Babilòn nan ”. (Revelasyon 18:2 ; Izayi 44:28.) Se li ki “ bra ” Jewova k ap dirije pou li a, pou l sanble mouton yo e pou l pran swen yo avèk amou. Jezi li menm te di : “ Mwen se ekselan bèje a, e mwen konnen mouton m yo e mouton m yo konnen m. ” — Jan 10:14.

3. Ki jan Jewova montre li enterese avèk amou nan fason yo trete mouton l yo ?

3 Pwofesi ki nan Izayi 40:10, 11 lan mete aksan sou tandrès Jewova manifeste pou l pran swen sèvitè l yo (Sòm 23:1-6). Diran ministè Jezi sou tè a, li menm tou li te montre li gen sousi ak tandrès pou disip li yo e pou lòt moun an jeneral (Matye 11:28-30 ; Mak 6:34). Jewova ak Jezi te kondane bèje, oswa dirijan san pitye ann Izrayèl yo, ki te neglije twoupo yo e ki t ap eksplwate yo san yo pa t jennen (Ezekyèl 34:2-10 ; Matye 23:3, 4, 15). Men sa Jewova te pwomèt : “ M ap sove mouton m yo, e yo pap vin yon bagay pou moun piye ankò. E m ap jije ant mouton ak mouton. E m ap mete yon sèl bèje sou yo, e li dwe nouri yo, wi, sèvitè m nan, David. Li menm l ap nouri yo, e li menm l ap vin bèje yo. ” ​(Ezekyèl 34:22, 23). Nan tan lafen an, Jezi Kris, Gran David la, se “ sèl bèje ” Jewova nome sou tout sèvitè L yo ki sou tè a, kit se kretyen wen kit se “ lòt mouton ”. — Jan 10:16.

Yo se kado Jewova bay kongregasyon an

4, 5. a) Ki kado ki gen anpil valè Jewova bay pèp li a ki sou tè a ? b) Ki kado Jezi bay kongregasyon l lan ?

4 Jewova bay kongregasyon kretyen an yon kado ki gen anpil valè lè li etabli yon “ sèl bèje ”, Jezi Kris, sou sèvitè L yo ki sou tè a. Izayi 55:4 te pwofetize konsènan kado sa a, sètadi Chèf nou an ki nan syèl la, li te di : “ Gade ! Mwen bay li kòm temwen pou kominote nasyonal yo, kòm dirijan e kòm kòmandan pou kominote nasyonal yo. ” Kretyen wen yo ansanm ak moun ki nan “ gwo foul ” la rasanble, yo soti nan tout kominote nasyonal, tribi, pèp ak lang (Revelasyon 5:9, 10 ; 7:9). Yo fòme yon kongregasyon entènasyonal, yon “ sèl twoupo ” ki anba otorite “ sèl bèje ” a, Kris Jezi.

5 Jezi, bò kote pa l, bay kongregasyon l lan ki sou tè a yon kado ki gen anpil valè. Li bay yon seri bèje adjwen ki fidèl, k ap pran swen twoupo a avèk tandrès, menm jan Jewova ak Jezi fè sa. Apot Pòl te pale de kado byenveyan sa a nan lèt li te ekri kretyen Efèz yo. Li te di : “ ‘ Lè l monte anwo a, li mennen kaptif avèk li, li bay gason kòm kado. ’ [...] Li bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelizatè, kèk kòm bèje ak anseyan, avèk objektif pou redrese sen yo, pou yon travay ki gen rapò ak ministè a, pou fòmasyon kò Kris la. ” — Efezyen 4:8, 11, 12.

6. Ki jan yo reprezante siveyan k ap sèvi nan kolèj ansyen yo nan Revelasyon 1:16, 20, e ki sa nou anmezi pou nou di konsènan ansyen ki nome ki fè pati lòt mouton yo ?

6 Jewova ak Pitit li a nome siveyan yo, oswa ansyen yo, pa mwayen lespri sen, pou yo pran swen mouton yo avèk tandrès (Travay 20:28, 29). Se siveyan sa yo ki “ gason kòm kado ” yo. Okòmansman, tout siveyan yo se te kretyen wen. Moun ki t ap sèvi nan kolèj ansyen nan kongregasyon sa yo, Revelasyon 1:16, 20 prezante yo antanke “ etwal ” oswa “ zanj ” ki nan men dwat Kris, sètadi ki anba otorite l. Sepandan, nan tan lafen an, kote kantite siveyan wen ki toujou sou tè a kontinye ap diminye, pifò ansyen nan kongregasyon yo fè pati lòt mouton yo. Piske se reprezantan Kolèj santral la ki nome yo sou direksyon lespri sen, nou anmezi pou nou di yo menm tou yo nan men dwat (sètadi, anba direksyon) ekselan Bèje a, Jezi Kris (Izayi 61:5, 6). Etandone ansyen ki nan kongregasyon nou yo soumèt devan Kris, ki se Tèt kongregasyon an, yo merite pou nou kowopere avèk yo totalman. — Kolosyen 1:18.

Obeyi yo e soumèt devan yo

7. Ki egzòtasyon apot Pòl te bay konsènan atitid nou anvè siveyan kretyen yo ?

7 Bèje nou yo ki nan syèl la, Jewova ak Jezi Kris, atann pou nou obeyi bèje adjwen yo e pou n soumèt devan yo, yo menm yo bay responsablite nan kongregasyon an (1 Pyè 5:5). Sou enspirasyon, apot Pòl te ekri pawòl sa yo : “ Sonje moun k ap dirije nou yo, ki te anonse nou pawòl Bondye a, e pandan n ap obsève sa konduit yo bay, imite lafwa yo. Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt nou, paske y ap veye tout tan sou nanm nou kòm moun ki gen kont pou rann, dekwa pou yo fè l ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. ” — Ebre 13:7, 17.

8. Ki sa Pòl mande nou pou nou “ obsève ”, e poukisa nou ta dwe “ obeyi ” ?

8 Remake Pòl mande nou pou nou “ obsève ”, oubyen egzamine avèk atansyon rezilta konduit fidèl ansyen yo genyen e pou nou suiv egzanp moun ki gen lafwa sa yo. Anplis de sa, li egzòte nou pou nou obeyi direksyon frè sa yo ki nome ban nou e pou nou soumèt devan yo. Gen yon biblis ki rele Richard France ki esplike nan lang grèk la, mo ki tradui “ obeyi ” la a, se pa “ mo yo anplwaye an jeneral pou yo pale de obeyisans, men literalman li vle di ‘ kite yo konvenk ou ’, sa vle di pou yon moun aksepte ak tout kè l direksyon yo ba li ”. Nou pa obeyi ansyen yo sèlman paske Pawòl Bondye a mande nou pou nou fè sa, men tou paske nou konvenki yo depanse yo pou enterè Wayòm nan e yo vle sa k pi bon pou nou chak ni espirityèlman ni fizikman. Sètènman, n ap gen kè kontan si nou aksepte ak tout kè nou direksyon yo ban nou.

9. Anplis de obeyi, poukisa li nesesè pou nou “ soumèt nou ” ?

9 Men, ki jan nou ta dwe reyaji si nan yon sitiyasyon byen presi, nou pa kwè direksyon ansyen yo bay la se li ki pi bon an ? Se la a nou bezwen soumisyon. Li fasil pou nou obeyi lè tout bagay parèt klè e nou dakò ak yo, men n ap montre nou vrèman soumèt nou si nou sede menm lè nou pa fin konprann pèsonèlman direksyon yo bay la. Pyè, annapre ki te vin yon apot, te montre jan de soumisyon sa a. — Lik 5:4, 5.

Kat rezon pou nou kowopere ak tout kè nou

10, 11. Nan ki sans siveyan yo te “ anonse pawòl Bondye a ” bay konpayon kretyen yo nan premye syèk la e yo “ anonse pawòl Bondye a ” bay konpayon kretyen yo jodi a ?

10 Nan Ebre 13:7, 17 nou te site pi wo a, apot Pòl bay kat rezon ki fè nou dwe obeyi siveyan yo e nou dwe soumèt devan yo. Premye rezon an se paske yo “ anonse nou pawòl Bondye a ”. Nou bezwen sonje Jezi bay “ gason kòm kado ” sa yo nan objektif pou “ redrese sen yo ”. (Efezyen 4:11, 12.) Jezi te redrese ni panse ni konduit kretyen nan premye syèk la pa mwayen bèje adjwen ki fidèl yo, e pami yo genyen ki te enspire pou yo ekri lèt voye bay kongregasyon yo. Li te itilize siveyan sa yo lespri te nome pou l gide premye kretyen yo e pou l fòtifye yo. — 1 Korentyen 16:15-18 ; 2 Timote 2:2 ; Tit 1:5.

11 Jodi a, Jezi dirije nou pa mwayen “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ki gen kòm reprezantan Kolèj santral la ansanm ak ansyen yo ki nome (Matye 24:45). Piske nou gen respè pou Jezi Kris, “ bèje an chèf la ”, sa fè nou koute egzòtasyon Pòl ban nou, kote l di pou nou “ gen respè pou sila yo k ap travay di pami nou e k ap dirije nou nan Seyè a e k ap ban nou avètisman ”. — 1 Pyè 5:4 ; 1 Tesalonisyen 5:12 ; 1 Timote 5:17.

12. Ki jan siveyan yo “ veye tout tan sou nanm nou ” ?

12 Dezyèm rezon ki fè nou dwe kowopere avèk siveyan kretyen yo se paske “ y ap veye tout tan sou nanm nou ”. Si yo remake yon bagay nan etadespri nou oswa nan konpòtman nou ki ta ka mete espirityalite nou an danje, san pèdi tan, y ap ban nou konsèy ki nesesè nan objektif pou redrese nou (Galat 6:1). Mo grèk lè yo tradui l ki bay “ veye tout tan ” an siyifi literalman “ evite dòmi ”. Selon yon biblis, mo sa a “ montre bèje yo gen yon vijilans konstan ”. Nonsèlman ansyen yo toujou vijilan nan domèn espirityèl, men tou yo konn pa ka dòmi lannuit akoz sousi yo genyen pou byennèt espirityèl nou. Èske nou pa ta dwe kowopere ak tout kè nou avèk bèje adjwen byenveyan sa yo ki fè tout sa yo kapab pou yo imite fason Jezi Kris, “ gran bèje mouton yo, pran swen mouton yo avèk tandrès ” ? — Ebre 13:20.

13. Kiyès siveyan yo ansanm ak tout kretyen nèt gen pou yo rann kont, e nan ki sans ?

13 Twazyèm rezon ki fè nou dwe kowopere ak tout kè nou avèk siveyan yo se paske yo veye tout tan sou nou, “ kòm moun ki gen kont pou rann ”. Siveyan yo sonje yo se bèje adjwen k ap sèvi anba otorite Bèje yo ki nan syèl la, anpalan de Jewova Dye ak Jezi Kris (Ezekyèl 34:22-24). Jewova se Pwopriyetè mouton yo, “ li achte [yo] ak san pwòp Pitit li a ” e Li konsidere siveyan yo ki nome gen kont pou yo rann li pou fason yo trete twoupo L la, yon twoupo yo ta dwe trete “ avèk tandrès ”. (Travay 20:28, 29.) Pakonsekan, nou tout gen kont pou nou rann Jewova pou fason nou reyaji devan direksyon li ban nou (Women 14:10-12). Lè nou obeyi ansyen yo, sa pwouve tou nou soumèt devan Kris, ki se Tèt kongregasyon an. — Kolosyen 2:19.

14. Ki sa k ka fè siveyan yo ranpli responsablite yo “ nan plenyen ”, e ki konsekans sa ap genyen ?

14 Pòl bay yon katriyèm rezon ki fè nou dwe soumèt devan siveyan kretyen yo avèk imilite, lè l ekri : “ Dekwa pou yo fè l ak lajwa e non pa nan plenyen, paske sa t ava mal pou nou. ” ​(Ebre 13:17). Lè nou konsidere responsablite ansyen yo genyen pou yo anseye, pou yo pran swen mouton yo, pou yo pran latèt nan travay predikasyon an, pou yo pran swen fanmi yo e pou yo regle pwoblèm ki gen nan kongregasyon an, nou ka di yo gen yon chay ki lou sou do yo (2 Korentyen 11:28, 29). Si nou pa kowopere avèk yo, an reyalite se ajoute n ap ajoute sou chay yo genyen. Sa ka fè yo “ plenyen ”. Lè nou pa vle kowopere avèk yo, sa pa fè Jewova plezi e sa ka vin mal pou nou. Sepandan, lè nou demontre bonjan respè e nou kowopere, sa bay ansyen yo posiblite pou yo ranpli responsablite yo avèk kè kontan, e sa vin fè gen inite ak kè kontan nan travay predikasyon bon nouvèl Wayòm nan. — Women 15:5, 6.

Annou demontre soumisyon

15. Ki jan nou kapab demontre soumisyon ak obeyisans ?

15 Gen anpil fason pratik nou kapab kowopere avèk siveyan yo ki nome. Èske ansyen yo, nan objektif pou yo adapte yo ak nouvo sitiyasyon ki gen nan tèritwa a, mete reyinyon predikasyon yo nan jou ak nan lè ki oblije nou fè chanjman nan pwogram nou ? Annou fè efò pou nou soutni nouvo dispozisyon sa yo. Nou ka resevwa benediksyon nou pa t menm espere. Èske siveyan sèvis la ap vizite gwoup etid liv nou an ? Annou patisipe nan predikasyon pi plis posib pandan semèn sa a. Èske yo ban nou yon asiyasyon nan Lekòl ministè teyokratik ? Nou ta dwe fè tout sa nou kapab pou nou la pou nou fè patisipasyon an. Èske siveyan etid liv nou an anonse se tou pa gwoup etid nou an pou l netwaye Sal Wayòm nan ? Annou patisipe totalman selon sa sante nou ak fòs nou pèmèt nou fè. Nan fason sa yo ak nan yon pakèt lòt fason ankò, nou demontre nou soumèt devan mesye sa yo, yo menm Jewova ak Pitit li a nome pou pran swen twoupo a.

16. Si yon ansyen pa fè bagay yo jan yo mande pou l fè yo, poukisa se pa yon rezon pou nou antre an rebelyon ?

16 Pafwa, sa ka rive yon ansyen pa fè bagay yo jan klas esklav fidèl la ak Kolèj santral li a mande pou ansyen yo fè sa. Si ansyen an kontinye aji konsa, l ap gen kont pou l rann Jewova, “ sila a ki bèje e ki siveyan nanm nou an ”. (1 Pyè 2:25.) Sepandan, kèlkeswa fot oswa erè yon ansyen kèlkonk ta fè, sa pa otorize nou pou nou rebele kont li. Jewova pa beni ni moun ki dezobeyisan ni moun k ap fè rebelyon. — Nonb 12:1, 2, 9-11.

Jewova beni nou lè nou kowopere ak tout kè nou

17. Ki atitid nou ta dwe genyen anvè siveyan nou yo ?

17 Jewova Dye konnen mesye li nome kòm siveyan yo enpafè. Toutfwa, se yo li itilize, e pa mwayen lespri l, li pran swen pèp li a ki sou tè a. Sa k ap soutni ansyen yo — e anfèt nou tout — se “ pisans ki depase sa ki nòmal la, [se] pisans Bondye, e non pa pisans ki soti nan nou ”. (2 Korentyen 4:7.) Se sa k fè nou dwe di Jewova mèsi pou sa li akonpli grasa siveyan nou yo ki fidèl, e nou ta dwe kowopere avèk yo ak tout kè nou.

18. Lè nou soumèt devan siveyan nou yo, an reyalite, ki sa nou demontre ?

18 Siveyan yo fè tout sa yo kapab pou yo koresponn ak deskripsyon Jewova fè sou bèje li t ap nome sou twoupo li a nan dènye jou yo, jan sa rapòte nan Jeremi 3:15 lan, ki di : “ M ap ban nou bèje selon kè mwen, e san mank, y ap nouri nou avèk konesans e avèk klèvwayans. ” Asireman, ansyen yo ap fè yon bon travay nan mitan nou, y ap anseye mouton Jewova yo e y ap pwoteje yo. Se pou nou kontinye demontre nou gen rekonesans pou travay di y ap fè lè nou kowopere avèk yo ak tout kè nou, lè nou obeyi yo e lè nou soumèt devan yo. Lè nou aji konsa, nou demontre rekonesans pou Bèje nou yo ki nan syèl la, Jewova Dye ak Jezi Kris.

Revizyon

• Ki jan Jewova ak Jezi demontre yo se Bèje ki plen lanmou ?

• Anplis obeyisans, poukisa soumisyon se yon kalite ki nesesè ?

• Ki fason pratik nou kapab demontre soumisyon ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 27]

Ansyen yo soumèt devan direksyon Kris.

[Foto nan paj 29]

Gen anpil fason pou nou demontre soumisyon devan bèje Jewova nome yo.