Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou fidèl ak Kris ansanm ak esklav fidèl li a

Se pou nou fidèl ak Kris ansanm ak esklav fidèl li a

Se pou nou fidèl ak Kris ansanm ak esklav fidèl li a

“ Mèt li [...] ap etabli l sou tout byen l. ” — MATYE 24:45-47.

1, 2. a) Selon Ekriti yo, kiyès ki Chèf nou ? b) Ki sa k montre se Kris k ap dirije kongregasyon kretyen an aktivman ?

“ PA KITE yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris. ” ​(Matye 23:10, Bib la). Se avèk pawòl sa yo Jezi te fè disip li yo konnen byen klè se pa yon moun sou tè a ki t ap chèf pou dirije yo. Sèl Chèf yo t ap genyen an t ap nan syèl la — se t ap Jezi Kris. Se Bondye ki nome Jezi Chèf. Jewova “ te leve l pami mò yo e [...] li mete l chèf sou tout bagay pou kongregasyon an, ki se kò li ”. — Efezyen 1:20-23.

2 Piske Kris se “ chèf sou tout bagay ” anrapò ak kongregasyon kretyen an, li egzèse otorite l sou tout sa k ap fèt nan kongregasyon an. Pa gen anyen k ap pase nan kongregasyon an li pa wè. Li egzamine kondisyon espirityèl chak gwoup kretyen, sètadi chak kongregasyon, avèk atansyon. Sa parèt byen klè nan revelasyon apot Jan te resevwa nan fen premye syèk epòk nou an. An senk fwa, Jezi te di sèt kongregasyon yo li konnen aksyon yo, li konnen pwen fò yo ak pwen fèb yo, e li te ba yo konsèy ak ankourajman nan sans lan (Revelasyon 2:2, 9, 13, 19 ; 3:1, 8, 15). Nou gen tout rezon pou nou kwè Kris te byen konnen kondisyon espirityèl lòt kongregasyon ki te gen nan Azi Minè, nan Palestin, Siri, Babilòn, Lagrès, Itali ak tout lòt kote (Travay 1:8). E jodi a ?

Yon esklav fidèl

3. Poukisa li apwopriye pou nou konpare Kris ak yon tèt e kongregasyon l lan ak yon kò ?

3 Apre Jezi te fin resisite, e yon ti tan anvan li te monte al jwenn Papa l nan syèl la, li te di disip li yo pawòl sa yo : “ Mwen resevwa tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a. ” Li te di yo tou : “ Gade ! mwen avèk nou toule jou jis nan konklizyon sistèm de choz la. ” ​(Matye 28:18-20). Li t ap toujou avèk yo antanke Chèf yo, yon Chèf k ap dirije yo aktivman. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Efèz yo ak kretyen Kolòs yo, li te konpare kongregasyon kretyen an ak yon “ kò ” ki gen Kris kòm Tèt li (Efezyen 1:22, 23 ; Kolosyen 1:18). Gen yon kòmantatè biblik ki di metafò sa a “ pa annik montre inyon endispansab Tèt la fè ak kò a, men tou li montre se volonte Tèt la manm yo ap akonpli. Yo se enstriman . (The Cambridge Bible for Schools and Colleges.) Ki gwoup moun Kris itilize antanke enstriman l depi lè yo te fin mete l nan pouvwa Wayòm nan an 1914 ? — Dànyèl 7:13, 14.

4. Selon pwofesi Malaki a, ki sa Jewova ak Kris Jezi te wè lè yo te vin fè enspeksyon nan tanp espirityèl la ?

4 Pwofesi Malaki a te anonse “ vrè Seyè a ”, Jewova, ansanm avèk “ mesaje alyans lan ”, Jezi Kris, Pitit Gason l lan ki te fèk chita sou twòn nan, t ap vini pou l jije e pou l enspekte “ tanp ” li a oswa mezon espirityèl pou adorasyon an. Selon tout evidans, “ tan fikse ” pou ‘ jijman an kòmanse lakay Bondye a ’ te rive an 1918 * (Malaki 3:1 ; 1 Pyè 4:17). Avèk swen, yo te egzamine moun ki pretann yo reprezante Bondye e ki pretann y ap pratike vrè adorasyon l lan sou tè a. Yo te rejte legliz lakretyente yo k ap anseye yon seri doktrin ki dezonore Bondye depi plizyè syèk e ki te gen yon gwo patisipasyon nan masak ki te fèt pandan Premye Gè mondyal la. Yon rès kretyen fidèl ki wen ak lespri te pase nan eprèv la, yo te rafine kòmsi se ak dife, e yo te apwouve yo. Konsa, yo te vin tounen “ moun k ap bay [Jewova] yon ofrann avèk jistis ”. — Malaki 3:3.

5. Ann amoni ak pwofesi Jezi te bay sou “ prezans ” li a, kiyès ki pwouve yo se “ esklav ” fidèl la ?

5 Ann amoni ak pwofesi Malaki a, siy konpoze Jezi te bay disip li yo pou pèmèt yo rekonèt epòk “ prezans [li a] ak konklizyon sistèm de choz la ” gen ladan l tou idantifikasyon gwoup moun ki “ esklav ” la. Men sa Jezi te di : “ Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an mèt li etabli sou domestik li yo pou ba yo manje pa yo nan moman apwopriye ? Byennere esklav sa a si, lè mèt li rive, li jwenn se sa l ap fè ! Vrèman mwen di nou sa : L ap etabli l sou tout byen l. ” ​(Matye 24:3, 45-47). Lè Kris te “ rive ” pou l enspekte “ esklav ” la an 1918, li te jwenn yon rès disip fidèl ki wen ak lespri ki, depi 1879, t ap itilize peryodik sa a (Toudegad) ak lòt piblikasyon biblik ankò pou l bay “ manje ” espirityèl “ nan moman apwopriye ”. Kris te rekonèt yo antanke gwoup kòm enstriman l, oubyen kòm “ esklav ” li, e nan ane 1919, li ba yo jere tout byen li gen sou tè a.

L ap jere byen Kris gen sou tè a

6, 7. a) Ki lòt ekspresyon Jezi te itilize pou l pale de “ esklav ” fidèl li a ? b) Lefètke Jezi itilize mo “ entandan ” an, sa sa enplike ?

6 Kèk mwa anvan Jezi te bay pwofesi sou siy prezans li a, siy ki gen ladan l yon “ esklav ” ki t ap reprezante l sou tè a, li te itilize ekspresyon ki yon ti jan diferan pou l pale de “ esklav ” sa a, e ekspresyon sa yo montre responsablite esklav la t ap genyen. Jezi te di : “ Kiyès ki vrèman entandan fidèl la, entandan prevwayan an, mèt li ap etabli sou gwoup sèvitè l yo pou kontinye ba yo kantite pwovizyon yo bezwen nan moman apwopriye ? Mwen di nou sa, se verite : L ap etabli l sou tout byen l yo. ” — Lik 12:42, 44.

7 La a, yo rele esklav la entandan. Mo entandan an tradui yon mo grèk ki gen sans “ moun k ap jere yon kay oswa yon pwopriyete ”. Entandan an pa t ap jis yon gwoup entèlektyèl k ap bay esplikasyon sou kèk pwen enteresan ki nan Bib la. Nonsèlman “ entandan fidèl la ” t ap bay manje espirityèl “ nan moman apwopriye ”, men tou yo t ap etabli l sou tout sèvitè Kris yo e yo t ap ba l responsablite pou l jere tout enterè Kris gen sou tè a, sètadi “ tout byen l yo ”. Ki sa k gen nan tout responsablite sa yo ?

8, 9. Ki “ byen ” yo bay esklav la jere ?

8 Esklav la gen responsablite pou l sipèvize lokal moun ki disip Kris yo itilize pou yo fè aktivite yo antanke kretyen, tankou lokal syèj mondyal la ak lokal filyal Temwen Jewova yo, ansanm ak lokal yo fè pou yo adore Bondye, sètadi Sal Wayòm yo ak Sal Asanble yo, ki konstwi toupatou nan monn nan. Sa k pi enpòtan ankò, sèke esklav la veye pou gen pwogram espirityèl edifyan ni nan reyinyon nou fè chak semèn yo ni nan asanble yo ki fèt yon fason regilye. Nan rasanbleman sa yo, yo bay enfòmasyon sou akonplisman pwofesi ki nan Bib la, e yo bay konsèy ki vini nan bon moman sou fason nou kapab aplike prensip biblik yo nan lavi nou chak jou.

9 Entandan an gen responsablite tou pou l sipèvize travay predikasyon an, yon travay trèzenpòtan, ki gen ladan l preche ‘ bon nouvèl konsènan wayòm nan ’ epi fè “ disip pami moun tout nasyon ”. Sa mande pou yo anseye moun yo pou yo obsève tout sa Kris, Chèf kongregasyon an, kòmande yo fè diran tan lafen n ap viv la (Matye 24:14 ; 28:19, 20 ; Revelasyon 12:17). Travay predikasyon ak ansèyman k ap fèt la fè rès wen an vin gen “ yon gwo foul ” konpayon fidèl. Se sèten “ Bagay apresyab [sa yo] ki nan tout nasyon ” konte pami “ byen ” ki pou Kris, byen ki gen anpil valè esklav fidèl la ap pran swen. — Revelasyon 7:9 ; Agayi 2:7.

Kolèj santral la se reprezantan esklav la

10. Nan premye syèk la, ki gwoup moun yo te nome pou pran desizyon, e ki efè sa te gen sou kongregasyon yo ?

10 Responsablite enpòtan esklav fidèl la genyen fè nou konprann aklè li gen anpil desizyon pou l pran. Nan kongregasyon premye kretyen yo, apot yo ak ansyen nan Jerizalèm yo te reprezante klas esklav la, yo te konn pran desizyon pou tout kongregasyon kretyen an nèt (Travay 15:1, 2). Nan premye syèk la, kolèj santral la te voye desizyon li te pran bay kongregasyon yo pa mwayen lèt li te ekri e li te itilize reprezantan itineran yo tou pou fè sa. Premye kretyen yo te kontan resevwa direksyon klè sa yo, e lefètke yo te kowopere volontèman ak kolèj santral la, sa te fè gen lapè ak inite. — Travay 15:22-31 ; 16:4, 5 ; Filipyen 2:2.

11. Kiyès Kris itilize jodi a pou l dirije kongregasyon l lan, e ki jan nou dwe konsidere gwoup kretyen wen sa yo ?

11 Menm jan sa te ye nan epòk premye kretyen yo, jodi a tou, gen yon ti gwoup siveyan ki wen ak lespri ki konpoze Kolèj santral disip Kris yo sou tè a. Kris, antanke Chèf kongregasyon an, sèvi ak “ men dwat ” li, sètadi pouvwa l ap egzèse, pou l dirije mesye fidèl sa yo nan sipèvizyon travay Wayòm nan (Revelasyon 1:16, 20). Albert Schroeder te youn nan manm Kolèj santral la pandan yon bon bout tan e li fèk fini lavi terès li. Nan istwa li te ekri sou lavi l, li te di pawòl sa yo : “ Kolèj santral la fè yon reyinyon chak mèkredi, yo kòmanse l ak lapriyè e yo mande direksyon lespri Jewova. Yo fè bonjan efò pou yo trete tout kesyon e pou yo pran tout desizyon ann amoni ak Labib, Pawòl Bondye a *. ” Nou kapab gen konfyans nan kretyen wen fidèl sa yo. Nan konpòtman nou anvè yo menm espesyalman, nou dwe suiv egzòtasyon apot Pòl te bay la kote l te di : “ Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt nou, paske y ap veye tout tan sou nanm nou. ” — Ebre 13:17.

Montre bonjan respè pou esklav fidèl la

12, 13. Selon Ekriti yo, ki rezon nou genyen pou nou demontre respè pou klas esklav la ?

12 Youn nan rezon fondamantal nou genyen pou nou montre bonjan respè pou klas esklav fidèl la, sèke lè nou fè sa, nou montre toutbonvre nou gen respè pou Mèt la, Jezi Kris. Anpalan de wen yo, men sa Pòl te ekri : “ Yon moun yo te rele pandan l te gen libète se yon esklav Kris. Yo te achte nou pou yon pri. ” ​(1 Korentyen 7:22, 23 ; Efezyen 6:6). Pakonsekan, lè nou soumèt fidèlman devan direksyon esklav fidèl la ansanm ak Kolèj santral ki reprezante l la, nou soumèt devan Kris, Mèt esklav la. Lè nou montre bonjan respè pou enstriman Kris itilize pou l jere byen l yo ki sou tè a, se yon fason nou montre nou “ rekonèt aklè Jezi Kris se Seyè, pou glwa Bondye, Papa a. ” — Filipyen 2:11.

13 Yon lòt rezon nou genyen pou nou demontre respè pou esklav fidèl la, se paske nan Bib la, yon fason senbolik, yo pale de kretyen wen yo ki sou tè a kòm yon “ tanp ” kote Jewova abite “ pa mwayen lespri a ”. Se poutèt sa, yo “ sen ”. (1 Korentyen 3:16, 17 ; Efezyen 2:19-22.) Se gwoup moun sa yo, yo dekri kòm yon tanp ki sen, Jezi konfye byen l yo ki sou tè a. Sa vle di, gen sèten dwa ak sèten responsablite nan kongregasyon kretyen an se esklav la sèlman ki genyen yo. Pou rezon sa a, tout moun nan kongregasyon an konsidere se yon devwa sakre yo genyen pou yo suiv direksyon esklav fidèl la ak Kolèj santral la bay e pou yo soutni desizyon yo pran. An reyalite, pou “ lòt mouton ” yo se yon reyèl privilèj pou yo ede klas esklav la pran swen enterè Mèt la. — Jan 10:16.

Soutni esklav la fidèlman

14. Jan Izayi te pwofetize sa, ki jan lòt mouton yo ap mache dèyè klas esklav la e ki jan y ap sèvi antanke “ travayè yo pa peye ” ?

14 Pwofesi Izayi a te predi lòt mouton yo t ap gen pou yo soumèt avèk imilite devan wen yo ki fòme Izrayèl espirityèl la. Li di : “ Men sa Jewova di : ‘ Travayè yo pa peye ki nan peyi Lejip yo ak machann peyi Etyopi yo ak Sabeyen yo, mesye ki bèl wotè yo, yo gen pou yo vin lakay ou, e y ap vin pa w. Y ap mache dèyè w. Y ap vin tou nan chèn, e y ap pwostène devan w. Y ap priye w, y ap di : “ Vrèmanvre, Bondye ann inyon avè w, e pa gen okenn lòt. Pa gen okenn lòt Dye. ” ’ ” ​(Izayi 45:14). Jodi a, yon fason senbolik, lòt mouton yo ap mache dèyè klas esklav la ansanm ak Kolèj santral li a, y ap suiv direksyon yo bay. Antanke “ travayè yo pa peye ”, lòt mouton yo bay fòs fizik yo ak resous yo volontèman pou yo soutni travay mondyal predikasyon Kris konfye disip wen l yo ki sou tè a. — Travay 1:8 ; Revelasyon 12:17.

15. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Izayi 61:5, 6 la te predi relasyon ki egziste ant lòt mouton yo ak Izrayèl espirityèl la ?

15 Lòt mouton yo kontan e yo rekonesan lefètke y ap sèvi Jewova anba sipèvizyon klas esklav la ansanm ak Kolèj santral li a. Yo rekonèt wen yo antanke moun ki fòme “ Izrayèl Bondye a ”. (Galat 6:16.) Antanke “ etranje ” ki asosye ak Izrayèl espirityèl la, avèk jwa, yo sèvi kòm “ kiltivatè ” e kòm “ moun k ap okipe jaden rezen ” anba direksyon wen yo, ki “ prèt Jewova ” e ki “ minis Bondye ”. (Izayi 61:5, 6.) Yo patisipe nan predikasyon bon nouvèl Wayòm nan avèk zèl e yo fè disip pami moun tout nasyon. Yo bay klas esklav la yon sipò total lè yo gide mouton ki fèk vini yo e lè yo pran swen yo.

16. Ki sa ki pouse lòt mouton yo soutni esklav fidèl ki prevwayan an fidèlman ?

16 Lòt mouton yo rekonèt yo tire anpil pwofi grasa efò dilijan esklav fidèl la fè pou l ba yo manje espirityèl nan moman apwopriye. Avèk imilite, yo rekonèt si pa t gen esklav fidèl ki prevwayan an, se yon tikras bagay yo t ap konnen nan verite presye ki nan Bib la oubyen yo pa t ap konn anyen ditou sou yo. Pami verite sa yo nou jwenn souvrènte Jewova, sangtifikasyon non l, Wayòm nan, syèl tounèf la ak tè tounèf la, nanm, kondisyon mò yo, kiyès Jewova ye toutbonvre, kiyès Pitit li a ye vre e ki sa lespri sen an ye. Rekonesans ak fidelite total lòt mouton yo genyen pouse yo soutni “ frè ” wen Kris yo ak tout kè yo nan tan lafen n ap viv la. — Matye 25:40.

17. Ki sa Kolèj santral la te jije nesesè pou l fè, e ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

17 Piske kantite wen yo ap vin pi piti, yo pa ka prezan nan tout kongregasyon yo pou yo jere byen Kris yo. Se poutèt sa, Kolèj santral la nome yon seri frè pami lòt mouton yo pou yo sèvi antanke siveyan nan filyal yo, nan distri yo, nan sikonskripsyon yo ak nan kongregasyon Temwen Jewova yo. Èske atitid nou anvè bèje adjwen sa yo gen yon efè sou fidelite nou anvè Kris ansanm ak esklav li a ? Se sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 4 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou pwen sa a, gade Toudegad 1ye mas 2004, paj 23-28 ak Toudegad 1ye desanm 1992, paj 13 (fransè).

^ § 11 Yo te pibliye istwa lavi l nan Toudegad 1ye mas 1988, paj 10-17 (fransè).

Revizyon

• Kiyès ki Chèf nou, e ki sa k montre li byen konnen kondisyon ki egziste nan kongregasyon yo ?

• Lè enspeksyon “ tanp ” lan, kiyès yo te jwenn ki t ap travay antanke esklav fidèl la, e ki byen yo te konfye yo ?

• Selon Ekriti yo, ki rezon nou genyen pou nou soutni esklav fidèl la fidèlman ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 23]

“ Byen ” “ entandan ” an ap sipèvize yo gen ladan l byen materyèl, pwogram espirityèl ak aktivite predikasyon an.

[Foto nan paj 25]

Lòt mouton yo soutni klas esklav fidèl la lefètke yo patisipe nan travay predikasyon an avèk zèl.