Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kris ap vini : ki sa sa pral akonpli ?

Kris ap vini : ki sa sa pral akonpli ?

Kris ap vini : ki sa sa pral akonpli ?

“ PANIK NAN SÃO PAULO. ” Se konsa yon jounal ki rele Veja te dekri kat jou ki te pase nan mwa me 2006, lè moun ki nan aktivite yo rele krim òganize a te lakòz vil ki pi gwo e ki pi rich nan Brezil la “ mete ajenou ”. Pandan “ plis pase 100 èdtan panik ” lan te dire a, gen anviwon 150 moun ki te mouri, e moun sa yo se te polisye, kriminèl ak senp sitwayen.

Nan nouvèl y ap bay prèske tout kote sou tè a, se vyolans ki nan gran tit yo. Dirijan imen yo sanble pa ka stope vyolans. Chak jou monn nan vin pi danjere pou moun viv ladan l. Petèt ou santi w dekouraje paske kèlkeswa kote w vire, se yon pakèt move nouvèl w ap tande. Sepandan, moman kote pral gen chanjman an toupre.

Jezi te montre disip li yo priye pou Wayòm Bondye a vini e pou volonte Bondye fèt “ sou tè a, kou nan syèl la ”. (Matye 6:9, 10.) Wayòm sa a se yon gouvènman ki gen Kris Jezi kòm Wa Bondye etabli. Li pral rezoud tout pwoblèm lèzòm genyen. Sepandan, pou Wayòm Bondye a pote chanjman sou tè a, fòk dominasyon Kris la ranplase dominasyon lèzòm nan. Se egzakteman sa vini Kris la pral akonpli.

Èske se yon tranzisyon k ap fèt yon fason pasifik ?

Èske nasyon yo ap soumèt anba dominasyon Kris la yon fason pasifik ? Apot Jan te resevwa yon vizyon ki bay repons lan. Men sa Jan di : “ Mwen te wè bèt sovaj la [sistèm politik mondyal la] ak wa latè yo ak lame yo genyen ki rasanble ansanm pou yo fè lagè ak sila [Jezi] ki chita sou cheval la e ak lame l la. ” ​(Revelasyon 19:19). Ki sa k pral rive wa latè yo nan gè sa a ? Selon sa Labib fè nou konnen, Wa Jewova wenn nan pral “ kraze yo ak yon sèp an fè, [l ap] fè yo fè miyèt moso menm jan ak yon veso potye fè ”. (Sòm 2:9.) Sistèm politik la pral kraze nèt. Wayòm Bondye a “ pral krabinen tout wayòm [lèzòm yo], e l ap mete yon fen nan yo, epi li menm l ap la pou tan endefini ”. — Dànyèl 2:44.

Bon, e moun ki opoze ak Wayòm Bondye a menm ? “ Nan moman revelasyon Seyè Jezi nan syèl la avèk zanj pisan li yo nan yon gwo flanm dife ”, Labib prezante Jezi kòm yon moun k ap “ fè vanjans vini sou moun ki pa konnen Bondye e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl [la] ”. (2 Tesalonisyen 1:7, 8.) Pwovèb 2:22 di : “ Kanta mechan yo, y ap rache yo nan tè a, e trèt yo menm, y ap derasinen yo ladan l. ”

Konsènan vini Kris ap vini an, men sa Bib la di : “ Gade ! L ap vini avèk nyaj yo, e tout je pral wè l. ” ​(Revelasyon 1:7). Moun yo pap wè l ak je fizik yo. Depi lè Jezi fin monte nan syèl la, li se yon espri “ ki abite nan yon limyè moun pa ka pwoche, yon limyè pèsonn pami lèzòm pa wè ni yo pa ka wè ”. — 1 Timote 6:16.

Jezi pa bezwen pran yon kò moun pou moun ki abite sou latè rive “ wè l ”, tou kòm Jewova pa t bezwen fè sa lè l te voye dis flewo yo sou Ejipsyen yo nan epòk Moyiz la. Moun ki t ap viv nan epòk sa a pa t gen okenn dout se Jewova ki te voye flewo sa yo, e yo te oblije rekonèt pisans li (Egzòd 12:31). Se menm jan an tou, lè Kris pral aji antanke moun Jewova chwazi pou egzekite jijman l, mechan yo pral oblije “ wè ”, sa vle di yo pral oblije konprann se ak Jezi Bondye sèvi pou l jije yo. Y ap konn sa paske limanite ap deja resevwa avètisman alavans. Wi, “ tout je pral wè [Jezi], e tout tribi ki sou tè a pral frape pwatrin yo nan chagren akoz li ”. — Revelasyon 1:7.

Li esansyèl pou mechan yo detwi e pou dominasyon ki plen mechanste yo disparèt anvan pou vrè lapè ak vrè pwosperite ka retounen tabli sou tè a. Kris pral fè sa. Epi apre sa, l ap pran kontwòl tout bagay sou tè a nèt, e ansuit ap gen gwo chanjman ki pral fèt.

Yon restorasyon k ap pote byenfè

Apot Pyè te pale konsènan “ restorasyon tout bagay Bondye te pale de yo nan bouch pwofèt li yo ki sen ki te la nan tan lontan yo ”. (Travay 3:21.) Restorasyon sa a gen ladan l transfòmasyon ki pral fèt sou tè a pandan dominasyon Kris la. Pami pwofèt Bondye te itilize pou l pale konsènan “ restorasyon tout bagay ” sou tè a, gen pwofèt Izayi, ki te viv nan uityèm syèk anvan epòk nou an. Li te predi Jezi Kris, “ Prens lapè ” a, t ap gen pou l restore lapè sou tè a. Konsènan dominasyon Kris la, pwofesi Izayi a di : “ Ni abondans dominasyon prens lan ni lapè pap janm fini. ” ​(Izayi 9:6, 7). Jezi pral enstwi moun k ap viv sou tè a pou yo viv nan lapè. Moun ki abite sou tè a “ pral pran tout plezi yo nan abondans lapè ”. — Sòm 37:11.

Ki sa k pral rive povrete ak grangou anba dominasyon Kris la ? Men sa Izayi di : “ San mank, pou tout pèp nan montay sa a, Jewova Chèf lame yo pral fè yon festen manje ki plen luil, yon festen diven yo kite poze nan ma a, yon festen manje ki plen luil e ki plen mwèl, yon festen diven yo kite poze nan ma a e yo filtre. ” ​(Izayi 25:6). Yon salmis te di nan yon chante : “ Pral gen anpil manje angren sou tè a, sou tèt mòn yo pral gen abondans. ” ​(Sòm 72:16). Anplis, men sa nou li konsènan moun ki pral abite sou tè a : “ Sètènman y ap bati kay e y ap abite nan yo, e sètènman y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo. Yo pap bati pou yon lòt moun abite, yo pap plante pou yon lòt moun manje. Paske jou pèp mwen an ap tankou jou yon pyebwa. E moun mwen chwazi yo ap pwofite travay yo fè ak men yo totalman. ” — Izayi 65:21, 22.

Anplis de sa, Izayi te predi maladi ak lanmò pral disparèt. Bondye di pa mwayen Izayi : “ Nan epòk sa a, je avèg yo pral ouvri, zòrèy moun soud yo pral debouche. Nan epòk sa a, moun ki enfim nan pye a pral grenpe tankou sèf, e lang bèbè a pral pouse kri lajwa. ” ​(Izayi 35:5, 6). Lè sa a, “ pa gen moun ki abite la k ap di : ‘ Mwen malad. ’ ” ​(Izayi 33:24). Bondye “ pral anglouti lanmò pou toutan. Wi, Jewova Souvren Seyè a pral siye dlo nan tout figi ”. — Izayi 25:8.

E tout moun mouri “ ki nan tonm souvni yo ” ? (Jan 5:28, 29.) Izayi te bay pwofesi sa a : “ Mò w yo pral viv. [...] Y ap leve. ” ​(Izayi 26:19). Wi, moun k ap dòmi nan lanmò yo pral retounen viv ankò !

“ Bondye se twòn ou pou toutan ”

Vini Kris la pral pote yon restorasyon total pou tè a. Tè a pral tounen yon bèl paradi e limanite pral ini nan adorasyon vrè Dye a. Men, èske nou ka gen asirans Jezi pral reyisi retire mechanste sou tè a e li pral pote bonjan jistis pou tout moun ?

Reflechi sou kote pisans ak otorite Jezi resevwa a soti. Konsènan Pitit Bondye a, Labib di : “ Bondye se twòn ou pou toutan, e sèp wayòm ou an se sèp ladwati. Ou te renmen jistis e ou te rayi ilegalite. ” ​(Ebre 1:8, 9). Twòn Jezi a, sètadi pozisyon oswa otorite l genyen an, se Jewova ki sous li. Se Bondye ki etabli twòn sa a e se li ki bay Jezi l. Pa gen okenn pwoblèm k ap twò difisil pou Jezi rezoud.

Apre Jezi te fin resisite, li te di disip li yo : “ Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. ” ​(Matye 28:18). Selon 1 Pyè 3:22, “ yo fè ni zanj, ni otorite, ni pisans soumèt devan l ”. Pa gen okenn pisans ni okenn otorite ki opoze ak Jezi k ap reyisi. Anyen pa ka anpeche l pote benediksyon dirab pou limanite.

Efè vini Kris la gen sou moun yo

Nan lèt Pòl te ekri Tesalonisyen yo, li te di : “ Se toutan n ap sonje zèv fidèl nou fè ak travay di nou fè avèk amou e andirans nou grasa esperans nou nan Seyè Jezi Kris devan Bondye nou an, Papa nou. ” ​(1 Tesalonisyen 1:3). Pòl te montre se esperans nou gen nan Jezi Kris ki fè travay nou pote fwi e ki fè nou gen andirans. Esperans sa a gen ladan l lafwa nan vini Jezi Kris la e nan restorasyon vini sa a ap rann posib la. Yon esperans konsa ka soutni vrè kretyen yo, sètadi li ka fè yo kontinye andire, menm lè yo nan sitiyasyon ki difisil anpil.

Ann pran egzanp Carlos, k ap viv nan São Paulo o Brezil. Ann out 2003, Carlos te dekouvri li gen kansè. Depi lè sa a, li sibi uit operasyon ki kite yon seri efè segondè ki fè l soufri e ki afebli l. Sepandan, li te kontinye rete yon sous ankourajman pou lòt moun. Pa egzanp, pandan li t ap preche nan lari anfas yon gwo lopital, li rankontre yon lòt Temwen Jewova, ki te gen mari l ki t ap fè chimyoterapi. Lefètke Carlos te viv ravaj kansè lakòz, li te anmezi pou l ankouraje ni mari a ni madanm nan. Apre sa, mari a ak madanm li te di konvèsasyon sa a te remonte moral yo. Konsa, Carlos te wè ki jan pawòl Pòl yo te veridik, pawòl ki di : “ [Bondye] konsole nou nan tout tribilasyon nou, yon fason pou nou ka konsole moun ki nan tout kalite tribilasyon grasa konsolasyon nou menm nou jwenn nan men Bondye. ” — 2 Korentyen 1:4.

Ki sa k ede Carlos jwenn fòs pou l kontinye ankouraje lòt moun malgre li malad ? Espwa Carlos genyen nan vini Kris la e nan tout sa evènman sa a pral akonpli motive l pou l kontinye “ fè sa ki byen ”. — Galat 6:9.

Reflechi tou sou ka Samuel ki te gen frè l yo te touye bò kay papa l a 50 m sèlman. Yo te bay frè l la dis bal. Kò a te rete sou twotwa a pandan uit èdtan lapolis t ap fè ankèt sou krim nan. Samuel pa ka bliye sa k te rive jou sa a. Sepandan, sa k te soutni l se esperans li genyen Kris pral retire tout mechanste sou tè a e gouvènman jis k ap vini apre a pral pote benediksyon pou limanite. Souvan, gen yon imaj ki vin nan lespri Samuel, li wè l ap bay frè l la, ki resisite nan paradi a sou tè a, bèl akolad. — Travay 24:15.

Ki sa w dwe fè ?

W ap jwenn anpil rekonfò nan esperans ou genyen nan vini Kris ap vini an e nan esperans ou genyen sou sa evènman sa a pral akonpli. Se sèten, ni pwoblèm lèzòm yo, ni tout bagay mal k ap fè nou soufri yo, Jezi ap rezoud yo depi nan rasin.

Ki sa w dwe fè pou w jwenn benediksyon dominasyon Kris la pral vide sou limanite yo ? Ou bezwen fè yon etid apwofondi nan Bib la, Pawòl Bondye a. Nan yon priyè Jezi te fè Papa l, li te di : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” ​(Jan 17:3). Fikse tèt ou objektif pou w egzamine sa Labib anseye. Temwen Jewova ki nan zòn bò lakay ou ap byen kontan ede w fè sa. Nou envite w sensèman pou w pran kontak avèk yo oswa pou w ekri editè peryodik sa a.