Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa pou nou fè pou nou kapab reziste kont demon yo ?

Ki sa pou nou fè pou nou kapab reziste kont demon yo ?

Ki sa pou nou fè pou nou kapab reziste kont demon yo ?

“ Zanj ki pa t rete nan pozisyon yo te ye okòmansman an, men ki te abandone kote natirèl yo te rete a, [Bondye] rezève yo avèk chenn etènèl, nan yon fènwa pwès, pou jijman gran jou a. ” — JID 6.

1, 2. Ki kesyon ki soulve konsènan Satan Ledyab ak demon yo ?

APOT Pyè te bay avètisman sa a : “ Rete nan bon sans nou, se pou nou veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore yon moun. ” ​(1 Pyè 5:8). Anpalan de demon yo, apot Pòl di : “ Mwen pa vle nou vin moun k ap patisipe nan afè demon yo. Nou pa ka ap bwè koup Jewova epi pou n ap bwè koup demon. Nou pa ka ap manje sou ‘ tab Jewova ’ epi pou n ap manje sou tab demon. ” — 1 Korentyen 10:20, 21.

2 Men, kiyès Satan Ledyab ye e kiyès demon yo ye ? Kòman yo fè vin egziste e depi ki lè yo egziste ? Èske se Bondye ki te kreye yo ? Jis nan ki pwen enfliyans yo gen sou lèzòm nan pisan ? Si nou gen yon pwoteksyon kont yo, ki pwoteksyon sa a ?

Kòman Satan ak demon yo fè vin egziste ?

3. Ki jan yon zanj Bondye te fè vin tounen Satan Ledyab ?

3 Byen bonè nan listwa limanite, lè lèzòm te fèk egziste nan jaden Edenn nan, gen yon zanj Bondye ki te vin antre an rebelyon. Pou ki rezon ? Paske li pa t satisfè ak wòl li te jwe nan òganizasyon selès Jewova a. Lè Adan ak Èv te vin kreye, li te wè se yon opòtinite li genyen pou l detounen obeyisans ak adorasyon yo t ap bay vrè Dye a pou l fè se li yo bay yo pito. Lefètke zanj sa a te rebele kont Bondye e li te pouse de premye moun yo pou yo suiv chemen peche, li te vin fè tèt li tounen Satan Ledyab. Avèk letan, gen lòt zanj ki te vin jwenn li nan rebelyon l lan. Kòman sa te fè fèt ? — Jenèz 3:1-6 ; Women 5:12 ; Revelasyon 12:9.

4. Ki sa kèk zanj rebèl te fè anvan delij la nan epòk Noye ?

4 Ekriti enspire yo fè konnen, kèk tan anvan delij la nan epòk Noye, gen kèk zanj ki te vin enterese yon fason ki pa nòmal nan fi ki sou tè a. Bib la fè konnen se te nan yon move entansyon “ pitit [selès] vrè Dye a genyen yo te vin remake pitit fi lèzòm yo, yo wè yo te bèl. E yo te pran yo pou madanm yo, sa vle di, yo te pran tout sa yo te chwazi yo ”. Inyon sa yo se pa t inyon natirèl, e pitit yo te fè yo se te ibrid yo te ye, yo te rele yo Nefilim (Jenèz 6:2-4). Konsa, kreyati espirityèl sa yo ki dezobeyi Jewova vin asosye ak Satan nan rebelyon l lan kont Jewova.

5. Ki sa ki te rive rebèl yo lè Jewova te sèvi ak delij la pou l fè destriksyon an ?

5 Lè Jewova te fè delij la vini sou limanite, ni Nefilim yo ni manman yo te peri. Zanj rebèl yo te oblije abandone kò moun yo te genyen an e yo te retounen al viv kote espri yo abite. Sepandan, yo pa t kapab tounen nan “ pozisyon yo te ye okòmansman an ” bò kote Jewova. Olye de sa, yo te lage yo nan yon “ fènwa [espirityèl] pwès  ”, yo rele Tata. — Jid 6 ; 2 Pyè 2:4.

6. Kòman demon yo twonpe moun ?

6 Depi lè zanj mechan yo fin pèdi “ pozisyon yo te ye okòmansman an ”, yo vin konpayon Satan, sètadi yo vin tounen demon, e y ap defann enterè malveyan Satan genyen yo. Depi lè sa a, yo pa gen pouvwa pou yo gen kò tankou moun ankò. Sepandan, yo pouse ni gason ni fi lage kò yo nan tout kalite aktivite seksyèl pèvèti. Anplis de sa, demon yo kontinye ap twonpe lèzòm pa mwayen espiritis, yon pratik ki gen ladan l yon seri de bagay tankou fè maji, pratike vodou, al kay bòkò (Detewonòm 18:10-13 ; 2 Kwonik 33:6). Sò ki rezève pou zanj mechan yo se menm ak sa ki rezève pou Dyab la : destriksyon etènèl (Matye 25:41 ; Revelasyon 20:10). Men, antretan, nou bezwen kenbe fèm e nou bezwen reziste kont yo. N ap montre nou saj lè nou egzamine nan ki degre Satan pisan e lè nou egzamine sa nou ka fè pou nou rive reziste kont li menm ansanm ak demon l yo.

Nan ki degre Satan pisan ?

7. Ki pouvwa Satan gen sou monn nan ?

7 Pandan tout listwa, Satan lage vèni sou Jewova (Pwovèb 27:11). E li enfliyanse yon bon valè moun nan limanite. Men sa 1 Jan 5:19 di : “ Lemonnantye anba pouvwa mechan an. ” Se sa k fè Dyab la te anmezi pou l ofri Jezi pouvwa ak glwa “ tout wayòm ki gen sou latè abite ” lè li te tante l la. (Lik 4:5-7.) Anpalan de Satan, apot Pòl di : “ Si bon nouvèl n ap anonse a vrèman vwale, li vwale lakay moun k ap peri yo, e pami yo menm dye sistèm de choz sa a avegle entèlijans enkwayan yo, dekwa pou limyè bon nouvèl glorye a, bon nouvèl konsènan Kris ki pòtre Bondye a, pa rive pèse. ” ​(2 Korentyen 4:3, 4). Satan se yon “ mantè e li se papa manti ”, men li prezante tèt li kòm “ yon zanj limyè ”. (Jan 8:44 ; 2 Korentyen 11:14.) Li gen ni pouvwa ni metòd ki nesesè pou l avegle espri dirijan monn nan ansanm ak moun y ap dirije yo. Pou l twonpe lèzòm li sèvi ak pwopagann, ak fo kwayans ki gen nan relijyon yo ansanm ak manti y ap bay.

8. Ki sa Bib la di sou enfliyans Satan genyen ?

8 Pouvwa Satan ak enfliyans li genyen te parèt aklè nan epòk pwofèt Dànyèl, anviwon senk syèk anvan epòk nou an. Lè Jewova te voye yon zanj pote yon mesaj ankourajan pou Dànyèl, zanj sa a te jwenn opozisyon bò kote “ prens wayòm Pès la ”, yon espri. Espri sa a te bare zanj fidèl la pandan 21 jou jiskaske “ Mikayèl, youn nan prensipal prens yo ”, te vin pote l sekou. Menm istwa a pale tou konsènan “ prens Grès la ”, yon demon (Dànyèl 10:12, 13, 20). E nan Revelasyon 13:1, 2, yo prezante Satan kòm “ dragon an ” ki bay bèt sovaj politik la “ pisans li e li ba l twòn li ansanm ak yon gwo pouvwa ”.

9. Kont kiyès kretyen yo ap lite ?

9 Li pa etonan pou apot Pòl ekri : “ Nou gen yon lit n ap mennen, non pa kont lachè ak san, men kont gouvènman yo, kont otorite yo, kont chèf mondyal k ap dirije fènwa sa yo, kont fòs espirityèl mechan ki nan zòn selès yo. ” ​(Efezyen 6:12). Menm jodi a, fòs demonyak yo ki anba kontwòl Satan Ledyab kache pa anba, y ap egzèse enfliyans yo sou dirijan imen yo e sou limanite an jeneral, y ap pouse yo komèt yon seri de zak moun pa ka dekri, tankou jenosid, zak teworis ak asasinay. Kounye a, annou egzamine ki sa nou kapab fè pou nou rive reziste kont fòs espirityèl pisan sa yo.

Ki pwoteksyon nou genyen ?

10, 11. Ki sa pou nou fè pou nou kapab reziste kont Satan ak zanj mechan l yo ?

10 Nou pa ka reziste kont Satan ak zanj mechan l yo grasa pwòp fòs nou, kit se fòs fizik kit se mantal. Pòl te ban nou konsèy sa a : “ Kontinye pran pisans nan Seyè a ak nan pisans fòs li. ” Donk, nou bezwen vire bò kote Jewova pou nou jwenn pwoteksyon. Pòl ajoute : “ Se pou nou abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la pou nou ka kenbe fèm kont manèv Dyab la. [...] Pran tout ekipman konba Bondye bay la yon fason pou n ka reziste anba jou mechanste yo epi, apre nou fin fè tout bagay sa yo nèt, pou n ka kenbe fèm. ” — Efezyen 6:10, 11, 13.

11 An de fwa, Pòl egzòte konpayon kretyen l yo pou yo abiye yo ak “ tout ekipman konba Bondye bay la ”. Mo “ tout ” la lese konprann nou pap ka reziste kont atak demon yo si nou neglijan nan yon seri domèn. Kidonk, ki eleman endispansab sa yo ki fòme ekipman espirityèl la ki ijan pou kretyen yo genyen jodi a dekwa pou yo ka reziste kont demon yo ?

“ Kenbe fèm ” : Kòman ?

12. Ki sa pou kretyen yo fè pou yo mare ren yo ak laverite ?

12 Men sa Pòl esplike : “ Kenbe fèm ak ren nou mare ak laverite, abiye nou ak kuiras jistis la. ” ​(Efezyen 6:14). De eleman y ap pale la a nan ekipman konba a, se yon senti ak yon kuiras. Yon sòlda dwe toujou kite senti ki nan ren l lan mare pou l ka pwoteje ren li (hanch, vant ak anba vant) e pou l ka sipòte pwa epe l. Menm jan an tou, nan yon sans senbolik, nou dwe mare ren nou byen mare ak verite ki nan Bib la dekwa pou nou viv ann amoni ak li. Èske nou gen yon pwogram pou nou li Bib la chak jou ? Èske tout fanmi an patisipe ladan l ? Èske nou gen abitid egzamine tèks pou jounen an an fanmi ? Anplis de sa, èske nou rete ajou avèk esplikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” bay nan piblikasyon yo (Matye 24:45) ? Si nou reponn wi, konnen nou fè efò pou nou aplike konsèy Pòl la. Anplis, nou gen kasèt videyo ak DVD ki ka ban nou konsèy ki soti nan Ekriti yo. Lè nou rete atache ak laverite, sa ap ede nou pran desizyon ki saj e sa ap pwoteje nou pou nou pa suiv move chemen.

13. Ki sa pou nou fè pou nou ka pwoteje kè senbolik nou ?

13 Kuiras literal la sèvi pou pwoteje pwatrin sòlda a, kè l ak lòt ògàn vital yo. Kretyen an kapab pwoteje kè senbolik li — moun li ye pa anndan an — lè li kiltive lanmou pou jistis Bondye e lè li rete atache ak prensip jis Jewova yo. Kuiras senbolik la pwoteje nou pou nou pa minimize Pawòl Bondye a. Piske nou vin “ rayi sa ki mal ” e nou vin “ renmen sa ki byen ”, nou anpeche pye nou pran “ tout move chemen ”. — Amòs 5:15 ; Sòm 119:101.

14. Ki sa sa vle di pou nou gen “ ekipman bon nouvèl lapè a nan pye nou ” ?

14 An jeneral, sòlda women yo te mete bagay ki konvnab nan pye yo pou yo te ka fè tout pil mache yo te gen pou yo mache nan plizyè santèn kilomèt wout ki te siyonnen anpi Women an. Men, ki sa ekspresyon “ mete ekipman bon nouvèl lapè a nan pye nou ” an vle di pou kretyen yo (Efezyen 6:15) ? Li vle di nou pare pou nou poze aksyon. Nou prè pou nou preche bon nouvèl Wayòm Bondye a nan tout okazyon favorab (Women 10:13-15). Lefètke nou aktif nan ministè nou antanke kretyen se yon pwoteksyon sa ye kont “ manèv ” oubyen “ riz ” Satan yo. — Efezyen 6:11 ; nòt anba paj.

15. a) Ki sa k montre gwo boukliye lafwa a gen anpil enpòtans ? b) Ki “ boulèt flanm ” sa yo ki ka gen yon efè destriktè sou lafwa nou ?

15 Pòl kontinye, li di : “ Sitou, pran gwo boukliye lafwa a ki kapab pèmèt nou etenn tout boulèt flanm mechan an. ” ​(Efezyen 6:16). Lefètke se ekspresyon “ sitou ” a ki entwodui konsèy pou nou pran gwo boukliye lafwa a, sa montre jan eleman sa a gen anpil enpòtans nan ekipman an. Pa dwe gen okenn fay nan lafwa nou. Menm jan ak yon gwo boukliye ki bay pwoteksyon, lafwa nou pwoteje nou kont “ boulèt flanm ” Satan yo. Ki sa boulèt sa yo ka reprezante jodi a ? Se kapab yon seri de bagay ènmi ak opozan yo k ap chèche febli lafwa nou ap di ki fè nou mal anpil, tankou vye mo, manti kri, mwatye verite. “ Boulèt ” sa yo se ka tantasyon nou genyen pou nou tonbe nan materyalis, bagay k ap fè nou plis konsantre nou sou achte anpil bagay e sa ap pouse nou antre nan konpetisyon ak moun k ap fè wè. Petèt yo achte kay ak machin ki pi gwo, ki pi bèl oubyen y ap fè moun wè bijou chè yo posede ak rad ki fèk alamòd yo genyen. Kèlkeswa sa lòt moun fè, nou bezwen gen yon lafwa ki ase solid pou nou detounen “ boulèt flanm ” sa yo. Men, ki sa pou nou fè pou nou bati yon lafwa ki solid e pou nou konsève l ? — 1 Pyè 3:3-5 ; 1 Jan 2:15-17.

16. Ki sa ki kapab ede nou bati yon lafwa ki solid ?

16 Nou ka vin pi prè Jewova grasa etid pèsonèl nou fè nan Bib la regilyèman e grasa priyè sensè nou fè. Nou kapab sipliye Jewova pou l fòtifye lafwa nou e apre sa nou bezwen aji ann amoni ak priyè nou lè nou poze aksyon ki ale nan menm sans lan. Pa egzanp, èske nou byen prepare etid Toudegad la chak semèn avèk objektif pou nou patisipe ladan l ? Lafwa nou ap solid si nou etidye Bib la ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la. — Ebre 10:38, 39 ; 11:6.

17. Ki sa pou nou fè pou nou ka “ aksepte kas delivrans lan ” ?

17 Pòl tèmine deskripsyon li t ap fè sou ekipman espirityèl la ak konsèy sa a : “ Aksepte kas delivrans lan, ak epe lespri a, sa vle di pawòl Bondye a. ” ​(Efezyen 6:17). Kas la pwoteje tèt sòlda a ak sèvo li, ki se ògàn ki pèmèt li pran desizyon. Menm jan an tou, esperans nou genyen antanke kretyen pwoteje kapasite mantal nou (1 Tesalonisyen 5:8). Olye pou nou ranpli lespri nou ak objektif pwofàn ansanm ak dezi materyalis, nou dwe konsantre panse nou sou esperans Bondye bay la menm jan Jezi te fè sa. — Ebre 12:2.

18. Poukisa nou pa dwe neglije pwogram nou genyen pou nou li Bib la regilyèman ?

18 Dènye bagay ki pwoteje nou kont enfliyans Satan ak demon l yo se pawòl Bondye a oubyen mesaj Bondye bay ki rapòte nan Bib la. Sa se yon lòt rezon ankò ki fè nou pa dwe neglije pwogram nou genyen pou nou li Bib la regilyèman. Yon konesans apwofondi nan Pawòl Bondye a pwoteje nou kont manti Satan yo ansanm ak pwopagann demonyak li yo e sa pwoteje nou tou kont pawòl piman bouk aposta yo.

“ Kontinye priye nan tout okazyon ”

19, 20. a) Ki sa k pral rive Satan ak demon l yo ? b) Ki sa k ka fòtifye nou espirityèlman ?

19 Destriksyon Satan, demon l yo ak monn mechan an toupre. Satan konnen “ kantite tan li rete a tou kout ”. Li an kòlè e l ap fè lagè ak moun “ k ap obsève kòmandman Bondye yo e ki gen kòm travay pou yo rann temwayaj konsènan Jezi ”. (Revelasyon 12:12, 17.) Li esansyèl pou nou reziste kont Satan ak demon l yo.

20 Ala rekonesan nou kapab rekonesan pou rekòmandasyon sa a ki mande pou nou abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la ! Pòl fini esplikasyon li t ap bay sou ekipman espirityèl la ak konsèy sa a : “ Ak tout kalite priyè ak siplikasyon, n ap kontinye priye nan tout okazyon ann espri. E nan objektif sa a, se pou nou rete je klè ak yon pèseverans total ak siplikasyon pou tout sen yo. ” ​(Efezyen 6:18). Lapriyè kapab fòtifye nou espirityèlman e l ap ede nou rete sou gad nou. Annou pran pawòl Pòl yo trèzoserye e annou kontinye priye, paske sa ap ede nou reziste kont Satan ak demon l yo.

Ki sa nou sot aprann ?

• Kòman Satan ak demon l yo fè vin egziste ?

• Nan ki degre Satan pisan ?

• Ki pwoteksyon nou genyen kont Satan ak demon l yo ?

• Ki sa pou nou fè pou nou ka abiye nou ak tout ekipman konba Bondye bay la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 16]

“ Pitit vrè Dye a genyen yo vin remake pitit fi lèzòm yo. ”

[Foto nan paj 18]

Èske w ka idantifye sis eleman ki konpoze ekipman espirityèl nou genyen an ?

[Foto nan paj 19]

Lefètke nou patisipe nan aktivite sa yo, kòman sa pwoteje nou kont Satan ak demon l yo ?